2 Samyèl 15
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li. 2 Chak maten, Absalon leve byen bonè, li al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l' sou kote, li mande l' ki bò li moun. Apre moun lan fin di l' moun ki branch fanmi li ye, 3 Absalon di l' konsa: -Gade! Se ou menm ki gen rezon, lalwa avè ou. Men, p'ap gen yon moun kay wa a k'ap koute ou. 4 Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki va mete m' chèf nan peyi Izrayèl la? Lè sa a, tout moun ki ta gen yon zafè osinon yon plent ta vin jwenn mwen, mwen ta fè l' jistis. 5 Chak fwa yon moun pwoche bò Absalon pou mete ajenou devan l', Absalon lonje men l', li kenbe l' epi li bo l'. 6 Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l'. 7 Apre katran, Absalon di wa David konsa: -Monwa, tanpri! Kite m' ale lavil Ebwon pou m' ka kenbe yon pwomès mwen te fè Seyè a. 8 Antan mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Seyè a si m' te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon. 9 Wa a di l': -Ale ak kè poze. Se konsa Absalon ale lavil Ebwon. 10 Menm lè a, li voye mesaje nan tout branch fanmi Izrayèl yo pou di yo: Lè n'a tande twonpèt yo kònen, n'a fè konnen yo fè Absalon wa lavil Ebwon. 11 Te gen desan (0200) moun lavil Jerizalèm ki te pati avèk Absalon. Se Absalon ki te envite yo. Yo te byen kontan pati avè l', men yo pa t' konn anyen nan zafè konplo a. 12 Antan Absalon t'ap ofri bèt pou Seyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis. 13 Yon mesaje vin di David: -Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l'. 14 Se konsa David rele moun pa l' yo ki te avè l' lavil Jerizalèm, li di yo: -Se pou n' prese mete deyò si nou vle chape anba men Absalon. Ann fè vit kite lavil la. Si se pa sa, talè l'ap sou nou. L'ap fè nou pase pa nou, l'ap touye dènye moun nan lavil la. 15 Patizan wa yo reponn: -Wi, monwa. Nenpòt kisa ou vle nou fè, n'ap fè l'. 16 Wa a pran tout fanmi l', li pati apye. Li kite dis nan fanm kay li yo pou okipe palè a. 17 Wa a leve pati kite lavil la ansanm ak tout moun pa l' yo. Lè yo rive devan dènye kay la, yo fè yon kanpe. 18 Tout chèf li yo te kanpe bò kote l'. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (0600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou. 19 Wa a rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l' konsa: -Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la. 20 Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m' fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Seyè a pou l' aji byen avè ou, pou l' pa janm lage ou! 21 Men Itayi reponn li: -Monwa, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou prale mwen pral avè ou, menm si mwen gen pou m' mouri. 22 Lè sa a, David di li: -Bon. Ou mèt pran devan nou. Se konsa Itayi, moun lavil Gat la, ale avèk wa a, li menm, tout moun li yo ansanm ak tout fanmi yo. 23 Tout moun nan peyi a t'ap rele byen fò lè yo wè David ak moun pa l' yo ap pase ale. David janbe lòt bò ravin Sedwon an ansanm ak tout moun li yo. Yo pran wout ki mennen nan dezè a. 24 Zadòk, prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l' jouk tout rès moun yo fin soti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou. 25 Apre sa, wa a di Zadòk konsa: -Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Seyè a pran plezi nan mwen, yon jou l'a kite m' tounen pou m' wè bwat la ansanm ak kote l' rete a. 26 Men, si li pa kontan avè m' anko, enben, lè sa a, l'a fè sa li vle avè m'. 27 Epi wa a di Zadòk ankò: -Gade! Ou menm ak Abyata, tounen tounen nou lavil Jerizalèm ansanm ak Akimaz, pitit gason ou lan, ak Jonatan, pitit gason Abyata a. 28 Mwen menm, mwen pral tann nou bò larivyè a nan dezè a jouk n'a voye nouvèl ban mwen. 29 Se konsa Zadòk ak Abyata pote Bwat Kontra a tounen lavil Jerizalèm, yo rete la. 30 David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache deyè l' yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye. 31 Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou! 32 Lè David rive sou tèt ti mòn lan, kote yo konn fè sèvis pou Bondye a, Ouchayi, moun peyi Ak la, vin kontre l', rad sou li dechire, tèt li kouvri ak pousyè tè. 33 David di l' konsa: -Ou p'ap ka fè anyen pou mwen si ou vin avè m'. 34 Men, ou ka ede m' anpil si ou tounen lavil Jerizalèm. W'a di Absalon ou pral sèvi l' koulye a menm jan ou te sèvi papa l' nan tan lontan. Lè sa a, w'a ede m' pare tout move kou Achitofèl va gen lide pote m'. 35 Zadòk ak Abyata, de prèt yo, va la tou. W'a di yo tou sa w'a tande y'ap di nan palè a. 36 Yo gen Akimaz ak Jonatan, pitit gason yo, ak yo. W'a voye yo vin di m' dènye sa w'a tande nan palè a. 37 Se konsa, Ouchayi, bon zanmi David la, tounen lavil Jerizalèm. Li antre nan lavil la an menm tan ak Absalon.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Samyèl 15:1
2Sa 15:1-9. Absalom Steals the Hearts of Israel.
1. Absalom prepared him chariots and horses, and fifty men to run before him--This was assuming the state and equipage of a prince. The royal guards, called runners, avant couriers, amounted to fifty (1Ki 1:5). The chariot, as the Hebrew indicates, was of a magnificent style; and the horses, a novelty among the Hebrew people, only introduced in that age as an appendage of royalty (Psa 32:9; 66:12), formed a splendid retinue, which would make him "the observed of all observers."
