Jenèz 31

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Jakòb vin konnen jan pitit gason Laban yo t'ap di: -Jakòb fin pran tou sa ki te pou papa nou. Se byen papa nou li fin ranmase kifè li rich konsa. 2 Jakòb vin wè tout Laban pa t' ba li menm karaktè li te konn ba li anvan an. 3 Lè sa a, Seyè a di l': -Tounen nan peyi kote ou te fèt la, al jwenn fanmi ou. M'ap toujou la avè ou. 4 Se konsa Jakòb fè chache Rachèl ak Leya. Li voye di yo rive kote l' nan savann kote bèt li yo ye a. 5 Li di yo: -Mwen wè karaktè papa nou pa menm jan avè m' ankò. Li chanje anpil, men Bondye papa m' lan toujou avè m'. 6 Nou tout de nou konnen jan mwen te sèvi ak papa nou ak tout kouraj mwen. 7 Men li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m'. Men, Bondye pa janm kite l' fè m' anyen. 8 Lè Laban di: ou mèt pran tout kabrit takte yo pou ou, tout bann bèt yo tonbe fè pitit takte. Lè li di: m'ap ba ou tout kabrit ki gen re sou tout kò yo, tout bann bèt yo tonbe fè pitit ak re sou tout kò yo. 9 Se Bondye menm ki pran bann bèt papa nou yo, li ban mwen yo. 10 Lè bèt yo mande kwaze, mwen fè yon rèv, mwen wè tout bouk ki t'ap kwaze yo se bouk ki takte, ki pentle ak sa ki gen re sou tout kò yo. 11 Zanj Bondye a pale avè m' nan rèv la, li di m': Jakòb. Mwen reponn li: Men mwen wi. 12 Li di m' ankò: Leve je ou gade: tout bouk k'ap vole fenmèl yo se bouk ki takte ak sa ki gen re sou tout kò yo. Se mwen menm k'ap fè sa konsa, paske mwen wè tout sa Laban ap fè ou. 13 Mwen se Bondye ki te parèt devan ou lè ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Koulye a, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la. 14 Rachèl ak Leya reponn Jakòb: -Nou pa gen anyen ankò pou n' eritye nan men papa nou. 15 Eske li pa konsidere nou tankou etranje? Li vann nou. Koulye a, li fin manje tout lajan yo te ba li pou nou an. 16 Tout richès Bondye wete nan men papa nou an, se pou nou ansanm ak pitit nou yo. Koulye a, se pou ou fè tout sa Bondye di ou fè. 17 Lè sa a, Jakòb leve, li mete pitit li yo ansanm ak madanm li yo sou chamo. 18 Li pran tout bèt li yo ansanm ak tout sa li te rive genyen pandan li te Mezopotami an, li mennen yo ale. Li pati, li al jwenn papa l', Izarak, nan peyi Kanaran. 19 Lè sa a, Laban t al taye lenn mouton l' yo. Pandan li pa t' la, Rachèl vòlè ti zidòl kay papa l' yo. 20 Se konsa Jakòb twonpe Laban, moun lavil Aram lan, li pati san l' pa di l' sa. 21 Li pran tout sa li te genyen, li mete deyò, li ale, li travèse larivyè Lefrat, li pran chemen pou li al sou mòn Galarad. 22 Twa jou apre, Laban pran nouvèl Jakòb te pati. 23 Msye pran moun pa li yo avè l', li pati dèyè Jakòb. Apre sèt jou, li jwenn li sou mòn Galarad. 24 Men, pandan lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l': -Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal. 25 Se konsa, Laban jwenn Jakòb ki te moute tant li sou mòn lan. Laban te moute tant li tout sou mòn Galarad pou li menm ansanm ak moun pa l' yo. 26 Laban di Jakòb: -Kisa ou fè konsa? Ou twonpe m', ou pran pitit fi mwen yo, ou mennen yo ale tankou prizonye ou fè nan lagè. 27 Poukisa ou twonpe m', ou leve ou pati an kachèt san ou pa avèti m'? Si ou te di m' sa, nou ta fè fèt, nou ta chante, nou ta bat tanbou, nou ta jwe gita anvan nou voye ou ale. 28 Ou pa menm kite m' bo pitit pitit mwen yo ak pitit fi m' yo. Ou aji tankou moun fou, monchè! 