2 Samyèl 17
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Apre sa, Achitofèl di Absalon konsa: -Kite m' chwazi douzmil (012.000) sòlda. M'ap pati aswè a menm dèyè David. 2 M'ap pwofite antan li tou bouke, tou dekouraje a, m'ap atake l', m'ap fè l' pè. Lè sa a, tout moun ki avè l' yo va kraze rak. Se wa a ase m'ap touye. 3 Lèfini, m'ap mennen tout lòt moun yo vin jwenn ou, menm jan yon madan marye tounen vin jwenn mari l'. Se yon sèl moun ou vle yo touye, pa vre. Apre sa, repo pou tout moun. 4 Koze a te fè Absalon ak tout chèf moun Izrayèl yo plezi. 5 Absalon di konsa: -Rele Ouchayi, moun peyi Ak la. Ann tande sa li gen pou l' di nou. 6 Lè Ouchayi rive, Absalon di l' konsa: -Men konsèy Achitofèl ban nou. Eske se pou nou fè sa li di nou fè a? Si ou pa dakò, di nou sa pou nou fè. 7 Ouchayi reponn li: -Fwa sa a, konsèy Achitofèl bay la pa bon menm. 8 Ou konnen jan papa ou ak moun pa li yo vanyan gason? Koulye a, yo move tankou yon manman lous ki pèdi pitit li. Papa ou se yon sòlda ki gen anpil esperyans nan fè lagè. Li p'ap janm rete pase lannwit menm kote ak moun li yo. 9 Koulye a li dwe kache nan yon gwòt osinon yon lòt kote. Premye atak David va fè sou moun ou yo, moun pral konn sa, y'a di: David bat patizan Absalon yo. 10 Lè sa a, menm sòlda ki pi vanyan yo, sa ki tankou lyon, ki pa pè anyen yo, pral pèdi kouraj, paske tout moun peyi Izrayèl yo konnen jan papa ou se sòlda ki konn goumen, jan moun pa l' yo se brave danje. 11 Men konsèy mwen menm m'ap bay: Fè sanble dènye gason nan tout peyi Izrayèl la, depi lavil Dann jouk lavil Bècheba, pou yo tankou grenn sab bò lanmè. Lèfini, ou menm w'a mache alatèt yo. 12 Nenpòt kote David ye, n'a tonbe sou li tankou lawouze sou fèy bwa, n'a atake l' anvan menm li konnen sa k'ap rive l'. Nou p'ap kite pesonn chape, ni li, ni yonn nan moun pa l' yo. 13 Si li al kache kò l' nan yon lavil, tout moun Izrayèl yo va pran kòd, y'a mare lavil la, y'a trennen l' al jete anba nan fon an. Yo pa t' kite yon grenn wòch sou tèt mòn kote lavil la te ye a. 14 Absalon ak tout moun peyi Izrayèl yo di: -Konsèy Ouchayi, moun Ak la, pi bon pase pa Achitofèl la. Sa te pase konsa, paske Seyè a te deside pou li pa t' kite yo swiv konsèy Achitofèl la pou malè te ka tonbe sou Absalon. 15 Apre sa, Ouchayi rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, li di yo: -Men konsèy Achitofèl te bay Absalon ak chèf fanmi moun Izrayèl yo. Men konsèy mwen menm mwen te ba yo. 16 Koulye a, prese voye komisyon bay David. Di li pa rete pase nwit nan plenn dezè a. Se pou l' al pi lwen toujou pou yo pa touye l' ansanm ak moun pa li yo. 17 Jonatan, pitit Abyata a, ak Akimaz, pitit Zadòk la, te rete bò sous Lesivèz yo ap tann, paske yo pa t' ka antre nan lavil la pou moun pa t' wè yo. Se yon sèvant ki te konn al pote nouvèl sa k'ap pase ba yo pou yo te ka al avèti wa David. 18 Men, yon ti gason bare yo, li al di Absalon sa. De mesye yo kouri al kache lakay yon moun ki te rete lavil Bakourim. Nonm lan te gen yon pi nan lakou lakay li. Mesye yo desann al kache ladan l'. 19 Madanm nonm lan pran yon gwo dra, li kouvri bouch pi a. Lèfini, li simen grenn pile sou li, konsa pesonn pa wè sa ki anba dra a. 20 Moun Absalon yo vini nan kay la, yo mande madanm lan: -Kote Akimaz ak Jonatan? Madanm lan reponn: -Yo janbe lòt bò dlo a. Mesye Absalon yo chache, men yo pa jwenn yo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm. 21 Lè yo fin ale, Akimaz ak Jonatan soti nan pi a, y' al pote nouvèl bay wa David. Yo rakonte l' ki konsèy Achitofèl te bay Absalon. Epi yo di l': -Prese janbe lòt bò larivyè Jouden. 