Egzòd 37

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Bezaleyèl te fè Bwat Kontra a an bwa zakasya. Bwat la te mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè ak de pye twa pous wotè. 2 Li kouvri l' nèt, andedan kou deyò, ak pi bon kalite lò ki genyen. Li mete yon bòdi an lò fè wonn li. 3 Li fonn lò pou fè kat gwo bag tou won pou bwat la. Li moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò. 4 Li fè de jenn ti poto an bwa zakasya, li kouvri yo nèt ak lò. 5 Li pase poto yo nan twou bag yo, yonn sou chak bò bwat la pou yo te kapab pote l' kote yo vle. 6 Li fè yon kouvèti an bon lò pou bwat la. Kouvèti a te mezire twa pye nèf pous longè ak de pye twa pous lajè. 7 Li pran de gwo moso lò, li bat yo ak mato, li fè pòtre de zanj cheriben li moute sou de pwent kouvèti a, 8 yonn sou bò gòch, lòt la sou bò dwat. Li fè yo tankou si yo te fè yon sèl pyès ak kouvèti a. 9 Zanj cheriben yo te gen zèl yo louvri anwo tèt yo pou kouvri kouvèti a. Yo te yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a. 10 Li fè tab la an bwa zakasya. Tab la te mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè. 11 Li kouvri l' nèt ak pi bon lò ki genyen, li mete yon bòdi an lò fè wonn li. 12 Li mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi li kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò. 13 Li fè kat gwo bag tou won an lò. Li moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a. 14 Li te moute bag won yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo yo pase poto bwa ki pou sèvi pou pote tab la. 15 Li fè poto yo ak bwa zakasya, epi li kouvri yo nèt ak lò. Se poto sa yo ki sèvi pou pote tab la. 16 Li fè tout bagay ki pou ale sou tab la: asyèt, bòl, tas, gode, bagay ki pou sèvi lè y'ap fè sèvis pou Bondye. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen. 17 Li fè gwo lanp sèt branch lan ak pi bon lò ki genyen. Li pran yon sèl moso lò pou li fè lanp sèt branch lan: kò li, branch li yo, flè yo, boujon yo, ak fèy yo ki te fè yon sèl pyès ak li. 18 Li te gen yon branch nan mitan ak twa branch chak bò. 19 Sou chak branch sou kote yo, te gen pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo sou yo. Konsa, konsa, sou tout sis branch sou kote yo. 20 Sou branch mitan an te gen kat flè nwa kajou avèk tout boujon yo sou yo. 21 Te gen yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo. 22 Boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ak pye lanp sèt branch lan. Se yon sèl moso lò yo bat pou fè tout. 23 Li fè sèt ti lanp pou lanp sèt branch lan avèk pensèt pou netwaye lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen. 24 Li te pran swasannkenz liv bon lò pou fè lanp sèt branch lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak lanp sèt branch lan. 25 Bezaleyèl fè lòtèl pou boule lansan an ak bwa zakasya. Li fè l' kare kare: dizwit pous lajè, dizwit pous longè, trannsis pous wotè. Kat kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la. 26 Bezaleyèl kouvri tout anwo lòtèl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. Apre sa, li mete yon bòdi an lò fè wonn li. 27 Li fè de bag an lò, li moute yo anba bòdi a sou de kote lòtèl la. Se nan bag sa yo pou yo pase manch ki pou sèvi pou pote lòtèl la. 28 Li fè manch yo an bwa zakasya epi li kouvri yo nèt ak lò. 29 Bezaleyèl fè lwil ki pou sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou Bondye a ansanm ak lansan santi bon an, jan moun ki konn fè odè avèk ladrès yo fè yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 37:1

Ex 37:1-29. Furniture of the Tabernacle.

1. Bezaleel made the ark--The description here given of the things within the sacred edifice is almost word for word the same as that contained in Ex 25:1-40. It is not on that account to be regarded as a useless repetition of minute particulars; for by the enumeration of these details, it can be seen how exactly everything was fashioned according to the "pattern shown on the mount" [Ex 25:40]; and the knowledge of this exact correspondence between the prescription and the execution was essential to the purposes of the fabric.

Egzòd 37:6-10

6-10. made the mercy seat of pure gold--To construct a figure, whether the body of a beast or a man, with two extended wings, measuring from two to three feet from tip to tip, with the hammer, out of a solid piece of gold, was what few, if any, artisans of the present day could accomplish.

Egzòd 37:17-22

17-22. he made the candlestick of pure gold--Practical readers will be apt to say, "Why do such works with the hammer, when they could have been cast so much easier--a process they were well acquainted with?" The only answer that can be given is, that it was done according to order. We have no doubt but there were reasons for so distinctive an order, something significant, which has not been revealed to us [Napier]. The whole of that sacred building was arranged with a view to inculcate through every part of its apparatus the great fundamental principles of revelation. Every object was symbolical of important truth--every piece of furniture was made the hieroglyphic of a doctrine or a duty--on the floor and along the sides of that movable edifice was exhibited, by emblematic signs addressed to the eye, the whole remedial scheme of the gospel. How far this spiritual instruction was received by every successive generation of the Israelites, it may not be easy to determine. But the tabernacle, like the law of which it was a part, was a schoolmaster to Christ [Ga 3:24, 25]. Just as the walls of schools are seen studded with pictorial figures, by which the children, in a manner level to their capacities and suited to arrest their volatile minds, are kept in constant and familiar remembrance of the lessons of piety and virtue, so the tabernacle was intended by its furniture and all its arrangements to serve as a "shadow of good things to come" [He 10:1]. In this view, the minute description given in this chapter respecting the ark and mercy seat, the table of showbread, the candlestick, the altar of incense, and the holy oil, were of the greatest utility and importance; and though there are a few things that are merely ornamental appendages, such as the knops and the flowers, yet, in introducing these into the tabernacle, God displayed the same wisdom and goodness as He has done by introducing real flowers into the kingdom of nature to engage and gratify the eye of man.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.