1 Samyèl 9
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Te gen yon nonm nan branch fanmi Benjamen an yo te rele Kich. Se te pitit Abiyèl, pitit pitit Zewò ki te pitit Bekora, pitit pitit Afya. Kich te yon grannèg. 2 Li te gen yon pitit gason ki te rele Sayil, yon bèl gason byen kanpe. pa t' gen moun nan pèp Izrayèl la ki te pi bèl pase l'. Li te pi wo pase yo tout. 3 Kich te gen kèk manman bourik ki te pèdi. Li di Sayil konsa: -Pran yonn nan domestik yo avè ou, al bouske manman bourik yo pou mwen. 4 Yo mache nan tout mòn Efrayim yo ak nan tout peyi Chalicha a, men yo pa jwenn bourik yo. Y' ale nan tout peyi Chaalim lan, yo pa jwenn yo. Y' ale nan tout peyi Benjamen an, yo pa jwenn yo. 5 Lè yo rive nan peyi Souf, Sayil di domestik ki te avè l' la: -Ann tounen lakay pou papa m' pa gen tèt chaje pou nou jouk pou l' ta rive bliye bourik li yo. 6 Domestik la reponn li: -Gen yon bon sèvitè Bondye nan lavil sa a. Se yon nonm tout moun respekte paske tou sa li di rive vre. Ann al jwenn li. Ou pa janm konnen, li ka di nou kote pou n' ale pou n' jwenn bourik yo. 7 Sayil di domestik la: -Dakò! Nou pral jwenn li. Men, kisa pou nou pote ba li? Nou pa gen pen ankò nan ralfò nou. Nou pa gen anyen pou n' fè sèvitè Bondye a kado. 8 Domestik la reponn li: -Mwen gen yon ti pyès ajan sou mwen, m'a ba li l'. L'a di nou kote n'a jwenn yo. 9 Nan tan lontan, lè yon moun te bezwen mande Bondye kichòy, li te konn di: Ann al kay divinò a, paske lè sa a se konsa yo te konn rele pwofèt Bondye yo. 10 Sayil di domestik li a: -Sa ou di a bon wi! Ann ale! Se konsa y' ale nan lavil kote sèvitè Bondye a te ye. 11 Pandan yo t'ap moute ti pant ki mennen lavil la, yo kontre ak kèk jenn fi ki t'ap soti lavil la pou y' al nan dlo. Yo mande medam yo: -Eske divinò a la nan lavil la? 12 Jenn fi yo reponn: -Li la wi. Gade, men li la devan ou lan. Fè vit, li fenk rive lavil la, paske jòdi a se jou pou moun yo al touye bèt pou Bondye sou lotèl ki sou ti mòn lan. 13 Rive n'a rive lavil la, n'a jwenn li anvan l' al manje sou ti mòn lan. Pèp la p'ap manje toutotan li pa rive, paske se li ki pou beni ofrann bèt la anvan. Lè li fini, moun yo envite yo va manje. Prese ale koulye a pou nou ka jwenn li. 14 Se konsa yo moute ale lavil la. Antan yo t'ap antre lavil la, yo wè Samyèl ki t'ap vin devan yo, sou wout pou l' al sou mòn lan. 15 Men, lavèy jou Sayil rive lavil la, Seyè a te fè Samyèl yon revelasyon. Li te di l' konsa: 16 -Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l' apa pou l' chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou. 17 Lè Samyèl wè Sayil, Seyè a di l' konsa: -Men nonm mwen t'ap pale ou la. Se li ki pral gouvènen pèp mwen an. 18 Sayil mache sou Samyèl ki te toupre pòtay la. Li mande l': -Tanpri, moutre m' kay divinò a. 19 Samyèl reponn li: -Se mwen menm divinò a! Pran devan m', moute sou mòn lan. W'a manje avè m' jòdi a. Denmen maten, m'a reponn tout keksyon ou gen sou kè ou. Apre sa, m'a kite ou al fè wout ou. 20 Kanta manman bourik ou te pèdi depi twa jou yo, ou pa bezwen bat kò ou, paske yo jwenn yo deja. Men, ki moun pèp Izrayèl la ap chache li menm? Se pa ou menm ak tout fanmi papa ou yo? 21 Sayil reponn li: -Mwen se moun branch fanmi Benjamen an, yonn nan pi piti branch fanmi nan pèp Izrayèl la. Lèfini, fanmi pa m' lan, se li ki pi piti nan tout fanmi Benjamen yo. Poukisa w'ap di m' tout bagay sa yo? 22 Samyèl pran Sayil ansanm ak domestik li a, li fè yo antre nan gwo pyès kay la, li fè yo chita nan premye plas bò tab la ansanm ak tout envite yo. Te gen trant gason konsa yo te envite. 