29 Mwen gen kont pouvwa anba men m' pou m' ta regle ou. Men yè swa, pandan lannwit lan Bondye papa ou la di m': Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal. 30 Mwen konnen ou pati paske se pa ti anvi ou pa te anvi tounen lakay papa ou. Men, sa ou te bezwen vòlè ti zidòl kay mwen yo fè? 31 Jakòb reponn Laban, li di l': -Mwen te pè, paske mwen te kwè ou ta ka reprann pitit fi ou yo nan menm. 32 Men, kanta pou ti zidòl kay ou yo, si ou jwenn yo nan men yon moun isit la, se pou moun sa a mouri. Men, mwen pran tout moun sa yo pou temwen, si ou jwenn yon bagay lakay mwen ki pou ou, pran l' pote l' ale. Jakòb pa t' konnen Rachèl te vòlè ti zidòl kay yo. 33 Laban antre anba tant Jakòb la, li chache, li ale anba tant Leya a, apre sa anba tant de sèvant yo, li pa jwenn anyen. Li soti anba tant Leya a, li antre anba tant Rachèl. la. 34 Rachèl menm te pran ti zidòl kay yo, li te mete yo anba aparèy chamo a, epi li chita sou yo. Laban menm chache tout anba tant lan, li pa jwenn anyen. 35 Rachèl di papa l' konsa: -Si ou wè mwen pa ka leve kanpe devan ou, ou pa bezwen fache non. Se lalen mwen mwen genyen. Se konsa Laban fouye toupatou, li pa jwenn ti zidòl kay li yo. 36 Lè sa a, Jakòb move sou Laban. Li pete yon kabouyay ak li, li di l': -Ki krim mwen fè? Kisa m' fè ki mal pou w'ap pousib mwen konsa? 37 Ou fin fouye tout zafè m' yo. Kisa ou jwenn ki pou ou? Mete l' la devan moun pa ou yo ak moun pa m' yo, pou yo ka di ki moun ki gen rezon! 38 Sa fè ventan depi m avè ou. Mouton ou yo ak kabrit ou yo pa janm manke fè pitit. Mwen pa janm manje yon ti bouk nan bèt ou yo. 39 Lè bèt nan bwa touye yon mouton, mwen pa janm pote l' ba ou. Mwen te pran pèt la sou kont mwen. Ou te rann mwen reskonsab tout bèt yo vòlè, kit se lannwit, kit se lajounen. 40 Lajounen, chalè te fini avè m'. Lannwit, se te fredi, mwen pa t' kapab dòmi. 41 Se konsa sa te ye pandan tout ventan mwen pase lakay ou yo. Mwen travay pandan katòzan pou de pitit fi ou yo. Apre sa, mwen fè sizan ankò ap travay pou bann bèt ou yo. Atousa, ou jwenn mwayen chanje pawòl dis fwa lè lè a rive pou ou peye m'. 42 Si Bondye papa m' lan, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a, pa t' la avèk mwen, koulye a ou ta voye m' ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè, se konsa yè swa li rann jijman li. 43 Laban reponn Jakòb: -Fi sa yo se pitit mwen yo ye. Timoun sa yo, se pa m' yo ye. Bann bèt sa yo se pou mwen yo ye. tout sa ou wè la a, se pou mwen yo ye. Bon, kisa m' ka fè koulye a pou pitit fi mwen yo ak pou pitit pitit mwen yo? 44 Vini non. Annou pase yon kontra, mwen menm avè ou. Ann kite yon mak ki va sèvi pou fè nou toujou chonje kontra a. 45 Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l' nan tè a, li fè l' rete kanpe tankou yon bòn. 46 Epi, li di moun li yo: -Ranmase wòch. Mesye yo ranmase wòch, yo anpile yo fè yon gwo pil. Apre sa, yo chita bò pil wòch la, yo manje. 47 Laban rele pil wòch la Jega Saadouta nan lang pa l', men Jakòb te rele l' nan lang pa l' Galèd. 48 Laban di: -Pil wòch sa a va sèvi pou fè nou tout de toujou chonje kontra a. Se poutèt sa yo rele kote sa a Galèd. 49 Laban di ankò: -Se pou Bondye voye je sou nou tout de lè nou fin separe. Se konsa yo rele kote sa a Mispa. 50 Laban pale ankò, li di: -Si ou maltrete pitit fi mwen yo, si ou pran lòt fanm ankò sou yo, konnen ou p'ap annafè ak yon moun tankou nou tande. Atansyon, men se ak Bondye menm, ki temwen sa nou sot fè a, w'ap annafè. 51 Laban di Jakòb ankò: -Men pil wòch mwen mete pou separe nou an. Men bòn ou plante a la. 52 Ni pil wòch yo ni bòn lan ap sèvi yon mak. Mwen pa gen dwa depase l' pou m' vin atake ou, ni ou pa gen dwa depase l' pou ou vin atake m'. 53 Se pou Bondye Abraram lan, Bondye Nakò a, Bondye papa yo a, mete rezon nan mitan nou. Lè sa a, Jakòb sèmante nan non Bondye Izarak, papa l' respekte a. 54 Apre sa, li touye yon bèt, li ofri l' bay Bondye sou mòn lan, epi li envite moun pa l' yo vin manje. Lè yo fin manje, yo pase nwit la sou mòn lan. 55 Nan denmen maten byen bonè, Laban leve, li bo pitit pitit li yo ak pitit fi li yo. Li beni yo. Apre sa, li pati, li tounen lakay li.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jenèz 31:1

