2 Istwa 26
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Tout pèp peyi Jida a pran Ozyas, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Ozyas te gen sèzan lè sa a. 2 Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l' tounen anba otorite wa peyi Jida a apre lanmò papa l'. 3 Ozyas te gen sèzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkanndezan. Manman l' te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalèm. 4 Ozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a menm jan ak Amasya, papa l', te fè l'. 5 Pandan toutan Zakari te la pou moutre l' jan pou l' gen krentif Bondye a li t'ap sèvi Seyè a san mank. Pandan tout tan li t'ap sèvi Seyè a, Bondye te fè zafè l' mache byen. 6 Ozyas leve al goumen ak moun Filisti yo. Li kraze miray ranpa lavil Gat, lavil Jabne ak lavil Asdòd. Li bati lòt lavil ak miray ranpa nan zòn Asdòd ak nan mitan peyi Filisti a. 7 Bondye ede l' goumen kont moun Filisti yo, kont moun Arabi ki t'ap viv lavil Goubaal yo, ak kont moun Mawon yo. 8 Moun Amon yo te peye lajan taks bay Ozyas. Yo t'ap nonmen non l' jouk sou fwontyè peyi Lejip, paske li te vin gen anpil pouvwa. 9 Ozyas ranfòse defans lavil Jerizalèm. Li bati gwo fò tou won bò Pòtay Kwen an, bò Pòtay Fon an ak nan yon kwen miray la. 10 Li bati gwo fò tou won nan dezè a, li fouye gwo basen pou kenbe dlo paske li te gen anpil mouton ni nan plenn lan ni sou platon yo. Li te gen moun ap travay pou li nan jaden li yo, ak moun pou okipe jaden rezen l' yo nan mòn, paske li te renmen travay latè. 11 Ozyas te gen yon gwo lame toujou pare pou fè lagè. Lame a te separe an gwoup, dapre jan yo te enskri nan rejis Jeiyèl, sekretè wa a, ak Masyas, grefye a, te kenbe sou kontwòl Ananya, yonn nan gwo chèf wa a. 12 Te gen demil sisan (02.600) chèf fanmi alatèt vanyan sòlda sa yo. 13 Sou zòd yo te gen yon lame ak twasansètmil senksan (0307.500) sòlda toujou pare pou lagè. Yo te grannèg anpil, yo te toujou pare pou al goumen ak lènmi wa yo. 14 Ozyas bay tout moun nan lame a plak pwotèj, frenn, kas pou tèt yo, rad an plak fè, banza ak flèch, ak wòch pou gwo fistibal. 15 Nan lavil Jerizalèm, li te gen yon enjenyè ki t'ap fè tout kalite machin pou voye flèch ak gwo wòch. Li fè mete machin sa yo nan fò won yo ak nan kwen miray ranpa yo. Yo t'ap nonmen non Ozyas byen lwen, paske Bondye te sitèlman ede l' li te vin gen anpil pouvwa. 16 Men, lè li fin chita pouvwa l' byen chita, lògèy vire tèt li, sa lakòz pye l' chape. Li fè bagay Seyè a, Bondye li a, pa t' ba li dwa fè. Yon jou li antre nan Tanp Seyè a pou boule lansan sou lotèl lansan an. 17 Azarya, prèt la, antre dèyè l' ak katreven lòt prèt Seyè a, tout vanyan gason. 18 Yo vin kanpe devan wa a, yo di l': -Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Seyè a. Se prèt yo ase, moun fanmi Arawon yo, yo mete apa pou fè sa. Wete kò ou kote yo mete apa nèt pou Seyè a. Paske sa w'ap fè a pa bon devan Bondye. Bondye p'ap kontan avè ou poutèt sa. 19 Ozyas te kanpe ak lansanswa a nan men l' pou l' te ofri lansan an. Li move sou prèt yo. Lamenm, nan mitan Tanp Seyè a, toupre lansan an, devan tout prèt yo, yon move maladi po parèt sou fwon li. 20 Lè granprèt la, Azarya, ak lòt prèt yo gade l', yo wè maladi a parèt sou fwon li. Yo mete l' deyò. Li menm, li prese soti paske se Seyè a menm ki te pini l'. 21 Wa Ozyas rete ak maladi po a sou li jouk li mouri. Li te rete nan yon ti kay apa pou kont li, jan yo fè l' pou moun ki gen maladi sa a. Yo enpoze l' mete pye l' nan kay Seyè a. Se Jotam, pitit gason l' lan, ki te reskonsab tout bagay nan palè a. Se li menm tou ki te gouvènen pèp la nan peyi a. 22 Pwofèt Izayi, pitit Amòz la, te ekri tout rès istwa Ozyas la, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a. 23 Lè Ozyas mouri, yo antere l' apa nan simityè wa yo. Poutèt vye maladi po li a, yo pa t' mete l' nan tonm wa yo. Se Jotam, pitit li a, ki moute wa nan plas li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 26:1
2Ch 26:1-8. Uzziah Succeeds Amaziah and Reigns Well in the Days of Zechariah.
