2 Istwa 1
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Salomon, pitit gason wa David la, chita otorite gouvènman l'. Seyè a, Bondye li a, te kanpe la avè l', li te ba li anpil pouvwa. 2 Wa Salomon fè rele tout pèp Izrayèl la, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo, jij yo, tout anplwaye gouvènman an ak tout chèf fanmi yo. 3 Li ba yo lòd pou yo ale avè l' kote yo fè sèvis pou Bondye lavil Gabawon an, paske se la Tanp Randevou Bondye a te ye, tant Moyiz, sèvitè Seyè a, te fè lè yo te nan dezè a. 4 Men, David te fè yo pran Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jearim pou yo pote l' moute lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, li te anba yon tant wa David te fè pou li. 5 Gwo lotèl kwiv Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our la, te fè a te lavil Gabawon tou devan Tant Randevou Seyè a. Se la wa Salomon ak tout pèp la vin pale ak Seyè a. 6 Devan Tant Randevou Seyè a, Salomon moute sou lotèl kwiv la, li touye mil bèt li fè boule nèt sou lotèl la. 7 Jou lannwit sa a, Bondye parèt devan Salomon, li di l' konsa: -Mande m' sa ou vle, m'ap ba ou li. 8 Salomon reponn li: -Ou te toujou moutre jan ou te renmen David, papa m', sèvitè ou la, anpil. Koulye a, se mwen menm ou mete nan plas li pou gouvènen. 9 O Seyè, Bondye, kenbe pwomès ou te fè papa m' lan! Ou mete m' wa pou m' gouvènen yon pèp ki gen anpil anpil moun ladan l'. Yo pi plis pase grenn pousyè tè. 10 Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m' ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l'. 11 Bondye reponn Salomon: -Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m' ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m' pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m' konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an. 12 M'ap ba ou konesans ak bon konprann. Men an plis, m'ap ba ou richès, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa ki va vin apre ou. 13 Apre sa, Salomon kite kote yo konn fè sèvis pou Bondye lavil Gabawon an, kote Tant Randevou a te ye a, li tounen lavil Jerizalèm. Se la li gouvènen pèp Izrayèl la. 14 Li te sanble milkatsan (01.400) cha lagè ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda kavalye li yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati espre pou yo. Rès yo, li mete yo toupre l' lavil Jerizalèm. 15 Pandan tout rèy li, ajan ak lò te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo. 16 Chwal Salomon yo te soti nan peyi Moukri ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo la pou li. 17 Chak cha lagè yo te achte nan peyi Lejip te koute sisan (0600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (0150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 1:2-5
THE SECOND BOOK OF THE CHRONICLES.
Commentary by Robert Jamieson
2Ch 1:1-6. Solemn Offering of Solomon at Gibeon.
2-5. Then Solomon spake unto all Israel--The heads, or leading officers, who are afterwards specified, were summoned to attend their sovereign in a solemn religious procession. The date of this occurrence was the second year of Solomon's reign, and the high place at Gibeon was chosen for the performance of the sacred rites, because the tabernacle and all the ancient furniture connected with the national worship were deposited there. Zadok was the officiating high priest (1Ch 16:39). It is true that the ark had been removed and placed in a new tent which David had made for it at Jerusalem [2Ch 1:4]. But the brazen altar, "before the tabernacle of the Lord," on which the burnt offerings were appointed by the law to be made, was at Gibeon. And although David had been led by extraordinary events and tokens of the divine presence to sacrifice on the threshing-floor of Araunah, Solomon considered it his duty to present his offerings on the legally appointed spot "before the tabernacle," and on the time-honored altar prepared by the skill of Bezaleel in the wilderness (Ex 38:1).
2 Istwa 1:6
6. offered a thousand burnt offerings--This holocaust he offered, of course, by the hands of the priests. The magnitude of the oblation became the rank of the offerer on this occasion of national solemnity.
2Ch 1:7-13. His Choice of Wisdom Is Blessed by God.
2 Istwa 1:7
7. In that night did God appear unto Solomon--(See on 1Ki 3:5).
2Ch 1:14-17. His Strength and Wealth.
2 Istwa 1:14
14. Solomon gathered chariots and horsemen--His passion for horses was greater than that of any Israelitish monarch before or after him. His stud comprised fourteen hundred chariots and twelve thousand horses. This was a prohibited indulgence, whether as an instrument of luxury or power. But it was not merely for his own use that he imported the horses of Egypt. The immense equestrian establishment he erected was not for show merely, but also for profit. The Egyptian breed of horses was highly valued; and being as fine as the Arabian, but larger and more powerful, they were well fitted for being yoked in chariots. These were light but compact and solid vehicles, without springs. From the price stated (2Ch 1:17) as given for a chariot and a horse, it appears that the chariot cost four times the value of a horse. A horse brought a 150 shekels, which, estimating the shekels at 2s. 3d. or 2s. 6d., amount to £17 2s. or £18 15s., while a chariot brought 600 shekels, equal to £68 9s. or £75; and as an Egyptian chariot was usually drawn by two horses, a chariot and pair would cost £112 sterling. As the Syrians, who were fond of the Egyptian breed of horses, could import them into their own country only through Judea, Solomon early perceived the commercial advantages to be derived from this trade, and established a monopoly. His factors or agents purchased them in the markets or fairs of Egypt and brought them to the "chariot cities," the depots and stables he had erected on the frontiers of his kingdom, such as Bethmarcaboth, "the house of chariots," and Hazarsusah, "the village of horses" (Jos 19:5; 1Ki 10:28).
2 Istwa 1:17
17. brought ... for all the kings of the Hittites--A branch of this powerful tribe, when expelled from Palestine, had settled north of Lebanon, where they acquired large possessions contiguous to the Syrians.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
