Egzòd 32

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'. 2 Arawon di yo: -Wete tout zanno lò ki nan zòrèy madanm nou yo ak nan zòrèy pitit fi ak pitit gason nou yo, pote yo ban mwen. 3 Konsa, tout pèp la wete zanno lò yo te gen nan zòrèy yo, yo pote yo bay Arawon. 4 Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la. 5 Lè Arawon wè sa, li bati yon lòtèl devan estati ti towo bèf la, epi li di yo: -Denmen m'ap fè yon gwo fèt pou Seyè a. 6 Nan denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Seyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l' mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo. 7 Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Ale non, ou mèt desann. Paske pèp ou a, pèp ou te fè moute soti nan peyi Lejip la, gen tan deraye, yo lage tèt yo nan bwa. 8 Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la. 9 Seyè a di Moyiz ankò: -Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di. 10 Bon, koulye a kite m' al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m' an kòlè, m'ap detwi yo, m'ap boule yo. Men, ou menm, m'ap fè ou vin yon gwo nasyon. 11 Moyiz kriye nan pye Seyè a, Bondye l' a, li di l': -Seyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute soti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou? 12 Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo soti kite Lejip pou l' te ka touye yo nan mòn yo, pou l' te ka disparèt yo sou latè. Seyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a. 13 Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te fè sèman sou tèt ou, ou te di yo: M'ap ban nou pitit pitit an kantite, y'ap tankou zetwal nan syèl la. M'ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m'ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan. 14 Lè sa a, Seyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò. 15 Moyiz pran chemen pou l' tounen. Li desann soti nan mòn lan avèk de ròch plat kontra a nan men l'. Ròch yo te ekri sou tout kò yo, devan kou dèyè. 16 Se Bondye menm ki te travay ròch plat sa yo. Se li menm tou ki te ekri sou yo ak pròp men li. Se li ki te grave tout lèt ki ekri sou ròch yo. 17 Jozye te tande pèp la ki t'ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz: -Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an! 18 Men Moyiz reponn li: -Non! Non! Kalite chante sa a, se pa chante moun ki genyen yon batay ni chante moun ki pèdi batay. Se de gwoup moun k'ap chante: yonn ap reponn lòt. 19 Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye ròch plat ki te nan men l' yo jete. Yo tonbe, y al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan. 20 Li pran estati ti towo bèf yo te fè a, li boule l', li kraze l', li fè l' tounen pousyè. Li simen pousyè a nan dlo. Lèfini, li fè moun Izrayèl yo bwè dlo a. 21 Apre sa li di Arawon: -Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a? 22 Arawon reponn li: -Mèt, tanpri, pa fache sou mwen! Ou menm, ou konnen jan pèp sa a toujou pare pou fè sa ki mal. 23 Se yo menm ki di m' fè bondye pou yo, bondye ki pou mache devan yo, paske yo pa konnen sa ki rive Moyiz, nonm sa a ki te fè yo soti kite Lejip la. 24 Lè sa a, mwen mande kilès nan mitan yo ki gen lò. Tout moun ki te gen lò sou yo ban mwen l'. Mwen lage lò a nan dife, epi estati ti towo bèf sa a parèt. 25 Moyiz wè pèp la te fin dechennen, paske Arawon te lage brid ba yo, yo te lage kò yo nan sèvi zidòl. Sa fè yo pa t' anyen ankò devan lènmi yo. 26 Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di: -Tout moun ki pou Seyè a, vin jwenn mwen. Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li. 27 Li di yo: -Men sa Seyè a, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la di: Se pou nou chak pran nepe nou, mache nan tout kan an, depi nan pòtay sa a rive jouk lòt bò a. Touye mezi moun ki tonbe anba men nou, kit se frè nou, kit se zanmi nou, osinon vwazinaj nou. 28 Pitit Levi yo fè sa Moyiz te ba yo lòd fè a. Jou sa a, te gen twamil moun konsa nan pèp la ki te pèdi lavi yo. 29 Moyiz di pitit Levi yo: -Jòdi a, avèk san pitit gason nou yo ak san frè nou yo nou fè koule a, nou mete tèt nou apa nèt pou sèvis Seyè a. Se poutèt sa tou, Seyè a pa manke ban nou benediksyon l' jòdi a. 30 Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: -Nou te fè yon gwo peche. Men koulye a, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Seyè a. m'a wè si m' ka jwenn padon pou peche nou an. 31 Moyiz tounen bò kote Seyè a. Li di l': -Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye. 32 Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m' nan liv ou a. 33 Seyè a reponn Moyiz, li di l': -Moun ki peche kont mwen an, se non l' pou m' efase nan liv mwen an. 34 Koulye a, ou mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m' vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo. 35 Seyè a te voye yon maladi sou pèp la pou pini l', paske yo te fòse Arawon fè estati yon ti bèf pou yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 32:1

