2 Samyèl 16

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan (0200) pen, san (0100) grap rezen chèch, san (0100) pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven. 2 Wa David mande l': -Sa ou pral fè ak tout bagay sa yo? Ziba reponn li: -Bourik yo, se pou wa a ansanm ak fanmi li yo moute. Pen yo ak fwi yo, se pou moun ou yo manje, diven an pou yo bwè lè y'a santi yo bouke nan dezè a. 3 Wa a mande l': -Kote mèt ou, Mefibochèt, pitit pitit Sayil la? Ziba reponn: -Li rete lavil Jerizalèm, paske li di li sèten moun peyi Izrayèl yo pral renmèt li baton kòmandman ki te nan men Sayil, granpapa l' la. 4 Wa a di Ziba konsa: -Depi jòdi a, tou sa ki te pou Mefibochèt se pou ou yo ye. Ziba reponn li: -Men mwen lage kò m' nan pye ou, monwa. Mwen mande pou ou toujou kontan avè m'. 5 Lè wa David rive bò lavil Bakourim, yon moun fanmi wa Sayil soti lavil la vin kontre l'. Se te Chimeyi, pitit gason Gera a. Antan l'ap vanse sou David, li t'ap joure l', li t'ap ba li madichon. 6 Li konmanse voye wòch sou David ak sou moun pa l' yo, atout pèp la ak sòlda yo t'ap mache sou bò dwat ak sou bò gòch wa a. 7 Chimeyi t'ap bay David madichon, li t'ap di l': -Ale ou vouzan! Ale ou vouzan! Vakabon! Ansasen! 8 Ou te pran plas wa Sayil la! Jòdi a Seyè a ap pini ou pou tout moun nan fanmi Sayil ou te sasinen yo. Seyè a renmèt gouvènman an nan men Absalon, pitit gason ou lan. Se konsa pou ou te fini, se ansasen ou ye! 9 Abichayi, pitit gason Sewouya a, di wa a konsa: -Monwa, poukisa pou ou kite chen mouri sa a ap madichonnen ou konsa? Kite m' janbe lòt bò a al koupe tèt li! 10 Wa a di Abichayi ansanm ak Joab, frè li a: -Pa antre nan sa ki pa gade nou, tande. Si se Seyè a ki di l' pou l' ban m' madichon, ki moun ki gen dwa mande l' pouki l'ap fè sa? 11 Apre sa, David pale ak Abichayi ansanm ak tout moun pa l' yo, li di yo: -Gade! Pwòp pitit gason mwen, san mwen, deyò pou l' touye m'. Ale wè pou moun sa a ki soti nan ras Benjamen yo! Kite l' ban m' madichon, si se Seyè a ki di l' ban m' madichon. 12 Nou pa janm konnen, Seyè a va wè nan ki mizè mwen ye. Lè sa a, l'a ban m' benediksyon nan plas madichon l'ap ban m' jòdi a. 13 Se konsa, David ale chemen l' avèk tout moun li yo. Chimeyi menm t'ap mache dèyè yo sou flan mòn lan, li t'ap ba yo madichon, li t'ap voye wòch ak pousyè tè sou yo. 14 Wa a ansanm ak tout pèp la te bouke jouk yo pa t' kapab ankò lè yo rive bò larivyè Jouden. Se la yo rete pran souf. 15 Absalon antre lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun peyi Izrayèl yo. Achitofèl te ansanm ak yo. 16 Lè Ouchayi, bon zanmi David la, kontre ak Absolon, li di: -Viv wa a! Viv wa a! 17 Absalon di l' konsa: -Se konsa ou te bon zanmi David la? Poukisa ou pa t' ale ansanm avè l'? 18 Ouchayi reponn li: -Ki jan pou m' ta fè sa? Se pou moun Seyè a ansanm ak moun sa yo ak tout moun peyi Izrayèl yo chwazi a mwen ye. Se avè l' pou m' rete. 19 Lèfini, ki moun pou m' ta sèvi si se pa pitit mèt mwen an? Menm jan mwen te sèvi papa ou, konsa m'a sèvi ou tou. 20 Apre sa, Absalon vire bò Achitofèl, li di l' konsa: -Ann antann nou sou sa nou pral fè koulye a. 21 Achitofèl reponn: -Al kouche ak lòt fanm kay papa ou yo, sa li kite dèyè pou okipe palè a. Lè sa a, tout moun nan peyi Izrayèl la va konnen bagay la gate nèt ant ou menm ak papa ou. Konsa, moun ki avè ou yo ap vin pi ankouraje. 22 Se konsa, yo moute yon tant pou Absalon sou teras sou do palè a. Epi la, devan tout moun peyi Izrayèl yo, Absalon kouche ak fanm kay papa l' yo. 23 Lè sa a, nenpòt konsèy Achitofèl te bay se tankou si se te pawòl Bondye. Ni David ni Absalon te toujou swiv konsèy li yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Samyèl 16:1

