2 Wa 15

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Wa Jewoboram te gen vennsetan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Azarya, pitit Amasya, moute wa nan peyi Jida. 2 Li te gen sèzan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkanndezan. Manman l' te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalèm. 3 Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, menm jan ak Amasya, papa l'. 4 Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. 5 Seyè a peni wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l' jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pa t' kite l' gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a. 6 Tout rès istwa Azarya a ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 7 Lè Azarya mouri, yo antere l' menm kote ak zansèt li yo nan lavil David la. Se Jotam, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 8 Wa Azarya te gen tranntwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Zakari, pitit Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan sis mwa. 9 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li te lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 10 Chaloum, pitit Jabès, moute yon konplo sou do Zakari. Li atake l' lavil Jibleyam, li ansasinen l'. Apre sa, li moute wa nan plas li. 11 Tout rès istwa Zakari a ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 12 Se konsa pawòl Seyè a te di Jeou a rive vre. Li te di l': Pitit ou yo ap chita sou fotèy wa peyi Izrayèl la jouk sou kat jenerasyon apre ou. 13 Wa Azarya te gen trannevan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Chaloum, pitit Jabès, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan yon mwa. 14 Menayèm, pitit gason Gadi, soti lavil Tiza, li moute lavil Samari, l' al atake Chaloum. Li touye l', lèfini li moute wa nan plas li. 15 Tout rès istwa Chaloum lan ak konplo li te moute sou do Zakari a, tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 16 Apre sa, Menayèm soti lavil Tiza, li atake lavil Tifsak, li touye dènye moun ki te rete ladan l' ak nan tout vwazenaj lavil la. Li menm rive louvri vant tout fanm ansent yo. Li te fè sa paske yo pa t' louvri pòtay lavil la ba li. 17 Wa Azarya t'ap mache sou tranteyennan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Menayèm, pitit Gadi, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dizan. 18 Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Jouk jou li mouri a, li lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 19 Poul, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a. Menayèm bay Poul twamil (03000) kilo ajan pou Poul te ka ede l' chita pouvwa li nan peyi a. 20 Pou Menayèm te ka peye kantite lajan sa a bay wa Lasiri a, li pase lòd nan peyi a pou chak moun rich nan peyi Izrayèl la bay yon demi kilo ajan yo chak. Apre sa, wa peyi Lasiri a tounen lakay li, li pa rete pi lontan nan peyi Izrayèl. 21 Tout rès istwa Menayèm lan ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 22 Lè li mouri, se Pekaya, pitit li, ki moute wa nan plas li. 23 Wa Azarya t'ap mache sou senkantan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Pekaya, pitit Menayèm, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dezan. 24 Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 25 Men, yonn nan òdonans li yo, Peka, pitit gason Remalya, moute yon konplo sou do li. Li pran senkant gason nan lavil Galarad, l' al atake gwo fò ki nan palè wa a lavil Samari, li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li. 26 Tout rès istwa Pekaya a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 27 Wa Azarya t'ap mache sou senkanndezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Peka, pitit Remalya, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan ventan. 28 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 29 Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. 30 Lè sa a, Oze, pitit gason Ela a, moute yon konplo sou do Peka, pitit Remalya a. Li atake l', li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li. Lè sa a, Jotam, pitit gason Ozyas la, te gen ventan depi li t'ap gouvènen peyi Jida. 31 Tout rès istwa Peka a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 32 Wa Peka, pitit Remalya, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Jotam, pitit Ozyas, moute wa nan peyi Jida. 33 Li te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk. 34 Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak Ozyas, papa l'. 35 Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. Se Jotam ki te bati gwo pòtay ki nan Tanp Seyè a. 36 Tout rès istwa Jotam ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 37 Se sou reny li Seyè a te voye Rezin, wa peyi Siri, ak Peka, pitit Remalya a, vin atake peyi Jida yonn apre lòt. 38 Lè Jotam mouri, yo antere l' menm kote ak zansèt li yo nan lavil David, zansèt li a. Se Akaz, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Wa 15:1-7

2Ki 15:1-7. Azariah's Reign over Judah.

1-7. In the twenty and seventh year of Jeroboam--It is thought that the throne of Judah continued vacant eleven or twelve years, between the death of Amaziah and the inauguration of his son Azariah. Being a child only four years old when his father was murdered, a regency was appointed during Azariah's minority.

began Azariah ... to reign--The character of his reign is described by the brief formula employed by the inspired historian, in recording the religious policy of the later kings. But his reign was a very active as well as eventful one, and is fully related (2Ch 26:1-23). Elated by the possession of great power, and presumptuously arrogating to himself, as did the heathen kings, the functions both of the real and sacerdotal offices, he was punished with leprosy, which, as the offense was capital (Nu 8:7), was equivalent to death, for this disease excluded him from all society. While Jotham, his son, as his viceroy, administered the affairs of the kingdom--being about fifteen years of age (compare 2Ki 15:33)--he had to dwell in a place apart by himself (see on 2Ki 7:3). After a long reign he died, and was buried in the royal burying-field, though not in the royal cemetery of "the city of David" (2Ch 26:23).

