Deteronòm 29

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men pawòl ki te nan kontra Seyè a te bay Moyiz lòd pase ak moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan peyi Moab la. Kontra sa a te vin mete sou kontra li te deja fè ak yo sou Mòn Orèb la. 2 Moyiz fè rele tout pèp Izrayèl la, li di yo konsa: -Nou wè ak je nou tou sa Seyè a te fè wa peyi Lejip la, moun ki t'ap travay ak li yo ak tout peyi a. 3 Nou wè ak je nou tout gwo malè li te voye sou yo, tout mirak ak tout mèvèy li te fè. 4 Men, jouk koulye a, Seyè a poko louvri lespri nou ase pou nou konprann byen konprann tou sa nou wè ak tou sa nou tande. 5 Pandan karantan, mwen pran men nou, mwen moutre nou chemen pou nou swiv nan dezè a. Rad sou nou pa t' janm chire, sapat nan pye nou pa t' janm fini. 6 Nou pa t' gen pen pou nou manje, ni diven, ni ankenn bwason pou nou bwè, men Seyè a te ban nou tou sa nou bezwen pou n' te ka konnen se li menm, Seyè a, ki Bondye nou an. 7 Rive nou rive isit la, Siyon, wa Esbon an ak Og, wa Bazan an, soti vin atake nou. Nou bat yo byen bat. 8 Nou pran peyi yo a bay moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye nan moun branch fanmi Manase yo pou yo rete. 9 N'a kenbe kontra sa a. N'a fè tou sa ki di ladan l' pou nou ka reyisi nan tout sa n'ap fè. 10 Jòdi a, men nou tout nou reyini la a devan Seyè a, Bondye nou an, nou menm chèf tout branch fanmi nou yo, tout chèf fanmi nou yo ak tout lòt chèf yo, ak tout lòt gason nan pèp Izrayèl la, 11 tout pitit nou yo, madanm nou yo, tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, depi sa k'ap koupe bwa jouk sa ki la pou al chache dlo pou nou, 12 nou vin pran angajman sou sèman pou nou asepte tout egzijans kontra Seyè a, Bondye nou an, ap pase ak nou jòdi a. 13 Konsa depi jòdi a, se pèp li nou ye, se Bondye pa nou li ye, jan l' te di l' la, jan l' te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo. 14 Men, se pa avèk nou menm sèlman l'ap pase kontra li te fè nou sèmante pou n' kenbe a. 15 Men se pa sèlman ak nou tout ki la jòdi a devan mwen, men tou se avèk tout pitit nou yo ki poko fèt. 16 Nou konnen byen pwòp ki kalite lavi nou t'ap mennen nan pèyi Lejip la ak ki jan nou te pase nan mitan moun lòt nasyon nou te kontre sou wout nou. 17 Nou te wè tout vye bagay yo t'ap fè, ak tout zidòl fèt an bwa, osinon ak wòch, osinon an ajan oswa an lò yo te gen lakay yo. 18 Piga pesonn nan mitan nou, ni fanm ni gason, nan ankenn fanmi ni branch fanmi pèp la vire do bay Seyè a, Bondye nou an, pou y' al sèvi zidòl moun sa yo. Piga pesonn nan mitan nou tounen yon move grenn k'ap detounen pèp la, k'ap anpwazonnen l'. 19 Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l' yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l': Koulye a, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gen dwa fè sa m' pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab. 20 Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè. 21 Seyè a va wete l' nan mitan rès moun pèp Izrayèl yo, l'a pini l' dapre madichon n'a jwenn nan kontra ki ekri nan liv lalwa Seyè a. 22 Moun k'ap vin apre nou yo, pitit nou yo k'ap fèt apre nou ansanm ak moun lòt nasyon k'ap soti byen lwen yo, va wè malè ki tonbe sou peyi a ak tout maladi Seyè a voye nan peyi a. 23 Y'a wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, ankenn plant p'ap ka pran ladan l'. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Seyè a te detwi nèt lè l' te ankòlè a, lè l' te move anpil la. 24 Lè sa a, tout moun sou latè va mande: Poukisa Seyè a fè moun sa yo sa? Pouki tout kòlè sa a sou peyi a? 25 Y'a reponn yo: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè a, Bondye zansèt yo a, kontra li te pase ak yo lè li t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la. 26 Yo leve al sèvi lòt bondye yo pa t' janm konnen anvan. Y' al mete ajenou devan bondye Seyè a pa t' ba yo pou yo sèvi. 27 Se konsa Seyè a vin fache anpil sou moun peyi sa a. Li sitèlman fache, li fè tout madichon ki ekri nan liv lalwa a tonbe sou yo. 28 Seyè a fè kòlè, li move, li fache, li rache yo met deyò nan peyi yo a, l' al jete yo nan yon lòt peyi etranje kote yo ye koulye a. 29 Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Deteronòm 29:1

