2 Wa 18
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Oze, pitit Ela, t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Ezekyas, pitit gason Akaz, moute wa nan peyi Jida. 2 Lè sa a, li te gen vennsenkan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abi. Se te pitit fi Zakari. 3 Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak David, zansèt li a. 4 Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze an miyèt moso estati sèpan an kwiv Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a toujou pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele l' Newouchtan. 5 Ezekyas te mete tout konfyans li nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Peyi Jida a pa janm gen yon wa tankou l', ni anvan l' ni apre l'. 6 Li te kenbe Bondye li fèm, li pa t' janm dezobeyi l'. Li te fè tou sa Seyè a te mande dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 7 Se poutèt sa, Seyè a te toujou la avè l'. Tou sa li te fè te byen soti. Ezekyas kenbe tèt ak wa peyi Lasiri a. Li derefize soumèt devan li. 8 Li bat moun peyi Filisti yo, li kouri dèyè yo rive lavil Gaza ak sou fwontyè l' yo, li piye dènye kote yo te rete, depi ti bouk avanpòs yo rive nan gwo lavil ak ranpa yo. 9 Ezekyas t'ap mache sou katran depi li te wa nan peyi Jida, Oze, pitit Ela a menm, te gen sètan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Salmanaza, wa peyi Lasiri a, anvayi peyi Izrayèl, li sènen lavil Samari. 10 Sou bout twazan, li pran lavil la. Lè sa a, Ezekyas t'ap mache sou sizan depi li te wa, Oze menm te gen nevan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl. 11 Salmanaza fè tout moun peyi Izrayèl yo prizonye. Li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan an, yon pati nan lavil peyi Medi yo. 12 Lavil Samari te tonbe paske moun pèp Izrayèl yo pa t' obeyi Seyè a, Bondye yo a. Yo pa t' respekte kontra li te pase ak yo a. Yo pa t' fè tou sa Moyiz, sèvitè Seyè a, te mande yo fè. Yo pa t' koute l'. 13 Wa Ezekyas t'ap mache sou katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo. Li pran yo. 14 Lè sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesaj bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l' konsa: —Sa m' fè a mal. Tanpri, pa atake m' ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m' bay, m'ap ba ou li. Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò. 15 Ezekyas ba li tout ajan ki te nan Tanp Seyè a ak nan trezò palè a. 16 Li dekale tout lò li menm li te fè plake sou pòt ak chanbrann pòt Tanp Seyè a, li voye yo bay wa peyi Lasiri a. 17 Apre sa, wa peyi Lasiri a rete lavil Lakis li voye kòmandan chèf lame li a, chèf gad pèsonèl li a ak chèf gad palè li a ansanm ak yon gwo lame bò kote Ezekyas. Yo moute lavil Jerizalèm pou atake l'. Lè yo rive la, yo moute kan yo sou wout ki mennen nan jaden kote yo lave twal ki fenk tenn yo, toupre kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la. 18 Yo voye chache wa a. Men se twa otorite ki soti vin jwenn yo. Se te Elyakim, pitit Ilkija a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a. 19 Chèf gad palè wa Lasiri a di yo konsa: —Ale di wa Ezekyas men mesaj gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye ba li: Poukisa ou gen tout konfyans sa a? 20 Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase, san ou pa bezwen lespri ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye pou ou kenbe tèt ak mwen konsa? 21 W'al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè l' konfyans. 22 Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini, li mande tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm pou yo vin devan yon sèl lotèl la? 23 Antann nou avè mèt mwen an, wa peyi Lasiri a. Lèfini, m'ap ban nou demil (02.000) chwal si nou ka jwenn demil sòlda pou moute yo. 24 Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi se sou peyi Lejip w'ap konte pou jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè? 25 Epitou, pa konprann se san konsantman Seyè a mwen vin atake peyi a pou m' detwi l'. Se Seyè a menm ki di m' atake peyi ou la pou m' detwi l'. 26 Lè sa a, Elyakim, pitit Ilkija a, Chebna ansanm ak Joak, di chèf gad palè a: —Tanpri, mèt. Pale arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men, pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute. 27 Men, chèf gad palè a di yo an ebre: —An! Nou konprann se pou wa nou an ansanm ak nou twa la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo? Non. M'ap pale ak tout moun ki chita sou miray la tou. Yo menm tou yo pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou! 28 Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò an ebre, li di konsa: —Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou. 29 Li voye di nou pa kite Ezekyas twonpe nou. Li pa ka sove nou tande. 30 Pa kite l' pran tèt nou lè l'ap di nou nou mèt sèten Seyè a pral sove nou, Seyè a p'ap lage lavil la nan men wa peyi Lasiri a. 31 Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l', pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout ka manje rezen nan jaden rezen nou, n'a ka manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a ka bwè dlo nan pi nou. 32 Lè wa a va vin isit la pita, la pran nou, la mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven, yon peyi kote ki gen pye oliv pou fè lwil oliv ak anpil siwo myèl. Konsa n'a viv, nou p'ap mouri. Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou. 33 Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a? 34 Kote bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo, moun Ena ak moun Iva yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l'? 35 Nan tout bondye sa yo, kilès ki te rive sove moun yo anba men l'? Poukisa atò se Seyè a ki pou ta sove lavil Jerizalèm anba men l'? 36 Men pèp la pa louvri bouch reponn, yo pa di yon mo paske wa a te bay lòd pou pesonn pa reponn. 37 Apre sa, Elyakim, pitit Ilkija a, ki chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a ak Joak, pitit Azaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l' tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Wa 18:1-2
2Ki 18:1-3. Hezekiah's Good Reign.
