Travay 25
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè Festis rive nan pwovens lan, sou twa jou li kite Sezare, li ale lavil Jerizalèm. 2 Chèf prèt yo ansanm ak jwif ki te grannèg nan lavil la vin pote plent ba li pou Pòl. 3 Yo mande Festis yon favè. Yo mande l' pou l' fè mennen Pòl Jerizalèm. Yo te gen tan fè konplo pou touye l' sou wout la. 4 Men, Festis reponn yo: Pòl deja nan prizon Sezare. Mwen menm poutèt pa m', mwen pral tounen Sezare talè konsa. 5 Si Pòl fè kichòy ki mal, se pou chèf nou yo desann ansanm avè m', y'a akize l' laba a. 6 Festis pase wit a dis jou sèlman avèk yo Jerizalèm. Apre sa li tounen Sezare. Nan denmen, li al chita nan tribinal la, li bay lòd pou yo mennen Pòl. 7 Lè Pòl rive, jwif ki te soti Jerizalèm yo vin kanpe bò kote l', yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t' kapab bay okenn prèv. 8 Men sa Pòl di pou defann tèt li: Mwen pa fè anyen ki kont lalwa jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza. 9 Festis menm ki te vle fè jwif yo plezi mande Pòl: Eske ou pa ta vle al Jerizalèm pou yo ka jije ou devan m' sou zafè sa a? 10 Pòl reponn li: Se devan tribinal Seza mwen ye, se la pou yo jije mwen. Mwen pa fè jwif yo anyen. Ou konnen sa byen pwòp. 11 Si m' desobeyi lalwa, si m' fè yon bagay ki merite lanmò, mwen p'ap refize mouri. Men tou, si akizasyon y'ap pote sou mwen yo pa vre, pesonn pa ka lage m' nan men yo. Mwen mande pou Seza tande kòz mwen. 12 Lè sa a, Festis fè yon ti pale ak manm konsèy li yo, epi l' di: Bon. Ou mande pou Seza tande kòz ou, ou pral devan Seza. 13 Kèk jou apre sa, wa Agripa ak Berenis rive Sezare. Yo te vin di Festis bonjou. 14 Yo t'ap pase kèk jou la. Festis pwofite esplike sitiyasyon Pòl la bay wa a, li di li: Feliks te kite yon nonm nan prizon isit la. 15 Lè m' te al Jerizalèm chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi jwif yo te vin pote m' plent pou li, yo mande m' pou m' kondannen li. 16 Mwen reponn yo: Se pa koutim moun lavil Wòm yo pou yo renmèt yon akize bay lènmi l' konsa san yo pa mete l' fasafas ak moun k'ap akize l' yo anvan. Se pou l' gen chans defann tèt li tou anba akizasyon yo. 17 Se konsa yo vin isit la avèk mwen. Mwen pa t' pèdi tan mwen. Nan denmen m' al chita nan tribinal la, mwen bay lòd pou yo mennen nonm lan. 18 Moun ki t'ap akize l' yo vin parèt tou, men yo pa t' bay okenn move zak li te fè, jan m' te kwè a. 19 Se yon diskisyon sèlman yo te gen avè l' sou relijyon yo a ak sou yon nonm yo rele Jezi ki mouri. Men, Pòl sètifye nonm sa a leve, li vivan ankò. 20 Mwen pa t' konn sa pou m' te fè ankò pou m' te pran enfòmasyon sou keksyon sa yo. Mwen mande Pòl si l' pa ta vle al Jerizalèm pou yo te ka jije l' sou zafè sa a la. 21 Men, Pòl mande pou Seza tande kòz li. Li mande pou yo kenbe l' nan prizon jouk Seza va pran yon desizyon sou ka li. Se konsa mwen bay lòd pou yo pa lage l' jouk m'a ka voye l' bay Seza. 22 Agripa di Festis konsa: Mwen ta renmen tande nonm sa a. Festis reponn li: Denmen wa tande li. 23 Se konsa, nan denmen Agripa ak Berenis vin nan mitan yon gwo kòtèj. Yo antre nan sal odyans lan avèk tout chèf militè yo ansanm ak notab lavil la. Festis bay yon lòd, epi yo mennen Pòl vini. 24 Apre sa, Festis di: Wa Agripa, nou tout ki isit la avèk nou, men li! Nou wè nonm sa a. Tout jwif yo vin pote m' plent pou li, ni laba Jerizalèm ni isit la. Y'ap plede rele nonm sa a te fèt pou l' mouri deja. 25 Mwen menm, pou tèt pa m', mwen wè li pa fè anyen ki merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande kòz li. Se poutèt sa, mwen pran desizyon voye l' bay Seza. 26 Mwen pa gen anyen ki sèten pou m' ekri sou li. Se poutèt sa mwen fè l' konparèt devan nou, devan ou menm sitou, wa Agripa. Konsa m'a jwenn sa pou m' ekri lè n'a fin poze l' keksyon. 27 Pou mwen menm, sa pa gen sans pou espedye yon prizonye konsa san ou pa di egzakteman kisa li fè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Travay 25:1-3
Ac 25:1-12. Festus, Coming to Jerusalem, Declines to Have Paul Brought Thither for Judgment, but Gives the Parties a Hearing on His Return to Cæsarea--On Festus Asking the Apostle if He Would Go to Jerusalem for Another Hearing before Him, He Is Constrained in Justice to His Cause to Appeal to the Emperor.
