Kòmanse

2 Samyèl 13

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David la, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit gason David, tonbe damou pou li. 2 Amnon te sitèlman renmen l', li vin malad paske li pa t' ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pa t' kite l' kontre ak ankenn gason. 3 Men, Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil. 4 Li di Amnon konsa: -Ou se pitit wa a. Chak jou mwen wè figi ou kagou. Sa ki genyen? Amnon reponn li: -Mwen renmen Tama, sè Absalon, frè menm papa avè m' lan. 5 Jonadab di li: -Pran pòz malad ou, moute kabann ou kouche. Lè papa ou va vin wè ou, w'a di l': Tanpri, kite Tama, sè m' lan, vin ban m' manje. Mwen ta renmen pou li pare manje a devan m' pou m' wè l', lèfini pou l' sèvi m' manje a li menm. 6 Se konsa Amnon moute kabann li kouche, li pran pòz malad li. Wa David vin wè l'. Amnon di l' konsa: -Tanpri, kite Tama vin pare de ti gato la devan m' lan, lèfini pou l' sèvi m' yo li menm. 7 David voye komisyon bay Tama nan palè a pou l' ale kay Amnon pare manje pou li. 8 Tama ale vre kay Amnon, li jwenn li kouche sou kabann li. Li pran ti gout farin frans, li pare l', li fè kèk gato pou li devan je l'. Lèfini, li mete yo kwit. 9 Apre sa, li wete yo nan pwelon an devan Amnon. Men, Amnon refize manje. Li di l': -Fè tout moun soti! Lè tout moun fin soti, 10 Amnon di Tama konsa: -Pote gato yo nan chanm lan. Se ou menm ki pou sèvi m'. Tama pran gato li te fè yo, li pote yo bay Amnon nan chanm lan. 11 Antan l'ap lonje gato a ba li, Amnon mete men sou li. Li di l' konsa: -vin kouche avè m' non, sè m'! 12 Tama di l': -Non, frè m'! Pa fòse m'! Sa pa fèt konsa nan peyi Izrayèl! Pa fè bagay lèd sa a. 13 Apre sa, mwen p'ap ka gade moun nan je ankò. Ou menm, pou tèt pa ou, w'ap pase pou yonn nan pi move moun nan peyi Izrayèl. Tanpri, pale ak wa a. Mwen sèten li p'ap refize ou marye avè m'. 14 Men, Amnon pa wè li pa tande, li kenbe l' la. Li te gen plis fòs pase l', li kouche ak li. 15 Lèfini, li santi li rayi Tama pou l' mouri. Li vin rayi l' plis pase jan li te renmen l' lan. Li di l': -Mete ou deyò lakay mwen! 16 Tama reponn li: -A non! Mete m' deyò konsa! Sa pi mal ankò pase sa ou sot fè m' la a! Men Amnon pa t' soti pou koute l'. 17 Li rele gason ki t'ap sèvi l' la, li di l': -Wete fi sa a devan je m'! Mete l' deyò. Lèfini, fèmen pòt la akle dèyè l'. 18 Gason an fè Tama soti deyò, li fèmen pòt la akle dèyè l'. Tama te gen yon rad long ak gwo manch sou li. Se rad konsa pitit wa yo te konn mete sou yo lè yo poko marye. 19 Li simen sann dife sou tèt li, li chire rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi li ale. 20 Lè sa a, Absalon, frè l' la, mande l': -Eske Amnon, frè ou la, fè kadejak sou ou? Tanpri, sè m' pa kite sa fatige ou twòp, tande. Se frè ou li ye. Pa di pesonn anyen. Se konsa Tama rete pou kont li kay Absalon, frè l' la. Li te nan gwo lapenn. 21 Lè wa David vin konn sa ki te pase, li te move. Men, li pa di Amnon anyen, paske se te premye pitit gason l'. Li te renmen l' kou de grenn je nan tèt li. 22 Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l' bonjou. 23 Dezan apre sa, Absalon t'ap koupe lenn mouton l' yo lavil Baal azò, toupre lavil Efrayim. Li envite tout pitit gason wa yo vin manje. 24 li al jwenn wa David, li di l' konsa: -Monwa, mwen pral koupe lenn mouton m' yo. Ou pa ta vle vini ansanm ak tout chèf ou yo lakay mwen? 25 W'a reponn li: -Non, pitit mwen! Se pral twòp traka pou ou si nou tout nou vini. Absalon pèsiste, men wa a pa pran priyè, li voye l' ale ak benediksyon l'. 26 Lè sa a Absalon di l': -Men, èske w'ap kite Amnon, frè m' lan, vini ak nou? Wa a reponn li? -Poukisa pou l' ale a? 27 Men Absalon sitèlman pèsiste, bout pou bout, David kite Amnon ale ansanm ak tout lòt pitit gason l' yo. Absalon te pare yon gwo fèt tankou si l' t'ap fè l' pou yon wa. 28 Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. n'a touye l'. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble. 29 Se konsa domestik Absalon yo swiv lòd Absalon te ba yo, yo touye Amnon. Lè sa a, tout lòt pitit gason David yo leve, yo moute milèt yo, yo met deyò. 30 Yo te sou chemen lakay yo toujou, lè David vin pran nouvèl Absalon touye dènye pitit gason li yo, pa gen yonn ki chape. 31 Wa a leve kanpe, li chire rad ki te sou li, li lage kò l' atè. Tout moun ki te avèk wa a chire rad sou yo tou. 32 Men Jonabad, pitit gason Chimeya, frè David la, di l': -Monwa, yo pa touye tout pitit gason ou yo non. Se Amnon ase ki mouri, paske Absalon te gen lide nan tèt li pou l' te fè sa depi lè Amnon te fè kadejak sou Tama, sè l' la. 33 Koulye a, monwa, ou pa bezwen koute moun k'ap vin di ou tout pitit gason ou yo mouri. Se Amnon ase yo touye. 34 Lè sa a Absalon te gen tan kraze rak. Sòlda ki te faksyonnè a wè yon foul moun ki t'ap kouri desann ti pant sou chemen lavil Owonayim lan. li al jwenn wa a, li di l' sa li wè. 35 Jonabad di wa a konsa: -Men sa m' t'ap di ou la. Se pitit gason ou yo k'ap vini. 36 Fini li fin di sa, pitit gason David yo rive. Yo pete rele. Wa a pran rele ansanm ak tout chèf li yo. Yo rele kont rele yo. 37 Absalon menm kraze rak, li al kay Talmayi, pitit gason Amiyoud la, ki te wa lavil Gechou a. David menm te nan gwo lapenn pandan kèk jou pou lanmò Amnon. 38 Absalon rete pase twazan lavil Gechou kote li te kouri al kache a. 39 Lè wa David fin konsole apre lanmò Amnon, li vin anvi wè Absalon.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Samyèl 13:1

