Deteronòm 30
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Mwen mete benediksyon ak madichon dèvan nou pou n' chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Seyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m' te di nou, 2 si nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, si nou koute l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a, 3 enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò. 4 Yo mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, Seyè a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l' sanble nou ankò. 5 Seyè a va fè nou tounen nan peyi kote zansèt nou yo te rete a, n'a tounen pran l' pou nou ankò. L'a fè nou plis byen pase sa l' te fè pou zansèt nou yo, l'a fè nou vin pi plis pase zansèt nou yo. 6 Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi. 7 Seyè a, Bondye nou an, va fè tout madichon sa yo tonbe sou lènmi nou yo, sou moun ki pa t' vle wè nou yo, sou moun ki t'ap maltrete nou yo. 8 Men, nou menm, n'a tounen vin jwenn Seyè a, n'a koute l', n'a fè tou sa li ban nou lòd fè a, jan mwen mande nou li jòdi a. 9 Seyè a, Bondye nou an, va kouvri nou anba benediksyon. Li va fè tout zafè nou mache byen, l'a ban nou anpil pitit, l'a ban nou anpil bèt, l'a fè jaden nou yo bay bèl rekòt. Paske, Seyè a va pran plezi ankò pou l' fè nou viv ak kè kontan, menm jan li te pran plezi fè sa pou zansèt nou yo. 10 Men, n'a gen pou nou koute Seyè a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. 11 Kòmandman m'ap ban nou jòdi a, se pa bagay nou pa kapab fè, bagay nou pa ka rive fè. 12 Se pa nan syèl la li ye pou n' ta di: Kilès ki pral moute al chache l' nan syèl la pou fè nou tande l', pou n' ka fè sa l' mande nou fè a? 13 Se pa lòt bò lanmè li ye non plis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l' pou nou ka tande sa l' di, pou nou ka fè sa l' mande nou fè a? 14 Non. Li la toupre nou. Li nan bouch nou, li nan tèt nou pou nou ka fè sa l' mande nou fè a. 15 Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi. 16 Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l' la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an. 17 Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l', si nou kite yo pran tèt nou pou n' al mete ajenou devan lòt bondye, pou n' al fè sèvis pou yo, 18 m'ap avèti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an. 19 Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. 20 renmen Seyè a, Bondye nou an. Koute l'. Pa lage l' menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Seyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 30:1-2
Introduction
Gracious promises are given to the penitent, Deu 30:1-6. The Lord will circumcise their heart, and put all these curses on their enemies, if they hearken to his voice and keep his testimonies, Deu 30:7-10. The word is near to them, and easy to be understood, Deu 30:11-14. Life and death, a blessing and a curse, are set before them; and they are exhorted to love the Lord, obey his voice, and cleave unto him, that they may inherit the land promised to Abraham, Deu 30:15-20.
Verse 1
When all these things are come upon thee, the blessing and the curse - So fully did God foresee the bad use these people would make of their free agency in resisting the Holy Ghost, that he speaks of their sin and punishment as certain; yet, at the same time, shows how they might turn to himself and live, even while he was pouring out his indignation upon them because of their transgressions.
Deteronòm 30:3-4
Verse 3
Gather thee from all the nations - This must refer to a more extensive captivity than that which they suffered in Babylon.
Deteronòm 30:5
Verse 5
Will bring thee into the land - As this promise refers to a return from a captivity in which they had been scattered among all nations, consequently it is not the Babylonish captivity which is intended; and the repossession of their land must be different from that which was consequent on their return from Chaldea.
Deteronòm 30:6-10
Verse 6
God will circumcise thine heart - This promise remains yet to be fulfilled. Their heart, as a people, has never yet been circumcised; nor have the various promises in this chapter been ever yet fulfilled. There remaineth, therefore, a rest for this people of God. Now, as the law, properly speaking, made no provision for the circumcision of the heart, which implies the remission of sins, and purification of the soul from all unrighteousness; and as circumcision itself was only a sign of spiritual good, consequently the promise here refers to the days of the Messiah, and to this all the prophets and all the apostles give witness: "for circumcision is that of the heart, in the spirit, and not in the letter," Rom 2:29; and the genuine followers of God are circumcised with the circumcision made without hands - by the circumcision of Christ," Col 2:11, Col 2:12. Hence we see these promises cannot be fulfilled to the Jews but in their embracing the Gospel of Christ. To look, therefore, for their restoration is idle and nugatory, while their obstinacy and unbelief remain.
Deteronòm 30:11
Verse 11
This commandment - is not hidden - Not too wonderful or difficult for thee to comprehend or perform, as the word נפלאת niphleth implies. Neither is it far off - the word or doctrine of salvation shall be proclaimed in your own land; for He is to be born in Bethlehem of Judah, who is to feed and save Israel; and the Prophet who is to teach them is to be raised up from among their brethren.
Deteronòm 30:12
Verse 12
It is not in heaven - Shall not be communicated in that way in which the prophets received the living oracles; but the Word shall be made flesh, and dwell among you.
Deteronòm 30:13
Verse 13
Neither is it beyond the sea - Ye shall not be obliged to travel for it to distant nations, because salvation is of the Jews.
Deteronòm 30:14
Verse 14
But the word is very nigh unto thee - The doctrine of salvation preached by the apostles; in thy mouth, the promises of redemption made by the prophets forming a part of every Jew's creed; in thy heart - the power to believe with the heart unto righteousness, that the tongue may make confession unto salvation. In this way, it is evident, St. Paul understood these passages; see Rom 10:6-8, etc.
Deteronòm 30:15-19
Verse 15
Life and good - Present and future blessings.
Death and evil - Present and future miseries: termed, Deu 30:19, Life and death, blessing and cursing. And why were these set before them?
1. That they might comprehend their import.
2. That they might feel their importance.
3. That they might choose life, and the path of believing, loving obedience, that led to it.
4. That they and their posterity, thus choosing life and refusing evil, might be the favourites of God in time and eternity.
Were there no such thing as free will in man, who could reconcile these sayings either with sincerity or common sense? God has made the human will free, and there is no power or influence either in heaven, earth, or hell, except the power of God, that can deprive it of its free volitions; of its power to will and nill, to choose and refuse, to act or not act or force it to sin against God. Hence man is accountable for his actions, because they are his; were he necessitated by fate, or sovereign constraint, they could not be his. Hence he is rewardable, hence he is punishable. God, in his creation, willed that the human creature should be free, and he formed his soul accordingly; and the Law and Gospel, the promise and precept, the denunciation of woe and the doctrine of eternal life, are all constructed on this ground; that is, they all necessarily suppose the freedom of the human will: nor could it be will if it were not free, because the principle of freedom or liberty is necessarily implied in the idea of volition. See on the Deu 5:29 (note).
Deteronòm 30:20
Verse 20
That thou mayest love the Lord - Without love there can be no obedience.
Obey his voice - Without obedience love is fruitless and dead.
And cleave unto him - Without close attachment and perseverance, temporary love, however sincere and fervent - temporary obedience, however disinterested, energetic, and pure while it lasts - will be ultimately ineffectual. He alone who endures to the end, shall be saved. Reader, how do matters stand between God and thy soul? He cannot persevere in the grace of God whose soul is not yet made a partaker of that grace. Many talk strenuously on the impossibility of falling from grace, who have not yet tasted that the Lord is gracious. How absurd to talk and dispute about the infallibility of arriving safely at the end of a way in which a man has never yet taken one hearty step! It is never among those that have the grace of God, but among those that have it not, that we find an overweening confidence.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
