2 Wa 19
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li tèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi l' al nan tanp Seyè a. 2 Li voye Elyakim, chèf moun k'ap travay nan palè a, ak Chebna, sekretè a, ansanm ak chèf prèt yo, bò kote pwofèt Ezayi, pitit Amòz la. Yo tout te gen rad sak sou yo. 3 Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: —Jodi a se jou malè pou nou! Bondye ap peni nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lèzo, men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti. 4 Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' peni moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou. 5 Lè moun wa Ezekyas yo al jwenn Ezayi, 6 men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen. 7 Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l'. 8 Chèf gad palè a te vin konnen wa Lasiri a te pati kite Lakis pou l' t al atake lavil Libna. Se la l' al jwenn wa a, 9 paske wa a te pran nouvèl Tiraka, wa peyi Letiopi a, t'ap moute vin atake l'. Wa a voye lòt mesaje ankò bò kote Ezekyas. 10 Li di yo: —Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa peyi Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans la, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou. 11 Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi anvan ou yo. Yo te soti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m! 12 Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, nan lavil Aran, nan lavil Rezèf ak dènye moun Betedenn yo ki rete lavil Telasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo? 13 Kote wa lavil Amak la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena a ak wa lavil Iva a? 14 Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Seyè a. 15 Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: —Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a. 16 Panche zòrèy ou non, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m', pawòl ki manke Bondye vivan an dega! 17 Nou konnen, Seyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo. 18 Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak an wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo. 19 Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye. 20 Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas: —Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou. 21 Men pawòl Seyè a di sou Senakerib: Lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou. 22 Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Ki moun w'ap klere je ou gade konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 23 Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kalite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn, ata sou tèt mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye rezen li yo. Mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden. 24 Mwen fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo. Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye. 25 Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou m' te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli. 26 Moun ki te rete la te san fòs. Yo te pè, yo pa t' konn sa pou yo fè. Yo te tankou raje nan jaden, tankou zèb gazon, tankou raje k'ap pouse sou do kay, tankou pye mayi ki cheche anvan li mete zepi. 27 Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou soti, mwen konnen lè ou antre. Mwen pran nouvèl jan ou fin anraje sou mwen. 28 Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chimen ou te pran pou vini an pou ou tounen. 29 Apre sa, Izayi di wa Ezekyas konsa: —Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vin apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen. 30 Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye. Y'a kanpe ankò. 31 Va gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm ak sou mòn Siyon an ki va chape. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè sa, paske li renmen ou anpil. 32 Men sa Seyè a di sou wa peyi Lasiri a: Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Li p'ap gen tan voye yon sèl grenn flèch sou li. P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote l'. Ni yo p'ap fouye twou pou sènen l'. 33 Chemen li te pran pou l' vini an, se li menm l'ap pran pou l' tounen. Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Se mwen menm, Seyè a menm, ki di sa. 34 M'ap pwoteje lavil sa a. M'ap delivre l' pou m' fè respè tèt mwen, pou m' kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m' lan. 35 Menm jou sa a, nan mitan lannwit, zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil (0185.000) sòlda. Nan maten, lè moun leve se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri. 36 Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati, li tounen lavil Neniv. 37 Yon jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l' yo touye l' ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason li yo ki te rele Asaradon ki moute wa nan plas li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Wa 19:1-3
2Ki 19:1-5. Hezekiah in Deep Affliction.
1-3. when king Hezekiah heard it, he rent his clothes--The rending of his clothes was a mode of expressing horror at the daring blasphemy--the assumption of sackcloth a sign of his mental distress--his entrance into the temple to pray the refuge of a pious man in affliction--and the forwarding an account of the Assyrian's speech to Isaiah was to obtain the prophet's counsel and comfort. The expression in which the message was conveyed described, by a strong figure, the desperate condition of the kingdom, together with their own inability to help themselves; and it intimated also a hope, that the blasphemous defiance of Jehovah's power by the impious Assyrian might lead to some direct interposition for the vindication of His honor and supremacy to all heathen gods.
2 Wa 19:4
2 Wa 19:6
6. Isaiah said ... Be not afraid--The prophet's answer was most cheering, as it held out the prospect of a speedy deliverance from the invader. The blast, the rumor, the fall by the sword, contained a brief prediction that was soon fulfilled in all the three particulars--namely, the alarm that hastened his retreat, the destruction that overtook his army, and the violent death that suddenly ended his career.
2Ki 19:8-13. Sennacherib Sends a Blasphemous Letter to Hezekiah.
2 Wa 19:8
8. So Rab-shakeh ... found the king of Assyria warring against Libnah--Whether Lachish had fallen or not, is not said. But Sennacherib had transferred his battering-rams against the apparently neighboring fortress of Libnah (Jos 10:29; compare Jos 10:31; 15:42), where the chief-cup-bearer reported the execution of his mission.
2 Wa 19:9-13
9-13. when he heard say of Tirhakah ..., Behold, he is come out to fight against thee, &c.--This was the "rumor" to which Isaiah referred [2Ki 19:7]. Tirhakah reigned in Upper Egypt, while So (or Sabaco) ruled in Lower Egypt. He was a powerful monarch, another Sesostris, and both he and Sabaco have left many monuments of their greatness. The name and figure of Tirhakah receiving war captives, are still seen in the Egyptian temple of Medinet Abou. This was the expected succor which was sneered at by Rab-shakeh as "a bruised reed" (2Ki 18:21). Rage against Hezekiah for allying himself with Egypt, or the hope of being better able to meet this attack from the south, induced him, after hearing the rumor of Tirhakah's advance, to send a menacing letter to Hezekiah, in order that he might force the king of Judah to an immediate surrender of his capital. This letter, couched in the same vaunting and imperious style as the speech of Rab-shakeh, exceeded it in blasphemy, and contained a larger enumeration of conquered places, with the view of terrifying Hezekiah and showing him the utter hopelessness of all attempts at resistance.
