Kòmanse

2 Istwa 23

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, pran kouraj li ak de men, li deside lè a rive pou l' fè sa pou l' fè a. Li fè rele senk kaptenn nan lame a: Azarya, pitit Jewokam, Ismayèl, pitit Jokanan, Azaryawou, pitit gason Obèd, Maseja, pitit gason Adaja ak Elichafat, pitit Zikri. Li pran yon dizon ak yo. 2 Mesye sa yo vwayaje ale nan tout lavil peyi Jida yo, yo al chache moun Levi yo ak tout chèf fanmi yo, fè yo moute lavil Jerizalèm. 3 Yo tout reyini nan Tanp lan. Yo pase yon kontra ak wa Joas, lèfini Jeojada di yo: -Men pitit gason defen wa nou an. Se li menm ki pral gouvènen koulye a jan Seyè a te pwomèt fanmi David la. 4 Men sa nou pral fè: Lè prèt yo ak moun Levi yo va vin pran pòs jou repo a, y'a separe fè twa gwoup menm fòs. Yon gwoup va fè pòs nan pòtay Tanp lan. 5 Yon lòt gwoup va pran pòs bò palè wa a. Rès yo va moute lagad bò pòtay fondasyon an. Tout pèp la va sanble nan gwo lakou Tanp Seyè a. 6 Pa kite pesonn antre anndan Tanp lan, esepte prèt ak moun Levi ki nan sèvis yo. Yo menm yo gen dwa antre, paske yo mete yo apa pou Bondye. Tout rès pèp la va rete deyò pou moute lagad pou Seyè a. 7 Moun Levi yo va fè yon wonn ak wa a nan mitan yo. Y'a kenbe zam yo nan men yo. Kote wa a va fè, y'a mache avè l' nan pozisyon sa a. Si yon moun ta vle seye antre nan Tanp lan, touye l'. 8 Moun Levi yo ak tout moun peyi Jida yo fè tou sa Jeojada te ba yo lòd fè a. Jeojada, prèt la, pa t' kite gwoup ki te fin fè sèvis yo jou repo a ale. Konsa, kaptenn lame yo te gen avèk yo ni sa ki t'ap vin pran sèvis, ni sa ki te fin fè sèvis yo. 9 Jeojada bay kaptenn lame yo frenn ak divès plak pwotèj wa David yo ki te sere nan Tanp Bondye a. 10 Li mete moun ak nepe nan men yo sou tout devan Tanp lan ak devan lotèl la, depi sou bò gòch rive sou bò dwat Tanp lan pou pwoteje wa a. 11 Lèfini, li fè Joas, pitit wa a, soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li pase ti chenn yo nan ponyèt li ak nan janm li. Yo fè l' wa. Jeojada, prèt la, ak pitit li yo vide lwil sou tèt Joas pou mete l' apa pou travay la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa a! 12 Lè Atali tande bri pye pèp la ki t'ap kouri epi ki t'ap bat bravo pou wa a, li prese al nan Tanp kote pèp la te ye a. 13 Li wè wa a te kanpe bò gwo poto a, bò pòtay pou antre nan Tanp lan, chèf yo ak tout mizisyen yo bò kote l'. Tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Sanba yo ak enstriman mizik yo t'ap voye chante. Kè Atali kase, li chire rad sou li, li pran rele: -Men yo moute yon konplo sou do m'. 14 Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t'ap kòmande lame a lòd, li di yo: -Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l', mennen l' deyò. Touye nenpòt moun nou wè ki ta vle swiv li. Prèt la te bay lòd pou yo pa touye Atali anndan Tanp Seyè a. 15 Yo pran Atali, yo mennen l' nan palè wa a, bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l'. 16 Lè sa a, Jeojada pase yon kontra ak wa a ansanm ak tout pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye. 17 Lè yo fini, tout pèp la ale nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati li yo. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. 18 Jeojada mete gad pou fè faksyon devan Tanp Seyè a, anba otorite prèt yo ak moun Levi yo ki te reskonsab travay nan Tanp lan. Chak prèt ak chak moun Levi te gen jou pa yo David te ba yo pou yo te pran sèvis pou boule nèt ofrann pou Seyè a, dapre lalwa Moyiz la. Se yo menm tou ki te reskonsab voye chante kè kontan jan David te moutre l' la. 19 Jeojada mete gad an faksyon devan pòtay Tanp lan pou enpoze moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a antre. 20 Apre sa, li pran kaptenn yo, notab yo, otorite yo ak tout rès pèp la, yo soti nan Tanp lan ansanm ak wa a, yo mennen l' ale nan palè a. Yo pase antre nan pòtay Wa a. Lèfini, yo fè wa a chita sou fotèy li. 21 Tout pèp la te kontan anpil. Pat gen yon ti bri nan lavil la depi yo te fin touye Atali ak kout nepe a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Istwa 23:1-8

Introduction

Jehoiada the priest, after having taken counsel with the captains, Levites, etc., proclaims Joash, and anoints him king, 2Chr 23:1-11. Athaliah, endeavoring to prevent it, is slain, 2Chr 23:12-15. He makes the people enter into a covenant, that they would serve the Lord, 2Chr 23:16. The people break down the temple of Baal, and slay Mattan his priest, 2Chr 23:17. Jehoiada makes several alterations, and remodels the kingdom, 2Chr 23:18-21.

Verse 1

And in the seventh year - See on 2Kgs 11:4 (note), etc.

2 Istwa 23:9-10

Verse 9

Spears and bucklers - See on 2Kgs 11:10 (note).

2 Istwa 23:11-13

Verse 11

God save the king - May the king live! See on 2Kgs 11:12 (note).

2 Istwa 23:14

Verse 14

And whoso followeth her, let him be slain with the sword - He who takes her part, or endeavors to prevent the present revolution, let him be immediately slain.

2 Istwa 23:15

Verse 15

Of the horse-gate - See on 2Kgs 11:16 (note).

2 Istwa 23:16

Verse 16

Made a covenant between him - The high priest was, on this occasion, the representative of God; whom both the people and the king must have had in view, through the medium of his priest.

2 Istwa 23:17-20

Verse 17

Mattan the priest - The Targum will not prostitute the term priest, but calls him כומרא cumera, priestling.

2 Istwa 23:21

Verse 21

The city was quiet - There was no attempt at a counter-revolution. Concerning the coronation of Joash, there is a curious circumstance mentioned by the Targumist on 2Chr 23:11, it is as follows: - "And they brought forth the son of the king, and put on him the royal crown which David took from the head of the king of the children of Ammon. In it was inserted the precious attracting stone, in which was engraven and expressed the great and honorable Name [יהוה] which David had placed there by the Holy Spirit: and it was of the weight of a talent of gold; it was therefore a testimony to the house of David that no king who was not of the seed of David should be able to put it on his head, nor be able to bear its weight. When, therefore, the people saw it placed on the head of Joash, and that he was able to bear this crown, they believed him to be of the seed of David, and immediately constituted him king. Therefore Jehoiada and his sons anointed him, and said, May the king be prosperous in his kingdom!"

The Jews say that this was the crown of the king of the Ammonites; and that it was always worn afterwards by the kings of the house of Judah. See Jarchi on this place.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.