Deteronòm 16
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè mwa Abib la va rive, se pou nou fete fèt delivrans lan pou Seyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou soti kite peyi Lejip la. 2 Pou fèt delivrans lan, n'a ofri bèf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l' la. 3 Lè n'ap manje vyann bèt nou touye pou mwen an, nou pa pou manje pen fèt ak ledven avè l'. Pandan sèt jou, n'a manje pen fèt san ledven, pen malere, paske se prese prese nou te soti kite peyi Lejip la. Konsa, n'a toujou chonje tout tray nou te pase jou nou t'ap soti kite peyi Lejip la. 4 Pandan sèt jou sa yo, pesonn nan peyi nou an pa gen dwa gen ledven lakay li. Epi nan vyann nou te ofri pou mwen nan aswè premye jou a, pa kite anyen pase nwit pou denmen maten. 5 Nou p'ap gen dwa touye bèt nou ofri pou delivrans lan nan ankenn lavil Seyè a va ban nou pou nou rete. 6 Se va sèlman kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a n'a touye bèt delivrans lan nan aswè apre solèy fin kouche, paske se yon lè konsa nou te soti kite peyi Lejip. 7 N'a kwit vyann bèt nou te ofri a epi n'a manje l' kote Seyè a te chwazi a. Apre sa, nan maten, n'a vire do nou, n'a tounen lakay nou. 8 Pandan sis jou, n'a manje pen fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout moun pou fè gwo sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay. 9 N'a konte sèt senmenn apre premye jou nou konmanse ranmase rekòt grenn nan jaden nou yo. 10 Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Seyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Seyè a va ban nou nan favè li. 11 N'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fè sèvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv k'ap viv ansanm ak nou nan lavil kote nou rete a. 12 N'a toujou chonje nou menm tou yon lè nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutèt sa n'a toujou obeyi tout lwa sa yo. 13 Lè n'a fin moulen grenn jaden nou yo, lè n'a fin kraze rezen nou yo, n'a fè fèt Joupa yo pandan sèt jou. 14 N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a. 15 Pandan sèt jou, n'a fè fèt pou Seyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale. 16 Twa fwa chak lanne, pou fèt Delivrans lan, pou fèt Premye Rekòt la ak pou fèt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Seyè a, Bondye nou an, kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Yo p'ap gen dwa vini de men vid. 17 Men, yo chak va bay kichòy, dapre benediksyon Seyè a, Bondye nou an, va ba yo. 18 N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri. 19 Piga yo fè ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan. 20 Pa janm kite anyen anpeche nou rann jistis jan nou dwe fè l' la. Konsa, n'a kapab viv, n'a kapab pran peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an pou nou. 21 Piga nou janm plante ankenn poto Achera ni ankenn pyebwa repozwa pou sèvi nou zidòl bò kote lòtèl n'ap bati pou Seyè a, Bondye nou an. 22 Piga nou janm mete wòch kanpe pou fè sèvis zidòl. Seyè a pa vle wè bagay konsa menm.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 16:1
De 16:1-22. The Feast of the Passover.
1. Observe the month of Abib--or first-fruits. It comprehended the latter part of our March and the beginning of April. Green ears of the barley, which were then full, were offered as first-fruits, on the second day of the passover.
for in the month of Abib the Lord thy God brought thee out of Egypt by night--This statement is apparently at variance with the prohibition (Ex 12:22) as well as with the recorded fact that their departure took place in the morning (Ex 13:3; Nu 33:3). But it is susceptible of easy reconciliation. Pharaoh's permission, the first step of emancipation, was extorted during the night, the preparations for departure commenced, the rendezvous at Rameses made, and the march entered on in the morning.
Deteronòm 16:2
2. Thou shalt therefore sacrifice the passover--not the paschal lamb, which was strictly and properly the passover. The whole solemnity is here meant, as is evident from the mention of the additional victims that required to be offered on the subsequent days of the feast (Nu 28:18, 19; 2Ch 35:8, 9), and from the allusion to the continued use of unleavened bread for seven days, whereas the passover itself was to be eaten at once. The words before us are equivalent to "thou shalt observe the feast of the passover."