2Ki 19:14-34. Hezekiah's Prayer.
2 Wa 19:14-19
14-19. Hezekiah received the letter ... and went up into the house of the Lord--Hezekiah, after reading it, hastened into the temple, spread it in the childlike confidence of faith before the Lord, as containing taunts deeply affecting the divine honor, and implored deliverance from this proud defier of God and man. The devout spirit of this prayer, the recognition of the Divine Being in the plenitude of His majesty--so strikingly contrasted with the fancy of the Assyrians as to His merely local power; his acknowledgment of the conquests obtained over other lands; and of the destruction of their wooden idols which, according to the Assyrian practice, were committed to the flames--because their tutelary deities were no gods; and the object for which he supplicated the divine interposition--that all the kingdoms of the earth might know that the Lord was the only God--this was an attitude worthy to be assumed by a pious theocratic king of the chosen people.
2 Wa 19:20
20. Then Isaiah ... sent--A revelation having been made to Isaiah, the prophet announced to the king that his prayer was heard. The prophetic message consisted of three different portions:--First, Sennacherib is apostrophized (2Ki 19:21-28) in a highly poetical strain, admirably descriptive of the turgid vanity, haughty pretensions, and presumptuous impiety of the Assyrian despot. Secondly, Hezekiah is addressed (2Ki 19:29-31), and a sign is given him of the promised deliverance--namely, that for two years the presence of the enemy would interrupt the peaceful pursuits of husbandry, but in the third year the people would be in circumstances to till their fields and vineyards and reap the fruits as formerly. Thirdly, the issue of Sennacherib's invasion is announced (2Ki 19:32-34).
2 Wa 19:33
33. shall not come into this city--nor approach near enough to shoot an arrow, not even from the most powerful engine which throws missiles to the greatest distance, nor shall he occupy any part of the ground before the city by a fence, a mantelet, or covering for men employed in a siege, nor cast (raise) a bank (mound) of earth, overtopping the city walls, whence he may see and command the interior of the city. None of these, which were the principal modes of attack followed in ancient military art, should Sennacherib be permitted to adopt. Though the army under Rab-shakeh marched towards Jerusalem and encamped at a little distance with a view to blockade it, they delayed laying siege to it, probably waiting till the king, having taken Lachish and Libnah, should bring up his detachment, that with all the combined forces of Assyria they might invest the capital. So determined was this invader to conquer Judah and the neighboring countries (Is 10:7), that nothing but a divine interposition could have saved Jerusalem. It might be supposed that the powerful monarch who overran Palestine and carried away the tribes of Israel, would leave memorials of his deeds on sculptured slabs, or votive bulls. A long and minute account of this expedition is contained in the Annals of Sennacherib, a translation of which has recently been made into English, and, in his remarks upon it, Colonel Rawlinson says the Assyrian version confirms the most important features of the Scripture account. The Jewish and Assyrian narratives of the campaign are, indeed, on the whole, strikingly illustrative of each other [Outlines of Assyrian History].
2 Wa 19:35
35. in the morning ... they were all dead corpses--It was the miraculous interposition of the Almighty that defended Jerusalem. As to the secondary agent employed in the destruction of the Assyrian army, it is most probable that it was effected by a hot south wind, the simoon, such as to this day often envelops and destroys whole caravans. This conjecture is supported by 2Ki 19:7 and Jr 51:1. The destruction was during the night; the officers and soldiers, being in full security, were negligent; their discipline was relaxed; the camp guards were not alert, or perhaps they themselves were the first taken off, and those who slept, not wrapped up, imbibed the poison plentifully. If this had been an evening of dissolute mirth (no uncommon thing in a camp), their joy (perhaps for a victory), or "the first night of their attacking the city," says Josephus, became, by its effects, one means of their destruction [Calmet, Fragments].
2 Wa 19:36
36. So Sennacherib king of Assyria ... went and returned--the same way as he came (2Ki 19:33). The route is described (Is 10:28-32). The early chariot track near Beyrout is on the rocky edge of Lebanon, which is skirted by the ancient Lycus (Nahr-el Kelb). On the perpendicular face of the limestone rock, at different heights, are seen slabs with Assyrian inscriptions, which having been deciphered, are found to contain the name of Sennacherib. Thus, by the preservation of these tablets, the wrath of the Assyrian invaders is made to praise the Lord.
dwelt at Nineveh--This statement implies a considerable period of time, and his Annals carry on his history at least five years after his disastrous campaign at Jerusalem. No record of his catastrophe can be found, as the Assyrian practice was to record victories alone. The sculptures give only the sunny side of the picture.
2Ki 19:37. Sennacherib Slain.
2 Wa 19:37
37. as he was worshipping in the house of Nisroch--Assarae, or Asshur, the head of the Assyrian Pantheon, represented not as a vulture-headed figure (that is now ascertained to be a priest), but as a winged figure in a circle, which was the guardian deity of Assyria. The king is represented on the monuments standing or kneeling beneath this figure, his hand raised in sign of prayer or adoration.
his sons smote him with the sword--Sennacherib's temper, exasperated probably by his reverses, displayed itself in the most savage cruelty and intolerable tyranny over his subjects and slaves, till at length he was assassinated by his two sons, whom, it is said, he intended to sacrifice to pacify the gods and dispose them to grant him a return of prosperity. The parricides taking flight into Armenia, a third son, Esar-haddon, ascended the throne.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
