2 Wa 23

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè sa a, wa Jozyas voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a pou yo reyini ansanm avè l'. 2 Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm avèk prèt yo, pwofèt yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki te nan Liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a. 3 Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lòd Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li. Lèfini, pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. Tout pèp la pran angajman pou yo kenbe kontra a tou. 4 Apre sa, Jozyas rele Ilkija, granprèt la, prèt ki te avè l' yo ak sòlda ki te desèvis nan pòt Tanp lan, li ba yo lòd al pran nan Tanp lan tout bagay yo te fè pou Baal, pou Achera ak pou zetwal yo, pote yo deyò. Wa a boule tout bagay sa yo andeyò lavil la, bò fon Sedwon an. Lèfini, li fè pote tout sann yo lavil Betèl. 5 Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo. 6 Li wete estati Achera, zidòl fanm ki te nan Tanp lan, li fè yo pote l' andeyò lavil la nan fon Sedwon. Li boule l', li kraze l' fè l' tounen pousyè, l' al simen pousyè a nan simityè pèp la. 7 Li demoli tout kay kote mesyedam k'ap fè jennès pou zidòl yo te rete nan Tanp Seyè a. Se la medam yo te konn fè twal pou estati Achera a tou. 8 Lèfini, li fè tout prèt ki te rete nan lavil peyi Jida yo antre lavil Jerizalèm. Li mache nan tout peyi a depi lavil Geba jouk lavil Bècheba, li gate tout kote prèt sa yo te konn fè sèvis pou zidòl yo, kifè yo pa t' ka sèvi pou sa ankò. Li demoli lotèl pòtay yo, ki te bò pòtay Jozye, gouvènè lavil la, te bati sou bò gòch pòtay prensipal la lè w'ap antre. 9 Tansèlman, prèt ki te sèvi nan tanp zidòl sa yo pa t' gen dwa sèvi nan Tanp lan ankò, men yo te gen dwa manje pen san ledven ansanm ak lòt prèt parèy yo. 10 Wa Jozyas gate Tofèt la tou, yon tanp zidòl ki te nan fon Enon an, konsa pesonn pa t' ka ofri pitit fi osinon pitit gason yo pou boule pou Molòk ankò. 11 Li wete chwal wa Jida yo te mete apa pou sèvis bondye Solèy la. Li boule cha ki te konn sèvi nan sèvis pou solèy la. Se nan yon pyès nan lakou tanp lan yo te ye, toupre pòtay la, bò kay kote Netanmelèk, nèg konfyans wa a, te rete. 12 Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon. 13 Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Moab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an. 14 Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun. 15 Jozyas demoli lotèl ak tanp zidòl wa Jewoboram, pitit Nebat la, te bati lavil Betèl la tou. Se Jewoboram sa a ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal. Li kraze lotèl la, li fè wòch yo tounen poud. Li boule estati Achera a. 16 Lèfini, Jozyas voye je l' sou ti mòn lan, li wè yon bann tonm. Li fè detere zosman yo pou boule yo sou lotèl la. Se konsa li gate lotèl la, jan Seyè a te fè pwofèt la di l' la lè Jewoboram te kanpe bò lotèl la pandan fèt la. Apre sa, Jozyas voye je l' gade ankò, li wè tonm pwofèt ki te fè konnen bagay sa yo gen pou rive a. 17 Li mande: —Ki gwo tonm mwen wè laba a: Moun Betèl yo reponn: —Se tonm pwofèt ki te soti peyi Jida vin fè nou konnen sa monwa t'ap vin fè lotèl Betèl la. 18 Jozyas di: —Bon. Kite l' jan li ye a! Piga pesonn manyen zosman li yo. Se konsa yo respekte zosman li yo ansanm ak zosman pwofèt ki te soti lavil Samari a. 19 Nan tout lavil peyi Izrayèl yo, wa Jozyas demoli tout kay zidòl wa peyi Izrayèl yo te fè bati epi ki te lakòz Seyè a te fache anpil. Li fè yo tou sa li te fè tanp zidòl lavil Betèl yo. 20 Li mete men sou tout prèt zidòl li te jwenn la yo, li touye yo sou lotèl yo. Lèfini, li boule zosman moun sou yo. Apre sa, li tounen tounen l' lavil Jerizalèm. 21 Wa Jozyas bay pèp la lòd pou yo fete fèt Delivrans lan pou fè lwanj Seyè a, Bondye yo a, jan sa ekri nan Liv Kontra a. 22 Yo pa t' janm fete fèt Delivrans lan konsa depi lè jij chèf yo t'ap gouvènen peyi a, ni pandan reny tout wa peyi Izrayèl yo ak tout wa peyi Jida yo. 23 Se sèlman sou reny wa Jozyas yo fete fèt Delivrans lan konsa lavil Jerizalèm pou Seyè a. Lè sa a, wa a t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen peyi a. 24 Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l' te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Seyè a. 25 Ni anvan l', ni apre l', pa t' janm gen yon wa tankou l' ki te sèvi Seyè a ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout kouraj li, jan lalwa Moyiz mande l' la. 26 Men malgre sa, Seyè a te move toujou sou pèp peyi Jida a depi lè li te fache sou Manase pou sa l' te fè a. 27 Se poutèt sa, Seyè a di: —Mwen pral wete moun peyi Jida yo devan je m' menm jan m' te fè l' pou moun peyi Izrayèl yo. Se mwen ki te chwazi lavil Jerizalèm. Enben, m' pral voye l' jete ansanm ak Tanp mwen te di se la m'ap rete a. 28 Tout rès istwa Jozyas la ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa Jida yo. 29 Se sou reny Jozyas, farawon Neko, wa peyi Lejip, te moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al bay wa peyi Lasiri a yon koutmen. Wa Jozyas soti al kontre l' pou anpeche li pase. Rive bò lavil Megido, wa Neko wè l', li touye l'. 30 Ofisye lame wa Jozyas yo pran kadav la, yo mete l' sou yon cha soti Megido, yo mennen l' lavil Jerizalèm kote yo antere l' nan kavo li. Apre sa, pèp la pran Joakaz, pitit Jozyas, yo mete l' apa devan Bondye pou l' sèvi wa nan plas papa l'. 31 Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna. 32 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo. 33 Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (07.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò. 34 Apre sa, li pran Elyakim, pitit Jozyas, li mete l' wa nan plas papa l'. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l' Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l' nan peyi Lejip. Se la Joakaz mouri. 35 Jojakim bay farawon Neko tout ajan ak tout lò li te mande a. Pou l' te ka jwenn yo, li te fè chak moun nan peyi a bay dapre sa yo genyen. Se konsa li te fòse pèp la bay ajan ak lò farawon Neko te mande a. 36 Jojakim te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan onzan. Manman l' te rele Zebida. Se te pitit fi Pedaja, moun lavil Wouma. 37 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Wa 23:1-3

