2 Istwa 5
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè wa Salomon te fin fè travay bati tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan, tout lò ansanm ak tout lòt bagay David, papa l', te ofri bay Seyè a. Li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan. 2 Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l' lavil Jerizalèm pou yo al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan. 3 Pandan fèt Joupa yo, nan setyèm mwa a, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon. 4 Lè tout chèf pèp Izrayèl yo fin reyini, moun Levi yo pran Bwat Kontra a, 5 yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyè a ak tout bagay yo te mete ladan l' apa pou Seyè a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo. 6 Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a. Yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil. 7 Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a anndan tanp lan, yo mete l' nan mitan de pòtre zanj cheriben yo. 8 Zèl zanj cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l' yo. 9 Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo nan kote ki apa pou Bondye a tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou. 10 Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou mòn Orèb la. Se sou mòn sa a Seyè a te pase kontra a ak moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip la. 11 Prèt yo soti nan pyès ki apa nèt pou Seyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis. 12 Tout moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò solèy leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven (0120) prèt bò kote yo ki t'ap kònen twonpèt. 13 Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt. 14 Poutèt nwaj la, prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 5:1-2
Introduction
Solomon having finished the temple, brings in the things which his father had consecrated, 2Chr 5:1. He assembles the elders and chiefs of Israel and the Levites, in order to bring up the ark from the city of David, 2Chr 5:2, 2Chr 5:3. They bring it and its vessels; and having offered innumerable sacrifices, place it in the temple, under the wings of the cherubim, 2Chr 5:4-10. The Levites, singers, and trumpeters praise God; and his glory descends and fills the house, so that the priests cannot stand to minister, 2Chr 5:11-14.
Verse 1
Brought in all the things - See the note on 1Kgs 7:51.
2 Istwa 5:3-8
Verse 3
The feast - "That is, the feast of tabernacles, which was held in the seventh month." - Targum. See 1Kgs 8:2.
2 Istwa 5:9
Verse 9
They drew out the staves - As the ark was no longer to be carried about, these were unnecessary.
2 Istwa 5:10
Verse 10
There was nothing in the ark save - The Chaldee paraphrases thus: "There was nothing put in the ark but the two tables which Moses placed there, after the first had been broken on account of the calf which they made in Horeb, and the two other tables had been confirmed which were written with writing expressed in the Ten Words."
2 Istwa 5:11
Verse 11
When the priests were come out - After having carried the ark into the holy of holies, before the sacred service had commenced.
2 Istwa 5:12
Verse 12
A hundred and twenty priests - Cymbals, psalteries, and harps, of any kind, in union with a hundred and twenty trumpets or horns, could not produce much harmony; as to melody, that must have been impossible, as the noise was too great.
2 Istwa 5:13
Verse 13
For he is good - This was either the whole of the song, or the burden of each verse. The Hebrew is very short: - כי טוב כי לעולם חסדו
Ki tob ki leolam chasdo.
For he is good; for his mercy is endless.
2 Istwa 5:14
Verse 14
The priests could not stand - What a proof of the being of God, and of the Divine presence! What must those holy men have felt at this time!
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
