Esdras 9

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè tout bagay sa yo fin regle, chèf pèp Izrayèl yo vin jwenn mwen, yo di m' konsa: -Pèp la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo fin melanje nèt ak moun lòt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Jebis yo, moun Amon yo, moun Moab yo, moun Lejip yo ak moun Amori yo. Yo lage kò yo nan fè menm vye bagay ak moun sa yo. 2 Yo marye ak fanm pèp sa yo, yo marye pitit gason yo ak pitit fi pèp sa yo. Se konsa, ras Bondye chwazi pou li a twouve l' melanje ak ras moun peyi a. Premye moun ki lage kò yo nan move zak sa yo se chèf yo ak konseye yo. 3 Lè m' tande sa, mwen vin gen yon sèl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tèt mwen ak plim bab mwen. 4 M' al koupi kò m' yon kote sitèlman sa te fè m' lapenn. Anpil moun te pè lè yo vin konnen sa Seyè a te di sou koze peche moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a te fè a. Yo tout vin sanble bò kote m'. Mwen menm menm, mwen te rete chita koupi atè a, jouk lè pou yo fè ofrann chak aswè a rive, tèlman sa te fè m' mal. 5 Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyè a, Bondye mwen an. 6 Mwen di l' konsa: -O Bondye papa m'! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou m' fè! M' pa ka leve tèt mwen devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou yo anpile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la. 7 Depi nan tan zansèt nou yo jouk jounen jòdi a, nou pa manke fè sa ki mal. Se poutèt tou sa nou te fè ki mal kifè ou te lage nou ansanm ak wa nou yo ak prèt nou yo nan men wa lòt peyi yo. Yo touye nou nan lagè, yo depòte nou, yo piye tout ajan nou, yo fè nou wont jan nou ye jouk koulye a. 8 Men koulye a, depi kèk jou, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou yon favè. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouraj ankò, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf. 9 Paske se esklav nou ye jouk jòdi a. Men menm nan esklavaj sa a, Bondye pa lage nou. Li fè wa peyi Pès yo aji byen ak nou. Yo ban nou yon ti souf, pou nou te ka rebati tanp Bondye nou an ki te fin kraze nèt. Yo ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm. 10 Koulye a menm, Bondye, kisa pou nou di ou? Menm apre tou sa ou deja fè pou nou, nou dezobeyi tout kòmandman 11 ou te ban nou pou nou swiv, lè pwofèt yo, sèvitè ou yo, te di nou nan non ou: Peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a, se yon peyi ki pèdi favè Bondye, paske moun k'ap viv ladan l' yo ap fè yon bann bagay degoutan, vye bagay sal toupatou ladan l'. 12 Enben! Piga nou marye pitit fi nou yo ak pitit gason yo, ni piga nou chwazi pitit fi yo pou pitit gason nou yo. Nou pa bezwen chache konnen si zafè yo ap mache, si yo gen kè kontan. Se sèl jan nou menm nou ka vin fò, nou ka manje tout bon bagay ki donnen nan peyi a, nou ka kite tè sa a pou pitit nou yo pou tout tan. 13 Apre tou sa ki te rive nou, yon jan pou ou te pini nou pou move zak ak tout bagay mal nou te fè yo, nou wè, O Bondye nou, ou pa t' pini nou jan nou te merite l' la. Ou te kite yon ti rès nan nou ap viv toujou, nou menm ki la koulye a. 14 Epi pou koulye a ankò pou nou pa swiv kòmandman ou yo, pou n' al marye avèk kalite move moun sa yo? Fwa sa a, p'ap gen anyen ki pou anpeche ou fache sou nou jouk pou ou detwi nou nèt, san ou pa kite pesonn chape! 15 Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, se paske ou bon anpil pou nou kifè gen yon ti ponyen nan nou ki rete toujou, jan sa ye jòdi a. Epi, gade koulye a, men nou kanpe devan ou avèk tout peche nou yo! Wi, nou pa gen dwa rete vivan devan ou ankò poutèt sa!

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Esdras 9:1-2

Ezr 9:1-4. Ezra Mourns for the Affinity of the People with Strangers.

1-2. Now when these things were done--The first days after Ezra's arrival in Jerusalem were occupied in executing the different trusts committed to him. The nature and design of the office with which the royal authority had invested him was publicly made known to his own people by the formal delivery of the contribution and the sacred vessels brought from Babylon to the priests to be deposited in the temple. Then his credentials were privately presented to the provincial governors; and by this prudent, orderly proceeding he put himself in the best position to avail himself of all the advantages guaranteed him by the king. On a superficial view everything contributed to gratify his patriotic feelings in the apparently flourishing state of the church and country. But a further acquaintance discovered the existence of great corruptions, which demanded immediate correction. One was particularly brought under his notice as being the source and origin of all others; namely, a serious abuse that was practised respecting the law of marriage.

the princes came to me, saying--The information they lodged with Ezra was to the effect that numbers of the people, in violation of the divine law (De 7:2, 3), had contracted marriages with Gentile women, and that the guilt of the disorderly practice, far from being confined to the lower classes, was shared in by several of the priests and Levites, as well as of the leading men in the country. This great irregularity would inevitably bring many evils in its train; it would encourage and increase idolatry, as well as break down the barriers of distinction which, for important purposes, God had raised between the Israelites and all other people. Ezra foresaw these dangerous consequences, but was overwhelmed with a sense of the difficulty of correcting the evil, when matrimonial alliances had been formed, families had been reared, affections engaged, and important interests established.

Esdras 9:3

3. when I heard this thing, I rent my garment and my mantle, &c.--the outer and inner garment, which was a token not only of great grief, but of dread at the same time of the divine wrath;

plucked off the hair of my head and of my beard--which was a still more significant sign of overpowering grief.

Esdras 9:4

4. Then were assembled unto me every one that trembled at the words of the God of Israel, &c.--All the pious people who reverenced God's word and dreaded its threatenings and judgments joined with Ezra in bewailing the public sin, and devising the means of redressing it.

I sat astonied until the evening sacrifice--The intelligence of so gross a violation of God's law by those who had been carried into captivity on account of their sins, and who, though restored, were yet unreformed, produced such a stunning effect on the mind of Ezra that he remained for a while incapable either of speech or of action. The hour of the evening sacrifice was the usual time of the people assembling; and at that season, having again rent his hair and garments, he made public prayer and confession of sin.

Esdras 9:5-15

Ezr 9:5-15. Prays to God.

5-15. I fell upon my knees, and spread out my hands unto the Lord my God--The burden of his prayer, which was dictated by a deep sense of the emergency, was that he was overwhelmed at the flagrant enormity of this sin, and the bold impiety of continuing in it after having, as a people, so recently experienced the heavy marks of the divine displeasure. God had begun to show returning favor to Israel by the restoration of some. But this only aggravated their sin, that, so soon after their re-establishment in their native land, they openly violated the express and repeated precepts which commanded them to extirpate the Canaanites. Such conduct, he exclaimed, could issue only in drawing down some great punishment from offended Heaven and ensuring the destruction of the small remnant of us that is left, unless, by the help of divine grace, we repent and bring forth the fruits of repentance in an immediate and thorough reformation.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.