Travay 21

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Soti la, n' ale Patara. 2 La, nou jwenn yon batiman ki tapral peyi Finisi, nou moute abò l' epi nou pati. 3 Nou rive toupre lil Chip. Antan nou nan batiman an, nou te ka wè l' toupre konsa. Men, nou pase anba l' sou bò dwat li, nou fè k'ap pou peyi Siri. Nou fè tè lavil Tir. Batiman an te gen yon pakèt chay pou l' te debake la. 4 Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm. 5 Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n' al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivaj la, nou lapriyè. 6 Apre sa, nou yonn di lòt orevwa. Nou moute abò, yo menm yo tounen lakay yo. 7 Nou soti lavil Tir nou rive lavil Tolemayis, se la nou fini vwayaj sou lanmè a. N' al di frè ki te la yo bonjou, nou pase yon jou avèk yo. 8 Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo. 9 Li te gen kat pitit fi ki pa t' marye, yo t'ap bay mesaj yo te resevwa nan men Bondye. 10 Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann soti nan Jide. 11 Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l' ak de men pa l' yo, epi li di: Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a; apre sa, y'ap lage l' nan men moun lòt nasyon yo. 12 Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak tout moun Sezare yo t'ap di Pòl konsa: Tanpri souple, pa moute Jerizalèm. 13 Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm. 14 Lè nou wè nou pa t' kapab chanje lide l', nou pa pèsiste sou sa anko. Nou di: Sa Bondye vle a, se sa k'ap fèt. 15 Apre nou fin pase kèk jou la, nou ranje zafè nou, nou pati pou Jerizalèm. 16 Te gen kèk nan disip lavil Sezare yo ki te al ansanm avèk nou tou. Yo mennen nou lakay Nazon, moun lil Chip, ki te yon disip depi lontan. Se la nou fè ladesant. 17 Lè nou rive Jerizalèm, frè yo resevwa nou ak kè kontan. 18 Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la. 19 Pòl di yo bonjou, apre sa li tanmen rakonte yo an detay tou sa Bondye te fè ak travay li nan mitan moun ki pa jwif yo. 20 Lè yo fin tande l', yo tout pran fè lwanj Bondye. Apre sa yo di Pòl: Frè nou, ou wè tout kantite jwif ki kwè nan Jezi. Malgre sa, yo tout byen zele pou lalwa a toujou. 21 Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo. 22 Sa pou n' fè la a menm? Paske, talè konsa yo pral konnen ou rive isit la. 23 Ou pral fè sa nou pral di ou la a: Gen kat moun ki te fè yon ve. 24 Ou pral avèk yo, wa patisipe ansanm ak yo nan tout sèvis y'ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Wa fè tout depans pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen tou sa yo t'ap di sou ou a pa t' vre. Okontrè, ou menm pou tèt pa ou, ou toujou ap obeyi Lalwa Moyiz la. 25 Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi koulye a, nou deja ekri yo, nou voye di yo sa n' te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè. 26 Lè sa a, Pòl pran kat mesye yo, epi nan denmen li patisipe avèk yo nan sèvis pou mete yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Apre sa, li al nan tanp lan, li fè konnen ki jou sèvis la va fini, kilè pou yo ofri bèt pou yo touye pou yo chak la. 27 Sèt jou yo te prèt pou fini lè jwif ki soti nan pwovens Lazi yo wè Pòl nan tanp lan. Yo moute tèt foul moun yo, yo mete men sou li. 28 Yo t'ap rele: Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Koulye a, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 29 (Yo t'ap di sa, paske yo te wè Twofim, moun lavil Efèz, ansanm ak Pòl nan lavil la. Yo te konprann Pòl te fè l' antre nan tanp lan tou.) 30 Tout lavil la te tèt anba, moun kouri soti toupatou. Yo mete men sou Pòl. Yo trennen l' deyò, epi lamenm yo fèmen tout pòt tanp lan. 31 Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l' ki jan tout lavil la te tèt anba. 32 Lamenm li pran kèk ofisye ak kèk sòlda avèk li, li kouri desann bò kote foul moun yo. Yo menm menm, lè yo wè kòmandan an ak sòlda yo yo sispann bat Pòl. 33 Kòmandan an pwoche bò kot Pòl, li fè yo arete l', li bay lòd pou yo mare l' ak de chenn. Lèfini, li mande ki moun li te ye, kisa l' te fè. 34 Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pa t' kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l' wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan. 35 Lè sòlda yo rive bò eskalye a avèk Pòl, yo te blije leve l' anlè pou yo te sa pase avè l', sitèlman moun yo te ankòlè. 36 Yo tout yo t'ap swiv li, yo t'ap rele: Touye li. 37 Yo tapral fè Pòl antre nan kazèn lan, lè Pòl di kòmandan an: Eske mwen ka di ou kichòy? Kòmandan an mande li: Kouman? Apa ou pale grèk? 38 Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revolisyon tou lòt jou a epi ki te mennen katmil (4.000) bandi avè l' nan dezè a? 39 Pòl reponn li: Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Ou wè se sitwayen yon gwo lavil mwen ye. Tanpri, kite m' pale ak pèp la. 40 Kòmandan an ba l' pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa:

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Travay 21:1

Ac 21:1-16. Sailing from Ephesus, They Land at Tyre, and Thence Sailing to Ptolemais, They Proceed by Land to Cæsarea and Jerusalem.

