Jenèz 16
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Sarayi, madanm Abram, pa t' janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga. 2 Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l' la. 3 Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gen tan gen dizan nan peyi Kanaran. 4 Abram kouche ak Aga. Aga vin ansent. Lè Aga wè li ansent, lògèy vire tèt li, li pa gade Sarayi, metrès li, pou anyen ankò. 5 Lè sa a, Sarayi di Abram. Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m' pou anyen ankò. Se Seyè a ki pou jije m' avè ou. 6 Abram reponn Sarayi, li di l'. Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gen dwa fè sa ou vle avè l'. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li. 7 Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la. 8 Li di l' konsa. Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti la a? Kote ou prale? Aga reponn. M'ap kouri pou Sarayi, metrès mwen. 9 Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li. 10 Zanj lan di l' ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo. 11 Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a. 12 Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li. 13 Aga di nan kè l'. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m' lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l': Ou se Bondye ki wè m' lan. 14 Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m' lan. 15 Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl. 16 Abram te gen katrevensizan lè Aga te fè Izmayèl.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jenèz 16:1
Ge 16:1-16. Bestowment of Hagar.
1. Now, Sarai ... had a handmaid--a female slave--one of those obtained in Egypt.
Jenèz 16:3
3. Sarai ... gave her to ... Abram to be his wife--"Wife" is here used to describe an inferior, though not degrading, relation, in countries where polygamy prevails. In the case of these female slaves, who are the personal property of his lady, being purchased before her marriage or given as a special present to her, no one can become the husband's secondary wife without her mistress consent or permission. This usage seems to have prevailed in patriarchal times; and Hagar, Sarai's slave, of whom she had the entire right of disposing, was given by her mistress' spontaneous offer, to be the secondary wife of Abram, in the hope of obtaining the long-looked-for heir. It was a wrong step--indicating a want of simple reliance on God--and Sarai was the first to reap the bitter fruits of her device.
Jenèz 16:5
5. And Sarai said ... My wrong be upon thee--Bursts of temper, or blows, as the original may bear, took place till at length Hagar, perceiving the hopelessness of maintaining the unequal strife, resolved to escape from what had become to her in reality, as well as in name, a house of bondage.
Jenèz 16:7
7. And the angel of the Lord found her by a fountain--This well, pointed out by tradition, lay on the side of the caravan road, in the midst of Shur, a sandy desert on the west of Arabia-Petræa, to the extent of a hundred fifty miles, between Palestine and Egypt. By taking that direction, she seems to have intended to return to her relatives in that country. Nothing but pride, passion, and sullen obstinacy, could have driven any solitary person to brave the dangers of such an inhospitable wild; and she would have died, had not the timely appearance and words of the angel recalled her to reflection and duty.
Jenèz 16:11
11. Ishmael--Like other Hebrew names, this had a signification, and it is made up of two words--"God hears." The reason is explained.
Jenèz 16:12
12. he will be a wild man--literally, "a wild ass man," expressing how the wildness of Ishmael and his descendants resembles that of the wild ass.
his hand will be against every man--descriptive of the rude, turbulent, and plundering character of the Arabs.
dwell in the presence of all his brethren--dwell, that is, pitch tents; and the meaning is that they maintain their independence in spite of all attempts to extirpate or subdue them.
Jenèz 16:13
13. called the name--common in ancient times to name places from circumstances; and the name given to this well was a grateful recognition of God's gracious appearance in the hour of Hagar's distress.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
