Egzòd 33

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a di Moyiz: -Leve non, ou menm ak tout pèp ou te fè soti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n' ale nan peyi mwen te sèmante bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, lè m' te di yo m'ap ba yo tè sa a pou pitit pitit yo. 2 M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a. 3 Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la. 4 Lè pèp la tande move nouvèl sa a, yon sèl lapenn pran yo. Tout moun refize pote bijou sou yo. 5 Seyè a di Moyiz konsa: -Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m' ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Koulye a, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m'a wè, sa m' ka fè pou yo. 6 Se konsa, depi sou mòn Orèb, moun Izrayèl yo pa janm pote bijou ankò sou yo. 7 Moyiz pran tant lan, li mete l' yon ti distans an deyò limit kan kote yo te enstale a. Li rele l' Tant Randevou a. Tout moun ki te bezwen pale ak Seyè a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a. 8 Chak fwa Moyiz te soti pou l al nan tant lan, tout pèp la te fèt pou kanpe, chak moun devan papòt kay yo, ap gade Moyiz jouk li antre nan tant lan. 9 Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Seyè a pran pale ak Moyiz. 10 Lè tout moun wè poto nwaj la kanpe nan papòt tant lan, yo leve, yo bese tèt yo jouk atè devan papòt kay pa yo. 11 Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan. 12 Moyiz di Seyè a: -Ala ou di m' fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m' kilès w'ap voye avè m' pou ede m'. Men, koulye a ou di m' ou konnen m' byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil. 13 Bon, si ou kontan m' vre, tanpri, fè m' konnen lide ou gen nan tèt ou pou m' ka konnen ki moun ou ye, pou m' ka toujou fè ou plezi. Chonje tou, pèp sa a se pa ou li ye wi! 14 Seyè a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo. 15 Moyiz di l': -Si se pa ou menm menm k'ap mache avè nou, ou pa bezwen kite nou soti isit la. 16 Lè ou gade byen, ki jan pou mwen fè konnen ou konsidere m' anpil, mwen menm ansanm ak pèp ou a? Eske se pa lè ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekonèt mwen menm ansanm ak pèp la, nou pa menm ak lòt pèp ki sou latè yo. 17 Seyè a di Moyiz: -m'a fè sa ou mande m' lan, paske ou fè kè m' kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye. 18 Moyiz di l': -Tanpri, fè m' wè pouvwa ou! 19 Lè sa a Seyè a reponn li: -M'ap fè ou wè jan m' gen bon kè, m'ap nonmen non m' devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye. 20 Seyè a pale ankò, li di-Ou p'ap kapab wè figi m', paske ankenn moun sou latè pa kapab wè figi m' pou l' kontinye ap viv apre sa. 21 Li di ankò: -Men yon ti plas bò kote m'. W'a kanpe sou ròch sa a. 22 Lè pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou ròch la, m'a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase. 23 Apre sa, m'a wete men m' sou ou. Se do m' ase w'a wè ki prale, men ou p'ap wè figi m'.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 33:1

Ex 33:1-23. The Lord Refuses to Go with the People.

1. the Lord said--rather "had" said unto Moses. The conference detailed in this chapter must be considered as having occurred prior to the pathetic intercession of Moses, recorded at the close of the preceding chapter; and the historian, having mentioned the fact of his earnest and painful anxiety, under the overwhelming pressure of which he poured forth that intercessory prayer for his apostate countrymen, now enters on a detailed account of the circumstances.

Egzòd 33:3

3. I will not go up ... lest I consume thee--Here the Lord is represented as determined to do what He afterwards did not. (See on Ex 32:7).

Egzòd 33:4

4. when the people heard these evil tidings--from Moses on his descent from the mount.

Egzòd 33:5

5. put off thy ornaments--In seasons of mourning, it is customary with Eastern people to lay aside all gewgaws and divest themselves of their jewels, their gold, and every thing rich and splendid in their dress. This token of their sorrow the Lord required of His offending people.

that I may know what to do unto thee--The language is accommodated to the feeble apprehensions of men. God judges the state of the heart by the tenor of the conduct. In the case of the Israelites, He cherished a design of mercy; and the moment He discerned the first symptoms of contrition, by their stripping off their ornaments, as penitents conscious of their error and sincerely sorrowful, this fact added its weight to the fervency of Moses' prayers, and gave them prevalence with God in behalf of the people.

Egzòd 33:7

7. Moses took the tabernacle, and pitched it without the camp--Not the tabernacle, of which a pattern had been given him, for it was not yet erected, but his own tent--conspicuous as that of the leader--in a part of which he heard cases and communed with God about the people's interests; hence called "the tabernacle of the congregation," and the withdrawal of which, in abhorrence from a polluted camp, was regarded as the first step in the total abandonment with which God had threatened them.

Egzòd 33:8

8. all the people rose up, and stood every man at his tent door--Its removal produced deep and universal consternation; and it is easy to conceive how anxiously all eyes would be directed towards it; how rapidly the happy intelligence would spread, when a phenomenon was witnessed from which an encouraging hope could be founded.

Egzòd 33:9-11

9-11. the cloudy pillar descended, and stood at the door of the tabernacle--How would the downcast hearts of the people revive--how would the tide of joy swell in every bosom, when the symbolic cloud was seen slowly and majestically to descend and stand at the entrance of the tabernacle!

as Moses entered--It was when he appeared as their mediator, when he repaired from day to day to intercede for them, that welcome token of assurance was given that his advocacy prevailed, that Israel's sin was forgiven, and that God would again be gracious.

Egzòd 33:18-23

18-23. I beseech thee, show me thy glory--This is one of the most mysterious scenes described in the Bible: he had, for his comfort and encouragement, a splendid and full display of the divine majesty, not in its unveiled effulgence, but as far as the weakness of humanity would admit. The face, hand, back parts, are to be understood figuratively.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.