2Ki 23:1-3. Josiah Causes the Law to Be Read.

1-3. the king sent, and they gathered unto him all the elders--This pious and patriotic king, not content with the promise of his own security, felt, after Huldah's response, an increased desire to avert the threatened calamities from his kingdom and people. Knowing the richness of the divine clemency and grace to the penitent, he convened the elders of the people, and placing himself at their head, accompanied by the collective body of the inhabitants, went in solemn procession to the temple, where he ordered the book of the law to be read to the assembled audience, and covenanted, with the unanimous concurrence of his subjects, to adhere steadfastly to all the commandments of the Lord. It was an occasion of solemn interest, closely connected with a great national crisis, and the beautiful example of piety in the highest quarter would exert a salutary influence over all classes of the people in animating their devotions and encouraging their return to the faith of their fathers.

2 Wa 23:4

4. the king commanded Hilkiah, &c.--that is, the high priest and other priests, for there was not a variety of official gradations in the temple.

all the vessels, &c.--the whole apparatus of idol-worship.

burned them without Jerusalem--The law required them to be consigned to the flames (De 7:25).

in the fields of Kidron--most probably that part of the valley of Kidron, where lies Jerusalem and the Mount of Olives. It is a level, spacious basin, abounding at present with plantations [Robinson]. The brook winds along the east and south of the city, the channel of which is throughout a large portion of the year almost or wholly dry, except after heavy rains, when it suddenly swells and overflows. There were emptied all the impurities of the temple (2Ch 29:15, 16) and the city. His reforming predecessors had ordered the mutilated relics of idolatry to be thrown into that receptacle of filth (1Ki 15:13; 2Ch 15:16; 30:14); but Josiah, while he imitated their piety, far outstripped them in zeal; for he caused the ashes of the burnt wood and the fragments of the broken metal to be collected and conveyed to Beth-el, in order thenceforth to associate ideas of horror and aversion with that place, as odious for the worst pollutions.

2 Wa 23:5

5. put down the idolatrous priests--Hebrew, chemarim, "scorched," that is, Guebres, or fire-worshippers, distinguished by a girdle (Eze 23:14-17) or belt of wool and camel's hair, twisted round the body twice and tied with four knots, which had a symbolic meaning, and made it a supposed defense against evil.

them also that burned incense unto Baal, to the sun, and to the moon, &c.--or Baal-shemesh, for Baal was sometimes considered the sun. This form of false worship was not by images, but pure star-worship, borrowed from the old Assyrians.

and--rather, "even to all the host of heaven."

2 Wa 23:6

6. brought out the grove--that is, Asherah, the mystic tree, placed by Manasseh in the temple [2Ki 21:5; 2Ch 33:5], removed by him after his conversion [2Ch 33:15], but replaced in the sanctuary by his wicked son Amon [2Ki 21:20, 21]. Josiah had it taken to Kidron, burnt the wood, ground the metal about it to powder, and strewed the ashes "on the graves of the children of the people." The poor were buried in a common on part of the valley of Kidron. But reference is here made to the graves "of those that had sacrificed" (2Ch 34:4).