2Ki 15:8-16. Zechariah's Reign over Israel.

2 Wa 15:8-10

8-10. In the thirty and eighth year of Azariah king of Judah did Zechariah the son of Jeroboam reign over Israel--There was an interregnum from some unknown cause between the reign of Jeroboam and the accession of his son, which lasted, according to some, for ten or twelve years, according to others, for twenty-two years, or more. This prince pursued the religious policy of the calf-worship, and his reign was short, being abruptly terminated by the hand of violence. In his fate was fulfilled the prophecy addressed to Jehu (2Ki 10:30; also Ho 1:4), that his family would possess the throne of Israel for four generations; and accordingly Jehoahaz, Joash, Jehoram, and Zechariah were his successors--but there his dynasty terminated; and perhaps it was the public knowledge of this prediction that prompted the murderous design of Shallum.

2 Wa 15:13-17

13-17. Shallum ... reigned a full month--He was opposed and slain by Menahem, who, according to Josephus, was commander of the forces, which, on the report of the king's murder, were besieging Tirzah, a town twelve miles east of Samaria, and formerly a seat of the kings of Israel. Raising the siege, he marched directly against the usurper, slew him, and reigned in his stead.

2 Wa 15:19

19. Pul the king of Assyria--This is the first Assyrian king after Nimrod who is mentioned in biblical history. His name has been recently identified with that of Phalluka on the monuments of Nineveh, and that of Menahem discovered also.

came against the land--Elsewhere it is said "Ephraim [Israel] went to the Assyrian" [Ho 5:13]. The two statements may be reconciled thus: "Pul, of his own motion, induced, perhaps, by the expedition of Menahem against Thapsacus, advanced against the kingdom of Israel; then Menahem sent him a thousand talents in order not only to divert him from his plans of conquest, but at the same time to purchase his friendship and aid for the establishment of his own precarious sovereignty. So Menahem did not properly invite the Assyrian into the land, but only changed the enemy when marching against the country, by this tribute, into a confederate for the security of his usurped dominion. This the prophet Hosea, less concerned about the historical fact than the disposition betrayed therein, might very well censure as a going of Ephraim to the Assyrians (Ho 5:13; 7:1; 8:9), and a covenant-making with Asshur" (2Ki 12:1) [Keil].

a thousand talents of silver--Equal to £262,200. This tribute, which Menahem raised by a tax on the grandees of Israel, bribed Pul to return to his own country (see on 1Ch 5:26).

2Ki 15:22-24. Pekahiah's Reign.

2 Wa 15:23

23. Pekahiah ... son of Menahem began to reign--On comparing the date given with Azariah's reign, it seems that several months had intervened between the death of Menahem and the accession of Pekahiah, probably owing to a contest about the throne.

2 Wa 15:25

25. with Argob and Arieh, &c.--Many commentators view these as the captain's accomplices. But it is more probable that they were influential friends of the king, who were murdered along with him.

2Ki 15:27-31. Pekah's Reign.

2 Wa 15:29

29. in the days of Pekah king of Israel came Tiglath-pileser--This monarch, who succeeded Pul on the throne of Assyria, is the only one of all the kings who does not give his genealogy, and is therefore supposed to have been an usurper. His annals have been discovered in the Nimroud mound, describing this expedition into Syria. The places taken are here mentioned as they occurred and were conquered in the progress of an invasion.

2 Wa 15:30

30. Hoshea the son of Elah made a conspiracy ... and slew him--He did not, however, obtain possession of the kingdom till about nine or ten years after the perpetration of this crime [Hales].

in the twentieth year of Jotham--Jotham's reign lasted only sixteen years, but the meaning is that the reign of Hoshea began in the twentieth after the beginning of Jotham's reign. The sacred historian, having not yet introduced the name of Ahaz, reckoned the date by Jotham, whom he had already mentioned (see 2Ch 27:8).

2Ki 15:32-38. Jotham's Reign over Judah.

2 Wa 15:33

33. Five and twenty years was he when he began to reign--that is, alone--for he had ruled as his father's viceroy [2Ki 15:5].

2 Wa 15:35

35. the higher gate of the house of the Lord--not the temple itself, but one of its courts; probably that which led into the palace (2Ch 23:20).

2 Wa 15:37

37. the Lord began to send against Judah Rezin the king of Syria, &c.--This is the first intimation of the hostile feelings of the kings of Israel and Syria, to Judah, which led them to form an alliance and make joint preparations for war. [See on 2Ch 27:5.] However, war was not actually waged till the reign of Ahaz.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.