Egzòd 38

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Bezaleyèl fè lòtèl pou boule ofrann yo an bwa zakasya. Li fè l' kare kare: Li te mezire sèt pye sis pous longè, sèt pye sis pous lajè, kat pye sis pous wotè. 2 Li travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, li kouvri tout ak kwiv. 3 Li fè tout bagay ki pou mache ak lòtèl la: recho, pèl, fouchèt, plato pou resevwa sann, kivèt. Li fè tout bagay sa yo an kwiv. 4 Li fè yon griyaj an kwiv pou lòtèl la, tankou griy pou griye vyann. Li mete griyaj la anba rebò lòtèl la, li fè l' soti anba rive mwatye wotè lòtèl la. 5 Li fè kat gwo bag tou won an kwiv, li mete yo nan kat pwent griyaj la. Se nan bag sa yo pou yo pase poto ki sèvi manch pou pote lòtèl la. 6 Apre sa, li fè manch an bwa zakasya, li kouvri yo an kwiv nèt. 7 Li pase manch yo nan bag won yo sou chak bò lòtèl la, pou yo ka pote lòtèl la. Li fè lòtèl la an planch. Tout anndan lòtèl la te rete vid. 8 Bezaleyel pran moso kwiv poli ki te sèvi glas pou medam k'ap sèvi nan pòt antre Tant Randevou a, li fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou pou mete l' chita. 9 Li fè galeri a. Sou bò sid la, li moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè. 10 Ven ankadreman yo ak ven sipò yo te fèt an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo te an ajan. 11 Menm jan an tou, sou bò nò a, li moute yon seri rido ki gen senkant mèt longè avèk ven poto sou ven sipò an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo te an ajan. 12 Sou bò lwès la, li moute yon seri rido fèt ak lèz twal ki mezire ven mèt longè, avèk dis poto chita sou dis sipò avèk kwòk poto yo ak trenng yo an ajan. 13 Sou bò lès la, galeri a te gen swasannkenz pye lajè. 14 Sou bò gòch espas kote yo antre a, li moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. 15 Sou bò dwat la, li moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. Se konsa sa te fèt chak bò pòt kote yo antre a. 16 Tout rido yo te fèt ak twal fen blan tise byen sere. 17 Sipò poto yo te fèt an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo, te fèt an ajan. Tèt poto yo te kouvri an ajan. Tout poto galeri a te mare yonn ak lòt ak trenng an ajan. 18 Rido ki te fèmen kote yo antre nan tant lan te bwode byen bèl sou tout kò l'. Li te fèt ak bon twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Li te gen dis mèt longè, de mèt edmi wotè, tankou rido galeri a. 19 Kat poto kwen, chita sou kat sipò an kwiv tou, t'ap soutni rido pòt la. Kwòk yo ak trenng yo te fèt an ajan. Tèt poto yo te kouvri an ajan. 20 Li fè tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a an kwiv. 21 Men kantite metal yo te sèvi pou fè tant kote yo mete Bwat Kontra a. Dapre lòd Moyiz te bay, se pitit Levi yo ki te fè lis metal yo, epi se Itama, pitit Arawon, prèt la, ki t'ap dirije yo nan travay sa a. 22 Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a, te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. 23 Se Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan, ki te ede l'. Owoliyab sa a te yon bon bòs atizan ki te konn fè desen. Li te konn bwode lenn ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan. 24 Tout lò yo te sèvi pou fè travay nan kote ki apa pou Bondye a, se te lò moun yo te ofri bay Bondye. Lò a te peze demil nèfsantrant (02930) liv, dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Seyè a. 25 Ajan yo te ranmase pou resansman an te peze dimil swasanndis (010.070) liv, dapre mezi yo sèvi kote ki apa pou Seyè a. 26 Sa se kantite ajan yo ranmase antou nan men moun ki te vin bay non yo lè resansman an. Chak moun te bay kantite yo te mande yo, ki vle di yon pyès ajan ki peze yon ons, dapre mezi yo sèvi kote yo mete apa pou Seyè a. Te gen sisantwamil senksansenkant (0603.550) gason ki te gen ventan pou pi piti, ki te enskri nan resansman an. 27 Nan dimil swasanndis (010.070) liv ajan yo, dimil (010.000) liv te sèvi pou fè sipò pou tant lan ansanm ak sipò pou rido yo. Chak sipò te pran san liv. 28 Avèk swasanndis liv ajan ki te rete a, yo fè kwòk ak trenng pou poto yo, epi yo kouvri tèt poto yo. 29 Yo te ofri bay Seyè a sètmil katrevendis (07.090) liv kwiv antou. 30 Yo sèvi ak kwiv la pou fè sipò ki nan pòt antre tanp lan, lòtèl la ak griyaj kwiv la ansanm ak tout bagay y'ap bezwen pou sèvi ak lòtèl la. 31 Yo fè sipò pou galeri toutotou a, sipò pou pòt kote ki apa pou Seyè a, ansanm ak tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 38:1

