2 Istwa 6

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè sa a, Salomon di konsa: -Seyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa. 2 Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan. 3 Lèfini, wa a vire, li bay pèp Izrayèl la fas. Tout pèp la te kanpe. Li mande benediksyon Bondye pou pèp la, 4 li di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Avèk fòs kouraj li, li kenbe pwomès li te fè David, papa m' lan, lè li te di l' konsa: 5 Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete, ni mwen pa t' chwazi pesonn pou gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la. 6 Men koulye a, mwen chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo fè sèvis pou mwen, lèfini mwen chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an. 7 David, papa m', te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, 8 Men, Seyè a te di l': Ou byen fèt gen lide bati yon kay pou mwen. 9 Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati tanp lan pou mwen. 10 Koulye a, Seyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l' la, se mwen menm ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotèy wa Izrayèl la. Mwen bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 11 Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a, kontra li te pase ak moun pèp Izrayèl yo. 12 Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè pou l' lapriyè. 13 Salomon te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l' nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l' anlè, 14 epi li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te siyen ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo. 15 Ou te kenbe pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la. Tou sa ou te di w'ap fè, ou fè l' rive vre jòdi a ak fòs ponyèt ou. 16 Se poutèt sa, Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande ou pou ou kenbe lòt pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la, lè ou te di l' va toujou gen yonn nan pitit li yo pou gouvènen pèp Izrayèl la, depi yo veye jan y'ap mache pou yo mennen bak yo devan ou jan li menm li te fè l' la. 17 Se konsa, Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, fè tout bagay rive jan ou te fè pwomès la bay David, sèvitè ou la. 18 Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè ak moun? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou! Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a! 19 Seyè, Bondye m', tanpri, se sèvitè ou mwen ye! Tanpri, tande jan m'ap lapriyè nan pye ou. Koute jan m'ap rele nan zòrèy ou jòdi a. Tande jan m'ap rele, jan m'ap lapriyè nan pye ou. 20 Lajounen kou lannwit, voye je ou sou tanp lan, tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m'ap fè nan pye ou. 21 Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou. 22 Lè y'a pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a, 23 ou menm, Seyè ki nan syèl la, w'a tande, w'a fè sa ki gen pou fèt la. W'a jije sèvitè ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fè chatiman li merite a tonbe sou tèt li. W'a fè rekonèt lè yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis. 24 Lè lènmi va bat pèp Izrayèl la paske pèp la te peche kont ou, si yo tounen vin jwenn ou, si yo fè lwanj pou ou, si yo vin lapriyè nan pye ou isit la nan kay sa a, 25 tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche pèp Izrayèl ou a, fè yo tounen nan peyi ou te ba yo ansanm ak zansèt yo a. 26 Lè va gen chechrès nan peyi a san yon ti degout lapli, paske pèp la te peche kont ou, si yo règrèt sa yo te fè a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyè isit la, si yo fè lwanj ou, 27 tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche sèvitè ou yo ak peche moun pèp Izrayèl ou yo. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Seyè, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pèp ou a pou l' rele l' pa l' la. 28 Lè va gen grangou nan peyi a, osinon lè move maladi lapès va tonbe sou li, lè plant yo va cheche nan van cho, lè krikèt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lè lènmi va sènen lavil nou yo pou atake pèp la, lè nenpòt maladi osinon nenpòt malè va tonbe sou pèp la, 29 koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a règrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon tanp lan pou yo lapriyè ou, 30 tanpri, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo, padonnen yo. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo. Se ou menm ki konnen sa ki nan fon kè moun. 31 Wi, w'a bay chak moun sa yo merite, konsa pèp ou a va gen krentif pou ou, y'a mache nan chemen ou mete devan yo, pandan tout tan y'ap viv sou tè ou te bay zansèt nou yo. 32 Menm lè yon moun lòt nasyon ki pa fè pati pèp ou a soti byen lwen vini poutèt ou, paske li tande jan n'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouraj ou, si li vin lapriyè nan tanp sa a, 33 tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè li. W'a fè pou li tou sa li mande ou. Konsa, tout pèp sou latè va konnen ou. Y'a gen krentif pou ou tankou pèp Izrayèl ou a gen krentif pou ou. Y'a konnen tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou. 34 Lè pèp ou a va soti al goumen kont lènmi l' yo, nenpòt ki bò w'a voye yo, lè y'a vire tèt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou, 35 tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo. Koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, defann kòz yo. 36 Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, lè w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen, 37 antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò, 38 si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a, pou yo lapriyè ou, 39 tanpri, koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, kote ou ye nan syèl kote ou rete a. Koute lapriyè yo, defann kòz yo. Padonnen pèp ou a tout peche yo te fè kont ou yo. 40 Koulye a, Bondye mwen, louvri je ou, koute lapriyè n'ap fè nan pye ou isit la. 41 Koulye a, leve non, Seyè, Bondye! Vin kote pou ou pran repo a! Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè wè jan ou gen pouvwa. Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans! Se pou tout pèp ou a rele tèlman yo kontan! 42 Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a!

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Istwa 6:1

2Ch 6:1-41. Solomon Blesses the People and Praises God.