Ge 31:1-21. Envy of Laban and Sons.

1. he heard the words of Laban's sons--It must have been from rumor that Jacob got knowledge of the invidious reflections cast upon him by his cousins; for they were separated at the distance of three days' journey.

Jenèz 31:2

2. And Jacob beheld the countenance of Laban--literally, "was not the same as yesterday, and the day before," a common Oriental form of speech. The insinuations against Jacob's fidelity by Laban's sons, and the sullen reserve, the churlish conduct, of Laban himself, had made Jacob's situation, in his uncle's establishment, most trying and painful. It is always one of the vexations attendant on worldly prosperity, that it excites the envy of others (Ec 4:4); and that, however careful a man is to maintain a good conscience, he cannot always reckon on maintaining a good name, in a censorious world. This, Jacob experienced; and it is probable that, like a good man, he had asked direction and relief in prayer.

Jenèz 31:3

3. the Lord said ... Return unto the land of thy fathers--Notwithstanding the ill usage he had received, Jacob might not have deemed himself at liberty to quit his present sphere, under the impulse of passionate fretfulness and discontent. Having been conducted to Haran by God (Ge 28:15) and having got a promise that the same heavenly Guardian would bring him again into the land of Canaan, he might have thought he ought not to leave it, without being clearly persuaded as to the path of duty. So ought we to set the Lord before us, and to acknowledge Him in all our ways, our journeys, our settlements, and plans in life.

Jenèz 31:4

4. Jacob sent and called Rachel and Leah--His wives and family were in their usual residence. Whether he wished them to be present at the festivities of sheep shearing, as some think; or, because he could not leave his flock, he called them both to come to him, in order that, having resolved on immediate departure, he might communicate his intentions. Rachel and Leah only were called, for the other two wives, being secondary and still in a state of servitude, were not entitled to be taken into account. Jacob acted the part of a dutiful husband in telling them his plans; for husbands that love their wives should consult with them and trust in them (Pr 31:11).

Jenèz 31:6

6. ye know that ... I have served your father--Having stated his strong grounds of dissatisfaction with their father's conduct and the ill requital he had got for all his faithful services, he informed them of the blessing of God that had made him rich notwithstanding Laban's design to ruin him; and finally, of the command from God he had received to return to his own country, that they might not accuse him of caprice, or disaffection to their family; but be convinced, that in resolving to depart, he acted from a principle of religious obedience.

Jenèz 31:14

14. Rachel and Leah answered--Having heard his views, they expressed their entire approval; and from grievances of their own, they were fully as desirous of a separation as himself. They display not only conjugal affection, but piety in following the course described--"whatsoever God hath said unto thee, do" [Ge 31:16]. "Those that are really their husbands' helpmeets will never be their hindrances in doing that to which God calls them" [Henry].

Jenèz 31:17

17. Then Jacob rose up--Little time is spent by pastoral people in removing. The striking down the tents and poles and stowing them among their other baggage; the putting their wives and children in houdas like cradles, on the backs of camels, or in panniers on asses; and the ranging of the various parts of the flock under the respective shepherds; all this is a short process. A plain that is covered in the morning with a long array of tents and with browsing flocks, may, in a few hours, appear so desolate that not a vestige of the encampment remains, except the holes in which the tent poles had been fixed.

Jenèz 31:18

18. he carried the cattle of his getting--that is, his own and nothing more. He did not indemnify himself for his many losses by carrying off any thing of Laban's, but was content with what Providence had given him. Some may think that due notice should have been given; but when a man feels himself in danger--the law of self-preservation prescribes the duty of immediate flight, if it can be done consistently with conscience.

