2 Wa 14
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Wa Joas, pitit gason Joakaz la, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Amasya, pitit Joas, moute wa nan peyi Jida. 2 Li te gen vennsenkan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan. Se te yon moun lavil Jerizalèm. 3 Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l'. 4 Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. 5 Lè Amasya santi li byen chita sou pouvwa a, li fè touye tout chèf nan lame a ki te touye papa l'. 6 Men, li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske, dapre sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, Seyè a te di: Papa pa gen dwa peye pou sa pitit li yo fè, ni pitit pa gen dwa peye pou sa papa yo fè. Chak moun va peye pou sa yo fè. 7 Amasya te touye dimil (010.000) sòlda peyi Edon nan fon Sale a. Li goumen jouk li pran lavil Sela. Li rele l' Jokteyèl, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a. 8 Apre sa, Amasya voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li mande l' batay. 9 Joas voye reponn li: —Yon lè, yon touf pikan ki te sou mòn Liban voye yon misyon bay pye sèd la. Li di l' konsa: Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avè l'. Yon bèt nan bwa pase bò la, li kraze touf pikan an. 10 Se pou m' di ou, Amasya, ou kraze moun peyi Edon yo. Koulye a, ou santi ou gwonèg anpil. M' byen kontan pou ou. Gonfle lestonmak ou jan ou kapab, men rete sou sa ou fè a. Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou pou sa pase mal ni pou ou ni pou peyi Jida a? 11 Men, Amasya derefize koute l'. Se konsa, Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bò lavil Betchemèch nan peyi Jida. 12 Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gagè, y' al lakay yo. 13 Joas, wa peyi Izrayèl la, fè Amasya, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemèch. Lèfini li mache sou lavil Jerizalèm, li kraze miray ranpa lavil la depi nan Pòtay Efrayim rive bò Pòtay Kwen an sou yon longè sankatreven mèt antou. 14 Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a ak tout richès ki te nan palè wa a. Li pote yo avè l' lavil Samari, san konte kantite moun li te fè prizonye sou kondisyon. 15 Tout rès istwa Joas la, tou sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap goumen ak Amasya, wa peyi Jida a, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 16 Lè Joas mouri, yo antere l' lavil Samari nan kavo wa Izrayèl yo. Se Jewoboram, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 17 Amasya, pitit Joas, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la. 18 Tout rès istwa Amasya a ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 19 Yo moute yon konplo lavil Jerizalèm pou yo touye Amasya. Se konsa Amasya kouri al kache lavil Lakis. Men, lènmi l' yo rapouswiv li, yo touye l'. 20 Apre sa, yo mete kadav li sou chwal, yo tounen avè l' lavil Jerizalèm, yo antere l' lavil David la nan kavo zansèt li yo. 21 Tout pèp peyi Jida a pran Azarya, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Azarya te gen sèzan lè sa a. 22 Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l' tounen anba otorite wa Jida a, apre lanmò papa l'. 23 Amasya, pitit Joas, t'ap mache sou kenzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Jewoboram, pitit Joas, wa peyi Izrayèl la, moute wa nan plas papa l'. Li gouvènen nan lavil Samari pandan karanteyen an. 24 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 25 Se Jewoboram ki reprann tout zòn ki te pou peyi Izrayèl la depi nan Pas Amat la nan nò, rive Lanmè Mouri a nan sid, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Jonas, sèvitè l' la, mesaj la. Jonas sa a, pitit Amitayi, te yon pwofèt lavil Gatefè. 26 Seyè a te wè jan pèp Izrayèl la t'ap soufri anpil. Tout moun, jenn gason kou granmoun, t'ap pase pa yo. Pa t'gen pyès moun pou pote yo sekou. 27 Se konsa, li voye Jewoboram, pitit Joas la, pou vin delivre yo, paske se pa t' janm lide l' pou l' te disparèt yo sou latè. 28 Tout rès istwa Jewoboram lan, tou sa li fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè, jan li te fè lavil Damas ak lavil Amat soti anba men moun Jida yo tounen anba otorite wa Izrayèl la, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo. 29 Lè Jewoboram mouri, yo antere l' menm kote ak tout wa Izrayèl yo. Se Zakari, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Wa 14:3-6
2Ki 14:1-6. Amaziah's Good Reign over Judah.