22 Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, yo janbe lòt bò larivyè Jouden. Lè bajou kase, yo tout te gen tan lòt bò larivyè a. 23 Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'. 24 Lè Absalon ansanm ak moun li yo rive pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, David te gen tan rive lavil Manayim. 25 Absalon te chwazi Amasa pou kòmande lame a nan plas Joab. Amasa sa a te pitit gason Jitra, yon moun fanmi Izmayèl. Manman l' te rele Abigal, pitit fi Nach, sè Sewouya, manman Joab. 26 Absalon ak moun peyi Izrayèl yo moute tant yo nan peyi Galarad. 27 Lè David rive lavil Manayim, gen twa moun ki vin jwenn li. Se te Choni, pitit gason Nach, moun lavil Raba, kapital peyi Amon an, Maki, pitit gason Amyèl, moun lavil Lodeba, ak Bazilayi, moun lavil Wogelim nan peyi Galarad. 28 Twa mesye sa yo te pote bagay pou moun kouche, bòl, kaswòl ak manje pou David ak moun pa l' yo. Te gen ble, lòj, farin, grenn griye, ti pwa ak gwo pwa tout kalite, 29 siwo myèl, bè, fwomaj lèt bèf, fwomaj lèt mouton. Yonn te di lòt: -Apre tout mache sa a nan dezè a, moun sa yo dwe grangou, yo dwe swaf, yo dwe bouke kont kò yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Samyèl 17:1-11
2Sa 17:1-14. Ahithophel's Counsel Overthrown by Hushai.
1-11. Moreover Ahithophel said unto Absalom--The recommendation to take prompt and decisive measures before the royalist forces could be collected and arranged, evinced the deep political sagacity of this councillor. The adoption of his advice would have extinguished the cause of David; and it affords a dreadful proof of the extremities to which the heartless prince was, to secure his ambitious objects, prepared to go, that the parricidal counsel "pleased Absalom well, and all the elders of Israel." It was happily overruled, however, by the address of Hushai, who saw the imminent danger to which it would expose the king and the royal cause. He dwelt upon the warlike character and military experience of the old king--represented him and his adherents as mighty men, who would fight with desperation; and who, most probably, secure in some stronghold, would be beyond reach, while the smallest loss of Absalom's men at the outset might be fatal to the success of the conspiracy. But his dexterity was chiefly displayed in that part of his counsel which recommended a general levy throughout the country; and that Absalom should take command of it in person--thereby flattering at once the pride and ambition of the usurper. The bait was caught by the vainglorious and wicked prince.
2 Samyèl 17:12
12. we will light upon him as the dew falleth on the ground--No image could have symbolized the sudden onset of an enemy so graphically to an Oriental mind as the silent, irresistible, and rapid descent of this natural moisture on every field and blade of grass.
2 Samyèl 17:13
13. all Israel shall bring ropes to that city--In besieging a town, hooks or cranes were often thrown upon the walls or turrets, by which, with ropes attached to them, the besiegers, uniting all their force, pulled down the fortifications in a mass of ruins.
