Jenèz 15

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t'ap pale avè l'. Seyè a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou. 2 Abram di. Seyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tout fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m', se Elyezè, moun peyi Damas la. 3 Abram di ankò. Gade! Ou pa ban m' pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m'. 4 Lè sa a, li tande Seyè a ki di l' konsa. Non, se pa li menm ki pral eritye ou. Se pwòp pitit zantray ou ki pral eritye ou. 5 Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la. 6 Abram mete konfyans li nan Seyè a, se konsa Seyè a fè l' gras. 7 Seyè a di. Se mwen menm, Seyè a, ki te fè ou soti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m' te ka ba ou peyi sa a pou ou. 8 Abram di. Seyè, Bondye, kijan pou m' fè konnen peyi sa a pou mwen vre? 9 Seyè a di l'. Pran yon ti gazèl bèf twazan, yon fenmèl kabrit twazan, yon belye twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon. 10 Abram al pran tout bèt sa yo, li koupe yo mitan pou mitan, li mete moso yo yonn anfas lòt. Men, li pa koupe zwazo yo an de. 11 Chak fwa malfini karanklou vin pou desann sou vyann bèt yo, Abram pouse yo ale. 12 Solèy tapral kouche lè dòmi vòlè Abram. Li dòmi nèt ale. Epi yon sèl lapèz pran l' nan dòmi an. Kote l' te ye a vin fè tout nwa. 13 Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (0400 an). 14 Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avèk anpil anpil richès. 15 Kanta ou menm, ou pral mouri ak kè poze, ou pral jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Wi, anvan ou antre anba tè, wa viv lontan san ankenn pwoblèm. 16 Apre kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dènye bout mechanste yo. 17 Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tout limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo. 18 Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la. 19 Sa vle di tout peyi kote moun Keni yo, moun Kenizi yo, moun Kadmon yo, 20 moun Et yo, moun Ferezi yo, moun refayim yo, 21 moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jenèz 15:1

Ge 15:1-21. Divine Encouragement.

1. After these things--the conquest of the invading kings.

the word of the Lord--a phrase used, when connected with a vision, to denote a prophetic message.

Fear not, Abram--When the excitement of the enterprise was over, he had become a prey to despondency and terror at the probable revenge that might be meditated against him. To dispel his fear, he was favored with this gracious announcement. Having such a promise, how well did it become him (and all God's people who have the same promise) to dismiss fears, and cast all burdens on the Lord (Psa 27:3).

Jenèz 15:2

2. Lord God, what wilt thou give?--To his mind the declaration, "I am thy exceeding great reward" [Ge 15:1], had but one meaning, or was viewed but in one particular light, as bearing on the fulfilment of the promise, and he was still experiencing the sickness of hope deferred.

Jenèz 15:3

3. Eliezer of Damascus ... one born in my house is mine heir--According to the usage of nomadic tribes, his chief confidential servant, would be heir to his possessions and honors. But this man could have become his son only by adoption; and how sadly would that have come short of the parental hopes he had been encouraged to entertain! His language betrayed a latent spirit of fretfulness or perhaps a temporary failure in the very virtue for which he is so renowned--and absolute submission to God's time, as well as way, of accomplishing His promise.

Jenèz 15:4

4. This shall not be thine heir--To the first part of his address no reply was given; but having renewed it in a spirit of more becoming submission, "whereby shall I know that I shall inherit it" [Ge 15:8], he was delighted by a most explicit promise of Canaan, which was immediately confirmed by a remarkable ceremony.

Jenèz 15:9-21

9-21. Take me an heifer, &c.--On occasions of great importance, when two or more parties join in a compact, they either observe precisely the same rites as Abram did, or, where they do not, they invoke the lamp as their witness. According to these ideas, which have been from time immemorial engraven on the minds of Eastern people, the Lord Himself condescended to enter into covenant with Abram. The patriarch did not pass between the sacrifice and the reason was that in this transaction he was bound to nothing. He asked a sign, and God was pleased to give him a sign, by which, according to Eastern ideas, He bound Himself. In like manner God has entered into covenant with us; and in the glory of the only-begotten Son, who passed through between God and us, all who believe have, like Abram, a sign or pledge in the gift of the Spirit, whereby they may know that they shall inherit the heavenly Canaan.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.