23 Epi Samyèl di chèf kizin lan: -Pote moso vyann mwen te ba ou mete apa pou mwen an. 24 Chèf kizin lan pran jigo a avèk tout vyann ki te avè l' la, li mete l' devan Sayil. Samyèl di li: -Gade, men moso yo te sere pou ou a. Manje l', paske se pou ou mwen te fè mete l' apa lè mwen t'ap envite pèp la. Se konsa Sayil manje ansanm ak Samyèl jou sa a. 25 Apre sa, yo desann soti sou mòn lan, y' al lavil la. Yo ranje yon kabann pou Sayil sou teras ki anwo kay la. 26 Nan denmen yo leve byen bonè. Lè bajou kase, Samyèl rele Sayil sou teras la: -Leve non. Mwen pral voye ou ale lakay ou. Sayil leve, epi yo tou de yo soti nan lari a ansanm. 27 Lè yo rive sou limit lavil la, Samyèl di Sayil konsa: -Di domestik ou a pran devan nou. Domestik la pran devan, epi Samyèl di Sayil ankò: -Ou menm, rete la yon ti moman pou m' ka fè ou konnen sa Seyè a di.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 9:1
1Sa 9:1-14. Saul, Despairing to Find His Father's Asses, Comes to Samuel.
1. a mighty man of power--that is, of great wealth and substance. The family was of high consideration in the tribe of Benjamin, and therefore Saul's words must be set down among the common forms of affected humility, which Oriental people are wont to use.
1 Samyèl 9:2
2. Saul, a choice young man, and a goodly--He had a fine appearance; for it is evident that he must have been only a little under seven feet tall. A gigantic stature and an athletic frame must have been a popular recommendation at that time in that country.
1 Samyèl 9:3
3. the asses of Kish Saul's father were lost. And Kish said to Saul ... arise, go seek the asses--The probability is that the family of Kish, according to the immemorial usage of Oriental shepherds in the purely pastoral regions, had let the animals roam at large during the grazing season, at the close of which messengers were despatched in search of them. Such travelling searches are common; and, as each owner has his own stamp marked on his cattle, the mention of it to the shepherds he meets gradually leads to the discovery of the strayed animals. This ramble of Saul's had nothing extraordinary in it, except its superior directions and issue, which turned its uncertainty into certainty.
1 Samyèl 9:4-5
4-5. he passed through mount Ephraim--This being situated on the north of Benjamin, indicates the direction of Saul's journey. The district explored means the whole of the mountainous region, with its valleys and defiles, which belonged to Ephraim. Turning apparently southwards--probably through the verdant hills between Shiloh and the vales of Jordan (Shalisha and Shalim)--he approached again the borders of Benjamin, scoured the land of Zuph, and was proposing to return, when his servant recollected that they were in the immediate neighborhood of the man of God, who would give them counsel.
1 Samyèl 9:6
6. there is in this city a man of God--Ramah was the usual residence of Samuel, but several circumstances, especially the mention of Rachel's sepulchre, which lay in Saul's way homeward [1Sa 10:2], lead to the conclusion that "this city" was not the Ramah where Samuel dwelt.
peradventure he can show us our way that we should go--It seems strange that a dignified prophet should be consulted in such an affair. But it is probable that at the introduction of the prophetic office, the seers had discovered things lost or stolen, and thus their power for higher revelations was gradually established.