2Sa 16:1-4. Ziba, by False Suggestions, Claims His Master's Inheritance.

1. Ziba the servant of Mephibosheth met him--This crafty man, anticipating the certain failure of Absalom's conspiracy, took steps to prepare for his future advancement on the restoration of the king.

a bottle of wine--a large goatskin vessel. Its size made the supply of wine proportioned to the rest of his present.

2 Samyèl 16:2

2. The asses be for the king's household to ride on--The royal fugitives were moving on foot, not from inability to procure conveyances, but as being suitable to their present state of humiliation and penitence.

2 Samyèl 16:3

3. To-day shall the house of Israel restore me the kingdom of my father--Such a hope might not unnaturally arise at this period of civil distraction, that the family of David would destroy themselves by their mutual broils, and the people reinstate the old dynasty. There was an air of plausibility in Ziba's story. Many, on whom the king had conferred favors, were now deserting him. No wonder, therefore, that in the excitement of momentary feeling, believing, on the report of a slanderer, Mephibosheth to be among the number, he pronounced a rash and unrighteous judgment by which a great injury was inflicted on the character and interests of a devoted friend.

2Sa 16:5-19. Shimei Curses David.

2 Samyèl 16:5-12

5-12. when king David came to Bahurim--a city of Benjamin (2Sa 3:16; 19:16). It is, however, only the confines of the district that are here meant.

Shimei, ... a man of the family of Saul--The misfortune of his family, and the occupation by David of what they considered their rightful possessions, afforded a natural, if not a justifiable cause for this ebullition of rude insults and violence. He upbraided David as an ambitious usurper, and charged him, as one whose misdeeds had recoiled upon his own head, to surrender a throne to which he was not entitled. His language was that of a man incensed by the wrongs that he conceived had been done to his house. David was guiltless of the crime of which Shimei accused him; but his conscience reminded him of other flagrant iniquities; and he, therefore, regarded the cursing of this man as a chastisement from heaven. His answer to Abishai's proposal evinced the spirit of deep and humble resignation--the spirit of a man who watched the course of Providence, and acknowledged Shimei as the instrument of God's chastening hand. One thing is remarkable, that he acted more independently of the sons of Zeruiah in this season of great distress than he could often muster courage to do in the days of his prosperity and power.

2 Samyèl 16:13

13. went along on the hill's side over against him--as he descended the rough road on the eastern side of the Mount of Olives, "went along on the hill's side"--literally, "the rib of the hill."

threw stones at him--as a mark of contempt and insult.

cast dust--As if to add insult to injury, clouds of dust were thrown by this disloyal subject in the path of his unfortunate sovereign.

2 Samyèl 16:14

14. refreshed themselves there--that is, in the city of Bahurim.

2 Samyèl 16:15-19

15-19. Hushai said unto Absalom, God save the king--Hushai's devotion to David was so well-known, that his presence in the camp of the conspirators excited great surprise. Professing, however, with great address, to consider it his duty to support the cause which the course of Providence and the national will had seemingly decreed should triumph, and urging his friendship for the father as a ground of confidence in his fidelity to the son, he persuaded Absalom of his sincerity, and was admitted among the councillors of the new king.

2Sa 16:20-23. Ahithophel's Counsel.

2 Samyèl 16:20

20. Give counsel among you what we shall do--This is the first cabinet council on record, although the deference paid to Ahithophel gave him the entire direction of the proceedings.

2 Samyèl 16:21

21. Ahithophel said unto Absalom--This councillor saw that now the die was cast; half measures would be inexpedient. To cut off all possibility of reconciliation between the king and his rebellious son, he gave this atrocious advice regarding the treatment of the royal women who had been left in charge of the palace. Women, being held sacred, are generally left inviolate in the casualties of war. The history of the East affords only one parallel to this infamous outrage of Absalom.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.