Introduction

Amnon falls in love with his half-sister Tamar, and feigns himself sick, and requests her to attend him, 2Sam 13:1-6. David sends her to him, and he violates her, 2Sam 13:7-14. He then hates her, and expels her from his house, 2Sam 13:15-17, She rends her garments, puts ashes on her head, and goes forth weeping, 2Sam 13:18, 2Sam 13:19. She is met by Absalom her brother, who, understanding her case, determines the death of Amnon, 2Sam 13:20-22. Two years after, he invites all his brothers to a sheep-shearing, when he orders his servants to murder Amnon, 2Sam 13:23-29. Tidings come to David that Absalom has slain all the king's sons, which fill him with the bitterest distress, 2Sam 13:30, 2Sam 13:31. The rest soon arrive, and he finds that Amnon only is killed, 2Sam 13:32-36. Absalom flees to Talmai, king of Geshur, where he remains three years, 2Sam 13:37, 2Sam 13:38. David longs after Absalom, having become reconciled to the death of Amnon, 2Sam 13:39.

Verse 1

Whose name was Tamar - Tamar was the daughter of David and Maacah, daughter of the king of Geshur, and the uterine sister of Absalom. Amnon was David's eldest son by Ahinoam. She was therefore sister to Amnon only by the father's side, i.e., half-sister; but whole sister to Absalom.

