Deteronòm 15
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Chak sètan n'a annile dèt tout moun ki dwe nou, n'a kite lajan an pou yo. 2 Men ki jan n'a fè l': Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lè a rive pou yo annile tout dèt pou Seyè a, li p'ap ka egzije pou lòt la renmèt li lajan an ankò. 3 N'a gen dwa egzije pou moun lòt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpòt kisa yon moun pèp Izrayèl parèy nou dwe nou, n'a kite l' pou li. 4 Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an. 5 Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. 6 Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou. 7 Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite. 8 Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen. 9 Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò. 10 Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè. 11 Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an. 12 Si yon moun menm ras ak nou, kit se gason, kit se fanm, vin vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, li va sèvi nou sizan. Lè setyèm lanne a va rive, se pou nou kite l' al fè wout li. 13 Lè n'ap ranvwaye l' la, pa kite l' ale san nou pa ba li anyen. 14 Men, n'a fè l' kado nan bèt nou yo, nan rekòt jaden nou, nan diven nou ak lwil nou, ki vle di n'a separe avè l' byen Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou benediksyon. 15 Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a. 16 Men, si yon esklav konsa di nou li p'ap kite nou, paske li renmen nou ansanm ak tout moun lakay nou, paske nou aji byen avè l', 17 lè sa a, n'a pran yon bagay pwenti, n'a fè l' pwoche bò pòt devan lakay nou, n'a pèse zòrèy li. Konsa, l'a rete ap sèvi nou pou tout tan jouk li mouri. N'a fè menm bagay la tou pou fanm ki esklav lakay nou. 18 Piga nou janm wè sa twò rèd pou nou voye yon esklav tounen lakay li, paske li te sèvi nou pandan sizan pou mwatye pri nou ta peye yon moun k'ap travay pou lajan lakay nou. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè. 19 Tout premye pitit mal fenmèl bèf nou osinon fenmèl mouton nou va fè, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyè a. Piga nou janm fè premye ti towo fenmèl bèf nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmèl mouton nou yo fè a. 20 Chak lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Seyè a, kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a. 21 Men, si l'ap bwete, osinon si li pèdi yon je, oswa si li gen nenpòt lòt enfimite ki konsekan, se pa pou nou touye l' pou Seyè a, Bondye nou an. 22 N'a manje l' lakay nou, tout moun va manje ladan l', kit yo nan kondisyon pou sèvi Bondye, kit yo pa nan kondisyon pou fè l', menm jan yo konn manje vyann gazèl ak vyann towo bèf. 23 Tansèlman, piga nou manje san l'. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 15:1
De 15:1-11. The Seventh Year, a Year of Release for the Poor.
1. At the end of every seven years--during the last of the seven, that is, the sabbatical year (Ex 21:2; 23:11; Le 25:4; Jr 34:14).
Deteronòm 15:2
2. Every creditor that lendeth ought unto his neighbour shall release it--not by an absolute discharge of the debt, but by passing over that year without exacting payment. The relief was temporary and peculiar to that year during which there was a total suspension of agricultural labor.
he shall not exact it ... of his brother--that is, an Israelite, so called in opposition to a stranger or foreigner.
because it is called the Lord's release--The reason for acquitting a debtor at that particular period proceeded from obedience to the command, and a regard for the honor, of God; an acknowledgment of holding their property of Him, and gratitude for His kindness.
Deteronòm 15:3
3. Of a foreigner thou mayest exact it again--Admission to all the religious privileges of the Israelites was freely granted to heathen proselytes, though this spiritual incorporation did not always imply an equal participation of civil rights and privileges (Le 25:44; Jr 34:14; compare 1Ch 22:2; 2Ch 2:17).
Deteronòm 15:4
4. Save when there shall be no poor man among you--Apparently a qualifying clause added to limit the application of the foregoing statement [De 15:3]; so that "the brother" to be released pointed to a poor borrower, whereas it is implied that if he were rich, the restoration of the loan might be demanded even during that year. But the words may properly be rendered (as on the Margin) to the end, in order that there may be no poor among you--that is, that none be reduced to inconvenient straits and poverty by unseasonable exaction of debts at a time when there was no labor and no produce, and that all may enjoy comfort and prosperity, which will be the case through the special blessing of God on the land, provided they are obedient.
Deteronòm 15:7-11
7-11. If there be among you a poor man ... thou shalt not harden thine heart--Lest the foregoing law should prevent the Israelites lending to the poor, Moses here admonishes them against so mean and selfish a spirit and exhorts them to give in a liberal spirit of charity and kindness, which will secure the divine blessing (Ro 12:8; 2Co 9:7).
Deteronòm 15:12
De 15:12-19. Hebrew Servants' Freedom.
12. if thy brother, an Hebrew man, or an Hebrew woman, be sold unto thee--The last extremity of an insolvent debtor, when his house or land was not sufficient to cancel his debt, was to be sold as a slave with his family (Le 25:39; 2Ki 4:1; Ne 5:1-13; Job 24:9; Mt 18:25). The term of servitude could not last beyond six years. They obtained their freedom either after six years from the time of their sale or before the end of the seventh year. At the year of jubilee, such slaves were emancipated even if their six years of service were not completed [see on Le 25:39].
Deteronòm 15:13-15
13-15. thou shalt not let him go away empty--A seasonable and wise provision for enabling a poor unfortunate to regain his original status in society, and the motive urged for his kindness and humanity to the Hebrew slave was the remembrance that the whole nation was once a degraded and persecuted band of helots in Egypt. Thus, kindness towards their slaves, unparalleled elsewhere in those days, was inculcated by the Mosaic law; and in all their conduct towards persons in that reduced condition, leniency and gentleness were enforced by an appeal which no Israelite could resist.
Deteronòm 15:16-17
16-17. if he say unto thee, I will not go away from thee--If they declined to avail themselves of the privilege of release and chose to remain with their master, then by a peculiar form of ceremony they became a party to the transaction, voluntarily sold themselves to their employer, and continued in his service till death.
Deteronòm 15:18
Deteronòm 15:19
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