2 Samyèl 17:14
14. The counsel of Hushai the Archite is better than the counsel of Ahithophel--The reasons specified being extremely plausible, and expressed in the strong hyperbolical language suited to dazzle an Oriental imagination, the council declared in favor of Hushai's advice; and their resolution was the immediate cause of the discomfiture of the rebellion, although the council itself was only a link in the chain of causation held by the controlling hand of the Lord.
2Sa 17:15-22. Secret Intelligence Sent to David.
2 Samyèl 17:16
16. send quickly, and tell David--Apparently doubting that his advice would be followed, Hushai ordered secret intelligence to be conveyed to David of all that transpired, with an urgent recommendation to cross the Jordan without a moment's delay, lest Ahithophel's address and influence might produce a change on the prince's mind, and an immediate pursuit be determined on.
2 Samyèl 17:17
17. by En-rogel--the fuller's well in the neighborhood of Jerusalem, below the junction of the valley of Hinnom with that of Jehoshaphat.
2 Samyèl 17:18
18. and came to a man's house in Bahurim, which had a well in his court--The court was that of the house, and the well an empty cistern. All the houses of the better class are furnished with such reservoirs. Nothing could more easily happen than that one of these wells, in consequence of a deficiency of water, should become dry and it would then answer as a place of retreat, such as David's friends found in the man's house at Bahurim. The spreading of a covering over the well's mouth for the drying of corn is a common practice.
2Sa 17:23-29. Ahithophel Hangs Himself.
2 Samyèl 17:23
23. when Ahithophel saw that his counsel was not followed--His vanity was wounded, his pride mortified on finding that his ascendency was gone; but that chagrin was aggravated by other feelings--a painful conviction that through the delay which had been resolved on, the cause of Absalom was lost. Hastening home, therefore, he arranged his private affairs, and knowing that the storm of retributive vengeance would fall chiefly upon him as the instigator and prop of the rebellion, he hanged himself. It may be remarked that the Israelites did not, at that time, refuse the rites of sepulture even to those who died by their own hands. He had an imitator in Judas, who resembled him in his treason, as well as in his infamous end.
2 Samyèl 17:24
24. Then David came to Mahanaim--in the high eastern country of Gilead, the seat of Ish-bosheth's government.
Absalom passed over Jordan--It is not said how long an interval elapsed, but there must have been sufficient time to make the intended levy throughout the kingdom.
2 Samyèl 17:25
25. Amasa--By the genealogy it appears that this captain stood in the same relation to David as Joab, both being his nephews. Of course, Amasa was Absalom's cousin, and though himself an Israelite, his father was an Ishmaelite (1Ch 2:17).
Nahash--is thought by some to be another name of Jesse, or according to others, the name of Jesse's wife.
2 Samyèl 17:27-29
27-29. when David was come to Mahanaim--The necessities of the king and his followers were hospitably ministered to by three chiefs, whose generous loyalty is recorded with honor in the sacred narrative.
Shobi--must have been a brother of Hanun. Disapproving, probably, of that young king's outrage upon the Israelite ambassadors, he had been made governor of Ammon by David on the conquest of that country.
Machir--(See 2Sa 9:4). Supposed by some to have been a brother of Bath-sheba, and
Barzillai--a wealthy old grandee, whose great age and infirmities made his loyal devotion to the distressed monarch peculiarly affecting. The supplies they brought, which (besides beds for the weary) consisted of the staple produce of their rich lands and pastures, may be classified as follows: eatables--wheat, barley, flour, beans, lentils, sheep, and cheese; drinkables--"honey and butter" or cream, which, being mixed together, form a thin, diluted beverage, light, cool, and refreshing. Being considered a luxurious refreshment (So 4:11), the supply of it shows the high respect that was paid to David by his loyal and faithful subjects at Mahanaim.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