1. we were gotten--"torn."

from them--expressing the difficulty and pain of the parting.

with a straight course--running before the wind, as Ac 16:11.

unto Coos--Cos, an island due south from Miletus, which they would reach in about six hours, and coming close to the mainland.

the day following unto Rhodes--another island, some fifty miles to the southeast, of brilliant classic memory and beauty.

thence unto Patara--a town on the magnificent mainland of Lycia, almost due east from Rhodes. It was the seat of a celebrated oracle of Apollo.

Travay 21:2

2. And finding a ship--their former one going no farther, probably.

to Phoenica--(See on Ac 11:19).

went abroad--One would almost think this extracted from a journal of the voyage, so graphic are its details.

Travay 21:3

3. when we ... discovered--"sighted," as the phrase is.

Cyprus, we left it on the left hand--that is, steered southeast of it, leaving it on the northwest.

sailed into--"unto"

Syria, and landed at Tyre--the celebrated seat of maritime commerce for East and West. It might be reached from Patara in about two days.

there the ship was to unlade her burden--which gave the apostle time for what follows.

Travay 21:4-6

4-6. finding disciples--finding out the disciples, implying some search. They would expect such, from what is recorded, Ac 11:19. Perhaps they were not many; yet there were gifted ones among them.

who said to Paul ... that he should not go up to Jerusalem--(See on Ac 20:23; also see on Ac 21:11-14).

Travay 21:7

7. when we had finished our course--completing the voyage

from Tyre, we came--which they would do the same day.

to Ptolemais--anciently called Accho (Jud 1:31), now St. Jean d'Acre, or Acre.

and saluted the brethren, and abode, &c.--disciples gathered probably as at Tyre, on the occasion mentioned (Ac 11:19).

Travay 21:8-10

8-10. next day we that were of Paul's company departed--(The words "the were of Paul's company" are omitted in the best manuscripts. They were probably added as the connecting words at the head of some church lessons).

and came to Cæsarea--a run along the coast, southward, of some thirty miles.

Philip the evangelist--a term answering apparently very much to our missionary [Howson], by whose ministry such joy had been diffused over Samaria and the Ethiopian eunuch had been baptized (Ac 8:4-40).

one of the seven--deacons, who had "purchased to himself a good degree" (1Ti 3:13). He and Paul now meet for the first time, some twenty-five years after that time.

Travay 21:11-14

11-14. So shall the Jews bind the man that owneth this girdle, &c.--For though the Romans did it, it was at the Jews' instigation (Ac 21:33; Ac 28:17). Such dramatic methods of announcing important future events would bring the old prophets to remembrance. (Compare Is 20:2, &c.; Jr 13:1, and Eze 5:1, &c.). This prediction and that at Tyre (Ac 21:4) were intended, not to prohibit him from going, but to put his courage to the test and when he stood the test, to deepen and mature it.

Travay 21:15-16

15-16. we took up our carriages--"our baggage."

and went up to Jerusalem--for the fifth time after his conversion, thus concluding his third missionary tour, which proved his last, so far as recorded; for though he accomplished the fourth and last part of the missionary plan sketched out (Ac 19:21)--"After I have been at Jerusalem, I must also see Rome"--it was as "a prisoner of Jesus Christ."

Travay 21:17-19

17-19. the brethren received us gladly--the disciples generally, as distinguished from the official reception recorded in Ac 21:18.

Travay 21:20-25

20-25. they glorified the Lord, &c.--constrained to justify his course, notwithstanding the Jewish complexion of the Christianity of Jerusalem.

Travay 21:26

26. to signify--that is, announce to the priest.

the accomplishment of the days of purification, &c.--(See on Nu 6:14-21).

Travay 21:27-30

27-30. the Jews ... of Asia--in all likelihood those of Ephesus (since they recognized Trophimus apparently as a townsman, Ac 21:29), embittered by their discomfiture (Ac 19:9, &c.).

Travay 21:31

31. tidings came--literally, "went up," that is, to the fortress of Antonia, where the commandant resided. See on Ac 21:32. This part of the narrative is particularly graphic.

Travay 21:32

32. the chief captain--"the chiliarch," or tribune of the Roman cohort, whose full number was one thousand men.

Travay 21:33

33. commanded him to be bound with two chains--(See on Ac 12:6).

Travay 21:34

34. some cried one thing--The difficulty would be so to state his crimes as to justify their proceedings to a Roman officer.

to be carried into the castle--rather, perhaps, "the barracks," or that part of the fortress of Antonia appropriated to the soldiers. The fort was built by Herod on a high rock at the northwest corner of the great temple area, and called after Mark Antony.

Travay 21:37-40

37-40. Art not thou that Egyptian, &c.--The form of the question implies that the answer is to be in the negative, and is matter of some surprise: "Thou art not then?" &c.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.