2 Wa 23:7

7. brake down the houses of the sodomites--not solid houses, but tents, called elsewhere [2Ki 17:30] Succoth-benoth, "the booths of the young women," who were devoted to the service of Asherah, for which they made embroidered hangings, and in which they gave themselves to unbridled revelry and lust. Or the hangings might be for Asherah itself, as it is a popular superstition in the East to hang pieces of cloth on trees.

2 Wa 23:8-9

8-9. he brought all the priests out of the cities of Judah, and defiled the high places, &c.--Many of the Levitical order, finding in the reigns of Manasseh and Amon the temple-worship abolished and the tithes and other offerings alienated, had been betrayed into the folly of officiating on high places, and presenting such sacrifices as were brought to them. These irregularities, even though the object of that worship was the true God, were prohibited in the law (De 12:11). Those who had been guilty of this sin, Josiah brought to Jerusalem. Regarding them as defiled, he debarred them from the service of the temple, but gave them an allowance out of the temple revenues, like the lame and disabled members of the priesthood (Le 21:21, 22).

from Geba to to Beer-sheba--the most northern and the most southern places in Judah--meaning all parts of the kingdom.

the high places ... which were in the entering in of the gate of Joshua--The governor's house and gate were on the left of the city gate, and close by the entrance of that civic mansion house were public altars, dedicated, it might be, to the true God, but contrary to His own ordinance of worship (Is 57:8).

2 Wa 23:10

10. Topheth--so called from Toph--a "drum." It is the prevailing opinion among Jewish writers that the cries of the terrified children made to pass through the fire in that place of idolatrous horror were drowned by the sound of that instrument.

2 Wa 23:11

11. took away the horses that the kings of Judah had given to the sun--Among the people who anciently worshipped the sun, horses were usually dedicated to that divinity, from the supposed idea that the sun himself was drawn in a chariot by horses. In some cases these horses were sacrificed; but more commonly they were employed either in the sacred processions to carry the images of the sun, or for the worshippers to ride in every morning to welcome his rise. It seems that the idolatrous kings, Ahaz, Manasseh, and Amon, or their great officers, proceeded on these horses early on each day from the east gate of the temple to salute and worship the sun at his appearing above the horizon.

2 Wa 23:12

12. the altars that were on the top of the upper chamber of Ahaz--Altars were reared on the flat roofs of houses, where the worshippers of "the host of heaven" burnt incense (Zep 1:5; Jr 19:13). Ahaz had reared altars for this purpose on the oleah, or upper chamber of his palace, and Manasseh on some portion of the roof of the temple. Josiah demolished both of these structures.

2 Wa 23:13-14

13-14. the high places ... which Solomon ... had builded--(See on 1Ki 11:5).

the right hand of the mount of corruption--The Mount of Olives is a hilly range on the east of Jerusalem. This range has three summits, of which the central one is the Mount of Corruption, so called from the idol temples built there, and of course the hill on the right hand denotes the southernmost peak. Josiah is said not to have destroyed, but only defiled, "the high places on the hill of corruption." It is most probable that Hezekiah had long before demolished the idolatrous temples erected there by Solomon but, as the superstitious people continued to regard the spot as consecrated ground, Josiah defiled it.

2 Wa 23:15-20

15-20. Moreover the altar that was at Beth-el, &c.--Not satisfied with the removal of every vestige of idolatry from his own dominion, this zealous iconoclast made a tour of inspection through the cities of Samaria and all the territory formerly occupied by the ten tribes, destroying the altars and temples of the high places, consigning the Asherim to the flames, putting to death the priests of the high places, and showing his horror at idolatry by ransacking the sepulchers of idolatrous priests, and strewing the burnt ashes of their bones upon the altars before he demolished them.

2 Wa 23:21-23

21-23. the king commanded all the people, saying, Keep the passover unto the Lord your God, &c.--It was observed with great solemnity and was attended not only by his own subjects, but by the remnant people from Israel (see on 2Ch 35:1-19). Many of the Israelites who were at Jerusalem might have heard of, if they did not hear, the law read by Josiah. It is probable that they might even have procured a copy of the law, stimulated as they were to the better observance of Jehovah's worship by the unusual and solemn transactions at Jerusalem.

2 Wa 23:26

26. Notwithstanding, the Lord turned not from the fierceness of his wrath,--&c. The national reformation which Josiah carried on was acquiesced in by the people from submission to the royal will; but they entertained a secret and strong hankering after the suppressed idolatries. Though outwardly purified, their hearts were not right towards God, as appears from many passages of the prophetic writings; their thorough reform was hopeless; and God, who saw no sign of genuine repentance, allowed His decree (2Ki 21:12-15) for the subversion of the kingdom to take fatal effect.

2 Wa 23:29

29. In his days Pharaoh-nechoh--(See 2Ch 35:20-27).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.