2 Samyèl 14
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Joab, pitit Sewouya a, te konnen wa David te anvi wè Absalon anpil. 2 Sa li fè, li voye lavil Tekoa al chache yon fanm ki te gen anpil ladrès. Lè fanm lan rive, li di l' konsa: -Ou pral pran pòz ou nan gwo lapenn. W'ap mete rad dèy sou ou, lèfini pa mete ankenn odè sou ou. Se pou yo ka pran ou pou yon moun ki gen yon moun mouri depi lontan. 3 Lèfini, ou pral bò kote wa a, w'a di l' tou sa m'a di ou di li. Apre sa, Joab fè bouch li. 4 Fanm lan ale vre bò kot wa a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, epi li di: -Tanpri, monwa, fe kichòy pou mwen! 5 Wa a mande l': -Kisa ou genyen? Fanm lan reponn li: -Adje, monwa! Se yon pòv vèv mwen ye. Mari m' mouri. 6 Li kite m' ak de pitit gason. Yon jou, yo te nan jaden, yonn gen kont ak lòt, yo goumen. Pa t' gen pesonn la pou separe yo. Yonn ladan yo touye lòt la. 7 Koulye a menm, tout fanmi m' yo leve dèyè m', y'ap mande m' pou m' lage sa ki te touye lòt la nan men yo pou yo touye l' tou, paske li te touye frè l' la. Si yo fè sa, m'ap rete san pitit gason. Y'ap wete dènye ti espwa ki te rete m' lan. Lèfini, mari m' p'ap gen yon pitit gason pou leve non l' sou tè a. 8 Wa a di madanm lan: -Ou mèt al lakay ou. M'ap okipe sa pou ou. 9 Fanm lavil Tekoa a di wa a konsa: -Monwa, nenpòt kisa w'a deside fè, si pou gen repwòch, y'a repwoche mwen menm ansanm ak fanmi pa m'. Men, ou menm ak gouvènman ou, nou pa reskonsab anyen. 10 Wa a reponn li: -Si yon moun konprann pou li kraponnen ou, mennen l' ban mwen. Li p'ap janm chache ou kont ankò. 11 Fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou moun nan fanmi an ki reskonsab pou tire revanj lanmò pitit gason m' lan pa fè plis dega toujou, pou l' pa touye lòt pitit gason ki rete m' lan. David reponn li: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, mwen p'ap kite yo manyen yon grenn cheve nan tèt pitit gason ou lan! 12 Lè sa a, fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Kite m' di ou yon dènye pawòl. Wa a reponn li: -Pale non. 13 Fanm lan di l' konsa: -Poukisa ou fè move lide sa a sou pèp Bondye a? Ou pa vle kite pwòp pitit gason ou lan tounen nan peyi a. Jan ou sot pale a, ou kondannen pwòp tèt ou. 14 Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'. 15 Monwa, rezon ki fè mwen te vin pale avè ou la, se paske moun yo t'ap fè m' pè. Mwen di nan kè m' mwen pral pale ak wa a. Wa a ka fè sa m'ap mande l' la. 16 Mwen t'ap di wa a ka koute m', li ka delivre m' anba men moun ki soti pou yo touye pitit gason m' lan ansanm avè m', anba men moun ki soti pou wete moso tè ki vin pou nou nan peyi Bondye bay pèp li a. 17 Mwen di ankò pawòl monwa va ban m' kouraj paske wa a se tankou yon zanj Bondye li ye. Li konn rekonèt sa ki byen ak sa ki mal. Mwen mande pou Seyè a, Bondye ou la, toujou kanpe la avè ou! 18 Wa a di l' konsa: -Mwen pral mande ou kichòy, pa kache m' anyen. Fanm lan reponn: -Monwa, mande m' sa ou vle? 19 Wa a mande l': -Eske Joab pa nan plan sa a avè ou? Fanm lan reponn li: -Menm jan ou vivan an, monwa, pa gen anyen ki pi sèten pase sa ou di la a. Wi, monwa. Se Joab, chèf lame ou la, ki di m' tou sa pou m' fè ak tou sa pou m' di. 20 Men, si li fè l' se paske li vle pou tout bagay sa a regle. Monwa, ou gen bon konprann tankou yon zanj Bondye, ou konnen tou sa ki ap pase nan peyi a. 21 Pita, wa a di Joab konsa: -Mwen pral fè sa ou vle m' fè a. Ale chache jennonm yo rele Absalon an, mennen l' tounen isit la. 22 Joab tonbe ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè. Li di: -Se pou Bondye beni ou, monwa! Jòdi a mwen konnen ou kontan avè m' vre, paske ou ban mwen sa m' mande ou la. 23 Joab leve, li ale lavil Gechou, li mennen Absalon tounen lavil Jerizalèm. 24 Men, wa a bay lòd pou Absalon pa vin rete nan palè a, paske li pa vle pou l' parèt devan li. Se konsa Absalon al rete lakay li, li pa janm parèt devan wa a. 25 Pa t' gen pi bèl gason nan tout peyi Izrayèl la pase Absalon. Tout moun t'ap di sa. Pran depi nan cheve l' rive nan pwent zòtèy li, li pa t' gen ankenn defo. 26 Li te gen anpil cheve. Li te blije koupe yo chak lanne paske, lè yo te lonje yo te vin twò lou pou li. Lè yo peze cheve yo, yo ka rive peze senk liv dapre sistèm pèz yo sèvi kay wa a. 27 Absalon te gen twa pitit gason ak yon pitit fi ki te rele Tama. Tama te bèl anpil. 28 Absalon pase dezan lavil Jerizalèm san li pa janm parèt devan wa a. 29 Apre sa, li voye chache Joab pou mande l' al kote wa a pou li. Men, Joab pa vini. Yon lòt fwa ankò, Absalon voye chache l'. Fwa sa a tou Joab refize vini. 30 Lè sa a, Absalon di domestik li yo: -Gade! Nou wè jaden Joab ki toupre jaden pa m' lan. Li plante lòj. Enben, al met dife ladan l'. Y' ale, yo mete dife nan jaden Joab la. 31 Joab al lakay Absalon, li mande l': -Poukisa moun pa ou yo mete dife nan jaden m' lan? 32 Absalon reponn li: -Paske ou pa t' vle vini lè mwen te voye chache ou la. Mwen te bezwen ou ale bò kote wa a pou mwen pou ou mande l' sa m' te bezwen kite lavil Gechou a vin isit la fè. Pito m' te rete laba a. Koulye a, mwen ta renmen ou jwenn yon jan pou m' parèt devan wa a. Si m' antò, li mèt touye m'! 33 Se konsa Joab al bò kote wa David, li rapòte l' sa Absalon te di l' la. Wa a voye chache Absalon. Absalon vini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa resevwa l', li bo l'.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Samyèl 14:2-21
2Sa 14:1-21. Joab Instructs a Woman of Tekoah.
