Jenèz 14
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè sa a, Anmrafèl te wa Chenea, Ajòk te wa Elaza, Kedòlaòmè te wa Elam, Tideal te wa lòt nasyon yo. 2 Yo kat yo leve, y al fè lagè ak senk lòt wa. Bera ki te wa Sodòm, Bicha ki te wa Gomò, Cheneab ki te wa Adma, Chemebè ki te wa zeboyim yo, ak wa peyi Bela a. Peyi sa a te rele Zoa tou. 3 Senk wa sa yo mete tèt yo ansanm, yo reyini nan Fon Sidim lan kote lanmè Sèl la ye a. 4 Pandan douzan, senk wa sa yo te soumèt devan Kedòlaòmè. Lanne ki fè yo trèzan an, yo revòlte. 5 Lanne apre sa, ki pou ta fè yo katòzan nan pozisyon sa a, Kedòlaòmè ansanm ak twa wa ki te mete tèt ansanm ak li yo vin rive. Yo bat refayim yo nan lavil Astawòt-Kanayim, yo bat zouzim yo nan lavil Am, yo bat emim yo nan laplenn Chave-Kiryatayim. 6 Yo bat orit yo sou mòn Seyi, jouk bò kote pye bwadchenn Paran an, ki toupre dezè a. 7 Apre sa, yo kase tèt tounen, yo rive bò Sous jijman an, yo bat tout chèf moun Amelèk yo, yo pran tout bèt yo. Yo bat moun Amori yo tout ki rete Azazon-Tama, yo bat yo byen bat. 8 Lè sa a, wa Sodòm, wa Gomò, wa Adma, wa zeboyim ansanm ak wa Bela a, yo soti, yo pran pozisyon nan Fon Sidim lan pou yo goumen 9 kont Kedòlaòmè, wa Elam, Tideal, wa lòt nasyon yo, Anmrafèl, wa Chenea ak Ajòch, wa Elaza. Sa te fè kat wa kont senk wa. 10 Nan Fon Sidim lan te gen anpil twou byen fon ki te plen asfat. Pandan batay la, wa Sodòm ak wa Gomò yo pran kouri pou lènmi yo, yo te vle wete kò yo nan batay la, yo tonbe nan twou asfat yo. Lòt wa yo menm kouri al kache nan mòn. 11 Kat wa yo pran tout sa yo jwenn nan Sodòm ak Gomò, ata pwovizyon manje, epi y al fè wout yo. 12 Yo pase men yo yo pran Lòt, pitit frè Abram lan, ansanm ak tout byen l' yo, paske se Sodòm Lòt te rete. 13 Men, yonn nan mesye ki te chape nan batay la vin di Abram sa. Lè sa a, Abram te rete toupre pye bwadchenn Manmre a. Manmre sa a, se te yon moun Amori. Se te frè Echkòl ak Ane. tout de mesye sa yo te pase kontra avèk Abram. 14 Lè Abram vin konnen yo te fè neve l' la prizonye, li sanble tout domestik ki te fèt lakay li yo epi ki te konn goumen. Li pran twasandizwit (0318) antou. Epi li file dèyè wa yo jouk lavil Dann. 15 La, yon jou lannwit, li separe mesye li yo, li fè yo fè de gwoup, epi li atake lènmi yo. Li bat yo byen bat, li kouri dèyè yo jouk yo rive Oba, ki sou bò nò lavil Damas. 16 Li reprann tout byen yo te pran yo, li mennen Lòt, neve li a, tounen lakay li ansanm ak tout byen l' yo, tout medam yo ak tout pèp la. 17 Apre Abram te fin kraze Kedòlaòmè ansanm ak tout lòt wa ki te fè tèt ansanm ak Kedòlaòmè yo, li t'ap tounen lakay li. Wa Sodòm lan vin rankontre l' nan Fon Chave a ki rele Fon Wa a tou. 18 Mèlkisedèk menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen ak diven vini. Se yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye. 19 Li beni Abram, li di. Se pou Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, beni Abram. 20 Lwanj pou Bondye ki anwo nan syèl la. Se li menm ki te lage lènmi ou yo nan men ou. Apre sa, Abram ba li yon dizyèm nan tout sa li te pran. 21 Lèfini, wa Sodòm lan di Abram. Ou mèt gade tout byen yo pou ou. Men ban mwen moun yo sèlman. 22 Abram reponn wa Sodòm lan, li di l'. Mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, 23 mwen p'ap pran anyen nan sa ki pou ou, li te mèt yon ti moso fil, yon kòd sapat. Konsa, ou p'ap janm ka di se ou menm ki fè Abram rich. 24 Mwen pa bezwen anyen pou tèt pa m'. Men, m'ap asepte sa moun mwen yo te manje, ansanm ak pòsyon ki pou moun ki te mache avè m' yo. Wi, se pou Ane, Echkòl ak Manmre pran sa ki vin pou yo a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jenèz 14:1
Ge 14:1-24. War.
