Travay 26
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Agripa di Pòl: Ou mèt pale pou defann tèt ou. Lè sa a, Pòl lonje men l', epi li fè defans li konsa: 2 Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m' defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen. 3 Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite keksyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen. 4 Tout jwif yo konnen ki jan m' mennen tèt mwen depi lè m' te jenn gason, ki jan m' t'ap viv depi nan konmansman nan mitan moun peyi mwen yo ak nan Jerizalèm. 5 Yo konnen m' depi lontan. Epi, si yo vle, yo ka rann temwayaj mwen t'ap viv tankou yon farizyen. Farizyen yo se moun ki pi rèd nan relijyon nou an. 6 Koulye a, yo rele m' an jijman paske m'ap tann pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. 7 Se menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa. 8 Poukisa, nou menm jwif, nou pa kwè Bondye ka leve moun mouri? 9 Mwen menm tou, yon lè, mwen te kwè se pou m' te fè sa m' kapab pou disparèt non Jezi, moun Nazarèt la. 10 Se sa m' te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale. 11 Anpil fwa, mwen te fè bat yo nan tout sinagòg, mwen te konn fòse yo vire do bay Bondye. Mwen te sitèlman pa t' vle wè yo, mwen te konn al pèsekite yo jouk nan peyi etranje. 12 Se konsa, mwen tapral Damas avèk pouvwa ansanm ak lòd chèf prèt yo te ban mwen. 13 Antan m' te sou wout la, vè midi konsa, monwa, mwen wè yon limyè ki soti nan syèl la pi klere pase solèy la. Li te klere tout kote m' te ye a ansanm ak moun ki t'ap vwayaje avè m' yo. 14 Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m' an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li. 15 Mwen mande: Ki moun ou ye, Seyè? Epi l' di m': Mwen se Jezi w'ap pèsekite a. 16 Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m', se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m' temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m' jòdi a epi wa fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa. 17 M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo, 18 pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a. 19 Se konsa, wa Agripa, mwen pa dezobèyi vizyon ki te soti nan syèl la vin jwenn mwen. 20 Mwen kòmanse bay moun nan lavil Damas ak nan Jerizalèm mesaj la. Apre sa, m' ale nan tout peyi Jide ak nan mitan moun lòt nasyon yo. Mwen t'ap mande yo pou yo chanje lavi yo, pou yo tounen vin jwenn Bondye, pou yo fè bagay ki pou fè wè yo chanje tout bon. 21 Se poutèt sa wi jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan, se poutèt sa yo t'ap seye touye mwen. 22 Mentou, Bondye toujou pwoteje m' jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m' sèvi l' temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive. 23 Kris la te gen pou l' soufri. Se li menm ki an premye gen pou l' leve soti vivan nan lanmò pou l' fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a. 24 Antan Pòl t'ap pale konsa pou defann tèt li, Festis rele byen fò: Ou fou, Pòl! Twòp lespri fè ou pèdi tèt ou. 25 Pòl reponn li: Mwen pa fou non, ekselans. Tout pawòl mwen di la a se verite a tou klè, epi yo gen sans. 26 Wa Agripa konn tout bagay sa yo. Se poutèt sa mwen pa pè pale devan li. Mwen sèten li konnen tout bagay sa yo, paske pa gen okenn ladan yo mwen te fè an kachèt. 27 Wa Agripa, èske ou pa kwè sa pwofèt yo di? Mwen konnen ou kwè. 28 Agripa di Pòl: Talè konsa ou pral pran tèt mwen tou pou fè m' kretyen? 29 Pòl reponn li: Kit koulye a, kit pita, m'ap lapriyè Bondye ni pou ou ni pou nou tout k'ap koute m' jòdi a pou yon lè konsa nou vin tankou m', wetan chenn sa yo! 30 Wa a, gwouvènè a, Berenis ansanm ak tout moun ki te la yo leve. 31 Apre yo fin ale, yonn t'ap di lòt: Nonm sa a pa fè anyen ki merite prizon, ale wè lanmò. 32 Agripa di Festis konsa: Si nonm sa a pa t' mande pou Seza tande l', ou ta ka lage l' wi.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Travay 26:1-3
Ac 26:1-32. Paul's Defense of Himself before King Agrippa, Who Pronounces Him Innocent, but Concludes That the Appeal to Cæsar Must Be Carried Out.