Deteronòm 16:3
3. seven days shalt thou eat unleavened bread--a sour, unpleasant, unwholesome kind of bread, designed to be a memorial of their Egyptian misery and of the haste with which they departed, not allowing time for their morning dough to ferment.
Deteronòm 16:5-6
5-6. Thou mayest not sacrifice the passover within any of thy gates--The passover was to be observed nowhere but in the court of the tabernacle or temple, as it was not a religious feast or sacramental occasion merely, but an actual sacrifice (Ex 12:27; 23:18; 34:25). The blood had to be sprinkled on the altar and in the place where the true Passover was afterwards to be sacrificed for us "at even, at the going down of the sun"--literally, "between the evenings."
Deteronòm 16:7
7. thou shalt roast and eat it--(See on Ex 12:8; compare 2Ch 35:13).
thou shalt turn in the morning, and go unto thy tents--The sense of this passage, on the first glance of the words, seems to point to the morning after the first day--the passover eve. Perhaps, however, the divinely appointed duration of this feast, the solemn character and important object, the journey of the people from the distant parts of the land to be present, and the recorded examples of their continuing all the time (2Ch 30:21 35:17), (though these may be considered extraordinary, and therefore exceptional occasions), may warrant the conclusion that the leave given to the people to return home was to be on the morning after the completion of the seven days.
Deteronòm 16:9-12
9-12. Seven weeks shalt thou number--The feast of weeks, or a WEEK OF WEEKS: the feast of pentecost (see on Le 23:10; also see Ex 34:22; Ac 2:1). As on the second day of the passover a sheaf of new barley, reaped on purpose, was offered, so on the second day of pentecost a sheaf of new wheat was presented as first-fruits (Ex 23:16; Nu 28:26), a freewill, spontaneous tribute of gratitude to God for His temporal bounties. This feast was instituted in memory of the giving of the law, that spiritual food by which man's soul is nourished (De 8:3).
Deteronòm 16:13-17
13-17. Thou shalt observe the feast of tabernacles seven days--(See on Ex 23:14; Le 23:34; Nu 29:12). Various conjectures have been formed to account for the appointment of this feast at the conclusion of the whole harvest. Some imagine that it was designed to remind the Israelites of the time when they had no cornfields to reap but were daily supplied with manna; others think that it suited the convenience of the people better than any other period of the year for dwelling in booths; others that it was the time of Moses' second descent from the mount; while a fourth class are of opinion that this feast was fixed to the time of the year when the Word was made flesh and dwelt--literally, "tabernacled"--among us (Joh 1:14), Christ being actually born at that season.
Deteronòm 16:18-20
18-20. Judges and officers shalt thou make--These last meant heralds or bailiffs, employed in executing the sentence of their superiors.
in all thy gates--The gate was the place of public resort among the Israelites and other Eastern people, where business was transacted and causes decided. The Ottoman Porte derived its name from the administration of justice at its gates.
Deteronòm 16:21
21. Thou shalt not plant thee a grove--A grove has in Scripture a variety of significations--a group of overshadowing trees, or a grove adorned with altars dedicated to a particular deity, or a wooden image in a grove (Jud 6:25; 2Ki 23:4-6). They might be placed near the earthen and temporary altars erected in the wilderness, but they could not exist either at the tabernacle or temples. They were places, which, with their usual accompaniments, presented strong allurements to idolatry; and therefore the Israelites were prohibited from planting them.
Deteronòm 16:22
22. Neither shalt thou set thee up any image--erroneously rendered so for "pillar"; pillars of various kinds, and materials of wood or stone were erected in the neighborhood of altars. Sometimes they were conical or oblong, at other times they served as pedestals for the statues of idols. A superstitious reverence was attached to them, and hence they were forbidden.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
