Egzòd 39

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Yo pran twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Yo fè rad tou pou Arawon mete sou li sèlman lè l'ap fè sèvis Bondye, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 2 Yo fè jile a ak lò, ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen blan tise byen sere. 3 Yo pran fèy lò, yo bat yo, yo koupe yo an filang, yo travay yo nan twal ble, violèt ak wouj la, ansanm ak nan twal fen blan an. Yo bwode yo byen bèl ak anpil ladrès. 4 Yo fè zèpòlèt pou jile a. Yo tache yo yonn chak bò jile a pou kenbe moso devan an ak moso dèyè a nan plas yo. 5 Bèl sentiwon byen bwode ki mache ak jile a te fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a. Yo te fè l' an lò avèk twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 6 Apre sa, yo pran pyè oniks yo, yo moute yo chak sou yon gwo moso lò, yo grave non douz branch fanmi Izrayèl yo tankou lè y'ap grave non moun sou so. 7 Yo moute pyè yo sou de zèpòlèt jile a, pou yo toujou chonje branch fanmi pep Izrayèl yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 8 Yo fè plastwon an, yo bwode l' byen bèl ak anpil ladrès tankou jile a. Yo fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. 9 Yo fè l' kare kare, epi yo double l'. Li te mezire nèf pous kare kare, li te double. 10 Yo moute kat ranje pyè sou li. Nan premye ranje a, yo mete yon pyè woubi, yon pyè topaz ak yon pyè emwòd. 11 Nan dezyèm ranje a, yo mete yon pyè malachi, yon pyè safi ak yon pyè dyaman. 12 Nan twazyèm ranje a, yo mete yon pyè opal, yon pyè agat ak yon pyè ametis. 13 Nan katriyèm ranje a, yo mete yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. Yo te moute chak pyè sou yon moso lò. 14 Te gen antou douz pyè ak non douz branch fanmi pèp Izrayèl yo grave yonn sou chak pyè. Yo te grave yon non sou chak pyè tankou lè òfèv ap grave so sou bag. 15 Yo fè ti chenn pou plastwon an. Ti chenn yo te trese tankou ti kòdon. Yo te fèt ak pi bon kalite lò ki genyen. 16 Apre sa, yo fè de moso lò pou moute pyè yo ak de bag an lò. Yo moute de bag yo nan de bout anwo plastwon an. 17 Yo mare de ti kòdon an lò yo nan de bag yo, nan bout anwo plastwon an. 18 Yo pran de lòt bout chenn yo, yo fè yo pase sou devan jile a. Yo tache yo sou de moso lò yo ki sou zèpòlèt jile a. 19 Yo fè de lòt bag an lò, yo tache yo nan bout anba plastwon an sou lanvè, nan bòdi a toupre jile a. 20 Yo fè de lòt bag an lò ankò, yo tache yo anba de zèpòlèt jile a, sou devan, toupre kouti a anwo sentiwon jile a. 21 Yo mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a. Yo fè tou sa dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 22 Apre sa, yo pran twal ble, yo fè rad ki pou ale anba jile a. 23 Nan mitan rad la, yo fè yon twou pou pase nan tèt prèt la, epi yo mete yon doubli nan ankoli a tankou yo fè l' pou varèz an po bèt yo, pou li pa chire. 24 Yo pran twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, yo fè bodri an fòm grenad sou tout woulèt anba rad la. 25 Yo fè ti klòch an lò, yo mete yo nan espas ki separe grenad yo sou tout woulèt rad la. Ti klòch yo ak grenad yo te fè wonn rad la. 26 Yon ti klòch, yon grenad, yon ti klòch, yon grenad sou tout woulèt rad la pa anba, jouk yo fè tout tou rad pou Arawon mete sou li lè l'ap fè sèvis la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la. 27 Yo pran twal fen blan, yo fè chemiz pou Arawon ak pou pitit gason l' yo. 28 Yo pran twal fen blan, yo fè mouchwa tèt la ak ganiti pou bonnèt yo pou moun rekonèt grad yo. Epi yo pran twal fen blan tise byen sere, yo fè kalson yo. 29 Yo pran twal fen blan tise byen sere ak bon twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè sentiwon bwode byen bèl la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la. 30 Yo fè ti plak lò ki pou ale sou mouchwa tèt la ak pi bon kalite lò ki genyen. Yo grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a, tankou lè y'ap grave so sou bag. 31 Yo mare l' ak yon ti kòdon ble anwo nèt sou devan mouchwa tèt la, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 32 Se konsa yo te fin fè tout travay pou Tant Randevou a, kote pou Bondye rete a. Moun pèp Izrayèl yo te fè tout bagay dapre lòd Seyè a te di Moyiz la. Wi, se konsa yo te fè l'. 33 Yo pran tout bagay, yo pote yo bay Moyiz, depi tant lan, kay kote pou Bondye rete a, ak tout bagay ki mache avè li yo, kwòk li yo, ankadreman li yo, trenng li yo, poto li yo ak sipò yo, 34 twati ki fèt ak po belye tenn tou wouj yo, twati yo fè ak po bazann ak rido pou kache Bwat Kontra a, 35 bwat ki gen de moso ròch kontra yo, manch li yo ak kouvèti a, 36 tab la ak tou sa ki pou sèvi ak tab la, pen yo ofri bay Bondye a, 37 gwo lanp sèt branch fèt an lò a, ti lanp ki pou moute an liy dwat sou li yo, avèk tou sa ki pou sèvi ak lanp sèt branch lan ansanm ak lwil pou lanp yo, 38 lòtèl fèt an lò a, lwil pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, lansan ki santi bon an ak rido pou fèmen kote pou antre nan tant lan, 39 lòtèl fèt an kwiv la avèk griyaj an kwiv la, manch yo ak tou sa ki pou sèvi ak lòtèl la, basen lan ak pye l' a, 40 rido pou galeri a, poto yo, sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre sou galeri a, kòd yo, pikèt yo ak tou sa yo bezwen pou fè sèvis nan Tant Randevou a kote pou Bondye rete a, 41 bèl rad seremoni pou yo mete lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, mete sou li ansanm ak rad pou pitit gason l' yo mete sou yo lè y'ap fè travay prèt yo. 42 Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tout travay la jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la. 43 Moyiz egzaminen travay yo te fè a, li wè yo te fè l' jan Seyè a te bay lòd fè l' la. Wi, se konsa yo te fè l'. Lèfini, Moyiz beni yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 39:1-2

