2 Wa 21
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. Manman l' te rele Efziba. 2 Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo. 3 Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze. Li bati lotèl pou Baal, li fè fè yon estati Achera, tankou sa Akab, wa peyi Izrayèl la, te fè fè a. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo. 4 Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm. 5 Li fè bati lotèl nan de lakou tanp lan pou tout zetwal ki nan syèl la. 6 Li bay pitit gason l' pou yo boule sou lotèl pou zidòl yo. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive, li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal nan je Seyè a pou l' te fè l' move jouk li pa kapab ankò. 7 Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l' nan Tanp lan, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen. 8 Si moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m' lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te bay zansèt yo a. 9 Men moun peyi Jida yo pa koute Seyè a, Manase pran tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. 10 Lè sa a, Seyè a voye sèvitè l' yo, pwofèt yo, pou di yo: 11 —Wa Manase te fè tout bagay degoutan sa yo. Li te fè pi mal pase moun Amori yo ki te la nan peyi a anvan yo. Avèk tout vye zidòl li yo, li fè pèp Jida a tonbe nan fè sa ki mal. 12 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Mwen pral voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida a. Lè moun va pran nouvèl la, y'ap rete gaga. 13 M'ap peni lavil Jerizalèm menm jan mwen te peni lavil Samari ak fanmi wa Akaz la. Mwen pral netwaye lavil Jerizalèm tankou yo netwaye yon asyèt lèfini yo vire l' bouch anba. 14 M'ap vire do bay rès moun ki va chape yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo ki pral piye yo, ki pral pran peyi a nan men yo. 15 M'ap fè pèp mwen an sa paske yo fè sa ki mal devan m', yo fè m' fache anpil depi jou zansèt yo te soti kite peyi Lejip jouk jounen jòdi a. 16 Manase pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pa t' dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Seyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san. 17 Tout rès istwa Manase a, tou sa li te fè ak tout move zak li te fè yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 18 Lè Manase mouri, yo antere l' nan jaden palè a, jaden Ouza a. Se Amon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 19 Amon te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan dezan. Manman l' te rele Mechoulemèt. Se te pitit fi Awouz, yon moun lavil Jotba. 20 Tankou Manase, papa l', li fè sa ki mal devan Seyè a. 21 Li mache pye pou pye dèyè Manase nan tout bagay. Li sèvi zidòl papa l' te sèvi yo, li adore yo. 22 Li vire do bay Seyè a, Bondye zansèt li yo, li pa mache jan Seyè a vle l' la. 23 Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l' anndan palè a. 24 Moun pèp Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo, yo mete Jozyas, pitit gason l' lan, wa nan plas li. 25 Tout rès istwa Amon an, tou sa li te fè, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 26 Lè Amon mouri, yo antere l' nan kavo fanmi an, nan jaden Ouza a. Lèfini, se Jozyas, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Wa 21:1-3
2Ki 21:1-18. Manasseh's Wicked Reign, and Great Idolatry.
1-3. Manasseh was twelve years old when he began to reign--He must have been born three years after his father's recovery; and his minority, spent under the influence of guardians who were hostile to the religious principles and reforming policy of his father, may account in part for the anti-theocratic principles of his reign. The work of religious reformation which Hezekiah had zealously carried on was but partially accomplished. There was little appearance of its influence on the heart and manners of the people at large. On the contrary, the true fear of God had vanished from the mass of the people; corruption and vice increased, and were openly practised (Is 28:7, &c.) by the degenerate leaders, who, having got the young prince Manasseh into their power, directed his education, trained him up in their views, and seduced him into the open patronage of idolatry. Hence, when he became sovereign, he introduced the worship of idols, the restoration of high places, and the erection of altars or pillars to Baal, and the placing, in the temple of God itself, a graven image of Asherah, the sacred or symbolic tree, which represented "all the host of heaven." This was not idolatry, but pure star-worship, of Chaldaic and Assyrian origin [Keil]. The sun, as among the Persians, had chariots and horses consecrated to it (2Ki 23:11); and incense was offered to the stars on the housetops (2Ki 23:12; 2Ch 33:5; Jr 19:13; Zep 1:5), and in the temple area with the face turned toward the sunrise (Eze 8:16).
2 Wa 21:5
5. the two courts of the house of the Lord--the court of the priests, and the large court of the people.
2 Wa 21:6
6. made his son pass through the fire--(See on 2Ki 16:3).
observed times--from an observation of the clouds.
used enchantments--jugglery and spells.
dealt with familiar spirits--Septuagint, "ventriloquists," who pretended to ask counsel of a familiar spirit and gave the response received from him to others.
and wizards--wise or knowing ones, who pretended to reveal secrets, to recover things lost and hidden treasure, and to interpret dreams. A great influx of these impostors had, at various times, poured from Chaldea into the land of Israel to pursue their gainful occupations, especially during the reigns of the latter kings; and Manasseh was not only their liberal patron, but zealous to appear himself an adept in the arts. He raised them to be an influential class at his court, as they were in that of Assyria and Babylon, where nothing was done till they had ascertained the lucky hour and were promised a happy issue.
2 Wa 21:7
7. And he set a graven image--The placing of the Asherah within the precincts of the temple, which was dedicated to the worship of the true God, is dwelt upon as the most aggravated outrage of the royal idolater.
2 Wa 21:8
8. Neither will I make the feet of Israel move ... out of the land which I gave their fathers--alluding to the promise (2Sa 7:10).
only if they will observe, &c.--This condition was expressed from the first plantation of Israel in Canaan. But that people not only did not keep it, but through the pernicious influence of Manasseh, were seduced into greater excesses of idolatrous corruption than even the original Canaanites.
2 Wa 21:10-17
10-17. And the Lord spake by his servants the prophets--These were Hosea, Joel, Nahum, Habakkuk, and Isaiah. Their counsels, admonitions, and prophetic warnings, were put on record in the national chronicles (2Ch 33:18) and now form part of the sacred canon.
2 Wa 21:19-24
19-24. Amon was twenty and two years old when he began to reign--This prince continued the idolatrous policy of his father; and, after an inglorious reign of two years, he was massacred by some of his own domestics. The people slew the regicide conspirators and placed his son Josiah on the throne.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
