Travay 23

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Pòl fikse je l' sou manm Gran Konsèy yo, li di: Frè m' yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a. 2 Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l' yon souflèt. 3 Lè sa a Pòl di li: Ou pòtre yon miray blanchi ak lacho! Se Bondye ki va frape ou. Ou chita la pou jije m' dapre Lalwa Bondye a. Men, se ou menm k'ap dezobeyi Lalwa Bondye a lè ou bay lòd frape m' lan. 4 Moun ki te toupre Pòl yo di li: Apa w'ap joure granprèt Bondye a? 5 Pòl reponn: Eskize m', frè m'. Mwen pa t' konnen se granprèt msye te ye. Paske, men sa yo di nan Liv la: Piga ou pale chèf pèp ou a mal. 6 Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: Frè m' yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m' an jijman devan nou. 7 Lè l' di sa, farizyen yo pran diskite ak sadiseyen yo; asanble a fè de kan. 8 (Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.) 9 Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li. 10 Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pa t' dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l' tounen nan kazèn lan. 11 Jou lannwit sa a, Pòl wè Seyè a ki di li: Kouraj! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm. 12 Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl. 13 Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a. 14 Y' al jwenn chèf prèt yo ak chèf fanmi yo, yo di yo: Nou sèmante sou tèt nou, nou p'ap manje anyen toutotan nou pa touye Pòl. 15 Koulye a, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l' mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n' touye l' anvan l' gen tan rive isit. 16 Men, pitit gason sè Pòl la pran nouvèl konplo a. li al nan kazèn lan, li antre, li avèti Pòl. 17 Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li: Mennen jenn gason sa a bò kot kòmandan an: li gen kichòy pou l' di li. 18 Ofisye a pran jenn gason an avè l', li mennen l' bay kòmandan an, li di: Prizonye yo rele Pòl la rele m', li mande m' pou mennen jenn gason sa a ba ou. Li bezwen di ou kichòy. 19 Kòmandan an pran men jenn gason an, li mennen l' sou kote, li mande li: Kisa ou gen pou di mwen? 20 Li reponn: Jwif yo ranje yon konplo. Y'ap mande ou mennen Pòl denmen devan Gran Konsèy la. Y'ap di ou yo ta renmen egzaminen ka msye pi byen. 21 Pa koute yo. Gen karant moun pou pi piti ki pare pou yo pran li. Yo sèmante sou lavi yo, yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye li. Koulye a yo fin pare nèt, se respons ou ase y'ap tann. 22 Kòmandan an di l' konsa: Pa kite pesonn konnen ou te vin di m' sa. Epi li voye jenn gason an al fè wout li. 23 Apre sa, kòmandan an rele de nan ofisye l' yo, li di yo: Sanble desan (200) sòlda, swasanndis kavalye ak desan (200) zòm ame ak pikèt. Se pou nou tout pare pou n' pati pou Sezare aswè a, vè nevè. 24 Pare yon chwal pou Pòl tou. Mennen l' ale bay gouvènè Feliks an byen, san okenn danje, san okenn malè. 25 Epi li ekri lèt sa a: 26 Klòd Lizyas voye bonjou ak tout respe l' pou chèf li, gouvènè Feliks. 27 Jwif yo te mete men sou nonm sa a, yo tapral touye l' lè m' vin konnen se yon sitwayen women li ye. Lè sa a, mwen rive avèk sòlda m' yo, mwen delivre li. 28 Mwen mennen l' devan Gran Konsèy jwif yo, paske mwen te vle konnen kisa jwif yo t'ap di sou li konsa. 29 Mwen wè li pa t' fè anyen ki pou ta fè yo touye l' ni pou yo mete l' nan prizon. Yo t'ap akize l' dèske li fè yon bann bagay ki gen rapò ak Lalwa yo a. 30 Lè m' vin konnen jwif yo t'ap fè konplo pou touye l', mwen pran desizyon voye l' ba ou. Epi mwen mande moun ki t'ap akize l' yo pou yo vin pote plent pou li devan ou. 31 Sòlda yo fè tou sa Lizyas te ba yo lòd fè: yo pran Pòl, yo mennen li jouk Antipatris lannwit la menm. 32 Nan denmen, sòlda ki t'ap mache apye yo tounen nan kazèn lan, yo kite kavalye yo fè rès vwayaj la avèk Pòl. 33 Rive yo rive Sezare, kavalye yo renmèt gouvènè a lèt la, epi yo renmèt Pòl nan men li. 34 Gouvènè a li lèt la, li mande Pòl moun ki pwovens li ye. Lè l' vin konnen se moun Silisi li ye, li di li: 35 Lè moun k'ap akize ou yo va vini, m'a tande sa ou gen pou di. Epi li bay lòd pou yo mete Pòl sou bon gad nan gwo palè Ewòd la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Travay 23:1

Ac 23:1-10. Paul's Defense before the Sanhedrin Divides the Rival Factions, from Whose Violence the Commandant Has the Apostle Removed into the Fortress.

1. Paul, earnestly beholding the council--with a look of conscious integrity and unfaltering courage, perhaps also recognizing some of his early fellow pupils.