Ex 38:1-31. Furniture of the Tabernacle.

1. the altar of burnt offering--The repetitions are continued, in which may be traced the exact conformity of the execution to the order.

Egzòd 38:8

8. laver of brass ... of the looking glasses of the women--The word mirrors should have been used, as those implements, usually round, inserted into a handle of wood, stone, or metal, were made of brass, silver, or bronze, highly polished [Wilkinson]. It was customary for the Egyptian women to carry mirrors with them to the temples; and whether by taking the looking glasses of the Hebrew women Moses designed to put it out of their power to follow a similar practice at the tabernacle, or whether the supply of brass from other sources in the camp was exhausted, it is interesting to learn how zealously and to a vast extent they surrendered those valued accompaniments of the female toilet.

of the women assembling ... at the door--not priestesses but women of pious character and influence, who frequented the courts of the sacred building (Lu 2:37), and whose parting with their mirrors, like the cutting the hair of the Nazarites, was their renouncing the world for a season [Hengstenberg].

Egzòd 38:9

9. the court--It occupied a space of one hundred and fifty feet by seventy-five, and it was enclosed by curtains of fine linen about eight feet high, suspended on brazen or copper pillars. Those curtains were secured by rods fastened to the top, and kept extended by being fastened to pins stuck in the ground.

Egzòd 38:10

10. hooks--The hooks of the pillars in the court were for hanging up the carcasses of the sacrificial beasts--those on the pillars at the entry of the tabernacle were for hanging the sacerdotal robes and other things used in the service.

Egzòd 38:11

11. sockets--mortices or holes in which the end of the pillars stood.

Egzòd 38:17

17. chapiters--or capitals of the pillars, were wooden posts which ran along their top, to which were attached the hooks for the hangings.

Egzòd 38:18

18. the height in the breadth--or, "in the measure." The sense is that the hangings of the court gate, which was twenty cubits wide, were of the same height as the hangings all round the court [Wall].

Egzòd 38:21

21. This is the sum of the tabernacle--Having completed his description of the component parts of the tabernacle, the inspired historian digresses into a statement respecting the gold and silver employed in it, the computation being made according to an order of Moses--by the Levites, under the direction of Ithamar, Aaron's youngest son.

Egzòd 38:24

24. twenty and nine talents, and seven hundred and thirty shekels--equivalent to £150,00 sterling.

Egzòd 38:25

25. the silver of them that were numbered--603,550 men at half a shekel each would contribute 301,775 shekels; which at 2s. 4d. each, amounts to £35,207 sterling. It may seem difficult to imagine how the Israelites should be possessed of so much wealth in the desert; but it should be remembered that they were enriched first by the spoils of the Egyptians, and afterwards by those of the Amalekites. Besides, it is highly probable that during their sojourn they traded with the neighboring nations who bordered on the wilderness [Hewlett].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.