Deteronòm 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. 2 Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo. 3 Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo. 4 Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la. 5 Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo. 6 N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'. 7 Si, nan tout pèp ki sou latè, se nou menm Seyè a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè, se nou ki te gen pi piti moun. 8 Men, se paske Seyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an. 9 Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon. 10 Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lòt moun ankò. Wi, li p'ap pran reta pou l' fè yo peye sa yo fè a. 11 Se poutèt sa, se pou nou swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip mwen mande nou jòdi a pou nou swiv. 12 Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tèt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fè sèman bay zansèt nou yo. 13 L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an. 14 Bondye ap beni nou plis pase tout lòt pèp yo. p'ap gen yon moun nan mitan nou, fanm kou gason, ki p'ap ka fè pitit. Konsa tou, p'ap gen yonn nan bèt nou yo, ni mal ni fenmèl, ki p'ap ka fè pitit. 15 Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo. 16 Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou. 17 Si nou ta rive di nan kè nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n' fè pou n' pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tèt nou. 18 Nou pa bezwen pè yo. Chonje tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè farawon an ak tout peyi Lejip li a. 19 Chonje tout gwo malè nou te wè ak je nou, tout mèvèy ak tout mirak Seyè a te fè ak fòs ponyèt li ak gwo kouraj li pou l' fè nou soti kite peyi sa a. Seyè a pral fè menm jan an tou ak tout pèp nou pè yo. 20 Sa ki pi rèd ankò, l'ap voye yon bann tanwouan pou touye tou sa ki va chape anba men nou pou y' al kache pou nou. 21 Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'. 22 Seyè a, Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou, yonn apre lòt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sèl kou. Paske si nou fè l', bèt nan bwa ka anvayi peyi a, epi sa pa ta bon pou nou. 23 Men, Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou. L'ap fè yo pati kouri devan nou jouk n'a fin disparèt yo nèt. 24 Seyè a pral mete wa yo anba pye nou. Nou pral touye yo, nou pral fè tout moun sou latè bliye non yo. Pesonn p'ap ka rete nou sou kous nou. Nou pral detwi yo tout. 25 N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm. 26 Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 7:1
Introduction
With the seven nations that God shall cast out, Deu 7:1, they shall make no covenant, Deu 7:2, nor form any matrimonial alliances, Deu 7:3; lest they should be enticed into idolatry, Deu 7:4. All monuments of idolatry to be destroyed, Deu 7:5. The Israelites are to consider themselves a holy people, Deu 7:6; and that the Lord had made them such, not for their merits, but for his own mercies, Deu 7:7, Deu 7:8. They shall therefore love him, and keep his commandments, Deu 7:9-11. The great privileges of the obedient, Deu 7:12-24. All idolatry to be avoided, Deu 7:25, Deu 7:26.
Verse 1
Seven nations greater and mightier than thou - In several places of the Hebrew text, each of these seven nations is not enumerated, some one or other being left out, which the Septuagint in general supply. How these nations were distributed over the land of Canaan previously to the entering in of the Israelites, the reader may see in the note on Jos 3:10 (note).
Deteronòm 7:2
Verse 2
Thou shalt smite them, etc. - These idolatrous nations were to be utterly destroyed, and all the others also which were contiguous to the boundaries of the promised land, provided they did not renounce their idolatry and receive the true faith: for if they did not, then no covenant was to be made with them on any secular or political consideration whatever; no mercy was to be shown to them, because the cup of their iniquity also was now full; and they must either embrace, heartily embrace, the true religion, or be cut off.
Deteronòm 7:3-5
Verse 3
Neither shalt thou make marriages, etc. - The heart being naturally inclined to evil, there is more likelihood that the idolatrous wife should draw aside the believing husband, than that the believing husband should be able to bring over his idolatrous wife to the true faith.
Deteronòm 7:6-7
Verse 6
Thou art a holy people - And therefore should have no connection with the workers of iniquity.
A special people - סגלה segullah, - Septuagint, λαον περιουσιον, - a peculiar people, a private property. The words as they stand in the Septuagint are quoted by the apostle, 1Pet 2:9.
Deteronòm 7:8-11
Verse 8
But because the Lord loved you - It was no good in them that induced God to choose them at this time to be his peculiar people: he had his reasons, but these sprang from his infinite goodness. He intended to make a full discovery of his goodness to the world, and this must have a commencement in some particular place, and among some people. He chose that time, and he chose the Jewish people; but not because of their goodness or holiness.
Deteronòm 7:12-21
Verse 12
The Lord - shall keep unto thee the covenant - So we find their continuance in the state of favor was to depend on their faithfulness to the grace of God. If they should rebel, though God had chosen them through his love, yet he would cast them off in his justice. The elect, we see, may become unfaithful, and so become reprobates. So it happened to 24,000 of them, whose carcasses fell in the wilderness because they had sinned; yet these were of the elect that came out of Egypt. Let him that standeth take heed lest he fall.
Deteronòm 7:22-24
Verse 22
Put out those nations - by little and little - The Israelites were not as yet sufficiently numerous to fill the whole land occupied by the seven nations mentioned Deu 7:1. And as wild and ferocious animals might be expected to multiply where either there are no inhabitants, or the place is but thinly peopled, therefore God tells them that, though at present, by force of arms, they might be able to expel them, it would be impolitic so to do, lest the beasts of the field should multiply upon them.
Deteronòm 7:25-26
Verse 25
Thou shalt not desire the silver or gold that is on them - Some of the ancient idols were plated over with gold, and God saw that the value of the metal and the excellence of the workmanship might be an inducement for the Israelites to preserve them; and this might lead, remotely at least, to idolatry. As the idols were accursed, all those who had them, or any thing appertaining to them, were accursed also, Deu 7:26.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
