1 Istwa 29

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a. 2 Mwen fè sa m' te kapab pou m' te pare materyo pou tanp lan: lò, ajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt koulè, tout kalite bèl pyè koute chè ak mab an kantite. 3 Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Seyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil: 4 sanmil (0100.000) kilo bon lò ki soti nan peyi Ofi, ak desantrant (0230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan, 5 pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye? 6 Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè. 7 Yo bay sanswasannsenk (0165) kilo lò, twasantrantmil (0330.000) kilo ajan, sètsanmil (0700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (03,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan. 8 Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an. 9 Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyè a paske yo te fè l' ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil. 10 Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: -Lwanj pou ou, Seyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan! 11 Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. 12 Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. 13 Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa. 14 Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou. 15 Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri. 16 Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye. 17 Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo. 18 Seyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a. 19 Tanpri, bay Salomon, pitit gason m' lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l' ka bati Tanp lan avèk tout materio mwen fin pare yo. 20 Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a. 21 Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Seyè a: antou mil (01.000) ti towo bèf, mil (01.000) belye mouton, mil (01.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la. 22 Jou sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan dèvan Seyè a. Apre sa yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis mete l' apa pou l' chèf yo nan non Seyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou l' sèvi granprèt nan non Seyè a tou. 23 Se konsa Salomon pran plas David, papa l', sou fotèy gouvènman Seyè a te tabli a. Tout zafè l' te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l'. 24 Tout chèf yo, tout sòlda yo ansanm ak tout lòt pitit David yo te rekonèt Salomon pou sèl chèf yo. 25 Seyè a te bay Salomon yon bèl pozisyon devan pèp la. Li te fè gouvènman Salomon an kanpe fèm ak yon pouvwa ankenn lòt wa nan peyi Izrayèl la pa t' janm genyen anvan sa. 26 David, pitit gason Izayi a, te gouvènen tout peyi Izrayèl la. 27 Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la. Pandan sètan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm. 28 Lè li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 29 Se nan liv istwa pwofèt Samyèl, liv istwa pwofèt Natan ak liv istwa pwofèt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fè depi nan konmansman jouk li mouri. 30 Liv sa yo fè nou konnen jan li te gouvènen, jan li te yon vanyan gason, ansanm ak tou sa ki te rive l', tou sa ki pase nan peyi Izrayèl la ak nan lòt peyi yo tou.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Istwa 29:1-2

1Ch 29:1-9. David Causes the Princes and People to Offer for the House of God.

1-2. Solomon ... is yet young and tender--Though Solomon was very young when he was raised to the sovereign power, his kingdom escaped the woe pronounced (Ec 10:16). Mere childhood in a prince is not always a misfortune to a nation, as there are instances of the government being wisely administered during a minority. Solomon himself is a most illustrious proof that a young prince may prove a great blessing; for when he was but a mere child, with respect to his age, no nation was happier. His father, however, made this address before Solomon was endowed with the divine gift of wisdom, and David's reference to his son's extreme youth, in connection with the great national undertaking he had been divinely appointed to execute, was to apologize to this assembly of the estates--or, rather, to assign the reason of his elaborate preparations for the work.

1 Istwa 29:3-4

3-4. Moreover ... I have of mine own proper good, &c.--In addition to the immense amount of gold and silver treasure which David had already bequeathed for various uses in the service of the temple, he now made an additional contribution destined to a specific purpose--that of overlaying the walls of the house. This voluntary gift was from the private fortune of the royal donor, and had been selected with the greatest care. The gold was "the gold of Ophir," then esteemed the purest and finest in the world (Job 22:24; 28:16; Is 13:12). The amount was three thousand talents of gold and seven thousand talents of refined silver.

1 Istwa 29:5

5. who then is willing to consecrate his service--Hebrew, "fill his hand"; that is, make an offering (Ex 32:29; Le 8:33; 1Ki 13:33). The meaning is, that whoever would contribute voluntarily, as he had done, would be offering a freewill offering to the Lord. It was a sacrifice which every one of them could make, and in presenting which the offerer himself would be the priest. David, in asking freewill offerings for the temple, imitated the conduct of Moses in reference to the tabernacle (Ex 25:1-8).

1 Istwa 29:6-8

6-8. Then the chief of the fathers--or heads of the fathers (1Ch 24:31; 27:1).

princes of the tribes--(1Ch 27:16-22).

rulers of the king's work--those who had charge of the royal demesnes and other possessions (1Ch 27:25-31).

offered willingly--Influenced by the persuasive address and example of the king, they acted according to their several abilities, and their united contributions amounted to the gross sum--of gold 5,000 talents and 10,000 drams; and of silver, 10,000 talents, besides brass and iron.

1 Istwa 29:10-19

10-19. Wherefore David blessed the Lord--This beautiful thanksgiving prayer was the effusion overflowing with gratitude and delight at seeing the warm and widespread interest that was now taken in forwarding the favorite project of his life. Its piety is displayed in the fervor of devotional feeling--in the ascription of all worldly wealth and greatness to God as the giver, in tracing the general readiness in contributing to the influence of His grace, in praying for the continuance of this happy disposition among the people, and in solemnly and earnestly commending the young king and his kingdom to the care and blessing of God.

1 Istwa 29:20

20. all the congregation ... worshipped the Lord, and the king--Though the external attitude might be the same, the sentiments of which it was expressive were very different in the two cases--of divine worship in the one, of civil homage in the other.

1 Istwa 29:21-22

21-22. they sacrificed ... And did eat and drink--After the business of the assembly was over, the people, under the exciting influence of the occasion, still remained, and next day engaged in the performance of solemn rites, and afterwards feasted on the remainder of the sacrifices.

1 Istwa 29:23

23. Solomon sat on the throne of the Lord--As king of Israel, he was the Lord's vicegerent.

1 Istwa 29:24

24. submitted themselves--Hebrew, "put their hands under Solomon," according to the custom still practised in the East of putting a hand under the king's extended hand and kissing the back of it (2Ki 10:15).

1Ch 29:26-30. His Reign and Death.

1 Istwa 29:26

26. Thus David ... reigned--(See 1Ki 2:11).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.