Ex 39:1-43. Garments of the Priests.

1-2. cloths of service--official robes. The ephod of the high priest, the robe of the ephod, the girdle of needlework, and the embroidered coat were all of fine linen; for on no material less delicate could such elaborate symbolical figures have been portrayed in embroidery, and all beautified with the same brilliant colors. (See on Ex 28:1-43).

Egzòd 39:3

3. cut the gold into wires to work it--that is, the metal was beaten with a hammer into thin plates, cut with scissors or some other instrument into long slips, then rounded into filaments or threads. "Cloth of golden tissue is not uncommon on the monuments, and specimens of it have been found rolled about mummies; but it is not easy to determine whether the gold thread was originally interwoven or subsequently inserted by the embroiderer" [Taylor].

Egzòd 39:30

30. a writing, like to the engravings of a signet--The seal-ring worn both by ancient and modern Egyptians on the little finger of the right hand, contained, inscribed on a cornelian or other precious stone, along with the owner's name, a religious sentiment or sacred symbol, intimating that he was the servant of God, or expressive of trust in Him. And it was to this practice the inscription on the high priest alludes (compare Joh 3:33).

Egzòd 39:34

34. the covering of rams' skin dyed red--(See on Ex 25:5). It was probably red morocco leather and "badgers' skins," rather "the skins of the tahash, supposed to be the dugong, or dolphin of the Red Sea, the skin of which is still used by the Arabs under the same appellation" [Goss].

Egzòd 39:43

43. Moses did look upon all the work, and, behold, they had done it as the Lord had commanded--A formal inspection was made on the completion of the tabernacle, not only with a view to have the work transferred from the charge of the workmen, but to ascertain whether it corresponded with "the pattern." The result of a careful and minute survey showed that every plank, curtain, altar, and vase had been most accurately made of the form, and in the place designed by the Divine Architect--and Moses, in accepting it of their hands, thanked God for them, and begged Him to bless them.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.