1 Samyèl 9:7
7. Saul said to his servant, But, behold, if we go, what shall we bring the man?--According to Eastern notions, it would be considered a want of respect for any person to go into the presence of a superior man of rank or of official station without a present of some kind in his hand, however trifling in value.
the bread is spent in our vessels--Shepherds, going in quest of their cattle, put up in a bag as much flour for making bread as will last sometimes for thirty days. It appears that Saul thought of giving the man of God a cake from his travelling bag, and this would have been sufficient to render the indispensable act of civility--the customary tribute to official dignity.
1 Samyèl 9:8
8. the fourth part of a shekel of silver--rather more than sixpence. Contrary to our Western notions, money is in the East the most acceptable form in which a present can be made to a man of rank.
1 Samyèl 9:9
9. seer ... Prophet--The recognized distinction in latter times was, that a seer was one who was favored with visions of God--a view of things invisible to mortal sight; and a prophet foretold future events.
1 Samyèl 9:11-13
11-13. as they went up the hill--The modern village, Er-Rameh, lies on an eminence; and on their way they met a band of young maidens going out to the well, which, like all similar places in Palestine, was beyond the precincts of the town. From these damsels they learned that the day was devoted to a festival occasion, in honor of which Samuel had arrived in the city; that a sacrifice had been offered, which was done by prophets in extraordinary circumstances at a distance from the tabernacle, and that a feast was to follow--implying that it had been a peace offering; and that, according to the venerable practice of the Israelites, the man of God was expected to ask a special blessing on the food in a manner becoming the high occasion.
1 Samyèl 9:14
14. Samuel came out against them, for to go up to the high place--Such were the simple manners of the times that this prophet, the chief man in Israel, was seen going to preside at a high festival undistinguished either by his dress or equipage from any ordinary citizen.
1Sa 9:15-27. God Reveals to Samuel Saul's Coming, and His Appointment to the Kingdom.
1 Samyèl 9:15-16
15-16. Now the Lord had told Samuel in his ear a day before--The description of Saul, the time of his arrival, and the high office to which he was destined, had been secretly intimated to Samuel from heaven. The future king of Israel was to fight the battles of the Lord and protect His people. It would appear that they were at this time suffering great molestation from the Philistines, and that this was an additional reason of their urgent demands for the appointment of a king (see 1Sa 10:5; 13:3).
1 Samyèl 9:18-21
18-20. Tell me, I pray thee, where the seer's house is--Satisfying the stranger's inquiry, Samuel invited him to the feast, as well as to sojourn till the morrow; and, in order to reconcile him to the delay, he assured him that the strayed asses had been recovered.
1 Samyèl 9:22
22. Samuel took Saul and his servant, and brought them into the parlour--The toil-worn but noble-looking traveller found himself suddenly seated among the principal men of the place and treated as the most distinguished guest.
1 Samyèl 9:24
24. the cook took up the shoulder ... and set it before Saul. And Samuel said, Behold that which is left; set it before thee, and eat--that is, reserved (see on Ge 18:7; Ge 43:34). This was, most probably, the right shoulder; which, as the perquisite of the sacrifice, belonged to Samuel, and which he had set aside for his expected guest. In the sculptures of the Egyptian shambles, also, the first joint taken off was always the right shoulder for the priest. The meaning of those distinguished attentions must have been understood by the other guests.
1 Samyèl 9:25-27
25-27. Samuel communed with Saul upon the top of the house--Saul was taken to lodge with the prophet for that night. Before retiring to rest, they communed on the flat roof of the house, the couch being laid there (Jos 2:6), when, doubtless, Samuel revealed the secret and described the peculiar duties of a monarch in a nation so related to the Divine King as Israel. Next morning early, Samuel roused his guest, and conveying him on his way towards the skirts of the city, sought, before parting, a private interview--the object of which is narrated in the next chapter.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