I have lived in all good conscience before God until this day--The word has an indirect reference to the "polity" or "commonwealth of Israel," of which he would signify that he had been, and was to that hour, an honest and God-fearing member.

Travay 23:2

2. the high priest ... commanded ... to smite him on the mouth--a method of silencing a speaker common in the East to this day [Hacket]. But for a judge thus to treat a prisoner on his "trial," for merely prefacing his defense by a protestation of his integrity, was infamous.

Travay 23:3-4

3-4. God shall smite thee--as indeed He did; for he was killed by an assassin during the Jewish war [Josephus, Wars of the Jews, 2.17.9].

thou whited wall--that is, hypocrite (Mt 23:27). This epithet, however correctly describing the man, must not be defended as addressed to a judge, though the remonstrance which follows--"for sittest thou," &c.--ought to have put him to shame.

Travay 23:5

5. I wist not ... that he was the high priest--All sorts of explanations of this have been given. The high priesthood was in a state of great confusion and constant change at this time (as appears from Josephus), and the apostle's long absence from Jerusalem, and perhaps the manner in which he was habited or the seat he occupied, with other circumstances to us unknown, may account for such a speech. But if he was thrown off his guard by an insult which touched him to the quick, "what can surpass the grace with which he recovered his self-possession, and the frankness with which he acknowledged his error? If his conduct in yielding to the momentary impulse was not that of Christ Himself under a similar provocation (Joh 18:22, 23), certainly the manner in which he atoned for his fault was Christ-like" [Hacket].

Travay 23:6-9

6-9. when Paul perceived--from the discussion which plainly had by this time arisen between the parties.

that the one part were Sadducees, and the other Pharisees, he cried out--raising his voice above both parties.

I am a Pharisee, the son of a Pharisee--The true reading seems to be, "the son of Pharisees," that is, belonging to a family who from father to son had long been such.

of the hope and resurrection of the dead--that is, not the vague hope of immortality, but the definite expectation of the resurrection.

I am called in question--By this adroit stroke, Paul engages the whole Pharisaic section of the council in his favor; the doctrine of a resurrection being common to both, though they would totally differ in their application of it. This was, of course, quite warrantable, and the more so as it was already evident that no impartiality in trying his cause was to be looked for from such an assembly.

Travay 23:10

10. the chief captain, fearing lest Paul should have been pulled to pieces ... commanded the soldiers to go down and take him by force, &c.--This shows that the commandant was not himself present, and further, that instead of the Sanhedrim trying the cause, the proceedings quickly consisted in the one party attempting to seize the prisoner, and the other to protect him.

Travay 23:11

Ac 23:11-35. In the Fortress Paul Is Cheered by a Night Vision--An Infamous Conspiracy to Assassinate Him Is Providentially Defeated, and He Is Despatched by Night with a Letter from the Commandant to Felix at Cæsarea, by Whom Arrangements Are Made for a Hearing of His Cause.

11. the night following--his heart perhaps sinking, in the solitude of his barrack ward, and thinking perhaps that all the predictions of danger at Jerusalem were now to be fulfilled in his death there.

the Lord--that is, Jesus.

stood by him ... Be of good cheer, Paul; for as thou hast testified of me in Jerusalem, so must thou ... also at Rome--that is, "Thy work in Jerusalem is done, faithfully and well done; but thou art not to die here; thy purpose next to 'see Rome' (Ac 19:21) shall not be disappointed, and there also must thou bear witness of Me." As this vision was not unneeded now, so we shall find it cheering and upholding him throughout all that befell him up to his arrival there.

Travay 23:12-14

12-14. bound themselves under a curse ... that they would neither eat ... fill they had killed Paul--Compare 2Sa 3:35; 1Sa 14:24.

Travay 23:15

15. Now ... ye with the council signify to the chief captain ... as though, &c.--That these high ecclesiastics fell in readily with this infamous plot is clear. What will not unscrupulous and hypocritical religionists do under the mask of religion? The narrative bears unmistakable internal marks of truth.

or ever he come near--Their plan was to assassinate him on his way down from the barracks to the council. The case was critical, but He who had pledged His word to him that he should testify for Him at Rome provided unexpected means of defeating this well-laid scheme.

Travay 23:16-22

16-22. Paul's sister's son--(See on Ac 9:30). If he was at this time residing at Jerusalem for his education, like Paul himself, he may have got at the schools those hints of the conspiracy on which he so promptly acted.

Travay 23:23-24

23-24. two hundred soldiers--a formidable guard for such an occasion; but Roman officials felt their honor concerned in the preservation of the public peace, and the danger of an attempted rescue would seem to require it. The force at Jerusalem was large enough to spare this convoy.

the third hour of the night--nine o'clock.

Travay 23:26-30

26-30. Claudius--the Roman name he would take on purchasing his citizenship.

Lysias--his Greek family name.

the most excellent governor--an honorary title of office.

Travay 23:31-32

31-32. brought him ... to Antipatris--nearly forty miles from Jerusalem, on the way to Cæsarea; so named by Herod in honor of his father, Antipater.

Travay 23:34-35

34-35. asked of what province he was--the letter describing him as a Roman citizen.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.