Ex 32:1-35. The Golden Calf.

1. when the people saw that Moses delayed--They supposed that he had lost his way in the darkness or perished in the fire.

the people gathered themselves together unto Aaron--rather, "against" Aaron in a tumultuous manner, to compel him to do what they wished. The incidents related in this chapter disclose a state of popular sentiment and feeling among the Israelites that stands in singular contrast to the tone of profound and humble reverence they displayed at the giving of the law. Within a space of little more than thirty days, their impressions were dissipated. Although they were still encamped upon ground which they had every reason to regard as holy; although the cloud of glory that capped the summit of Sinai was still before their eyes, affording a visible demonstration of their being in close contact, or rather in the immediate presence, of God, they acted as if they had entirely forgotten the impressive scenes of which they had been so recently the witnesses.

said unto him, Up, make us gods, which shall go before us--The Hebrew word rendered "gods" is simply the name of God in its plural form. The image made was single, and therefore it would be imputing to the Israelites a greater sin than they were guilty of, to charge them with renouncing the worship of the true God for idols. The fact is, that they required, like children, to have something to strike their senses, and as the Shekinah, "the glory of God," of which they had hitherto enjoyed the sight, was now veiled, they wished for some visible material object as the symbol of the divine presence, which should go before them as the pillar of fire had done.

Egzòd 32:2

2. Aaron said, ... Break off ... earrings--It was not an Egyptian custom for young men to wear earrings, and the circumstance, therefore, seems to point out "the mixed rabble," who were chiefly foreign slaves, as the ringleaders in this insurrection. In giving direction to break their earrings, Aaron probably calculated on gaining time; or, perhaps, on their covetousness and love of finery proving stronger than their idolatrous propensity. If such were his expectations, they were doomed to signal disappointment. Better to have calmly and earnestly remonstrated with them, or to have preferred duty to expediency, leaving the issue in the hands of Providence.

Egzòd 32:3

3. all the people brake off the golden earrings--The Egyptian rings, as seen on the monuments, were round massy plates of metal; and as they were rings of this sort the Israelites wore, their size and number must, in the general collection, have produced a large store of the precious metal.

Egzòd 32:4

4. fashioned it with a graving tool, after he had made it a molten calf--The words are transposed, and the rendering should be, "he framed with a graving tool the image to be made, and having poured the liquid gold into the mould, he made it a molten calf." It is not said whether it was of life size, whether it was of solid gold or merely a wooden frame covered with plates of gold. This idol seems to have been the god Apis, the chief deity of the Egyptians, worshipped at Memphis under the form of a live ox, three years old. It was distinguished by a triangular white spot on its forehead and other peculiar marks. Images of it in the form of a whole ox, or of a calf's head on the end of a pole, were very common; and it makes a great figure on the monuments where it is represented in the van of all processions, as borne aloft on men's shoulders.

they said, These be thy gods, O Israel, which brought thee up out of the land of Egypt--It is inconceivable that they, who but a few weeks before had witnessed such amazing demonstrations of the true God, could have suddenly sunk to such a pitch of infatuation and brutish stupidity, as to imagine that human art or hands could make a god that should go before them. But it must be borne in mind, that though by election and in name they were the people of God, they were as yet, in feelings and associations, in habits and tastes, little, if at all different, from Egyptians. They meant the calf to be an image, a visible sign or symbol of Jehovah, so that their sin consisted not in a breach of the FIRST [Ex 20:3], but of the SECOND commandment [Ex 20:4-6].

