2 Istwa 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri. 2 Anmenmtan an, limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan. 3 Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Seyè a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo di l' mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo. 4 Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou yo touye pou Seyè a. 5 Wa Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a. 6 Prèt yo te rete nan plas yo te ba yo nan Tanp lan. Devan yo se te moun Levi yo ki t'ap fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik wa David te fè fè pou jwe pandan y'ap chante chante ki di: Paske li p'ap janm sispann renmen nou. Prèt yo t'ap kònen twonpèt, tout pèp Izrayèl la menm te rete kanpe. 7 Menm jou sa a, Salomon mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv Salomon te fè fè a te twò piti pou pran tout ofrann bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden yo ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon. 8 Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete la. 9 Yo pase sèt jou ap fè sèvis pou mete lotèl la apa pou sèvis Bondye, lèfini yo pase sèt jou ankò ap fè fèt. Sou wityèm jou fèt la, yo fè yon gwo sèvis pou fèmen seremoni an. 10 Nan denmen, ki vle di nan venntwazyèm jou setyèm mwa a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè fèt, yo al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tou sa Seyè a te fè pou David, pou Salomon ak pou pèp Izrayèl li a. 11 Lè wa Salomon fin bati Tanp Seyè a ansanm ak palè wa a, lè li fin fè tou sa li te gen lide fè nan yo, 12 Seyè a fè Salomon wè l' ankò yon jou lannwit. Li di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou fè nan pye m'. M' chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen. 13 Si mwen ta rive fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikèt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pèp la, 14 lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò. 15 Depi jòdi a, je m' louvri, zòrèy mwen pare pou m' tande tout lapriyè y'ap fè isit la. 16 Depi jòdi a, mwen chwazi kay sa a, mwen mete l' apa pou mwen. Se la pou yo fè sèvis pou mwen. M'ap veye l', m'ap pwoteje l' chak jou. 17 Ou menm pou tèt pa ou, si ou mache devan m' tankou David, papa ou, si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo, 18 m'a kenbe gouvènman ou lan chita jan mwen te pwomèt David, papa ou la, lè m' te di l' ap toujou gen yon moun nan fanmi li ki pou gouvènen pèp Izrayèl la. 19 Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye, 20 lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li. 21 Kay sa a ki te sitèlman bèl pral tounen yon pil mazi. Tout moun ki va pase bò la a va sezi, y'a mete men nan bouch, y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa. 22 Y'a reponn: Se paske yo te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Seyè a te voye gwo malè sa a sou yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 7:1
2Ch 7:1-3. God Gives Testimony to Solomon's Prayer; the People Worship.
1. the fire came down from heaven, and consumed the burnt offering--Every act of worship was accompanied by a sacrifice. The preternatural stream of fire kindled the mass of flesh, and was a token of the divine acceptance of Solomon's prayer (see on Le 9:24; 1Ki 18:38).
the glory of the Lord filled the house--The cloud, which was the symbol of God's presence and majesty, filled the interior of the temple (Ex 40:35).
2 Istwa 7:2
2. the priests could not enter--Both from awe of the miraculous fire that was burning on the altar and from the dense cloud that enveloped the sanctuary, they were unable for some time to perform their usual functions (see on 1Ki 8:10). But afterwards, their courage and confidence being revived, they approached the altar and busied themselves in the offering of an immense number of sacrifices.
2 Istwa 7:3
3. all the children of Israel ... bowed themselves with their faces to the ground upon the pavement--This form of prostration (that of lying on one's knees with the forehead touching the earth), is the manner in which the Hebrews, and Orientals in general, express the most profound sentiments of reverence and humility. The courts of the temple were densely crowded on the occasion, and the immense multitude threw themselves on the ground. What led the Israelites suddenly to assume that prostrate attitude on the occasion referred to, was the spectacle of the symbolical cloud slowly and majestically descending upon the temple, and then entering it.
2Ch 7:4-11. Solomon's Sacrifices.
2 Istwa 7:4
4. Then the king and all the people offered sacrifices--Whether the individual worshippers slaughtered their own cattle, or a certain portion of the vast number of the Levitical order in attendance performed that work, as they sometimes did, in either case the offerings were made through the priests, who presented the blood and the fat upon the altar (see on 1Ki 8:62).
2 Istwa 7:5-6
5-6. so the king and all the people dedicated the house of God--The ceremonial of dedication consisted principally in the introduction of the ark into the temple, and in the sacrificial offerings that were made on a scale of magnitude suitable to the extraordinary occasion. All present, the king, the people, and the priests, took part according to their respective stations in the performance of the solemn service. The duty, of course, devolved chiefly on the priests, and hence in proceeding to describe their several departments of work, the historian says, generally, "the priests waited on their offices." While great numbers would be occupied with the preparation and offering of the victims, others sounded with their trumpets, and the different bands of the Levites praised the Lord with vocal and instrumental music, by the hundred thirty-sixth Psalm, the oft-recurring chorus of which is, "for His mercy endureth for ever."
2 Istwa 7:7
7. Solomon hallowed the middle of the court--On this extraordinary occasion, when a larger number of animals were offered than one altar and the usual place of rings to which the animals were bound would admit, the whole space was taken in that was between the place of rings and the west end of the court to be used as a temporary place for additional altars. On that part of the spacious court holocausts were burning all round.
2 Istwa 7:8
8. Solomon kept the feast seven days--The time chosen for the dedication of the temple was immediately previous to the feast of tabernacles (see on 1Ki 8:1-12). That season, which came after the harvest, corresponding to our September and October, lasted seven days, and during so prolonged a festival there was time afforded for the offering of the immense sacrifices enumerated. A large proportion of these were peace offerings, which afforded to the people the means of festive enjoyment.
all Israel ... from the entering in of Hamath--that is, the defile at Lebanon.
unto the river of Egypt--that is, Rhinocorura, now El-Arish, the south boundary of Palestine.
2 Istwa 7:10
10. on the three and twentieth day of the seventh month--This was the last day of the feast of tabernacles.
2Ch 7:12-22. God Appears to Him.
2 Istwa 7:12
12. the Lord appeared to Solomon by night--(See on 1Ki 9:1-9). The dedication of the temple must have been an occasion of intense national interest to Solomon and his subjects. Nor was the interest merely temporary or local. The record of it is read and thought of with an interest that is undiminished by the lapse of time. The fact that this was the only temple of all nations in which the true God was worshipped imparts a moral grandeur to the scene and prepares the mind for the sublime prayer that was offered at the dedication. The pure theism of that prayer--its acknowledgment of the unity of God as well as of His moral perfections in providence and grace, came from the same divine source as the miraculous fire. They indicated sentiments and feelings of exalted and spiritual devotion, which sprang not from the unaided mind of man, but from the fountain of revelation. The reality of the divine presence was attested by the miracle, and that miracle stamped the seal of truth upon the theology of the temple-worship.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
