Deteronòm 8
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo. 2 Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo. 3 Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv. 4 Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle. 5 Se pou nou manyè konprann koulye a, Seyè a, Bondye nou an, t'ap mete nou sou lòd tankou yon papa k'ap mete pitit li sou lòd. 6 Se poutèt sa, toujou kenbe tout lòd Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lèfini pou nou toujou gen krentif pou li. 7 Men, Seyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo, 8 yon peyi kote ki gen ble, lòj, rezen, pye fig frans, grenad, oliv ak siwo myèl, 9 yon peyi kote nou p'ap janm manke manje, kote nou va jwenn tou sa nou vle. Plen fè nan mitan wòch li yo. N'a jwenn kwiv nan mòn li yo. 10 Men, lè n'a fin manje plen vant nou, n'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an. 11 Veye kò nou pou nou pa janm bliye Seyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a. 12 Lè n'a fin manje plen vant nou, lè n'a fin bati bèl kay pou nou rete, 13 lè n'a wè bèf nou yo, kabrit nou yo ak mouton nou yo ap peple, lè n'a wè n'a gen lò ak ajan an kantite, lè n'a wè tout byen nou yo ap vin pi plis chak jou, 14 pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la. 15 Se li menm ki te pran men nou pou fè nou travèse gwo dezè plen danje a, kote ki gen eskòpyon ak sèpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm. Men, se li menm ki te fè dlo soti nan gwo wòch di a pou nou. 16 Nan dezè a se li menm ki te ban nou manje laman, yon kalite manje zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li kraze lògèy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kè kontan pi devan. 17 Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo. 18 Chonje se Seyè a, Bondye nou an, ki te ban nou kouraj sa a. Se li menm ki te fè nou rive gen tout richès sa yo, paske li te kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, epi l'ap kenbe l' jouk jòdi a. 19 Si nou rive bliye Seyè a, Bondye nou an, pou n' al kouri dèyè lòt bondye, pou nou fè sèvis pou yo, pou n' adore yo, mwen tou avèti nou jòdi a, nou tout nou gen pou nou disparèt. 20 Si nou pa koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pral disparèt menm jan ak nasyon Bondye pral disparèt devan nou yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 8:1
De 8:1-20. An Exhortation to Obedience.
1. All the commandments which I command thee this day shall ye observe to do, that ye may live--In all the wise arrangements of our Creator duty has been made inseparably connected with happiness; and the earnest enforcement of the divine law which Moses was making to the Israelites was in order to secure their being a happy (because a moral and religious) people: a course of prosperity is often called "life" (Ge 17:18; Pr 3:2).
live, and multiply--This reference to the future increase of their population proves that they were too few to occupy the land fully at first.
Deteronòm 8:2-3
2-3. thou shalt remember all the way which the Lord thy God led thee these forty years in the wilderness--The recapitulation of all their checkered experience during that long period was designed to awaken lively impressions of the goodness of God. First, Moses showed them the object of their protracted wanderings and varied hardships. These were trials of their obedience as well as chastisements for sin. Indeed, the discovery of their infidelity, inconstancy, and their rebellions and perverseness which this varied discipline brought to light, was of eminently practical use to the Israelites themselves, as it has been to the church in all subsequent ages. Next, he enlarged on the goodness of God to them, while reduced to the last extremities of despair, in the miraculous provision which, without anxiety or labor, was made for their daily support (see on Ex 16:4). Possessing no nutritious properties inherent in it, this contributed to their sustenance, as indeed all food does (Mt 4:4) solely through the ordinance and blessing of God. This remark is applicable to the means of spiritual as well as natural life.
Deteronòm 8:4
4. Thy raiment waxed not old upon thee, neither did thy foot swell, these forty years--What a striking miracle was this! No doubt the Israelites might have brought from Egypt more clothes than they wore at their outset; they might also have obtained supplies of various articles of food and raiment in barter with the neighboring tribes for the fleeces and skins of their sheep and goats; and in furnishing them with such opportunities the care of Providence appeared. But the strong and pointed terms which Moses here uses (see also De 29:5) indicate a special or miraculous interposition of their loving Guardian in preserving them amid the wear and tear of their nomadic life in the desert. Thirdly, Moses expatiated on the goodness of the promised land.
Deteronòm 8:7
7. For the Lord thy God bringeth thee into a good land--All accounts, ancient and modern, concur in bearing testimony to the natural beauty and fertility of Palestine, and its great capabilities if properly cultivated.
a land of brooks of water, of fountains and depths that spring out of valleys and hills--These characteristic features are mentioned first, as they would be most striking; and all travellers describe how delightful and cheerful it is, after passing through the barren and thirsty desert, to be among running brooks and swelling hills and verdant valleys. It is observable that water is mentioned as the chief source of its ancient fertility.
Deteronòm 8:8
8. A land of wheat, and barley--These cereal fruits were specially promised to the Israelites in the event of their faithful allegiance to the covenant of God (Psa 81:16; 147:14). The wheat and barley were so abundant as to yield sixty and often an hundredfold (Ge 26:12; Mt 13:8).
vines, and fig trees, and pomegranates--The limestone rocks and abrupt valleys were entirely covered, as traces of them still show, with plantations of figs, vines, and olive trees. Though in a southern latitude, its mountainous formations tempered the excessive heat, and hence, figs, pomegranates, &c., were produced in Palestine equally with wheat and barley, the produce of northern regions.
honey--The word "honey" is used often in a loose, indeterminate sense, very frequently to signify a syrup of dates or of grapes, which under the name of dibs is much used by all classes, wherever vineyards are found, as a condiment to their food. It resembles thin molasses, but is more pleasant to the taste [Robinson]. This is esteemed a great delicacy in the East, and it was produced abundantly in Palestine.
Deteronòm 8:9
9. a land whose stones are iron--The abundance of this metal in Palestine, especially among the mountains of Lebanon, those of Kesraoun, and elsewhere, is attested not only by Josephus, but by Volney, Buckingham, and other travellers.
brass--not the alloy brass, but the ore of copper. Although the mines may now be exhausted or neglected, they yielded plenty of those metals anciently (1Ch 22:3; 29:2-7; Is 60:17).
Deteronòm 8:11-20
11-20. Beware that thou forget not the Lord--After mentioning those instances of the divine goodness, Moses founded on them an argument for their future obedience.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
