Kòmanse

2 Istwa 25

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Amasya te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalèm. 2 Amasya te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa ak tout kè li. 3 Lè Amasya fin chita otorite l', li fè touye chèf lame ki t'ap sèvi avè l' yo epi ki te touye papa l'. 4 Men li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske dapre sa ki ekri nan Liv lalwa Moyiz la, Bondye te bay lòd sa a: Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè. 5 Amasya reyini tout gason nan branch fanmi Jida yo ak nan branch fanmi Benjamen yo, li moute yon lame, chak fanmi apa. Li mete yon chèf alatèt chak rejiman mil sòlda ak yon chèf alatèt chak divizyon san sòlda. Li fè konte tout gason ki te gen ventan ak sa ki te gen ventan depase. Li fè kouche yo sou rejis. Li jwenn te gen twasanmil (0300.000) sòlda ki te pi bon nan sèvi ak zam, ki te pare pou fè lagè, ki te gen ladrès pou sèvi ak frenn ak gwo plak pwotèj. 6 Lèfini, li pran sanmil (0100.000) vanyan sòlda nan peyi Izrayèl, li peye yo chak twasan (0300) kilo ajan pou yo goumen pou li. 7 Men yon pwofèt Bondye vin di li: -Monwa, pa pran sòlda peyi Izrayèl sa yo ak ou nan lame a, paske Seyè a pa avèk moun peyi Izrayèl yo, avèk bann pitit Efrayim sa yo. 8 Paske si ou konprann ou ka ranfòse lame ou la avèk moun sa yo pou ou al fè lagè, Bondye ap fè ou bese tèt devan lènmi ou yo, paske se Bondye ki gen pouvwa pou fè ou genyen osinon pou fè ou pèdi batay la. 9 Amasya mande pwofèt Bondye a: -Bon, sa k'ap rive twa san kilo ajan sa yo mwen deja bay sòlda peyi Izrayèl yo? Pwofèt la reponn li: -Seyè a ka renmèt ou plis pase sa! 10 Se konsa Amasya fè sòlda li te fè vini soti nan peyi Efrayim yo mete kò yo sou kote, li voye yo al fè wout yo lakay yo. Men sòlda sa yo te fache anpil sou moun peyi Jida yo poutèt sa. Yo tounen lakay yo byen move. 11 Amasya mete gason sou li, li mennen lame li a nan Fon Sale a kote li touye dimil (010.000) moun mòn Seyi. 12 Sòlda peyi Jida yo fè dimil (010.000) prizonye met sou sa. Yo pran yo, yo mennen yo sou tèt yon falèz, yo lage yo anba kote yo mouri kraze. 13 Men, sòlda Amasya te voye tounen lakay yo pou yo pa ale nan lagè ansanm avè l' yo, anvayi lavil peyi Jida yo, depi lavil Samari rive lavil Bètowon. Yo touye twamil (03.000) moun, yo pran yon pakèt bagay pote ale. 14 Lè Amasya t'ap tounen apre li fin kraze moun peyi Edon yo, li pran bondye moun mòn Seyi yo avè l'. Li fè yo tounen bondye pa l', li sèvi yo, li boule lansan pou yo. 15 Seyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l' konsa: -Poukisa koulye a ou pran sèvi bondye yon pèp ki pa t' ka sove pèp sa a anba men ou? 16 Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen. 17 Men Amasya, wa peyi Jida a, koute konsèy lòt moun, li voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li di l': -Vini non! Ann wè sa ki pi fò! 18 Men, Joas voye reponn li: -Yon jou, yon pye pikan ki te sou mòn Liban an voye yon misyon bay yon pye sèd. Li di l': Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avè l'. Yon bèt bwa pase bò la, li kraze pye pikan an. 19 Amasya, ou di ou kraze moun peyi Edon yo, koulye a, ou kite lògèy vire tèt ou. Men pito ou rete chita lakay ou tande! Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou epi pou sa pase mal ni pou ou, ni pou peyi Jida a? 20 Men Amasya derefize koute l'. Paske se te volonte Bondye pou l' te lage l' nan men Joas poutèt li te pran sèvi bondye pèp Edon yo. 21 Se konsa Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bò lavil Bètchemès, nan peyi Jida. 22 Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gaye, yo kouri al lakay yo. 23 Joas, wa peyi Izrayèl la, fe Amasya, pitit Joas, pitit pitit Joakaz, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemès. Lèfini, li mache sou lavil Jerizalèm. Li kraze miray lavil la sou yon longè ki pran depi nan pòtay Efrayim lan rive jouk bò pòtay Kwen an. Sa te fè antou 180 mèt nan miray la. 24 Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a sou kont Obèd-Edon, ak tout richès ki te nan palè a, san konte kantite moun li te fè prizonye tankou yon garanti. Apre sa, li tounen tounen l' lavil Samari. 25 Amasya, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la. 26 Tout rès istwa Amasya a, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, tou sa ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo. 27 Depi lè Amasya te lage pye Seyè a, yo t'ap fè konplo sou do l' lavil Jerizalèm. Bout pou bout, li kouri al kache lavil lakis. Men, yo voye dèyè l' jouk lavil lakis, yo pran l', yo touye l'. 28 Lèfini yo pote kadav li sou chwal lavil Jerizalèm. Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Istwa 25:1