3-6. He did that which was right in the sight of the Lord, yet not like David his father--The beginning of his reign was excellent, for he acted the part of a constitutional king, according to the law of God, yet not with perfect sincerity of heart (compare 2Ch 25:2). As in the case of his father Joash, the early promise was belied by the devious course he personally followed in later life (see 2Ch 20:14), as well as by the public irregularities he tolerated in the kingdom.
2 Wa 14:7
7. He slew of Edom in the valley of salt ten thousand--In the reign of Joram the Edomites had revolted (see 2Ki 8:20). But Amaziah, determined to reduce them to their former subjection, formed a hostile expedition against them, in which he routed their army and made himself master of their capital.
the valley of salt--that part of the Ghor which comprises the salt and sandy plain to the south of the Dead Sea.
Selah--literally, "the rock"; generally thought to be Petra.
Joktheel--that is, "given" or "conquered by God." See the history of this conquest more fully detailed (2Ch 25:6-16).
2Ki 14:8-16. Joash Defeats Him.
2 Wa 14:8
8. Amaziah sent messengers to Jehoash, the son of Jehoahaz, son of Jehu, king of Israel--This bold and haughty challenge, which was most probably stimulated by a desire of satisfaction for the outrages perpetrated by the discharged auxiliaries of Israel (2Ch 25:13) on the towns that lay in their way home, as well as by revenge for the massacre of his ancestors by Jehu (2Ki 9:1-37) sprang, there is little doubt, from pride and self-confidence, inspired by his victory over the Edomites.
2 Wa 14:9
9. Jehoash the king of Israel sent to Amaziah--People in the East very often express their sentiments in a parabolic form, especially when they intend to convey unwelcome truths or a contemptuous sneer. This was the design of the admonitory fable related by Joash in his reply. The thistle, a low shrub, might be chosen to represent Amaziah, a petty prince; the cedar, the powerful sovereign of Israel, and the wild beast that trampled down the thistle the overwhelming army with which Israel could desolate Judah. But, perhaps, without making so minute an application, the parable may be explained generally, as describing in a striking manner the effects of pride and ambition, towering far beyond their natural sphere, and sure to fall with a sudden and ruinous crash. The moral of the fable is contained in 2Ki 14:10.
2 Wa 14:11-14
11-14. But Amaziah would not hear--The sarcastic tenor of this reply incited the king of Judah the more; for, being in a state of judicial blindness and infatuation (2Ch 25:20), he was immovably determined on war. But the superior energy of Joash surprised him ere he had completed his military preparations. Pouring a large army into the territory of Judah, he encountered Amaziah in a pitched battle, routed his army, and took him prisoner. Then having marched to Jerusalem [2Ki 14:13], he not only demolished part of the city walls, but plundered the treasures of the palace and temple. Taking hostages to prevent any further molestation from Judah, he terminated the war. Without leaving a garrison in Jerusalem, he returned to his capital with all convenient speed, his presence and all his forces being required to repel the troublesome incursions of the Syrians.
2Ki 14:17-20. He Is Slain by a Conspiracy.
2 Wa 14:19-20
19-20. they made a conspiracy against him in Jerusalem--Amaziah's apostasy (2Ch 25:27) was followed by a general maladministration, especially the disastrous issue of the war with Israel. The ruinous condition of Jerusalem, the plunder of the temple, and the loss of their children who were taken as hostages [2Ki 14:13, 14], lost him the respect and attachment not of the grandees only, but of his subjects generally, who were in rebellion. The king fled in terror to Lachish, a frontier town of the Philistines, where, however, he was traced and murdered. His friends had his corpse brought without any pomp or ceremony, in a chariot to Jerusalem, where he was interred among his royal ancestors.
2 Wa 14:21
2 Wa 14:22
22. He built Elath--fortified that seaport. It had revolted with the rest of Edom, but was now recovered by Uzziah. His father, who did not complete the conquest of Edom, had left him that work to do.
2Ki 14:23-29. Jeroboam's Wicked Reign over Israel.
2 Wa 14:23
23. Jeroboam, the son of Joash king of Israel--This was Jeroboam II who, on regaining the lost territory, raised the kingdom to great political power (2Ki 14:25), but adhered to the favorite religious policy of the Israelitish sovereigns (2Ki 14:24). While God granted him so great a measure of national prosperity and eminence, the reason is expressly stated (2Ki 14:26, 27) to be that the purposes of the divine covenant forbade as yet the overthrow of the kingdom of the ten tribes (see 2Ki 13:23).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
