1 Samyèl 8
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè Samyèl konmanse granmoun, li mete pitit gason l' yo pou gouvènen pèp Izrayèl la. 2 Pi gran an te rele Joèl, piti a te rele Abija. Se lavil Bècheba yo t'ap gouvènen. 3 Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri. 4 Lè sa a, tout chèf fanmi ki te reskonsab pèp Izrayèl la sanble, y' al jwenn Samyèl lavil Rama. 5 Epi yo di l': -Gade! Ou fin granmoun. Pitit ou yo pa swiv egzanp ou te ba yo. Koulye a, chwazi yon wa pou gouvènen nou, jan sa fèt nan tout lòt peyi yo. 6 Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a. 7 Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò. 8 Depi lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la, se sa ase y'ap fè m'. Y'ap vire do ban mwen, y'ap sèvi lòt bondye. Se menm bagay la y'ap fè ou jòdi a tou. 9 Se poutèt sa, koute sa y'ap di ou. Tansèlman, avèti yo pou mwen. Tou fè yo konnen ki jan yon wa pral boule ak yo. 10 Samyèl rapòte bay pèp la ki t'ap mande yon wa a tout pawòl Seyè a te di l'. 11 Li di yo: -Men ki jan wa a pral boule ak nou: Li pral pran pitit gason nou yo pou fè yo sèvi nan lame li a. Genyen ki pral aprann moute cha, gen lòt ki pral aprann moute chwal pou fè lagè. Genyen ki pral sèvi gad kò li pou kouri devan pwòp cha pa li. 12 L'ap pran ladan yo pou mete chèf sou mil (01000) sòlda ak chèf sou senkant sòlda. Se yo ki pral pare tè nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekòt li yo pou li. Se yo ki pral fè zam pou li ak lòt lekipay l'ap bezwen pou cha lagè l' yo. 13 L'ap pran pitit fi nou yo pou fè odè, pou fè manje ak pou fè pen pou li. 14 L'ap pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo, pi bon jaden oliv nou yo, l'a bay moun k'ap sèvi l' yo. 15 L'ap pran yon dizyèm sou tout rekòt danre nou yo ak sou tout rekòt pye rezen nou yo pou l' bay moun konfyans li yo ak lòt moun k'ap sèvi anndan lakay li. 16 L'ap pran pi bon domestik nou yo ak pi bon sèvant nou yo, pi bon bèf nou yo ak pi bon bourik nou yo pou fè yo travay pou li. 17 L'ap pran yon mouton pou chak dis mouton n'a genyen. Lèfini, l'ap fè nou tounen esklav li. 18 Jou sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n' ava chwazi a. Men lè sa a, Seyè a p'ap okipe nou. 19 Pèp la te derefize koute Samyèl. Yo t'ap di: -Non! Se yon wa nou vle pou gouvènen nou, 20 pou nou kapab menm jan ak tout lòt nasyon yo. Wa nou an va gouvènen nou, l'a mache alatèt lame nou lè nou pral nan lagè, l'a mennen batay nou pou nou. 21 Samyèl tande tou sa pèp la t'ap di. L' ale rapòte yo bay Seyè a. 22 Lè sa a, Seyè a reponn li: -Ou mèt fè sa yo di a. Ba yo yon wa pou gouvènen yo. Epi Samyèl di moun pèp Izrayèl yo: -Tout moun mèt tounen lakay yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 8:1-5
1Sa 8:1-18. Occasioned by the Ill- Government of Samuel's Sons, the Israelites Ask a King.
1-5. when Samuel was old--He was now about fifty-four years of age, having discharged the office of sole judge for twelve years. Unable, from growing infirmities, to prosecute his circuit journeys through the country, he at length confined his magisterial duties to Ramah and its neighborhood (1Sa 7:15), delegating to his sons as his deputies the administration of justice in the southern districts of Palestine, their provincial court being held at Beer-sheba. The young men, however, did not inherit the high qualities of their father. Having corrupted the fountains of justice for their own private aggrandizement, a deputation of the leading men in the country lodged a complaint against them in headquarters, accompanied with a formal demand for a change in the government. The limited and occasional authority of the judges, the disunion and jealousy of the tribes under the administration of those rulers, had been creating a desire for a united and permanent form of government; while the advanced age of Samuel, together with the risk of his death happening in the then unsettled state of the people, was the occasion of calling forth an expression of this desire now.
1 Samyèl 8:6-10
6-10. the thing displeased Samuel when they said, Give us a king to judge us--Personal and family feelings might affect his views of this public movement. But his dissatisfaction arose principally from the proposed change being revolutionary in its character. Though it would not entirely subvert their theocratic government, the appointment of a visible monarch would necessarily tend to throw out of view their unseen King and Head. God intimated, through Samuel, that their request would, in anger, be granted, while at the same time he apprised them of some of the evils that would result from their choice.
1 Samyèl 8:11
11. This will be the manner of the king--The following is a very just and graphic picture of the despotic governments which anciently and still are found in the East, and into conformity with which the Hebrew monarchy, notwithstanding the restrictions prescribed by the law, gradually slid.
He will take your sons, and appoint them for himself--Oriental sovereigns claim a right to the services of any of their subjects at pleasure.
some shall run before his chariots--The royal equipages were, generally throughout the East (as in Persia they still are), preceded and accompanied by a number of attendants who ran on foot.
1 Samyèl 8:12
12. he will appoint him captains--In the East, a person must accept any office to which he may be nominated by the king, however irksome it may be to his taste or ruinous to his interests.
1 Samyèl 8:13
13. he will take your daughters to be confectionaries--Cookery, baking, and the kindred works are, in Eastern countries, female employment, and thousands of young women are occupied with these offices in the palaces even of petty princes.
1 Samyèl 8:14-18
14-18. he will take your fields, &c.--The circumstances mentioned here might be illustrated by exact analogies in the conduct of many Oriental monarchs in the present day.
1 Samyèl 8:19-22
19-22. Nevertheless the people refused to obey the voice of Samuel--They sneered at Samuel's description as a bugbear to frighten them. Determined, at all hazards, to gain their object, they insisted on being made like all the other nations, though it was their glory and happiness to be unlike other nations in having the Lord for their King and Lawgiver (Nu 23:9; De 33:28). Their demand was conceded, for the government of a king had been provided for in the law; and they were dismissed to wait the appointment, which God had reserved to Himself (De 17:14-20).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