2 Samyèl 13:2

Verse 2

Amnon was so vexed - for she was a virgin - It has been well remarked that "the passion of love is nowhere so wasting and vexatious, as where it is unlawful. A quick sense of guilt, especially where it is enormous, as in the present instance, strikes the soul with horror; and the impossibility of an innocent gratification loads that horror with desperation: a conflict too cruel and too dreadful for human bearing." - Delaney.

2 Samyèl 13:3-11

Verse 3

Jonadab was a very subtle man - And most diabolic advice did he give to his cousin. We talk of the simplicity and excellence of primitive times! "Say not thou what is the cause that the former days were better than these." Take them altogether, we may thank God that they are past, and pray him that they may never return.

2 Samyèl 13:12

Verse 12

Nay, my brother - There is something exceedingly tender and persuasive in this speech of Tamar; but Amnon was a mere brute, and it was all lost on him.

2 Samyèl 13:13-14

Verse 13

Speak unto the king - So it appears that she thought that the king, her father, would give her to him as wife. This is another strong mark of indelicacy in those simple but barbarous times. There might have been some excuse for such connections under the patriarchal age, but there was none now. But perhaps she said this only to divert him from his iniquitous purpose, that she might get out of his hands.

2 Samyèl 13:15-17

Verse 15

Hated her exceedingly - Amnon's conduct to his sister was not only brutal but inexplicable. It would be easy to form conjectures concerning the cause, but we can arrive at no certainty.

2 Samyèl 13:18-20

Verse 18

A garment of divers colors - See the note on Gen 37:3, where the same words occur.

2 Samyèl 13:21-22

Verse 21

But when King David heard - To this verse the Septuagint add the following words: Και ουκ ελυπησε το πνευμα Αμνων του υἱου αυτου, ὁτι ηγαπα αυτον, ὁτι πρωτοτοκος αυτου ην; "But he would not grieve the soul of Amnon his son, for he loved him, because he was his first-born." The same addition is found in the Vulgate and in Josephus, and it is possible that this once made a part of the Hebrew text.

2 Samyèl 13:23-25

Verse 23

Absalom had sheep-shearers - These were times in which feasts were made, to which the neighbors and relatives of the family were invited.

2 Samyèl 13:26-29

Verse 26

Let my brother Amnon go - He urged this with the more plausibility, because Amnon was the first-born, and presumptive heir to the kingdom; and he had disguised his resentment so well before, that he was not suspected.

2 Samyèl 13:30-31

Verse 30

Absalom hath slain all the king's sons - Fame never lessens but always magnifies a fact. Report, contrary to the nature of all other things, gains strength by going.

Virgil has given, in his best manner, a fine personification of Fame or Evil Report. - Aen. iv., 173.

Extemplo Libyae magnas it Fama per urbes;

Fama, malum qua non aliud velocius ullum,

Mobilitate viget, viresque adquirit eundo, etc. "Now Fame, tremendous fiend! without delay,

Through Libyan cities took her rapid way;

Fame, the swift plague, that every moment grows,

And gains new strength and vigor as she goes," etc.

2 Samyèl 13:32-36

Verse 32

And Jonadab - said - Amnon only is dead - This was a very bad man, and here speaks coolly of a most bloody tragedy, which himself had contrived.

2 Samyèl 13:37-38

Verse 37

Absalom fled - As he had committed wilful murder, he could not avail himself of a city of refuge, and was therefore obliged to leave the land of Israel, and take refuge with Talmai, king of Geshur, his grandfather by his mother's side. See 2Sam 3:3.

2 Samyèl 13:39

Verse 39

David longed to go forth unto Absalom - We find that he had a very strong paternal affection for this young man, who appears to have had little to commend him but the beauty of his person. David wished either to go to him, or to bring him back; for the hand of time had now wiped off his tears for the death of his son Amnon. Joab had marked this disposition, and took care to work on it, in order to procure the return of Absalom. It would have been well for all parties had Absalom ended his days at Geshur. His return brought increasing wretchedness to his unfortunate father. And it may be generally observed that those undue, unreasonable paternal attachments are thus rewarded.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.