Egzòd 32:5-6

5-6. Aaron made proclamation, and said, To-morrow is a feast to the Lord--a remarkable circumstance, strongly confirmatory of the view that they had not renounced the worship of Jehovah, but in accordance with Egyptian notions, had formed an image with which they had been familiar, to be the visible symbol of the divine presence. But there seems to have been much of the revelry that marked the feasts of the heathen.

Egzòd 32:7-14

7-14. the Lord said unto Moses, Go, get thee down--Intelligence of the idolatrous scene enacted at the foot of the mount was communicated to Moses in language borrowed from human passions and feelings, and the judgment of a justly offended God was pronounced in terms of just indignation against the gross violation of the so recently promulgated laws.

Egzòd 32:15-18

15-18. Moses turned, and went down from the mount--The plain, Er-Raheh, is not visible from the top of Jebel Musa, nor can the mount be descended on the side towards that valley; hence Moses and his companion, who on duty had patiently waited his return in the hollow of the mountain's brow, heard the shouting some time before they actually saw the camp.

Egzòd 32:19

19. Moses' anger waxed hot, and he cast the tables out of his hands--The arrival of the leader, like the appearance of a specter, arrested the revellers in the midst of their carnival, and his act of righteous indignation when he dashed on the ground the tables of the law, in token that as they had so soon departed from their covenant relation, so God could withdraw the peculiar privileges that He had promised them--that act, together with the rigorous measures that followed, forms one of the most striking scenes recorded in sacred history.

Egzòd 32:20

20. he took the calf which they had made, and burnt it in the fire, &c.--It has been supposed that the gold was dissolved by natron or some chemical substance. But there is no mention of solubility here, or in De 9:21; it was "burned in the fire," to cast it into ingots of suitable size for the operations which follow--"grounded to powder"; the powder of malleable metals can be ground so fine as to resemble dust from the wings of a moth or butterfly; and these dust particles will float in water for hours, and in a running stream for days. These operations of grinding were intended to show contempt for such worthless gods, and the Israelites would be made to remember the humiliating lesson by the state of the water they had drunk for a time [Napier]. Others think that as the idolatrous festivals were usually ended with great use of sweet wine, the nauseous draught of the gold dust would be a severe punishment (compare 2Ki 23:6, 15; 2Ch 15:16; 34:7).

Egzòd 32:22

22. And Aaron said, Let not the anger of my lord wax hot--Aaron cuts a poor figure, making a shuffling excuse and betraying more dread of the anger of Moses than of the Lord (compare De 9:20).

Egzòd 32:25

25. naked--either unarmed and defenseless, or ashamed from a sense of guilt. Some think they were literally naked, as the Egyptians performed some of their rites in that indecent manner.

Egzòd 32:26-28

26-28. Moses stood in the gate of the camp, and said--The camp is supposed to have been protected by a rampart after the attack of the Amalekites.

Who is on the Lord's side? let him come unto me--The zeal and courage of Moses was astonishing, considering he opposed an intoxicated mob. The people were separated into two divisions, and those who were the boldest and most obstinate in vindicating their idolatry were put to death, while the rest, who withdrew in shame or sorrow, were spared.

Egzòd 32:29

29. Consecrate yourselves to-day to the Lord--or, "Ye have consecrated yourselves to-day." The Levites, notwithstanding the dejection of Aaron, distinguished themselves by their zeal for the honor of God and their conduct in doing the office of executioners on this occasion; and this was one reason that they were appointed to a high and honorable office in the service of the sanctuary.

Egzòd 32:30-33

30-33. Moses said unto the people, Ye have sinned a great sin--Moses labored to show the people the heinous nature of their sin, and to bring them to repentance. But not content with that, he hastened more earnestly to intercede for them.

Egzòd 32:35

35. the Lord plagued the people, because they made the calf--No immediate judgments were inflicted, but this early lapse into idolatry was always mentioned as an aggravation of their subsequent apostasies.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.