2 Samyèl 15:2-6
2-6. Absalom rose up early, and stood beside the way of the gate--Public business in the East is always transacted early in the morning--the kings sitting an hour or more to hear causes or receive petitions, in a court held anciently, and in many places still, in the open air at the city gateway; so that, as those whose circumstances led them to wait on King David required to be in attendance on his morning levees, Absalom had to rise up early and stand beside the way of the gate. Through the growing infirmities of age, or the occupation of his government with foreign wars, many private causes had long lain undecided, and a deep feeling of discontent prevailed among the people. This dissatisfaction was artfully fomented by Absalom, who addressed himself to the various suitors; and after briefly hearing their tale, he gratified everyone with a favorable opinion of his case. Studiously concealing his ambitious designs, he expressed a wish to be invested with official power, only that he might accelerate the course of justice and advance the public interests. His professions had an air of extraordinary generosity and disinterestedness, which, together with his fawning arts in lavishing civilities on all, made him a popular favorite. Thus, by forcing a contrast between his own display of public spirit and the dilatory proceedings of the court, he created a growing disgust with his father's government, as weak, careless, or corrupt, and seduced the affections of the multitude, who neither penetrated the motive nor foresaw the tendency of his conduct.
2 Samyèl 15:7-9
7-9. after forty years--It is generally admitted that an error has here crept into the text, and that instead of "forty," we should read with the Syriac and Arabic versions, and Josephus, "four years"--that is, after Absalom's return to Jerusalem, and his beginning to practice the base arts of gaining popularity.
my vow, which I have vowed unto the Lord--during his exile in Geshur. The purport of it was, that whenever God's providence should pave the way for his re-establishment in Jerusalem, he would offer a sacrifice of thanksgiving. Hebron was the spot selected for the performance of this vow, ostensibly as being his native place (2Sa 3:3), and a famous high place, where sacrifices were frequently offered before the temple was built; but really as being in many respects the most suitable for the commencement of his rebellious enterprise. David, who always encouraged piety and desired to see religious engagements punctually performed, gave his consent and his blessing.
2Sa 15:10-12. He Forms a Conspiracy.
2 Samyèl 15:10
10. Absalom sent spies throughout all the tribes of Israel--These emissaries were to sound the inclination of the people, to further the interests of Absalom, and exhort all the adherents of his party to be in readiness to join his standard as soon as they should hear that he had been proclaimed king. As the summons was to be made by the sound of trumpets, it is probable that care had been taken to have trumpeters stationed on the heights, and at convenient stations--a mode of announcement that would soon spread the news over all the country of his inauguration to the throne.
2 Samyèl 15:11
11. with Absalom went two hundred men ... that were called--From their quality, reputation, and high standing, such as would create the impression that the king patronized the movement and, being aged and infirm, was willing to adopt his oldest and noblest son to divide with him the cares and honors of government.
2 Samyèl 15:12
12. Absalom sent for Ahithophel--who he knew was ready to join the revolt, through disgust and revenge, as Jewish writers assert, at David's conduct towards Bath-sheba, who was his granddaughter.
Giloh--near Hebron.
the conspiracy was strong--The rapid accession of one place after another in all parts of the kingdom to the party of the insurgents, shows that deep and general dissatisfaction existed at this time against the person and government of David. The remnant of Saul's partisans, the unhappy affair of Bath-sheba, the overbearing insolence and crimes of Joab, negligence and obstruction in the administration of justice--these were some of the principal causes that contributed to the success of this widespread insurrection.
2Sa 15:13-37. David Flees from Jerusalem.
2 Samyèl 15:14
14. David said ... Arise, and let us flee--David, anxious for the preservation of the city which he had beautified, and hopeful of a greater support throughout the country, wisely resolved on leaving Jerusalem.
2 Samyèl 15:18-20
18-20. all the Gittites, six hundred men--These were a body of foreign guards, natives of Gath, whom David, when in the country of the Philistines, had enlisted in his service, and kept around his person. Addressing their commander, Ittai, he made a searching trial of their fidelity in bidding them (2Sa 15:19) abide with the new king.
2 Samyèl 15:23
23. the brook Kidron--a winter torrent that flows through the valley between the city and the eastern side of the Mount of Olives.
2 Samyèl 15:24-25
24-25. Zadok also, and all the Levites ..., bearing the ark--Knowing the strong religious feelings of the aged king, they brought it to accompany him in his distress. But as he could not doubt that both the ark and their sacred office would exempt them from the attacks of the rebels, he sent them back with it--not only that they might not be exposed to the perils of uncertain wandering, for he seems to place more confidence in the symbol of the divine presence than in God Himself--but that, by remaining in Jerusalem, they might render him greater service by watching the enemy's movements.
2 Samyèl 15:30
30. David went up by the ascent of mount Olivet--The same pathway over that mount has been followed ever since that memorable day.
had his head covered--with a mourning wrapper. The humility and resignation of David marked strongly his sanctified spirit, induced by contrition for his transgressions. He had fallen, but it was the fall of the upright; and he rose again, submitting himself meekly in the meantime to the will of God [Chalmers].
2 Samyèl 15:31
31. David said, Turn, O Lord, ... the counsel of Ahithophel--this senator being the mainstay of the conspiracy.
2 Samyèl 15:32
32. when David was come to the top of the mount, where he worshipped--looking towards Jerusalem, where were the ark and tabernacle.
Hushai the Archite--A native of Archi, on the frontiers of Benjamin and Ephraim (Jos 16:2). Comparing the prayer against Ahithophel with the counsel to Hushai, we see how strongly a spirit of fervent piety was combined in his character with the devices of an active and far-seeing policy.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
