2 Wa 22

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l' te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka. 2 Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal. 3 Wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen. Yon jou li pran sekretè palè a, Chafan, pitit gason Azalya a, pitit pitit Mechoulam lan, li voye l' nan Tanp Seyè a, li di l' konsa: 4 —Ale jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l' pou l' fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la. 5 W'a di l' pou l' renmèt lajan an nan men mesye ki reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di: 6 bòs chapant yo, kontremèt yo ak bòs mason yo, lèfini pou yo achte bwa ak wòch yo bezwen pou fè reparasyon nan Tanp lan. 7 Li p'ap bezwen fè regleman ak moun sa yo, paske se moun serye yo ye. 8 Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l' konsa: —Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Seyè a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l'. 9 Lèfini, li tounen al jwenn wa a, li fè rapò li. Li di l' konsa: —Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmèt li bay moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp Seyè a. 10 Lèfini, li di wa a: —Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv tou. Chafan li liv la pou wa a. 11 Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi. 12 Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a: 13 —Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'. 14 Se konsa Ilkija, prèt la, Akikam, Akbò, Chafan ak Asaja al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fèk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a se te madanm yon nonm yo rele Chaloum, pitit Tikva, pitit pitit Aras ki te reskonsab rad seremoni yo. Mesye yo di Oulda sa ki te rive. 15 Oulda reponn: —Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m' lan: 16 Men mesaj Seyè a voye ba li. Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a. 17 Yo vire do ban mwen, yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, yo fè m' fè kolè. Mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kolè m' poko ap pase. 18 Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la. 19 Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa. 20 Ou menm, w'ap mouri ak kè poze nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm lan. Mesye yo tounen pote mesaj la bay wa Jozyas.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Wa 22:1-2

2Ki 22:1, 2. Josiah's Good Reign.

1-2. Josiah was eight years old when he began to reign--Happier than his grandfather Manasseh, he seems to have fallen during his minority under the care of better guardians, who trained him in the principles and practice of piety; and so strongly had his young affections been enlisted on the side of true and undefiled religion, that he continued to adhere all his life, with undeviating perseverance, to the cause of God and righteousness.

2Ki 22:3-7. He Provides for the Repair of the Temple.

2 Wa 22:3-4

3-4. in the eighteenth year of king Josiah--Previous to this period, he had commenced the work of national reformation. The preliminary steps had been already taken; not only the builders were employed, but money had been brought by all the people and received by the Levites at the door, and various other preparations had been made. But the course of this narrative turns on one interesting incident which happened in the eighteenth year of Josiah's reign, and hence that date is specified. In fact the whole land was thoroughly purified from every object and all traces of idolatry. The king now addressed himself to the repair and embellishment of the temple and gave directions to Hilkiah the high priest to take a general survey, in order to ascertain what was necessary to be done (see on 2Ch 34:8-15).

2Ki 22:8-15. Hilkiah Finds the Book of the Law.

2 Wa 22:8-11

8-11. Hilkiah said ... I have found the book of the law in the house of the Lord, &c.--that is, the law of Moses, the Pentateuch. It was the temple copy which, had been laid (De 31:25, 26) beside the ark in the most holy place. During the ungodly reigns of Manasseh and Amon--or perhaps under Ahaz, when the temple itself had been profaned by idols, and the ark also (2Ch 35:3) removed from its site; it was somehow lost, and was now found again during the repair of the temple [Keil]. Delivered by Hilkiah the discoverer to Shaphan the scribe [2Ki 22:8], it was by the latter shown and read to the king. It is thought, with great probability, that the passage read to the king, and by which the royal mind was so greatly excited, was a portion of Deuteronomy, the twenty-eighth, twenty-ninth, and thirtieth chapters, in which is recorded a renewal of the national covenant, and an enumeration of the terrible threats and curses denounced against all who violated the law, whether prince or people. The impressions of grief and terror which the reading produced on the mind of Josiah have seemed to many unaccountable. But, as it is certain from the extensive and familiar knowledge displayed by the prophets, that there were numbers of other copies in popular circulation, the king must have known its sacred contents in some degree. But he might have been a stranger to the passage read him, or the reading of it might, in the peculiar circumstances, have found a way to his heart in a manner that he never felt before. His strong faith in the divine word, and his painful consciousness that the woeful and long-continued apostasies of the nation had exposed them to the infliction of the judgments denounced, must have come with overwhelming force on the heart of so pious a prince.

2 Wa 22:12-20

12-15. the king commanded ... Go, inquire of the Lord for me, &c.--The agitated feelings of the king prompted him to ask immediate counsel how to avert those curses under which his kingdom lay; and forthwith a deputation of his principal officers was sent to one endowed with the prophetic spirit.

Ahikam--a friend of Jeremiah (Jr 26:24).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.