1 Samyèl 7

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Se konsa moun lavil Kiriyat Jearim yo vin pran Bwat Kontra Seyè a. Yo mete l' lakay Abinadad, sou tèt yon ti mòn. Yo chwazi Eleaza, pitit gason Abinadad la, pou okipe Bwat Kontra Seyè a. 2 Bwat Kontra Seyè a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. Li te pase ventan la. Pandan tout tan sa a, tout moun pèp Izrayèl yo t'ap rele nan pye Seyè a pou mande l' sekou. 3 Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: -Si nou tounen vin jwenn Seyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Seyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo. 4 Se konsa moun pèp Izrayèl yo wete tout estati bondye Baal ak metrès Astate yo nan mitan yo. Yo pran sèvi Seyè a sèlman. 5 Apre sa, Samyèl di yo: -Sanble tout pèp Izrayèl la lavil Mispa, m'a lapriyè Seyè a la pou nou. 6 Se konsa yo tout sanble lavil Mispa. Yo tire dlo, yo vide l' atè tankou yon ofrann pou Seyè a. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: -Nou peche kont Seyè a! Samyèl te rete lavil Mispa, se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la. 7 Lè moun Filisti yo vin konnen pèp Izrayèl la te sanble lavil Mispa, senk chèf moun Filisti yo moute al atake yo. Moun pèp Izrayèl yo tande sa, yo te pè. 8 Epi yo di Samyèl: -Pa sispann lapriyè Seyè a pou nou, pou l' ka sove nou anba men moun Filisti yo. 9 Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l' nèt, li ofri l' bay Seyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Seyè a pou l' vin ede pèp Izrayèl la. Seyè a reponn lapriyè a. 10 Pandan Samyèl t'ap boule ofrann lan, moun Filisti yo mache sou pèp Izrayèl la vin atake yo. Men lè sa a, Seyè a voye yon kout loraj sou moun Filisti yo. Moun Filisti yo pèdi tèt yo, yo pran kouri met deyò devan pèp Izrayèl la. 11 Moun Izrayèl yo soti lavil Mispa, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk rive toupre lavil Bètka. Sou tout wout la yo bat yo byen bat. 12 Lè sa a, Samyèl pran yon wòch, li mete l' ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Ebenezè, paske li t'ap di: Jouk jòdi a se Seyè a ki pote nou sekou. 13 Se konsa moun Filisti yo te pèdi batay la nèt. Yo pa janm rekonmanse anvayi teritwa moun Izrayèl yo ankò. Seyè a te kenbe yo anba men l' pandan tout tan Samyèl te vivan. 14 Tout lavil moun Filisti yo te pran, depi lavil Ekwon jouk lavil Gat, tout te tounen nan men moun Izrayèl yo ankò. Se konsa pèp Izrayèl la te mete moun Filisti yo deyò sou tout teritwa ki te pou yo. Epitou pa t' gen lagè menm ant moun Izrayèl yo ak moun Amori yo. 15 Samyèl gouvènen pèp Izrayèl la jouk li mouri. 16 Chak lanne li te fè vizit nan tout peyi a, li pase lavil Betèl, lavil Gilgal ak lavil Mispa. Nan tout lavil yo, li te konn regle tout kont moun yo te gen yonn ak lòt. 17 Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Seyè a lavil Rama.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Samyèl 7:1

1Sa 7:1, 2. The Ark at Kirjath-jearim.

1. the men of Kirjath-jearim--"the city of woods," also Kirjath-baal (Jos 15:60; 18:14; 1Ch 13:5, 6). It was the nearest town to Beth-shemesh and stood on a hill. This was the reason of the message (1Sa 6:21), and why this was chosen for the convenience of people turning their faces to the ark (1Ki 8:29-35; Psa 28:2; Da 6:10).

brought it into the house of Abinadab in the hill--Why it was not transported at once to Shiloh where the tabernacle and sacred vessels were remaining, is difficult to conjecture.

sanctified ... his son--He was not a Levite, and was therefore only set apart or appointed to be keeper of the place.

1 Samyèl 7:2

2. the ark abode in Kirjath-jearim ... twenty years--It appears, in the subsequent history, that a much longer period elapsed before its final removal from Kirjath-jearim (2Sa 6:1-19; 1Ch 13:1-14). But that length of time had passed when the Israelites began to revive from their sad state of religious decline. The capture of the ark had produced a general indifference either as to its loss or its recovery.

all the house of Israel lamented after the Lord--They were then brought, doubtless by the influence of Samuel's exhortations, to renounce idolatry, and to return to the national worship of the true God.

1Sa 7:3-6. The Israelites, through Samuel's Influence, Solemnly Repent at Mizpeh.

1 Samyèl 7:3-6

3-6. Samuel spake unto all the house of Israel--A great national reformation was effected through the influence of Samuel. Disgusted with their foreign servitude, and panting for the restoration of liberty and independence, they were open to salutary impressions; and convinced of their errors, they renounced idolatry. The re-establishment of the faith of their fathers was inaugurated at a great public meeting, held at Mizpeh in Judah, and hallowed by the observance of impressive religious solemnities. The drawing water, and pouring it out before the Lord, seems to have been a symbolical act by which, in the people's name, Samuel testified their sense of national corruption, their need of that moral purification of which water is the emblem, and their sincere desire to pour out their hearts in repentance before God.

1 Samyèl 7:7-11

7-11. when the Philistines heard, &c.--The character and importance of the national convention at Mizpeh were fully appreciated by the Philistines. They discerned in it the rising spirit of religious patriotism among the Israelites that was prepared to throw off the yoke of their domination. Anxious to crush it at the first, they made a sudden incursion while the Israelites were in the midst of their solemn celebration. Unprepared for resistance, they besought Samuel to supplicate the divine interposition to save them from their enemies. The prophet's prayers and sacrifice were answered by such a tremendous storm of thunder and lightning that the assailants, panic-struck, were disordered and fled. The Israelites, recognizing the hand of God, rushed courageously on the foe they had so much dreaded and committed such immense havoc, that the Philistines did not for long recover from this disastrous blow. This brilliant victory secured peace and independence to Israel for twenty years, as well as the restitution of the usurped territory.

1 Samyèl 7:12

12. Samuel took a stone, and set it between Mizpeh and Shen--on an open spot between the town and "the crag" (some well-known rock in the neighborhood). A huge stone pillar was erected as a monument of their victory (Le 26:1). The name--Eben-ezer--is thought to have been written on the face of it.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.