Egzòd 34

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a di Moyiz konsa: -Taye de ròch plat tankou de premye yo. m'a ekri sou yo tout pawòl ki te sou premye ròch ou te kraze yo. 2 Pare ou byen bonè denmen maten. W'a moute sou mòn Sinayi a. Vin jwenn mwen la sou tèt mòn lan. 3 Pa kite pesonn moute avè ou. Pa kite pesonn parèt sou mòn lan. Ata mouton ak bèf pa pou vin manje twò pre mòn lan. 4 Moyiz taye de ròch plat tankou de premye yo. Nan denmen maten byen bonè, li moute sou mòn Sinayi a ak de ròch plat yo nan men l' jan Seyè a te ba li lòd la. 5 Seyè a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l' konnen se li menm yo rele Seyè a. 6 Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li. 7 L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon. 8 Lamenm, Moyiz prese bese tèt li byen ba jouk atè, li adore Bondye. 9 Li di: -Seyè! Si ou kontan m' vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou. 10 Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m' fè yon bagay estraòdinè. 11 Se pou ou swiv tout kòmandman mwen ba ou jòdi a. M'ap mete moun Amori yo deyò, ansanm ak tout moun Kanaran yo, tout moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo, pou yo fè plas pou nou. 12 Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou. 13 Okontrè, se pou nou kraze lòtèl yo, dechouke tout vye ròch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo. 14 Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. 15 Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo. 16 Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm. 17 Piga ou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi ou bondye. 18 Se pou ou toujou fete fèt pen san ledven an. Pandan sèt jou nan mwa Abib la, nou va manje pen san ledven, jan mwen te ban nou lòd la, paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip. 19 Tout premye pitit gason se pou mwen yo ye. Konsa tou, tout bèt, kit se bèf, kit se mouton, kit se kabrit, premye pitit mal yo fè, se pou mwen yo ye tou. 20 Men, lè yon manman bourik fè premye pitit mal li, nou ka achte l' nan men m'. N'a ban mwen yon mouton pou li. Si nou pa vle peye pou li, se pou nou kase kou l'. Konsa tou, nou va achte nan men m' tout premye pitit gason gason nou yo va fè. N'a ban mwen kichòy pou yo. Piga pesonn janm parèt devan mwen de men l' vid. 21 W'a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt. 22 W'a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la. 23 Twa fwa chak lanne, tout gason ki nan mitan nou gen pou parèt devan mwen, Seyè sel Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. 24 Lè m'a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m'a fin laji teritwa nou an, pesonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n'a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo. 25 Lè n'ap touye yon bèt pou ofri l' ban mwen, piga nou janm sèvi ak pen ki fèt ak ledven. Lè fèt Delivrans lan menm, piga nou kite ankenn vyann bèt yo touye pou fèt la rete pou denmen maten. 26 N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n'a pote yo bay Seyè a, Seyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l'. 27 Seyè a di Moyiz ankò: -Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m' lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la. 28 Moyiz te rete la avèk Seyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou ròch plat yo. Se te dis kòmandman yo. 29 Lè Moyiz desann soti sou mòn Sinayi a, li t'ap pote de ròch plat yo nan men l'. Men, gen yon bagay li pa t' konnen. Lè li t'ap pale ak Seyè a, figi l' te vin klere byen bèl. 30 Arawon ak tout pèp la t'ap gade Moyiz, yo we jan figi l' te klere, yo te pè pwoche bò kote l'. 31 Men Moyiz rele yo. Arawon vin jwenn li ansanm ak tout chèf pèp la. Moyiz pale ak yo. 32 Apre sa, tout rès pèp Izrayèl la pwoche, epi Moyiz ba yo tout lòd li te resevwa nan men Seyè a sou mòn Sinayi a. 33 Lè Moyiz fin pale ak yo, li kouvri figi li ak yon twal. 34 Chak fwa Moyiz antre nan tant lan devan Seyè a pou pale avè l', li toujou wete twal la jouk li soti deyò ankò. Lè l' soti, li rakonte pèp Izrayèl la tou sa Seyè a te ba li lòd di yo. 35 Lè konsa, moun pèp Izrayèl yo gade, yo wè figi Moyiz te klere byen bèl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l' ankò, pou jouk lè li antre ankò pou l' pale ak Seyè a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 34:1

Ex 34:1-35. The Tables Are Renewed.