1. The Lord hath said that he would dwell in the thick darkness--This introduction to Solomon's address was evidently suggested by the remarkable incident recorded at the close of the last chapter: the phenomenon of a densely opaque and uniformly shaped cloud, descending in a slow and majestic manner and filling the whole area of the temple. He regarded it himself, and directed the people also to regard it, as an undoubted sign and welcome pledge of the divine presence and acceptance of the building reared to His honor and worship. He referred not to any particular declaration of God, but to the cloud having been all along in the national history of Israel the recognized symbol of the divine presence (Ex 16:10; 24:16; 40:34; Nu 9:15; 1Ki 8:10, 11).

2 Istwa 6:13

13. Solomon had made a brazen scaffold--a sort of platform. But the Hebrew term rendered "scaffold," being the same as that used to designate the basin, suggests the idea that this throne might bear some resemblance, in form or structure, to those lavers in the temple, being a sort of round and elevated pulpit, placed in the middle of the court, and in front of the altar of burnt offering.

upon it he stood, and kneeled down upon his knees--After ascending the brazen scaffold, he assumed those two attitudes in succession, and with different objects in view. He stood while he addressed and blessed the surrounding multitude (2Ch 6:3-11). Afterwards he knelt down and stretched out his hands towards heaven, with his face probably turned towards the altar, while he gave utterance to the beautiful and impressive prayer which is recorded in the remainder of this chapter. It is deserving of notice that there was no seat in this pulpit--for the king either stood or knelt all the time he was in it. It is not improbable that it was surmounted by a canopy, or covered by a veil, to screen the royal speaker from the rays of the sun.

2 Istwa 6:18-21

18-21. how much less this house which I have built! Have respect therefore to the prayer of thy servant--No person who entertains just and exalted views of the spiritual nature of the Divine Being will suppose that he can raise a temple for the habitation of Deity, as a man builds a house for himself. Nearly as improper and inadmissible is the idea that a temple can contribute to enhance the glory of God, as a monument may be raised in honor of a great man. Solomon described the true and proper use of the temple, when he entreated that the Lord would "hearken unto the supplications of His servant and His people Israel, which they should make towards this place." In short, the grand purpose for which the temple was erected was precisely the same as that contemplated by churches--to afford the opportunity and means of public and social worship, according to the ritual of the Mosaic dispensation--to supplicate the divine mercy and favor--to render thanks for past instances of goodness, and offer petitions for future blessings (see on 1Ki 8:22). This religious design of the temple--the ONE temple in the world--is in fact its standpoint of absorbing interest.

2 Istwa 6:22

22. If a man sin against his neighbour, and an oath be laid upon him to make him swear, and the oath come before thine altar in this house, &c.--In cases where the testimony of witnesses could not be obtained and there was no way of settling a difference or dispute between two people but by accepting the oath of the accused, the practice had gradually crept in and had acquired the force of consuetudinary law, for the party to be brought before the altar, where his oath was taken with all due solemnity, together with the imprecation of a curse to fall upon himself if his disavowal should be found untrue. There is an allusion to such a practice in this passage.

2 Istwa 6:38

38. If they return to thee ... in the land of their captivity ... and pray toward their land, which thou gavest unto their fathers--These words gave rise to the favorite usage of the ancient as well as modern Jews, of turning in prayer toward Jerusalem, in whatever quarter of the world they might be, and of directing their faces toward the temple when in Jerusalem itself or in any part of the holy land (1Ki 8:44).

2 Istwa 6:41

41. arise, O Lord God into thy resting-place--These words are not found in the record of this prayer in the First Book of Kings; but they occur in Psa 132:8, which is generally believed to have been composed by David, or rather by Solomon, in reference to this occasion. "Arise" is a very suitable expression to be used when the ark was to be removed from the tabernacle in Zion to the temple on Mount Moriah.

into thy resting-place--the temple so called (Is 66:1), because it was a fixed and permanent mansion (Psa 132:14).

the ark of thy strength--the abode by which Thy glorious presence is symbolized, and whence Thou dost issue Thine authoritative oracles, and manifest Thy power on behalf of Thy people when they desire and need it. It might well be designated the ark of God's strength, because it was through means of it the mighty miracles were wrought and the brilliant victories were won, that distinguish the early annals of the Hebrew nation. The sight of it inspired the greatest animation in the breasts of His people, while it diffused terror and dismay through the ranks of their enemies (compare Psa 78:61).

let thy priests ... be clothed with salvation--or with righteousness (Psa 132:9), that is, be equipped not only with the pure white linen garments Thou hast appointed for their robe of office, but also adorned with the moral beauties of true holiness, that their person and services may be accepted, both for themselves and all the people. Thus they would be "clothed with salvation," for that is the effect and consequence of a sanctified character.

2 Istwa 6:42

42. turn not away the face of thine anointed--that is, of me, who by Thy promise and appointment have been installed as king and ruler of Israel. The words are equivalent in meaning to this: Do not reject my present petitions; do not send me from Thy throne of grace dejected in countenance and disappointed in heart.

remember the mercies of David thy servant--that is, the mercies promised to David, and in consideration of that promise, hear and answer my prayer (compare Psa 132:10).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.