1. Then all the people of Judah took Uzziah--(See on 2Ki 14:21; 2Ki 15:1).
2 Istwa 26:2
2. He built Eloth--or, "He it was who built Eloth." The account of the fortifications of this port on the Red Sea, which Uzziah restored to the kingdom of Judah (2Ch 33:13), is placed before the chronological notices (2Ch 26:3), either on account of the importance attached to the conquest of Eloth, or from the desire of the historian to introduce Uzziah as the king, who was known as the conqueror of Eloth. Besides, it indicates that the conquest occurred in the early part of his reign, that it was important as a port, and that Hebrew merchants maintained the old trade between it and the countries of the East [Bertheau].
2 Istwa 26:5
5. he sought God in the days of Zechariah--a wise and pious counsellor, who was skilled in understanding the meaning and lessons of the ancient prophecies, and who wielded a salutary influence over Uzziah.
2 Istwa 26:6-7
6-7. he went forth and warred against the Philistines--He overcame them in many engagements--dismantled their towns, and erected fortified cities in various parts of the country, to keep them in subjection.
Jabneh--the same as Jabneel (Jos 15:11).
2 Istwa 26:8
2 Istwa 26:9
9. Uzziah built towers in Jerusalem, &c.--whence resistance could be made, or missiles discharged against assailants. The sites of the principal of these towers were: at the corner gate (2Ch 25:23), the northwest corner of the city; at the valley gate on the west, where the Joppa gate now is; at the "turning"--a curve in the city wall on the eastern side of Zion. The town, at this point, commanded the horse gate which defended Zion and the temple hill on the southeast [Bertheau].
2 Istwa 26:10
10. Also he built towers in the desert--for the threefold purpose of defense, of observation, and of shelter to his cattle. He dug also a great many wells, for he loved and encouraged all branches of agriculture. Some of these "were in the desert," that is, in the district to the southeast of Jerusalem, on the west of the Dead Sea, an extensive grazing district "in the low country" lying between the mountains of Judah and the Mediterranean; "and in the plains," east of the Jordan, within the territory of Reuben (De 4:43; Jos 20:8).
in Carmel--This mountain, being within the boundary of Israel, did not belong to Uzziah; and as it is here placed in opposition to the vine-bearing mountains, it is probably used, not as a proper name, but to signify, as the word denotes, "fruitful fields" (Margin).
2Ch 26:11-15. His Host, and Engines of War.
2 Istwa 26:11-15
11-15. an host of fighting men, that went out to war by bands--He raised a strong body of militia, divided into companies or regiments of uniform size, which served in rotation. The enumeration was performed by two functionaries expert in the drawing up of military muster-rolls, under the superintendence of Hananiah, one of the high officers of the crown. The army consisted of 307,500 picked men, under the command of two thousand gallant officers, chiefs or heads of fathers' houses, so that each father's house formed a distinct band. They were fully equipped with every kind of military accoutrements, from brazen helmets, a habergeon or coat of mail, to a sling for stones.
2 Istwa 26:16-21
16-21. he transgressed against the Lord, &c.--(See on 2Ki 15:5). This daring and wicked act is in both records traced to the intoxicating influence of overweening pride and vanity. But here the additional circumstances are stated, that his entrance was opposed, and strong remonstrances made (1Ch 6:10) by the high priest, who was accompanied by eighty inferior priests. Rage and threats were the only answers he deigned to return, but God took care to vindicate the sacredness of the priestly office. At the moment the king lifted the censer, He struck him with leprosy. The earthquake mentioned (Am 1:1) is said to have been felt at the moment [Josephus].
2 Istwa 26:23
23. they buried him ... in the field of the burial which belonged to the kings--He was interred not in, but near, the sepulcher of the kings, as the corpse of a leper would have polluted it.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
