2 Istwa 24
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Joas te gen sètan lè li moute wa. Li pase karantan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya. 2 Joas te fè sa ki dwat devan Seyè a toutotan Jeojada, prèt la, pa t' ankò mouri. 3 Jeojada te marye wa a ak de madanm ki ba li pitit gason ak pitit fi. 4 Kèk tan apre sa, Joas pran desizyon pou l' repare Tanp Seyè a. 5 Li reyini prèt yo ak moun Levi yo, li di yo: -Ale nan tout lavil peyi Jida yo. Ranmase lajan nan men tout pèp la pou repare Tanp lan chak lanne. Souke kò nou, pa mize. Men moun Levi yo pa t' prese. 6 Lè sa a, wa a fè rele Jeojada, granprèt la, li di l' konsa: -Poukisa ou pa rele dèyè moun Levi yo pou yo ranmase nan men moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo lajan Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la te dakò pou yo egzije pèp la bay pou Tanp Randevou a? 7 Atali ki te yon fanm vèmen ansanm ak moun pa l' yo te antre fè dega nan Tanp Seyè a. Yo te pran bagay yo te mete apa pou Bondye nan Tanp lan pou fè sèvis pou Baal li yo. 8 Lè sa a wa a bay lòd pou yo fè yon gwo bwat pou yo mete bò pòtay Tanp lan, sou deyò. 9 Apre sa, li voye fè konnen nan tout lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida pou tout moun pote bay Seyè a lajan Moyiz, sèvitè Bondye a, te mande pèp Izrayèl la bay lè yo te nan dezè a. 10 Sa te fè tout chèf yo ak tout pèp la kontan. Yo pote lajan taks la, yo mete l' nan bwat la jouk li rive plen. 11 Chak jou, moun Levi yo te pote bwat la bay chèf wa a te mete reskonsab pou sa. Lè yo wè bwat la plen, sekretè wa a ak komisè granprèt la te delege pou sa a wete lajan an. Apre sa, yo mete bwat vid la nan plas li ankò. Yo te fè sa chak jou. Konsa yo te ranmase anpil lajan. 12 Wa a ak Jeojada renmèt lajan an bay moun ki te reskonsab repare Tanp Seyè a. Moun sa yo menm te anplwaye mason ak chapant sou kontra pou repare Tanp Seyè a. Yo te anplwaye bòs ki gen ladrès pou travay fè ak kwiv pou repare Tanp lan tou. 13 Tout moun ki te reskonsab travay la mete men. Yo repare Tanp lan, yo mete l' jan l' te ye anvan an, yo fè l' byen solid. 14 Lè yo fini ak travay reparasyon an, yo pote rès lò ak rès ajan an renmèt wa a ak Jeojada ki sèvi avèk yo pou fè bagay pou Tanp Seyè a, tankou bòl ak veso yo bezwen lè y'ap fè sèvis, lè y'ap boule bèt yo touye pou Bondye ak tout kalite veso an lò ak an ajan. Pandan tout tan Jeojada te la a, yo pa te sispann boule bèt nèt nan dife nan Tanp Seyè a jan pou yo fè l' la. 15 Men, Jeojada te fin vye granmoun. Li te gen santrantan lè li mouri. 16 Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la, paske li te fè anpil pou pèp Izrayèl la, pou Bondye ak pou Tanp li a. 17 Mouri Jeojada mouri, chèf peyi Jida yo vin jwenn wa a, yo bese tèt jouk atè devan li. Wa a koute konsèy yo. 18 Se konsa pèp la sispann sèvi Bondye zansèt yo nan Tanp Seyè a, yo tanmen fè sèvis pou estati Achera yo ak pou lòt zidòl. Poutèt peche sa a, Seyè a fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. 19 Seyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo. 20 Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l', li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou! 21 Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l' ak kout wòch nan gran lakou Tanp Seyè a. 22 Joas te bliye tout byen Jeojada, papa Zakari, te fè pou li, li fè touye Zakari. Anvan Zakari rann dènye souf li, li di byen fò: -Se pou Seyè a wè sa ou fè la a, se pou l' pini ou pou sa! 23 Menm lanne sa a, lè sezon prentan rive, lame peyi Siri a atake wa Joas, yo anvayi peyi Jida ak lavil Jerizalèm. Yo touye tout chèf yo, yo piye peyi a, yo voye tou sa yo te pran bay wa lavil Damas la. 24 Lame peyi Siri a pa t' anpil, men Seyè a te kite l' kraze yon lame ki te plis pase yo lontan paske pèp Jida a te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a. Se konsa Joas t'ap soufri nan men moun Siri yo pou sa l' te fè a. 25 Lè moun Siri yo wete kò yo, yo kite wa a malad grav. De nan chèf ki t'ap sèvi avè l' yo fè konplo sou do l' pou yo tire revanj lanmò pitit Jeojada, prèt la. Yo touye wa a sou kabann li. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo. 26 Men non chèf ki te fè konplo a: se te Zabad, pitit gason Chimeya, yon fanm peyi Amon ak Jeozabad, pitit Chimrit, yon fanm peyi Moab. 27 Nan esplikasyon yo bay sou liv wa yo, n'a jwenn istwa pitit gason Joas yo, mesaj pwofèt yo te bay sou li, epi yo rakonte ki jan li te rebati Tanp Bondye a. Se Amasya, pitit Joas la, ki moute wa nan plas li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 24:1-3
2Ch 24:1-14. Joash Reigns Well All the Days of Jehoiada.