Jenèz 31:20

20. Jacob stole away--The result showed the prudence and necessity of departing secretly; otherwise, Laban might have detained him by violence or artifice.

Jenèz 31:22-24

Ge 31:22-55. Laban Pursues Jacob--Their Covenant at Gilead.

22-24. it was told Laban on the third day--No sooner did the news reach Laban than he set out in pursuit, and he being not encumbered, advanced rapidly; whereas Jacob, with a young family and numerous flocks, had to march slowly, so that he overtook the fugitives after seven days' journey as they lay encamped on the brow of mount Gilead, an extensive range of hills forming the eastern boundary of Canaan. Being accompanied by a number of his people, he might have used violence had he not been divinely warned in a dream to give no interruption to his nephew's journey. How striking and sudden a change! For several days he had been full of rage, and was now in eager anticipation that his vengeance would be fully wreaked, when lo! his hands are tied by invisible power (Psa 76:10). He did not dare to touch Jacob, but there was a war of words.

Jenèz 31:26-30

26-30. Laban said ... What hast thou done?--Not a word is said of the charge (Ge 31:1). His reproaches were of a different kind. His first charge was for depriving him of the satisfaction of giving Jacob and his family the usual salutations at parting. In the East it is customary, when any are setting out to a great distance, for their relatives and friends to accompany them a considerable way with music and valedictory songs. Considering the past conduct of Laban, his complaint on this ground was hypocritical cant. But his second charge was a grave one--the carrying off his gods--Hebrew, "teraphim," small images of human figures, used not as idols or objects of worship, but as talismans, for superstitious purposes.

Jenèz 31:31-32

31-32. Jacob said, ... With whomsoever thou findest thy gods let him not live--Conscious of his own innocence and little suspecting the misdeed of his favorite wife, Jacob boldly challenged a search and denounced the heaviest penalty on the culprit. A personal scrutiny was made by Laban, who examined every tent [Ge 31:33]; and having entered Rachel's last, he would have infallibly discovered the stolen images had not Rachel made an appeal to him which prevented further search [Ge 31:34, 35].

Jenèz 31:34

34. Rachel had taken the images, and put them in the camel's furniture, and sat upon them--The common pack saddle is often used as a seat or a cushion, against which a person squatted on the floor may lean.

Jenèz 31:36-37

36-37. Jacob was wroth--Recrimination on his part was natural in the circumstances, and, as usual, when passion is high, the charges took a wide range. He rapidly enumerated his grievances for twenty years and in a tone of unrestrained severity described the niggard character and vexatious exactions of his uncle, together with the hardships of various kinds he had patiently endured.

Jenèz 31:38

38. The rams of thy flock have I not eaten--Eastern people seldom kill the females for food except they are barren.

Jenèz 31:39

39. That which was torn of beasts I brought not unto thee--The shepherds are strictly responsible for losses in the flock, unless they can prove these were occasioned by wild beasts.

Jenèz 31:40

40. in the day the drought ... and the frost by night--The temperature changes often in twenty-four hours from the greatest extremes of heat and cold, most trying to the shepherd who has to keep watch by his flocks. Much allowance must be made for Jacob. Great and long-continued provocations ruffle the mildest and most disciplined tempers. It is difficult to "be angry and sin not" [Ep 4:26]. But these two relatives, after having given utterance to their pent-up feelings, came at length to a mutual understanding, or rather, God influenced Laban to make reconciliation with his injured nephew (Pr 16:7).

Jenèz 31:44

44. Come thou, let us make a covenant--The way in which this covenant was ratified was by a heap of stones being laid in a circular pile, to serve as seats, and in the center of this circle a large one was set up perpendicularly for an altar. It is probable that a sacrifice was first offered, and then that the feast of reconciliation was partaken of by both parties seated on the stones around it. To this day heaps of stones, which have been used as memorials, are found abundantly in the region where this transaction took place.

Jenèz 31:52

52. This heap be witness--Objects of nature were frequently thus spoken of. But over and above, there was a solemn appeal to God; and it is observable that there was a marked difference in the religious sentiments of the two. Laban spake of the God of Abraham and Nahor, their common ancestors; but Jacob, knowing that idolatry had crept in among that branch of the family, swore by the "fear of his father Isaac." They who have one God should have one heart: they who are agreed in religion should endeavor to agree in everything else.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.