2-21. And Joab sent to Tekoah, and fetched thence a wise woman--The king was strongly attached to Absalom; and having now got over his sorrow for the violent death of Amnon, he was desirous of again enjoying the society of his favorite son, who had now been three long years absent. But a dread of public opinion and a regard to the public interests made him hesitate about recalling or pardoning his guilty son; and Joab, whose discerning mind perceived this struggle between parental affection and royal duty, devised a plan for relieving the scruples, and, at the same time, gratifying the wishes, of his master. Having procured a countrywoman of superior intelligence and address, he directed her to seek an audience of the king, and by soliciting his royal interposition in the settlement of a domestic grievance, convinced him that the life of a murderer might in some cases be saved. Tekoah was about twelve miles south of Jerusalem, and six south of Beth-lehem; and the design of bringing a woman from such a distance was to prevent either the petitioner being known, or the truth of her story easily investigated. Her speech was in the form of a parable--the circumstances--the language--the manner--well suited to the occasion, represented a case as like David's as it was policy to make it, so as not to be prematurely discovered. Having got the king pledged, she avowed it to be her design to satisfy the royal conscience, that in pardoning Absalom he was doing nothing more than he would have done in the case of a stranger, where there could be no imputation of partiality. The device succeeded; David traced its origin to Joab; and, secretly pleased at obtaining the judgment of that rough, but generally sound-thinking soldier, he commissioned him to repair to Geshur and bring home his exiled son.
2 Samyèl 14:22
22. To-day thy servant knoweth that I have found grace in thy sight--Joab betrayed not a little selfishness amid his professions of joy at this act of grace to Absalom, and flattered himself that he now brought both father and son under lasting obligations. In considering this act of David, many extenuating circumstances may be urged in favor of it; the provocation given to Absalom; his being now in a country where justice could not overtake him; the risk of his imbibing a love for heathen principles and worship; the safety and interests of the Hebrew kingdom; together with the strong predilection of the Hebrew people for Absalom, as represented by the stratagem of Joab--these considerations form a plausible apology for David's grant of pardon to his bloodstained son. But, in granting this pardon, he was acting in the character of an Oriental despot rather than a constitutional king of Israel. The feelings of the father triumphed over the duty of the king, who, as the supreme magistrate, was bound to execute impartial justice on every murderer, by the express law of God (Ge 9:6; Nu 35:30, 31), which he had no power to dispense with (De 18:18; Jos 1:8; 1Sa 10:25).
2 Samyèl 14:25-26
25-26. But in all Israel there was none to be so much praised as Absalom for his beauty--This extraordinary popularity arose not only from his high spirit and courtly manners, but from his uncommonly handsome appearance. One distinguishing feature, seemingly an object of great admiration, was a profusion of beautiful hair. Its extraordinary luxuriance compelled him to cut it "at every year's end;" lit., "at times," "from time to time," when it was found to weigh two hundred shekels--equal to one hundred twelve ounces troy; but as "the weight was after the king's shekel," which was less than the common shekel, the rate has been reduced as low as three pounds, two ounces [Bochart], and even less by others.
2 Samyèl 14:28
28. So Absalom dwelt two full years in Jerusalem, and saw not the king's face--Whatever error David committed in authorizing the recall of Absalom, he displayed great prudence and command over his feelings afterwards--for his son was not admitted into his father's presence but was confined to his own house and the society of his own family. This slight severity was designed to bring him to sincere repentance, on perceiving that his father had not fully pardoned him, as well as to convince the people of David's abhorrence of his crime. Not being allowed to appear at court, or to adopt any state, the courtiers kept aloof; even his cousin did not deem it prudent to go into his society. For two full years his liberty was more restricted, and his life more apart from his countrymen while living in Jerusalem, than in Geshur; and he might have continued in this disgrace longer, had he not, by a violent expedient, determined (2Sa 14:30) to force his case on the attention of Joab, through whose kind and powerful influence a full reconciliation was effected between him and his father.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
