2 Wa 13
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Joas, pitit wa Okozyas, t'ap mache sou venntwazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Joakaz, pitit Jeou, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan disetan nan lavil Samari. 2 Men, li te fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a. 3 Se konsa li fè Seyè a fache sou moun peyi Izrayèl yo. Se sa ki fè Seyè a te lage yo nan men Azayèl, wa peyi Siri a, ak nan men Bennadad, pitit li, anpil fwa. 4 Lè sa a, Joakaz lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li paske li te wè jan wa peyi Siri a t'ap toupizi moun peyi Izrayèl yo. 5 Seyè a voye yon moun pou sove pèp la. Se konsa, moun peyi Izrayèl yo soti anba men pèp Siri a. Yo tanmen viv ankò ak kè poze tankou anvan. 6 Atousa, yo pa t' sispann fè peche fanmi Jewoboram yo te lakòz pèp la te fè. Yo lage kò yo nan fè menm peche yo tou. Estati Astate a te toujou kanpe lavil Samari. 7 Lame Joakaz te rete avèk sèlman senkant kavalye, dis cha lagè ak dimil (010.000) sòlda apye, paske wa peyi Siri a te touye tout lòt yo, li te pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè. 8 Rès istwa Joakaz la ansanm ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo. 9 Lè Joakaz mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Joas, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 10 Wa Joas t'ap mache sou trannsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Joas, pitit Joakaz la, moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan sèzan nan lavil Samari. 11 Men, li te fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. Li lage kò l' pi rèd ladan l'. 12 Tout rès istwa Joas la, tout sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè ak Amasya, wa peyi Jida a, tou sa te ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo. 13 Lè li mouri, yo antere l' menm kote ak lòt wa peyi Izrayèl yo lavil Samari. Se Jewoboram ki moute wa nan plas li. 14 Elize tonbe malad. Se maladi sa a ki te pou pote l' ale. Joas, wa peyi Izrayèl la, al wè l'. Wa a kriye, li lage kò l' sou figi Elize, li di konsa: —Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, w'ap mouri vre! 15 Elize di li: —Pran yon banza ak kèk flèch. Wa a pran yon banza ak kèk flèch. 16 Lè sa a, Elize di l' konsa: —Pare ou pou ou tire yon flèch. Wa a pare. Elize mete men pa l' sou men wa a. 17 Li di l': —Louvri fennèt ki bay sou solèy leve a. Wa a louvri fennèt la. Elize di li: —Koulye a tire! Wa a tire flèch la, lè sa a Elize pale byen fò li di: —Men flèch Seyè a voye pou bay delivrans lan, flèch ki pral kraze peyi Siri a! Ou pral bat moun Siri yo lavil Afèk jouk ou a fini ak yo. 18 Apre sa, Elize di wa a: —Pran lòt flèch yo! Wa a pran flèch yo. Elize di li: —Frape yo atè. Wa a frape yo atè an twa fwa epi li rete. 19 Lè sa a, pwofèt la fache sou li, li di l' konsa: —Se pou ou te frape atè a senk fwa osinon sis fwa. Konsa, ou ta bat moun peyi Siri yo jouk ou ta fini nèt nèt ak yo. Koulye a, ou pral bat yo twa fwa ase. 20 Elize mouri, yo antere l'. Chak lanne moun Moab yo te konn fè bann pou vin fè piyay nan peyi Izrayèl la. 21 Yon lè moun peyi Izrayèl yo tapral antere yon moun mouri, yo wè yonn nan bann moun Moab yo, yo prese lage kadav la nan tonm Elize a epi yo met deyò. Kadav la al tonbe sou zosman Elize yo. Lamenm, mò a leve vivan, li kanpe sou de pye l'. 22 Azayèl, wa peyi Siri a, te maltrete pèp peyi Izrayèl la pandan tout reny Joakaz. 23 Men, Seyè a te aji byen ak moun peyi Izrayèl yo, li te gen pitye pou yo. Li pa t' kite moun fini ak yo, li te ede yo poutèt kontra li te pase ak Abraram, Izarak ak Jakòb. Li pa janm bliye pèp li a, jouk lè sa a. 24 Lè Azayèl, wa peyi Siri a, mouri, se Bennadad, pitit li, ki moute wa nan plas li. 25 Wa Joas, pitit gason Joakaz, repran nan men Bennadad tout lavil Azayèl te pran yo lè li t'ap fè lagè ak Joakaz la, papa l'. Joas bat Bennadad an twa fwa, li reprann tout lavil peyi Izrayèl yo nan men l'.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Wa 13:1-3
2Ki 13:1-7. Jehoahaz's Wicked Reign over Israel.