De 29:1-29. An Exhortation to Obedience.

1. These are the words of the covenant--The discourse of Moses is continued, and the subject of that discourse was Israel's covenant with God, the privileges it conferred, and the obligations it imposed.

beside the covenant which he made with them in Horeb--It was substantially the same; but it was renewed now, in different circumstances. They had violated its conditions. Moses rehearses these, that they might have a better knowledge of its conditions and be more disposed to comply with them.

Deteronòm 29:2

2. Moses called unto all Israel, ... Ye have seen all that the Lord did, &c.--This appeal to the experience of the people, though made generally, was applicable only to that portion of them who had been very young at the period of the Exodus, and who remembered the marvellous transactions that preceded and followed that era. Yet, alas! those wonderful events made no good impression upon them (De 29:4). They were strangers to that grace of wisdom which is liberally given to all who ask it; and their insensibility was all the more inexcusable that so many miracles had been performed which might have led to a certain conviction of the presence and the power of God with them. The preservation of their clothes and shoes, the supply of daily food and fresh water--these continued without interruption or diminution during so many years' sojourn in the desert. They were miracles which unmistakably proclaimed the immediate hand of God and were performed for the express purpose of training them to a practical knowledge of, and habitual confidence in, Him. Their experience of this extraordinary goodness and care, together with their remembrance of the brilliant successes by which, with little exertion or loss on their part, God enabled them to acquire the valuable territory on which they stood, is mentioned again to enforce a faithful adherence to the covenant, as the direct and sure means of obtaining its promised blessings.

Deteronòm 29:10-29

10-29. Ye stand this day all of you before the Lord your God--The whole congregation of Israel, of all ages and conditions, all--young as well as old; menials as well as masters; native Israelites as well as naturalized strangers--all were assembled before the tabernacle to renew the Sinaitic covenant. None of them were allowed to consider themselves as exempt from the terms of that national compact, lest any lapsing into idolatry might prove a root of bitterness, spreading its noxious seed and corrupt influence all around (compare He 12:15). It was of the greatest consequence thus to reach the heart and conscience of everyone, for some might delude themselves with the vain idea that by taking the oath (De 29:12) by which they engaged themselves in covenant with God, they would surely secure its blessings. Then, even though they would not rigidly adhere to His worship and commands, but would follow the devices and inclinations of their own hearts, yet they would think that He would wink at such liberties and not punish them. It was of the greatest consequence to impress all with the strong and abiding conviction, that while the covenant of grace had special blessings belonging to it, it at the same time had curses in reserve for transgressors, the infliction of which would be as certain, as lasting and severe. This was the advantage contemplated in the law being rehearsed a second time. The picture of a once rich and flourishing region, blasted and doomed in consequence of the sins of its inhabitants, is very striking, and calculated to awaken awe in every reflecting mind. Such is, and long has been, the desolate state of Palestine; and, in looking at its ruined cities, its blasted coast, its naked mountains, its sterile and parched soil--all the sad and unmistakable evidences of a land lying under a curse--numbers of travellers from Europe, America, and the Indies ("strangers from a far country," De 29:22) in the present day see that the Lord has executed His threatening. Who can resist the conclusion that it has been inflicted "because the inhabitants had forsaken the covenant of the Lord God of their fathers. ... and the anger of the Lord was kindled against this land, to bring upon it all the curses that are written in this book"?

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.