2 Wa 17

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan. 2 Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men tansèlman pa tankou lòt wa ki te gouvènen peyi Izrayèl la anvan l' yo. 3 Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne. 4 Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l'. Oze te voye mesaje bò kot So, wa peyi Lejip, pou mande l' konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l' peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l' nan prizon ak chenn nan pye l'. 5 Salmanaza anvayi peyi Izrayèl la. Li sènen lavil Samari pandan twazan. 6 Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo. 7 Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye. 8 Yo t'ap swiv mès moun lòt nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. Yo t'ap mache dapre lòt vye prensip wa Izrayèl yo te ba yo. 9 Lèfini, moun peyi Izrayèl yo te fè yon bann bagay yo pa t' dwe fè devan Seyè a. Yo bati tanp pou zidòl nan tout lavil yo, depi nan ti bouk kote ki gen avanpòs pou faksyonnè rive nan gwo lavil ak ranpa yo. 10 Sou tout mòn, anba tout gwo pyebwa, yo kanpe gwo wòch ak estati pou Achera, zidòl fanm lan. 11 Yo boule lansan sou tout lotèl zidòl yo tankou moun Seyè a te mete deyò nan peyi a te konn fè. Yo fè yon bann bagay derespektan ki lakòz Seyè a te fache anpil. 12 Yo adore zidòl, bagay Seyè a te ba yo lòd pa fè. 13 Seyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m' mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m' yo, moutre nou an. 14 Men, yo pa koute l', yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pa t' mete konfyans yo nan Seyè a, Bondye yo a. 15 Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa. 16 Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal. 17 Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò. 18 Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a. 19 Men, ata moun peyi Jida yo tou pa t' kenbe lòd Seyè a, Bondye yo a. Yo t'ap fè tankou moun peyi Izrayèl yo. Yo t'ap fè tout vye bagay moun peyi Izrayèl yo te ranmase. 20 Se poutèt sa Seyè a vire do bay dènye moun nan ras Izrayèl la. Li fè yo wont, li lage yo nan men yon bann piyajè, jouk li wete yo devan je l'. 21 Li separe pèp la, li mete moun peyi Izrayèl yo yon bò, moun fanmi David yo yon bò. Moun peyi Izrayèl yo pran Jewoboram, pitit Nebat, yo mete l' wa pou gouvènen yo. Jewoboram lakòz yo kite chimen Seyè a nèt. Li fè yo fè pi gwo peche toujou. 22 Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete. 23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a. 24 Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo. 25 Moun sa yo pa t' nan sèvi Seyè a. Konsa, lè yo fèk vin tabli nan peyi a, Seyè a voye lyon ki touye kèk ladan yo. 26 Yo voye di wa peyi Lasiri a: Moun ou te voye vin rete lavil peyi Samari yo pa konnen jan pou yo sèvi Bondye peyi a. Se konsa bondye peyi a voye lyon k'ap fini ak yo. 27 Lè sa a, wa peyi Lasiri a bay lòd sa a: Pran yonn nan prèt nou te fè prizonye yo, voye l' tounen al viv laba a pou l' ka moutre moun yo jan pou yo sèvi bondye peyi a. 28 Se konsa yonn nan prèt yo te depòte yo tounen nan peyi Samari, l' al rete lavil Betèl, li moutre yo jan pou yo fè sèvis pou Seyè a. 29 Men, chak nasyon te fè bondye pa yo nan lavil kote yo te rete a, yo mete yo nan tanp ansyen moun peyi Izrayèl yo te bati pou zidòl yo. 30 Moun lavil Babilòn yo te fè pòtre Soukòt Benòt. Moun lavil Kout yo te fè pòtre Negal. Moun lavil Amat yo te fè pòtre Asima. 31 Moun lavil Ava yo te fè pòtre Nibaz ak Tatak. Moun lavil Sefavayim yo ofri pitit yo pou boule pou Adramelèk ak Anamelèk, bondye pa yo. 32 Kifè yo t'ap sèvi Seyè a, men an menm tan yo chwazi moun nan mitan yo pou sèvi prèt zidòl yo, pou fè sèvis pou yo nan tanp zidòl yo. 33 Se konsa yo t'ap adore Seyè a men yo t'ap adore bondye pa yo tou, dapre koutim peyi kote yo te soti. 34 Jouk jounen jòdi a y'ap fè sa yo te konn fè a. Men, yo pa adore Seyè a, yo pa fè sa li mande nan lalwa ak kòmandman li te bay moun fanmi Jakòb yo swiv. Se Jakòb sa a Bondye sèl Mèt la te bay yon lòt non, li te rele l' Izrayèl. 35 Seyè a te pase yon kontra ak pitit Jakòb yo, li te ba yo lòd sa a: Pa sèvi lòt bondye, pa mete jenou atè devan yo. Pa fè sèvis pou yo, pa ofri ankenn bèt pou touye pou yo. 36 Se mwen menm Seyè a pou nou sèvi, mwen menm Bondye nou an ki te fè nou soti kite peyi Lejip ak gwo kouraj mwen, ak fòs ponyèt mwen. Se mwen menm sèlman pou nou sèvi, pou nou adore. Se pou mwen ase pou nou ofri bèt pou touye. 37 Se pou nou toujou kenbe prensip ak regleman, lòd ak kòmandman mwen te ekri ban nou pou nou te ka swiv yo chak jou. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo. 38 Piga nou bliye kontra mwen te pase ak nou an. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo. 39 Se mwen menm ase, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi, m'a delivre nou anba men lènmi nou yo. 40 Men, moun yo pa koute m', yo toujou ap fè sa yo te konn fè anvan an. 41 Konsa moun nasyon sa yo t'ap sèvi Seyè a, men yo te toujou ap sèvi zidòl pa yo tou. Pitit yo ak pitit pitit yo ap fè tankou papa yo jouk jounen jòdi a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Wa 17:1