Introduction

Amaziah succeeds his father Joash, and begins his reign well, 2Chr 25:1, 2Chr 25:2. He slays his father's murderers but spares their children, 2Chr 25:3, 2Chr 25:4. He reviews and remodels the army, 2Chr 25:5; and hires a hundred thousand soldiers out of Israel, whom, on the expostulation of a prophet, he sends home again, without bringing them into active service; at which they are greatly offended, 2Chr 25:6-10. He attacks the Syrians, kills ten thousand, and takes ten thousand prisoners, whom he precipitates from the top of a rock, so that they are dashed to pieces, 2Chr 25:11, 2Chr 25:12. The Israelitish soldiers, sent back, ravage several of the cities of Judah, 2Chr 25:13. Amaziah becomes an idolater, 2Chr 25:14. Is reproved by a prophet, whom he threatens, and obliges to desist, 2Chr 25:15, 2Chr 25:16. He challenges Joash, king of Israel, 2Chr 25:17; who reproves him by a parable, 2Chr 25:18, 2Chr 25:19. Not desisting, the armies meet, the Jews are overthrown, and Amaziah taken prisoner by Joash, who ravages the temple, and takes away all the treasures of the king, 2Chr 25:20-24. The reign of Amaziah: a conspiracy is formed against him; he flees to Lachish, whither he is pursued and slain; is brought to Jerusalem, and buried with his fathers, 2Chr 25:25-28.

2 Istwa 25:2-4

Verse 2

He did that which was right - He began his reign well, but soon became an idolater, 2Chr 25:14, 2Chr 25:15.

2 Istwa 25:5-6

Verse 5

Gathered Judah together - He purposed to avenge himself of the Syrians, but wished to know his military strength before he came to a rupture.

2 Istwa 25:7-8

Verse 7

The Lord is not with Israel - "The Word of the Lord is not the helper of the Israelites, nor of the kingdom of the tribe of Ephraim." - Targum.

2 Istwa 25:9

Verse 9

The Lord is able to give thee much more than this - Better lose the money than keep the men, for they will be a curse unto thee.

2 Istwa 25:10-13

Verse 10

They returned home in great anger - They thought they were insulted, and began to meditate revenge. See the notes on 2 Kings 14:1-20 (note), where almost every circumstance in this chapter is examined and explained.

2 Istwa 25:14-15

Verse 14

The gods of the children of Seir - "The idols of the children of Gebal." - Targum.

2 Istwa 25:16-17

Verse 16

Art thou made of the king's counsel? - How darest thou give advice to, or reprove, a king?

2 Istwa 25:18-23

Verse 18

The thistle that was in Lebanon - See the explanation of this 2Kgs 14:9 (note). After reciting this fable, the Targum adds, "Thus hast thou done in the time thou didst send unto me, and didst lead up from the house of Israel a hundred thousand strong warriors for a hundred talents of silver: and after they were sent, thou didst not permit them to go with thee to war, but didst send them back, greatly enraged, so that they spread themselves over the country; and having cut off three thousand, they brought back much spoil."

2 Istwa 25:24-25

Verse 24

In the house of God with Obed-edom - From 1Chr 26:15 we learn that to Obed-edom and his descendants was allotted the keeping of the house of Asuppim or collections for the Divine treasury.

And - the hostages - See on 2Kgs 14:14 (note).

2 Istwa 25:26

Verse 26

The rest of the acts of Amaziah, first and last - Says the Targum; "The first, when he walked in the fear of the Lord, the last, when he departed from the right way before the Lord; are they not written," etc.

2 Istwa 25:27-28

Verse 27

Made a conspiracy - He no doubt became very unpopular after having lost the battle with the Israelites; the consequence of which was the dismantling of Jerusalem, and the seizure of the royal treasures, with several other evils. It is likely that the last fifteen years of his reign were greatly embittered: so that, finding the royal city to be no place of safety, he endeavored to secure himself at Lachish; but all in vain, for thither his murderers pursued him; and he who forsook the Lord was forsaken by every friend, perished in his gainsaying, and came to an untimely end.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.