1-3. Jehoahaz ... reigned seventeen years--Under his government, which pursued the policy of his predecessors regarding the support of the calf-worship, Israel's apostasy from the true God became greater and more confirmed than in the time of his father Jehu. The national chastisement, when it came, was consequently the more severe and the instruments employed by the Lord in scourging the revolted nation were Hazael and his son and general Ben-hadad, in resisting whose successive invasions the Israelitish army was sadly reduced and weakened. In the extremity of his distress, Jehoahaz besought the Lord, and was heard, not on his own account (Psa 66:18; Pr 1:28; 15:8), but that of the ancient covenant with the patriarchs (2Ki 13:23).
2 Wa 13:4
4. he saw the oppression of Israel--that is, commiserated the fallen condition of His chosen people. The divine honor and the interests of true religion required that deliverance should be granted them to check the triumph of the idolatrous enemy and put an end to their blasphemous taunts that God had forsaken Israel (De 32:27; Psa 12:4).
2 Wa 13:5
5. a saviour--This refers neither to some patriotic defender nor some signal victory, but to the deliverance obtained for Israel by the two successors of Jehoahaz, namely, Joash, who regained all the cities which the Syrians had taken from his father (2Ki 13:25); and Jeroboam, who restored the former boundaries of Israel (2Ki 14:25).
2 Wa 13:6
2 Wa 13:7
7. made them like the dust in threshing--Threshing in the East is performed in the open air upon a level plot of ground, daubed over with a covering to prevent, as much as possible, the earth, sand, or gravel from rising; a great quantity of them all, notwithstanding this precaution, must unavoidably be taken up with the grain; at the same time the straw is shattered to pieces. Hence it is a most significant figure, frequently employed by Orientals to describe a state of national suffering, little short of extermination (Is 21:10; Mi 4:12; Jr 51:33). The figure originated in a barbarous war custom, which Hazael literally followed (Am 1:3, 4; compare 2Sa 18:31; Jud 8:7).
2Ki 13:8-25. Joash Succeeds Him.
2 Wa 13:8
8. his might--This is particularly noticed in order to show that the grievous oppression from foreign enemies, by which the Israelites were ground down, was not owing to the cowardice or imbecility of their king, but solely to the righteous and terrible judgment of God for their foul apostasy.
2 Wa 13:12-13
12-13. his might wherewith he fought against Amaziah--(See on 2Ki 14:8-14). The usual summary of his life and reign occurs rather early, and is again repeated in the account given of the reign of the king of Judah (2Ki 14:15).
2 Wa 13:14-19
14-19. Elisha was fallen sick of his sickness whereof he died--Every man's death is occasioned by some disease, and so was Elisha's. But in intimating it, there seems a contrast tacitly made between him and his prophetic predecessor, who did not die.
Joash the king of Israel came down unto him, and wept over his face--He visited him where he was lying ill of this mortal sickness, and expressed deep sorrow, not from the personal respect he bore for the prophet, but for the incalculable loss his death would occasion to the kingdom.
my father, my father! &c.--(See on 2Ki 2:12). These words seem to have been a complimentary phrase applied to one who was thought an eminent guardian and deliverer of his country. The particular application of them to Elisha, who, by his counsels and prayer, had obtained many glorious victories for Israel, shows that the king possessed some measure of faith and trust, which, though weak, was accepted, and called forth the prophet's dying benediction.
2 Wa 13:20-21
20-21. Elisha died--He had enjoyed a happier life than Elijah, as he possessed a milder character, and bore a less hard commission. His rough garment was honored even at the court.
coming in of the year--that is, the spring, the usual season of beginning campaigns in ancient times. Predatory bands from Moab generally made incursions at that time on the lands of Israel. The bearers of a corpse, alarmed by the appearance of one of these bands, hastily deposited, as they passed that way, their load in Elisha's sepulchre, which might be easily done by removing the stone at the mouth of the cave. According to the Jewish and Eastern custom, his body, as well as that of the man who was miraculously restored, was not laid in a coffin, but only swathed; so that the bodies could be brought into contact, and the object of the miracle was to stimulate the king's and people of Israel's faith in the still unaccomplished predictions of Elisha respecting the war with the Syrians. Accordingly the historian forthwith records the historical fulfilment of the prediction (2Ki 13:22-25), in the defeat of the enemy, in the recovery of the cities that had been taken, and their restoration to the kingdom of Israel.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