1-3. Festus ... after three days ... ascended ... to Jerusalem--to make himself acquainted with the great central city of his government without delay.
Travay 25:4-6
4-6. answered that Paul should be kept--rather, "is in custody."
at Cæsarea, and ... himself would depart shortly thither.
Travay 25:7
7. the Jews ... from Jerusalem--clamorously, as at Jerusalem; see Ac 25:24.
many and grievous complaints against Paul--From his reply, and Festus' statement of the case before Agrippa, these charges seem to have been a jumble of political and religious matter which they were unable to substantiate, and vociferous cries that he was unfit to live. Paul's reply, not given in full, was probably little more than a challenge to prove any of their charges, whether political or religious.
Travay 25:9-10
9-10. Festus, willing to do the Jews a pleasure--to ingratiate himself with them.
said, Wilt thou go up to Jerusalem, and ... be judged ... before me--or, "under my protection." If this was meant in earnest, it was temporizing and vacillating. But, possibly, anticipating Paul's refusal, he wished merely to avoid the odium of refusing to remove the trial to Jerusalem.
Travay 25:11
11. I appeal to Cæsar--The right of appeal to the supreme power, in case of life and death, was secured by an ancient law to every Roman citizen, and continued under the empire. Had Festus shown any disposition to pronounce final judgment, Paul, strong in the consciousness of his innocence and the justice of a Roman tribunal, would not have made this appeal. But when the only other alternative offered him was to give his own consent to be transferred to the great hotbed of plots against his life, and to a tribunal of unscrupulous and bloodthirsty ecclesiastics whose vociferous cries for his death had scarcely subsided, no other course was open to him.
Travay 25:12
12. Festus--little expecting such an appeal, but bound to respect it.
having conferred with the council--his assessors in judgment, as to the admissibility of the appeal.
said, Hast thou--for "thou hast."
to Cæsar shalt thou go--as if he would add perhaps "and see if thou fare better."
Travay 25:13
Ac 25:13-27. Herod Agrippa II ON A Visit to Festus, Being Consulted by Him on Paul's Case, Desires to Hear the Apostle, Who Is Accordingly Brought Forth.
13. King Agrippa--great-grandson of Herod the Great, and Drusilla's brother (see on Ac 24:24). On his father's awful death (Ac 12:23), being thought too young (seventeen) to succeed, Judea, was attached to the province of Syria. Four years after, on the death of his uncle Herod, he was made king of the northern principalities of Chalcis, and afterwards got Batanea, Iturea, Trachonitis, Abilene, Galilee, and Perea, with the title of king. He died A.D. 100, after reigning fifty-one years.
and Bernice--his sister. She was married to her uncle Herod, king of Chalcis, on whose death she lived with her brother Agrippa--not without suspicion of incestuous intercourse, which her subsequent licentious life tended to confirm.
came to salute Festus--to pay his respects to him on his accession to the procuratorship.
Travay 25:14-15
14-15. when there many--"several"
days, Festus declared Paul's cause--taking advantage of the presence of one who might be presumed to know such matters better than himself; though the lapse of "several days" ere the subject was touched on shows that it gave Festus little trouble.
Travay 25:16-21
16-21. to deliver any man to die--On the word "deliver up," see on Ac 25:11.
Travay 25:22-27
22-27. I would also hear--"should like to hear."
the man myself--No doubt Paul was fight when he said, "The king knoweth of these things ... for I am persuaded that none of these things are hidden from him; for this thing was not done in a corner" (Ac 26:26). Hence his curiosity to see and hear the man who had raised such commotion and was remodelling to such an extent the whole Jewish life.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