1-2. Hezekiah ... began to reign. Twenty and five years old--According to this statement (compare 2Ki 16:2), he must have been born when his father Ahaz was no more than eleven years old. Paternity at an age so early is not unprecedented in the warm climates of the south, where the human frame is matured sooner than in our northern regions. But the case admits of solution in a different way. It was customary for the later kings of Israel to assume their son and heir into partnership in the government during their lives; and as Hezekiah began to reign in the third year of Hoshea (2Ki 18:1), and Hoshea in the twelfth year of Ahaz (2Ki 17:1), it is evident that Hezekiah began to reign in the fourteenth year of Ahaz his father, and so reigned two or three years before his father's death. So that, at the beginning of his reign in conjunction with his father, he might be only twenty-two or twenty-three, and Ahaz a few years older than the common calculation makes him. Or the case may be solved thus: As the ancient writers, in the computation of time, take notice of the year they mention, whether finished or newly begun, so Ahaz might be near twenty-one years old at the beginning of his reign, and near seventeen years older at his death; while, on the other hand, Hezekiah, when he began to reign, might be just entering into his twenty-fifth year, and so Ahaz would be near fourteen years old when his son Hezekiah was born--no uncommon age for a young man to become a father in southern latitudes [Patrick].
2Ki 18:4-37. He Destroys Idolatry.
2 Wa 18:4
4. He removed the high places and brake the images, &c.--The methods adopted by this good king for extirpating idolatry, and accomplishing a thorough reformation in religion, are fully detailed (2Ch 20:3; 31:19). But they are indicated very briefly, and in a sort of passing allusion.
brake in pieces the brazen serpent--The preservation of this remarkable relic of antiquity (Nu 21:5-10) might, like the pot of manna and Aaron's rod, have remained an interesting and instructive monument of the divine goodness and mercy to the Israelites in the wilderness: and it must have required the exercise of no small courage and resolution to destroy it. But in the progress of degeneracy it had become an object of idolatrous worship and as the interests of true religion rendered its demolition necessary, Hezekiah, by taking this bold step, consulted both the glory of God and the good of his country.
unto those days the children of Israel did burn incense to it--It is not to be supposed that this superstitious reverence had been paid to it ever since the time of Moses, for such idolatry would not have been tolerated either by David or by Solomon in the early part of his reign, by Asa or Jehoshaphat had they been aware of such a folly. But the probability is, that the introduction of this superstition does not date earlier than the time when the family of Ahab, by their alliance with the throne of Judah, exercised a pernicious influence in paving the way for all kinds of idolatry. It is possible, however, as some think, that its origin may have arisen out of a misapprehension of Moses' language (Nu 21:8). Serpent-worship, how revolting soever it may appear, was an extensively diffused form of idolatry; and it would obtain an easier reception in Israel because many of the neighboring nations, such as the Egyptians and Phoenicians, adored idol gods in the form of serpents as the emblems of health and immortality.
2 Wa 18:5-6
5-6. He trusted in the Lord God of Israel--without invoking the aid or purchasing the succor of foreign auxiliaries like Asa (1Ki 15:18, 19) and Ahaz (2Ki 16:17; Is 7:1-25).
so that after him was none like him among all the kings of Judah--Of course David and Solomon are excepted, they having had the sovereignty of the whole country. In the petty kingdom of Judah, Josiah alone had a similar testimony borne to him (2Ki 23:25). But even he was surpassed by Hezekiah, who set about a national reformation at the beginning of his reign, which Josiah did not. The pious character and the excellent course of Hezekiah was prompted, among other secondary influences, by a sense of the calamities his father's wicked career had brought on the country, as well as by the counsels of Isaiah.