2Ki 17:1-6. Hoshea's Wicked Reign.

1. In the twelfth year of Ahaz king of Judah, began Hoshea ... to reign--The statement in 2Ki 15:30 may be reconciled with the present passage in the following manner: Hoshea conspired against Pekah in the twentieth year of the latter, which was the eighteenth of Jotham's reign. It was two years before Hoshea was acknowledged king of Israel, that is, in the fourth of Ahaz, and twentieth of Jotham. In the twelfth year of Ahaz his reign began to be tranquil and prosperous [Calmet].

2 Wa 17:2

2. he did evil ... but not as the kings of Israel--Unlike his predecessors from the time of Jeroboam, he neither established the rites of Baal, nor compelled the people to adhere to the symbolic worship of the calves. [See on 2Ch 30:1.] In these respects, Hoshea acted as became a constitutional king of Israel. Yet, through the influence of the nineteen princes who had swayed the scepter before him (all of whom had been zealous patrons of idolatry, and many of whom had been also infamous for personal crimes), the whole nation had become so completely demoralized that the righteous judgment of an angry Providence impended over it.

2 Wa 17:3

3. Against him came up Shalmaneser--or Shalman (Ho 10:14), the same as the Sargon of Isaiah [Is 20:1]. Very recently the name of this Assyrian king has been traced on the Ninevite monuments, as concerned in an expedition against a king of Samaria, whose name, though mutilated, Colonel Rawlinson reads as Hoshea.

2 Wa 17:4

4. found conspiracy in Hoshea--After having paid tribute for several years, Hoshea, determined on throwing off the Assyrian yoke, withheld the stipulated tribute. Shalmaneser, incensed at this rebellion, proclaimed war against Israel. This was in the sixth year of Hoshea's reign.

he had sent messengers to So, king of Egypt--the Sabaco of the classic historians, a famous Ethiopian who, for fifty years, occupied the Egyptian throne, and through whose aid Hoshea hoped to resist the threatened attack of the Assyrian conqueror. But Shalmaneser, marching against [Hoshea], scoured the whole country of Israel, besieged the capital Samaria, and carried the principal inhabitants into captivity in his own land, having taken the king himself, and imprisoned him for life. This ancient policy of transplanting a conquered people into a foreign land, was founded on the idea that, among a mixed multitude, differing in language and religion, they would be kept in better subjection, and have less opportunity of combining together to recover their independence.

2 Wa 17:6

6. carried Israel away--that is, the remaining tribes (see on 2Ki 15:29).

and placed them, &c.--This passage Gesenius renders thus, omitting the particle by, which is printed in italics to show it is not in the original: "and placed them in Halah, and on the Chabor, a river of Gozan, and in the cities of the Medes."

Halah--the same as Calah (Ge 10:11, 12), in the region of the Laycus or Zab river, about a day's journey from the ruins of Nineveh.

Chabor--is a river, and it is remarkable that there is a river rising in the central highlands of Assyria which retains this name Khabour unchanged to the present day.

Gozan--("pasture") or Zozan, are the highlands of Assyria, which afford pasturage. The region in which the Chabor and the Zab rise, and through which they flow, is peculiarly of this character. The Nestorians repair to it with their numerous flocks, spending the summer on the banks or in the highlands of the Chabor or the Zab. Considering the high authority we possess for regarding Gozan and Zozan as one name, there can be no doubt that this is the Gozan referred to in this passage.

cities of the Medes--"villages," according to the Syriac and Vulgate versions, or "mountains," according to the Septuagint. The Medish inhabitants of Gozan, having revolted, had been destroyed by the kings of Assyria, and nothing was more natural than that they should wish to place in it an industrious people, like the captive Israelites, while it was well suited to their pastoral life [Grant, Nestorians].

