Travay 22

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Frèm yo, grandèt mwen yo, koute sa m' pral di nou koulye a pou defann tèt mwen. 2 Lè yo tande l' ap pale ebre, yo rete byen dousman. Epi Pòl di yo: 3 Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m' tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen koulye a pou Bondye. 4 Mwen te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m' te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon. 5 Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m' lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen tapral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo. 6 Mwen te sou wout la toupre Damas, lè m' rete konsa yon gwo limyè soti nan syèl la, li klere tout kote m' te ye a. Lè sa a, li te bò midi konsa. 7 Mwen tonbe atè, epi m' tande yon vwa ki di m': Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? 8 Mwen mande: Ki moun ou ye, Seyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a. 9 Moun ki te la avè m' yo te wè limyè a tou, men yo pa t' tande vwa ki t'ap pale avè m' lan. 10 Lè sa a, mwen mande: Kisa pou m' fè, Seyè? Seyè a di mwen: Leve, ale lavil Damas. Se la y'a di ou tou sa Bondye va ba ou lòd fè. 11 Limyè a te tèlman klere, mwen te vin avèg. Se kanmarad mwen yo ki pran men m' ki mennen m' Damas. 12 Nan Damas te gen yon nonm yo rele Ananyas. Se te yon moun ki t'ap sèvi Bondye jan Lalwa nou an mande l' la. Tout jwif Damas yo te konsidere l' anpil. 13 Li vin jwenn mwen, li kanpe toupre m', epi li di mwen: Sòl, frè mwen, se pou ou wè nan je ou ankò. Menm lè a, mwen wè ankò, epi mwen gade li. 14 Li di m' konsa: Bondye zansèt nou yo te chwazi ou davans pou ou te ka konn volonte l', pou ou te ka wè sèl moun ki dwat devan li a, pou ou te ka tande l' pale ak bouch li. 15 Ou pral sèvi l' temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande. 16 Koulye a, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave. 17 Apre sa, mwen tounen lavil Jerizalèm. Antan m' te nan tanp lan ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. 18 Mwen wè Seyè a ki di mwen: Fè vit, kite Jerizalèm, paske moun Jerizalèm yo p'ap asepte tou sa w'ap di sou mwen an. 19 Mwen reponn: Seyè, yo konnen byen pwòp mwen te konn al nan sinagòg yo, mwen te konn mete tout moun ki te kwè nan ou nan prizon, fè bat yo byen bat. 20 Menm lè yo t'ap touye Etyèn, moun ki te kanpe pou ou a, mwen te la tou. Mwen te dakò ak moun ki t'ap touye l' yo. Se mwen menm ki te veye rad yo. 21 Lè sa a, Seyè a di mwen: Ale, m'ap voye ou byen lwen, bò kote moun ki pa jwif yo. 22 Foul moun yo t'ap koute Pòl byen pwòp. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele: Wete nonm sa a sou latè! Touye li! Li pa merite viv ankò! 23 Yo t'ap rele pi rèd, yo t'ap souke rad yo, yo t'ap voye pousyè tè anlè. 24 Kòmandan women an bay lòd fè Pòl antre nan kazèn lan. Li mande pou yo bat li pou fè l' pale. Li te vle konnen poukisa foul moun yo t'ap rele dèyè l' konsa. 25 Lè yo fin mare l' pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a: Eske nou gen dwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal? 26 Lè l' tande sa, ofisye a al avèti kòmandan an, li di li: Fè atansyon sa ou pral fè la a, tande! Nonm lan, se sitwayen women li ye wi. 27 Kòmandan an vin jwenn Pòl, li mande li: Di mwen, èske se sitwayen women ou ye? Pòl reponn li: Wi. 28 Kòmandan an di l' konsa: Mwen menm, mwen te peye gwo lajan pou m' te ka sitwayen women. Pòl reponn li: Mwen menm, mwen fèt sitwayen women. 29 Lamenm, moun ki tapral bat li pou te fè l' pale yo renka kò yo dèyè. Ata kòmandan an te pè lè l' vin rann li kont li te fè mare Pòl ki te yon sitwayen women avèk chenn. 30 Kòmandan an te vle konnen egzakteman kisa jwif yo t'ap akize Pòl fè. Se konsa, nan denmen li fè lage chenn yo, epi li voye lòd bay chèf prèt yo pou yo reyini ansanm ak Gran Konsèy la. Li mennen Pòl, li mete l' devan yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Travay 22:2

Ac 22:1-30. Paul's Defense from the Stairs of the Fortress--The Rage of the Audience Bursting Forth, the Commandant Has Him Brought into the Fort to Be Examined by Scourging, but Learning that He Is a Roman, He Orders His Release and Commands the Sanhedrin to Try Him.

2. when they heard ... the Hebrew tongue--(See on Ac 21:40).

they kept the more silence--They could have understood him in Greek, and doubtless fully expected the renegade to address them in that language, but the sound of their holy mother tongue awed them into deeper silence.

Travay 22:3

3. a Jew of Tarsus, brought up in this city, at the feet--(See on Lu 10:39).

of Gamaliel--(See on Ac 5:34); a fact of great importance in the apostle's history, standing in the same relation to his future career as Moses' education in the Egyptian court to the work for which he was destined.

the perfect manner of the law of the fathers--the strictest form of traditional Judaism.

zealous--"a zealot."

toward God as ye all are this day--his own former murderous zeal against the disciples of the Lord Jesus being merely reflected in their present treatment of himself.

Travay 22:5

5. the high priest--still alive.

doth bear me witness, and all the estate of the elders--the whole Sanhedrim.

Travay 22:8

8. Jesus of Nazareth--the Nazarene. See on Ac 9:5.

Travay 22:9-11

9-11. they that were with me--(See on Ac 9:7, &c.)

Travay 22:12

12. Ananias, a devout man, according to the law, having a good report of all the Jews which dwelt there--One would not know from this description of Ananias that he was a Christian at all, the apostles object being to hold him up as unexceptionable, even to the most rigid Jews.

Travay 22:13-15

13-15. The God of our fathers hath chosen thee--studiously linking the new economy upon the old, as but the sequel of it; both having one glorious Author.

Travay 22:16

16. be baptized and wash away thy sins--This way of speaking arises from baptism being the visible seal of remission.

calling on the name of the Lord--rather, "having called," that is, after having done so; referring to the confession of Christ which preceded baptism, as Ac 8:37.

Travay 22:17-21

17-21. it came to pass, &c.--This thrilling dialogue between the glorified Redeemer and his chosen vessel is nowhere else related.

when I was come again to Jerusalem--on the occasion mentioned in Ac 9:26-29.

while I prayed in the temple--He thus calls their attention to the fact that after his conversion he kept up his connection with the temple as before.

Travay 22:22-23

22-23. gave him audience to this word ... then ... Away with such a fellow from the earth, &c.--Their national prejudices lashed into fury at the mention of a mission to the Gentiles, they would speedily have done to him as they did to Stephen, but for the presence and protection of the Roman officer.

Travay 22:24-26

24-26. examined by scourging--according to the Roman practice.

that he might know wherefore they cried so--Paul's speech being to him in an unknown tongue, he concluded from the horror which it kindled in the vast audience that he must have been guilty of some crime.

Travay 22:27-29

27-29. art thou a Roman?--showing that this being of Tarsus, which he had told him before (Ac 21:39) did not necessarily imply that he was a Roman citizen.

Travay 22:30

30. commanded the chief priests and all their council to appear--that is, the Sanhedrim to be formally convened. Note here the power to order a Sanhedrim to try this case, assumed by the Roman officers and acquiesced in on their part.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.