2 Wa 18:7-8
7-8. he rebelled against the king of Assyria--that is, the yearly tribute his father had stipulated to pay, he, with imprudent haste, withdrew. Pursuing the policy of a truly theocratic sovereign, he was, through the divine blessing which rested on his government, raised to a position of great public and national strength. Shalmaneser had withdrawn from Palestine, being engaged perhaps in a war with Tyre, or probably he was dead. Assuming, consequently, that full independent sovereignty which God had settled on the house of David, he both shook off the Assyrian yoke, and, by an energetic movement against the Philistines, recovered from that people the territory which they had taken from his father Ahaz (2Ch 28:18).
2 Wa 18:13
13. Sennacherib--the son and successor of Shalmaneser.
all the fenced cities of Judah--not absolutely all of them; for, besides the capital, some strong fortresses held out against the invader (2Ki 18:17; 2Ki 19:8). The following account of Sennacherib's invasion of Judah and the remarkable destruction of his army, is repeated almost verbatim in 2Ch 32:1-33 and Is 36:1-37:38. The expedition seems to have been directed against Egypt, the conquest of which was long a leading object of ambition with the Assyrian monarchs. But the invasion of Judah necessarily preceded, that country being the key to Egypt, the highway through which the conquerors from Upper Asia had to pass. Judah had also at this time formed a league of mutual defense with Egypt (2Ki 18:24). Moreover, it was now laid completely open by the transplantation of Israel to Assyria. Overrunning Palestine, Sennacherib laid siege to the fortress of Lachish, which lay seven Roman miles from Eleutheropolis, and therefore southwest of Jerusalem on the way to Egypt [Robinson]. Among the interesting illustrations of sacred history furnished by the recent Assyrian excavations, is a series of bas-reliefs, representing the siege of a town, which the inscription on the sculpture shows to be Lachish, and the figure of a king, whose name is given, on the same inscription, as Sennacherib. The legend, sculptured over the head of the king, runs thus: "Sennacherib, the mighty king, king of the country of Assyria, sitting on the throne of judgment before the city of Lachish [Lakhisha], I give permission for its slaughter" [Nineveh and Babylon]. This minute confirmation of the truth of the Bible narrative is given not only by the name Lachish, which is contained in the inscription, but from the physiognomy of the captives brought before the king, which is unmistakably Jewish.
2 Wa 18:14-16
14-16. Hezekiah ... sent to Lachish, saying, ... that which thou puttest on me will I bear--Disappointed in his expectations of aid from Egypt, and feeling himself unable to resist so mighty a conqueror who was menacing Jerusalem itself, Hezekiah made his submission. The payment of 300 talents of silver, and 30 talents of gold--£351,000--brought a temporary respite; but, in raising the imposed tribute, he was obliged not only to drain all the treasures of the palace and the temple, but even to strip the doors and pillars of the sacred edifice of the gold that adorned them.
2Ki 18:17-37. Sennacherib Besieges Jerusalem.
2 Wa 18:17
17. king of Assyria sent Tartan--general (Is 20:1).
Rab-saris--chief of the eunuchs.
Rab-shakeh--chief cupbearer. These were the great officers employed in delivering Sennacherib's insulting message to Hezekiah. On the walls of the palace of Sennacherib, at Khorsabad, certain figures have been identified with the officers of that sovereign mentioned in Scripture. In particular, the figures, Rab-shakeh, Rab-saris, and Tartan, appear as full-length portraits of the persons holding those offices in the reign of Sennacherib. Probably they represent the very individuals sent on this embassy.
with a great host to Jerusalem--Engaged in a campaign of three years in Egypt, Sennacherib was forced by the king of Ethiopia to retreat, and discharging his rage against Jerusalem, he sent an immense army to summon it to surrender. (See on 2Ch 32:30).
the conduit of the upper pool--the conduit which went from the reservoir of the Upper Gihon (Birket et Mamilla) to the lower pool, the Birket es Sultan.
the highway of the fuller's field--the public road which passed by that district, which had been assigned them for carrying on their business without the city, on account of the unpleasant smell [Keil].
2 Wa 18:18
18. when they had called to the king--Hezekiah did not make a personal appearance, but commissioned his three principal ministers to meet the Assyrian deputies at a conference outside the city walls.
Eliakim--lately promoted to be master of the royal household (Is 22:20).
Shebna--removed for his pride and presumption (Is 22:15) from that office, though still royal secretary.
Joah ... the recorder--that is, the keeper of the chronicles, an important office in Eastern countries.
2 Wa 18:19
19. Rab-shakeh said--The insolent tone he assumed appears surprising. But this boasting [2Ki 18:19-25], both as to matter and manner, his highly colored picture of his master's powers and resources, and the impossibility of Hezekiah making any effective resistance, heightened by all the arguments and figures which an Oriental imagination could suggest, has been paralleled in all, except the blasphemy, by other messages of defiance sent on similar occasions in the history of the East.
2 Wa 18:27
27. that they may eat, &c.--This was designed to show the dreadful extremities to which, in the threatened siege, the people of Jerusalem would be reduced.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