This speech, though in substance the same as that from the fortress stairs of Jerusalem (Ac 22:1-29), differs from it in being less directed to meet the charge of apostasy from the Jewish faith, and giving more enlarged views of his remarkable change and apostolic commission, and the divine support under which he was enabled to brave the hostility of his countrymen.
1-3. Agrippa said--Being a king he appears to have presided.
Paul stretched forth the hand--chained to a soldier (Ac 26:29, and see on Ac 12:6).
Travay 26:4-5
4-5. from my youth, which was at the first ... at Jerusalem, know all the Jews; which knew me from the beginning--plainly showing that he received his education, even from early youth, at Jerusalem. See on Ac 22:3.
Travay 26:6-7
Travay 26:8
8. Why should it be thought a thing incredible ... that God should raise the dead?--rather, "Why is it judged a thing incredible if God raises the dead?" the case being viewed as an accomplished fact. No one dared to call in question the overwhelming evidence of the resurrection of Jesus, which proclaimed Him to be the Christ, the Son of God; the only way of getting rid of it, therefore, was to pronounce it incredible. But why, asks the apostle, is it so judged? Leaving this pregnant question to find its answer in the breasts of his audience, he now passes to his personal history.
Travay 26:9-15
Travay 26:16-18
16-18. But rise, &c.--Here the apostle appears to condense into one statement various sayings of his Lord to him in visions at different times, in order to present at one view the grandeur of the commission with which his Master had clothed him [Alford].
a minister ... both of these things which thou hast seen--putting him on a footing with those "eye-witnesses and ministers of the word" mentioned in Lu 1:2.
and of those in which I will appear to thee--referring to visions he was thereafter to be favored with; such as Ac 18:9, 10; 22:17-21; 23:11; 2Co 12:1-10, &c. (Ga 1:12).
Travay 26:19-21
19-21. Whereupon, O King Agrippa, I was not disobedient unto the heavenly vision--This musical and elevated strain, which carries the reader along with it, and doubtless did the hearers, bespeaks the lofty region of thought and feeling to which the apostle had risen while rehearsing his Master's communications to him from heaven.
Travay 26:22-23
22-23. having obtained help--"succor."
from God--"that [which cometh] from God."
I continue--"stand," "hold my ground."
unto this day, witnessing, &c.--that is, This life of mine, so marvellously preserved, in spite of all the plots against it, is upheld for the Gospel's sake; therefore I "witnessed," &c.
Travay 26:24
24. Festus said with a loud voice--surprised and bewildered.
Paul, thou art beside thyself, much learning doth make thee mad--"is turning thy head." The union of flowing Greek, deep acquaintance with the sacred writings of his nation, reference to a resurrection and other doctrines to a Roman utterly unintelligible, and, above all, lofty religious earnestness, so strange to the cultivated, cold-hearted skeptics of that day--may account for this sudden exclamation.
Travay 26:25-26
25-26. I am not mad, most noble Festus, but, &c.--Can anything surpass this reply, for readiness, self-possession, calm dignity? Every word of it refuted the rude charge, though Festus, probably, did not intend to hurt the prisoner's feelings.
Travay 26:27-29
27-29. believest thou the prophets? I know that thou believest--The courage and confidence here shown proceeded from a vivid persuasion of Agrippa's knowledge of the facts and faith in the predictions which they verified; and the king's reply is the highest testimony to the correctness of these presumptions and the immense power of such bold yet courteous appeals to conscience.
Travay 26:30-32
30-32. when he had thus spoken, the king rose--not over-easy, we may be sure.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