1-3. Joash ... began to reign--(See on 2Ki 12:1-3).
2 Istwa 24:4-14
4-14. Joash was minded to repair the house of the Lord--(See on 2Ki 12:4-16).
2 Istwa 24:15-16
15-16. Jehoiada waxed old ... and died--His life, protracted to unusual longevity and spent in the service of his country, deserved some tribute of public gratitude, and this was rendered in the posthumous honors that were bestowed on him. Among the Hebrews, intramural interment was prohibited in every city but Jerusalem, and there the exception was made only to the royal family and persons of eminent merit, on whom the distinction was conferred of being buried in the city of David, among the kings, as in the case of Jehoiada.
2Ch 24:17-22. Joash Falls into Idolatry.
2 Istwa 24:17-22
17-22. Now came the princes of Judah, and make obeisance to the king--Hitherto, while Joash occupied the throne, his uncle had held the reins of sovereign power, and by his excellent counsels had directed the young king to such measures as were calculated to promote both the civil and religious interests of the country. The fervent piety, practical wisdom, and inflexible firmness of that sage counsellor exerted immense influence over all classes. But now that the helm of the state-ship was no longer steered by the sound head and firm hand of the venerable high priest, the real merits of Joash's administration appear; and for want of good and enlightened principle, as well as, perhaps, of natural energy of character, he allowed himself to be borne onward in a course which soon wrecked the vessel upon hidden rocks.
the king hearkened unto them, &c.--They were secretly attached to idolatry, and their elevated rank affords sad proof how extensively and deeply the nation had become corrupted during the reigns of Jehoram, Ahaziah, and Athaliah. With strong professions of allegiance they humbly requested that they might not be subjected to the continued necessity of frequent and expensive journeys to Jerusalem, but allowed the privilege their fathers had enjoyed of worshipping God in high places at home. They framed their petition in this plausible and least offensive manner, well knowing that, if excused attendance at the temple, they might--without risk of discovery or disturbance--indulge their tastes in the observance of any private rites they pleased. The weak-minded king granted their petition; and the consequence was, that when they left the house of the Lord God of their fathers, they soon "served groves and idols."
2 Istwa 24:23
23. at the end of the year the host of Syria came up--This invasion took place under the personal conduct of Hazael, whom Joash, to save the miseries of a siege, prevailed on to withdraw his forces by a large present of gold (2Ki 12:18). Most probably, also, he promised the payment of an annual tribute, on the neglect or refusal of which the Syrians returned the following year, and with a mere handful of men inflicted a total and humiliating defeat on the collected force of the Hebrews.
2 Istwa 24:25
25. they left him in great diseases--The close of his life was embittered by a painful malady, which long confined him to bed.
his own servants conspired against him--These two conspirators (whose fathers were Jews, but their mothers aliens) were probably courtiers, who, having constant access to the bedchamber, could the more easily execute their design.
for the blood of the sons--read "the son" of Jehoiada. Public opinion seems to have ascribed the disasters of his life and reign to that foul crime. And as the king had long lost the esteem and respect of his subjects, neither horror nor sorrow was expressed for his miserable end!
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
