Kòmanse

2 Istwa 2

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Wa Salomon te deside bati yon kay kote pou yo fè sèvis pou Seyè a, ansanm ak yon palè pou l' rete. 2 Li mete swasanndimil (070.000) moun ap travay pote materyo, katrevenmil (080.000) moun ap taye wòch nan mòn. Te gen twamilsisan (03.600) moun reskonsab kontwole travay la. 3 Salomon voye misyon bay Iram, wa lavil Tir. Li di l': -Annou fè zafè yonn ak lòt tankou ou te fè avèk wa David, papa m', lè ou te vann li madriye sèd pou l' te bati yon kay pou l' rete. 4 Mwen pral bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l' pen y'ap ofri l' yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Seyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l' nan peyi Izrayèl. 5 Men, se pou tanp mwen pral bati a gwo anpil, paske Bondye nou an gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo. 6 Lèfini, ki moun ki ka rive bati yon kay vre pou Bondye, si syèl la, atout li gwo a, twò piti pou li? Mwen menm, kisa m' ye pou m' ta bati yon kay pou li? Se annik yon kote pou m' boule lansan pou li m'ap fè. 7 Se konsa, voye ban mwen yon bòs ki gen ladrès pou travay lò, ajan, kwiv, fè, yon bòs ki konn koupe twal ble, twal violèt ak twal wouj, bòs ki konn travay bwa ak wòch tou. L'a travay ansanm ak bòs atizan mwen gen avè m' nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo, moun David, papa m', te chwazi pou sa. 8 W'a voye ban mwen madriye sèd, bwapen ak bwa koray ki soti nan peyi Liban. Paske mwen konnen moun peyi ou yo konn pare bwa sa yo byen. M'a voye moun pa m' ede pa ou yo 9 pou yo ka pare yon bon kantite bwa, paske se pou tanp mwen fè lide bati a gwo anpil, se pou l' yon bèl bagay. 10 Men pwovizyon m'ap voye pou moun ou yo k'ap koupe pyebwa yo ak pou moun k'ap siye yo: sanmil (0100.000) barik ble, sanmil (0100.000) barik lòj, sandimil (0110.000) galon diven ak sandimil (0110.000) galon lwil oliv. 11 Lè sa a, wa Iram ekri yon lèt voye reponn Salomon. Li di l' nan lèt la: -Se paske Seyè a renmen pèp Izrayèl la kifè li mete ou wa pou gouvènen yo. 12 Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a! Paske li bay wa David yon pitit gason ki gen anpil bon konprann, anpil lespri epi ki veye tou sa l'ap fè, yon pitit ki koulye a fè lide bati yon tanp pou Seyè a ansanm ak yon palè pou tèt pa l'. 13 M'ap voye yon moun ki gen bon konesans ak ladrès ba ou. Se bòs Iram. 14 Manman li se moun branch fanmi Dann. Papa l' se natif natal lavil Tir. Li konn jan pou travay lò, ajan, kwiv, fè, wòch, bwa. Li konn jan pou koupe tou twal fin wouj, ble ak violèt, ak twal lenn tou. Li konn grave tout kalite desen, li ka fè tout kalite travay ou mande l' fè. L'a travay ansanm ak bòs pa ou yo, ak bòs wa David, papa ou, mèt mwen an, te genyen. 15 Koulye a, ou mèt voye ban nou ble, lòj, diven ak lwil oliv ou te di w'ap voye yo. 16 Nou menm bò pa nou, nou pral koupe mezi bwa nan peyi Liban ou ka bezwen. N'a pote yo sou lanmè ba ou lavil Jope, n'a mare yo ansanm fè rado. Rive la, ou menm w'a fè pran yo pote moute lavil Jerizalèm. 17 Lè sa a, Salomon fè konte mete sou lis tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi Izrayèl la, menm jan David, papa l', te fè l' la. Li jwenn sansenkanntwamil sisan (0153.600) moun. 18 Li pran swasanndimil (070.000) ladan yo pou pote materyo, katrevenmil (080.000) pou taye wòch nan mòn yo. Lèfini, li pran twamilsisan (03.600) ki rete yo, li mete yo fòmann reskonsab pou fè pèp la travay.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Istwa 2:1-2

Introduction

Solomon determines to build a temple, 2Chr 2:1. The number of his workmen, 2Chr 2:2. Sends to Huram for artificers and materials, 2Chr 2:3-10. Huram sends him a favorable answer, and makes an agreement with him concerning the labor to be done, and the wages to be paid to his men, 2Chr 2:11-16. The number of strangers in the land, and how employed, 2Chr 2:17, 2Chr 2:18.

Verse 1

A house for the name of the Lord - A temple for the worship of Jehovah.

A house for his kingdom - A royal palace for his own use as king of Israel.

2 Istwa 2:3-5

Verse 3

Solomon sent to Huram - This man's name is written חירם Chiram in Kings; and in Chronicles, חורם Churam: there is properly no difference, only a י yod and a ו vau interchanged. See on 1Kgs 5:2 (note).

2 Istwa 2:6

Verse 6

Seeing the heaven and heaven of heavens - "For the lower heavens, the middle heavens, and the upper heavens cannot contain him, seeing he sustains all things by the arm of his power. Heaven is the throne of his glory, the earth his footstool; the deep, and the whole world, are sustained by the spirit of his Word, [ברוח מימריה beruach meqmereih]. Who am I, then, that I should build him a house?" - Targum.

Save only to burn sacrifice - It is not under the hope that the house shall be able to contain him, but merely for the purpose of burning incense to him, and offering him sacrifice, that I have erected it.

2 Istwa 2:7-10

Verse 7

Send me - a man cunning to work - A person of great ingenuity, who is capable of planning and directing, and who may be over the other artists.

2 Istwa 2:11-12

Verse 11

Answered in writing - Though correspondence among persons of distinction was, in these early times, carried on by confidential messengers, yet we find that epistolary correspondence did exist, and that kings could write and read in what were called by the proud and insolent Greeks and Romans barbarous nations. Nearly two thousand years after this we find a king on the British throne who could not sign his own name. About the year of our Lord 700, Withred, king of Kent, thus concludes a charter to secure the liberties of the Church: Ego Wythredus rex Cantiae haec omnia suprascripta et confirmavi, atque, a me dictata propria manu signum sanctae crucis pro ignorantia literarum espressi; "All the above dictated by myself, I have confirmed; and because I cannot write, I have with my own hand expressed this by putting the sign of the holy cross +." - See Wilkins' Concilta.

2 Istwa 2:13-15

Verse 13

I have sent a cunning man - His name appears to have been Hiram, or Hiram Abi: see the notes on 1Kgs 7:13, 1Kgs 7:14.

2 Istwa 2:16-18

Verse 16

In floats by sea to Joppa - See the note on 1Kgs 5:9, and on the parallel places, for other matters contained in this chapter.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.