2Ki 17:7-41. Samaria Taken, and Israel for Their Sins Carried Captive.

2 Wa 17:7

7. For so it was, that the children of Israel had sinned--There is here given a very full and impressive vindication of the divine procedure in punishing His highly privileged, but rebellious and apostate, people. No wonder that amid so gross a perversion of the worship of the true God, and the national propensity to do reverence to idols, the divine patience was exhausted; and that the God whom they had forsaken permitted them to go into captivity, that they might learn the difference between His service and that of their despotic conquerors.

2 Wa 17:24-28

24-28. the king of Assyria brought men from Babylon, etc.--This was not Shalmaneser, but Esar-haddon (Eze 4:2). The places vacated by the captive Israelites he ordered to be occupied by several colonies of his own subjects from Babylon and other provinces.

from Cuthah--the Chaldee form of Cush or Susiana, now Khusistan.

Ava--supposed to be Ahivaz, situated on the river Karuns, which empties into the head of the Persian Gulf.

Hamath--on the Orontes.

Sepharvaim--Siphara, a city on the Euphrates above Babylon.

placed them in the cities of Samaria, &c.--It must not be supposed that the Israelites were universally removed to a man. A remnant was left, chiefly however of the poor and lower classes, with whom these foreign colonists mingled; so that the prevailing character of society about Samaria was heathen, not Israelite. For the Assyrian colonists became masters of the land; and, forming partial intermarriages with the remnant Jews, the inhabitants became a mongrel race, no longer a people of Ephraim (Is 7:6). These people, imperfectly instructed in the creed of the Jews, acquired also a mongrel doctrine. Being too few to replenish the land, lions, by which the land had been infested (Jud 14:5; 1Sa 17:34; 1Ki 13:24; 20:36; So 4:8), multiplied and committed frequent ravages upon them. Recognizing in these attacks a judgment from the God of the land, whom they had not worshipped, they petitioned the Assyrian court to send them some Jewish priests who might instruct them in the right way of serving Him. The king, in compliance with their request, sent them one of the exiled priests of Israel [2Ki 17:27], who established his headquarters at Beth-el, and taught them how they should fear the Lord. It is not said that he took a copy of the Pentateuch with him, out of which he might teach them. Oral teaching was much better fitted for the superstitious people than instruction out of a written book. He could teach them more effectually by word of mouth. Believing that he would adopt the best and simplest method for them, it is unlikely that he took the written law with him, and so gave origin to the Samaritan copy of the Pentateuch [Davidson, Criticism]. Besides, it is evident from his being one of the exiled priests, and from his settlement at Beth-el, that he was not a Levite, but one of the calf-worshipping priests. Consequently his instructions would be neither sound nor efficient.

2 Wa 17:29

29. Howbeit every nation made gods of their own--These Assyrian colonists, however, though instructed in the worship, and acknowledging the being of the God of Israel, did not suppose Him to be the only God. Like other heathens, they combined His worship with that of their own gods; and as they formed a promiscuous society from different nations or provinces, a variety of idols was acknowledged among them.

2 Wa 17:30

30. Succoth-benoth--that is, the "tents" or "booths of the daughters," similar to those in which the Babylonian damsels celebrated impure rites (Am 2:8).

Nergal--The Jewish writers say this idol was in the form of a cock, and it is certain that a cock is often associated with a priest on the Assyrian monuments [Layard]. But modern critics, looking to the astrological character of Assyrian idolatry, generally consider Nergal as the planet Mars, the god of war. The name of this idol formed part of the appellation of two of the king of Babylon's princes (Jr 39:3).

Ashima--an idol under the form of an entirely bald he-goat.

2 Wa 17:31

31. Nibhaz--under that of a dog--that Egyptian form of animal-worship having prevailed in ancient Syria, as is evident from the image of a large dog at the mouth of the Nahr-el-Kelb, or Dog river.

Tartak--According to the rabbis, it was in the form of an ass, but others understand it as a planet of ill-omen, probably Saturn.

Adrammelech--supposed by some to be the same as Molech, and in Assyrian mythology to stand for the sun. It was worshipped in the form of a mule--others maintain in that of a peacock.

Anammelech--worshipped in the form of a hare; others say in that of a goat.

2 Wa 17:34

34. Unto this day--the time of the Babylonian exile, when this book was composed. Their religion was a strange medley or compound of the service of God and the service of idols. Such was the first settlement of the people, afterwards called Samaritans, who were sent from Assyria to colonize the land, when the kingdom of Israel, after having continued three hundred fifty-six years, was overthrown.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.