1. And it came to pass--This chapter presents Abram in the unexpected character of a warrior. The occasion was this: The king of Sodom and the kings of the adjoining cities, after having been tributaries for twelve years to the king of Elam, combined to throw off his yoke. To chastise their rebellion, as he deemed it, Chedorlaomer, with the aid of three allies, invaded the territories of the refractory princes, defeated them in a pitched battle where the nature of the ground favored his army (Ge 14:10), and hastened in triumph on his homeward march, with a large amount of captives and booty, though merely a stranger.
Jenèz 14:12
12. they took Lot ... and his goods, and departed--How would the conscience of that young man now upbraid him for his selfish folly and ingratitude in withdrawing from his kind and pious relative! Whenever we go out of the path of duty, we put ourselves away from God's protection, and cannot expect that the choice we make will be for our lasting good.
Jenèz 14:13
13. there came one that had escaped--Abram might have excused himself from taking any active concern in his "brother," that is, nephew, who little deserved that he should incur trouble or danger on his account. But Abram, far from rendering evil for evil, resolved to take immediate measures for the rescue of Lot.
Jenèz 14:14
14. And when Abram heard that his brother was taken captive, he armed his trained servants--domestic slaves, such as are common in Eastern countries still and are considered and treated as members of the family. If Abram could spare three hundred and eighteen slaves and leave a sufficient number to take care of the flocks, what a large establishment he must have had.
Jenèz 14:15-16
15-16. he divided himself ... by night--This war between the petty princes of ancient Canaan is exactly the same as the frays and skirmishes between Arab chiefs in the present day. When a defeated party resolves to pursue the enemy, they wait till they are fast asleep; then, as they have no idea of posting sentinels, they rush upon them from different directions, strike down the tent poles--if there is any fight at all, it is the fray of a tumultuous mob--a panic commonly ensues, and the whole contest is ended with little or no loss on either side.
Jenèz 14:18
18. Melchizedek--This victory conferred a public benefit on that part of the country; and Abram, on his return, was treated with high respect and consideration, particularly by the king of Sodom and Melchizedek, who seems to have been one of the few native princes, if not the only one, who knew and worshipped, "the most high God," whom Abram served. This king who was a type of the Saviour (He 7:1), came to bless God for the victory which had been won, and in the name of God to bless Abram, by whose arms it had been achieved--a pious acknowledgment which we should imitate on succeeding in any lawful enterprise.
Jenèz 14:20
20. he gave him tithes of all--Here is an evidence of Abram's piety, as well as of his valor; for it was to a priest or official mediator between God and him that Abram gave a tenth of the spoil--a token of his gratitude and in honor of a divine ordinance (Pr 3:9).
Jenèz 14:21
21. the king of Sodom said ... Give me the persons--According to the war customs still existing among the Arab tribes, Abram might have retained the recovered goods, and his right was acknowledged by the king of Sodom. But with honest pride, and a generosity unknown in that part of the world, he replied with strong phraseology common to the East, "I have lifted up mine hand" [that is, I have sworn] unto the Lord that I will not take from a thread even to a sandal-thong, and that that I will not take any thing that [is] thine, lest thou shouldst say, I have made Abram rich" [Ge 14:22, 23].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