1. the like unto the first--God having been reconciled to repentant Israel, through the earnest intercession, the successful mediation of Moses, means were to be taken for the restoration of the broken covenant. Intimation was given, however, in a most intelligible and expressive manner, that the favor was to be restored with some memento of the rupture; for at the former time God Himself had provided the materials, as well as written upon them. Now, Moses was to prepare the stone tables, and God was only to retrace the characters originally inscribed for the use and guidance of the people.

Egzòd 34:2

2. present thyself ... to me in the top of the mount--Not absolutely the highest peak; for as the cloud of the Shekinah usually abode on the summit, and yet (Ex 34:5) it "descended," the plain inference is that Moses was to station himself at a point not far distant, but still below the loftiest pinnacle.

Egzòd 34:3

3. no man shall come up with thee ... neither ... flocks nor herds--All these enactments were made in order that the law might be a second time renewed with the solemnity and sanctity that marked its first delivery. The whole transaction was ordered so as to impress the people with an awful sense of the holiness of God; and that it was a matter of no trifling moment to have subjected Him, so to speak, to the necessity of re-delivering the law of the ten commandments.

Egzòd 34:4

4. Moses ... took in his hand the two tables of stone--As Moses had no attendant to divide the labor of carrying them, it is evident that they must have been light, and of no great dimensions--probably flat slabs of shale or slate, such as abound in the mountainous region of Horeb. An additional proof of their comparatively small size appears in the circumstance of their being deposited in the ark of the most holy place (Ex 25:10).

Egzòd 34:5

5. the Lord descended in the cloud--After graciously hovering over the tabernacle, it seems to have resumed its usual position on the summit of the mount. It was the shadow of God manifest to the outward senses; and, at the same time, of God manifest in the flesh. The emblem of a cloud seems to have been chosen to signify that, although He was pleased to make known much about himself, there was more veiled from mortal view. It was to check presumption and engender awe and give a humble sense of human attainments in divine knowledge, as now man sees, but darkly.

Egzòd 34:6

6. the Lord passed by before him--in this remarkable scene, God performed what He had promised to Moses the day before.

proclaimed, The Lord ... merciful and gracious--At an earlier period He had announced Himself to Moses, in the glory of His self-existent and eternal majesty, as "I am" [Ex 3:14]; now He makes Himself known in the glory of His grace and goodness--attributes that were to be illustriously displayed in the future history and experience of the church. Being about to republish His law--the sin of the Israelites being forgiven and the deed of pardon about to be signed and sealed by renewing the terms of the former covenant--it was the most fitting time to proclaim the extent of the divine mercy which was to be displayed, not in the case of Israel only, but of all who offend.

Egzòd 34:8-26

8-26. Moses bowed ... and worshipped--In the East, people bow the head to royalty, and are silent when it passes by, while in the West, they take off their hats and shout.

Egzòd 34:27-28

27-28. And the Lord said unto Moses, Write thou these words--that is, the ceremonial and judicial injunctions comprehended above (Ex 34:11-26); while the rewriting of the ten commandments on the newly prepared slabs was done by God Himself (compare De 10:1-4).

Egzòd 34:29

29. Moses wist not that the skin of his face shone while he talked with him--It was an intimation of the exalted presence into which he had been admitted and of the glory he had witnessed (2Co 3:18); and in that view, it was a badge of his high office as the ambassador of God. No testimonial needed to be produced. He bore his credentials on his very face; and whether this extraordinary effulgence was a permanent or merely temporary distinction, it cannot be doubted that this reflected glory was given him as an honor before all the people.

Egzòd 34:30

30. they were afraid to come nigh him--Their fear arose from a sense of guilt--the beaming radiance of his countenance made him appear to their awe-struck consciences a flaming minister of heaven.

Egzòd 34:33

33. he put a veil on his face--That veil was with the greatest propriety removed when speaking with the Lord, for every one appears unveiled to the eye of Omniscience; but it was replaced on returning to the people--and this was emblematic of the dark and shadowy character of that dispensation (2Co 3:13, 14).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.