1 Samyèl 6

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Bwat Kontra Seyè a te gen tan pase sèt mwa nan peyi Filisti a. 2 Moun Filisti yo fè rele prèt yo ak divinò yo. Yo mande yo: -Kisa pou n' fè ak Bwat Kontra Seyè a? Ki jan pou n' fè pou n' voye l' tounen nan plas li? 3 Yo reponn: -Si n'ap voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen, nou pa ka voye l' konsa san anyen. Se pou nou voye kichòy ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a. Si nou fè l' konsa, nou tout n'a geri, epi n'a konnen poukisa li t'ap plede frape nou konsa. 4 Pèp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a? Yo di yo: -Senk bouton lò ak senk sourit an lò, yonn pou chak chèf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chèf nou yo. 5 N'a fè bouton lò yo pou yo sanble ak bouton ki te leve sou nou yo. Konsa tou, n'a fè senk sourit an lò pòtre ak sourit k'ap plede ravaje peyi a. Epi n'a rekonèt Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye ki gen pouvwa. Lè sa a, nou kwè l'a sispann frape nou, nou menm, bondye nou yo ak peyi nou an. 6 Poukisa pou n'ap fè tèt di tankou farawon an ak moun peyi Lejip yo? Eske lè Bondye te konmanse manyen ak yo, yo pa t' kite moun yo al fè wout yo? 7 Nou pral pare yon kabwa tou nèf ak de manman bèf ki gen pitit dèyè yo epi ki pa janm sèvi pou fè ankenn travay anvan sa. N'a mare yo nan kabwa a, men n'a fè ti bèf dèyè manman yo tounen lakay. 8 N'a pran Bwat Kontra Seyè a, n'a mete l' sou kabwa a. N'a pran sa n'ap bay pou sèvi pou peye pou sa nou fè a, n'a mete yo nan yon ti bwat sou kote l'. N'a mete kabwa a sou wout la, n'a kite l' ale pou kont li. 9 N'a rete ap gade l' ale. Si nou wè l' pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n'a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n'a konnen malè sa yo pa t' soti nan li. Se te devenn pa nou. 10 Moun yo fè sa yo te di yo fè a. Yo pran de manman bèf ki te gen pitit dèyè yo, yo mare yo nan kabwa a, men yo kenbe ti bèf ki te dèyè manman yo lakay. 11 Yo mete Bwat Kontra a sou kabwa a ansanm ak ti bwat ki te gen ti sourit an lò yo ak pòtre bouton yo. 12 Bèf yo pran wout lavil Bèt-Chemèch dirèk dirèk. Y' al tou dwat devan yo. Sou tout wout la bèf yo t'ap rele. Senk chèf moun Filisti yo t'ap mache dèyè yo jouk yo rive sou baliz lavil Bèt-Chemèch. 13 Moun lavil Bèt-Chemèch yo t'ap ranmase ble nan plenn lan. Lè yo leve je yo, yo wè Bwat Kontra a, yo pran rele sitèlman yo te kontan. 14 Kabwa a rive nan jaden Jozye a nan peyi Bèt-Chemèch epi li rete. Te gen yon gwo wòch bò la. Moun yo demoute kabwa a, yo fann tout bwa yo, yo touye bèf yo, epi yo boule yo nèt pou Seyè a. 15 Apre sa, moun Levi yo desann Bwat Kontra Seyè a ansanm ak ti bwat ki te gen bagay an lò yo. Yo mete yo sou gwo wòch la. Jou sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo ofri lòt bèt tou pou boule nèt nan dife ansanm ak lòt ofrann pou Seyè a. 16 Lè senk chèf moun Filisti yo wè sa, yo tounen lavil Ekwon menm jou a. 17 Moun Filisti yo te voye senk bouton lò bay Seyè a pou sa te sèvi pou peye pou sa yo te fè a: yonn pou Asdòd, yonn pou Gaza, yonn pou Achkalon, yonn pou Gat, yonn pou Ekwon. 18 Yo te voye senk ti sourit fèt an lò tou, yonn pou chak lavil kote chèf moun Filisti yo t'ap kòmande, kit se lavil ki gen ranpa, kit se lavil ki pa gen ranpa. Gwo wòch kote yo te mete Bwat Kontra Seyè a nan mitan jaden Jozye a, bò lavil Bèt-Chemèch la, kanpe la jouk koulye a, tankou yon mak pou fè chonje sak te rive lè sa a. 19 Apre sa, Seyè a te touye kèk moun nan moun lavil Bèt-Chemèch yo paske yo t' al voye je yo wè sa ki anndan Bwat Kontra a. Li touye swasanndis ladan yo. Pèp la te nan gwo lapenn, paske Seyè a te fè gwo malè sa a sou yo. 20 Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou? 21 Yo pran kèk mesaje, yo voye yo ale bò kote moun lavil Kiriyat-Jearim, yo di yo konsa: -Moun Filisti yo voye Bwat Kontra Seyè a tounen. Vin pran l' mennen lakay nou.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Samyèl 6:1

1Sa 6:1-9. The Philistines Counsel How to Send Back the Ark.

1. the ark ... was in the country of the Philistines seven months--Notwithstanding the calamities which its presence had brought on the country and the people, the Philistine lords were unwilling to relinquish such a prize, and tried every means to retain it with peace and safety, but in vain.

1 Samyèl 6:2-3

2-3. the Philistines called for the priests and the diviners--The designed restoration of the ark was not, it seems, universally approved of, and many doubts were expressed whether the prevailing pestilence was really a judgment of Heaven. The priests and diviners united all parties by recommending a course which would enable them easily to discriminate the true character of the calamities, and at the same time to propitiate the incensed Deity for any acts of disrespect which might have been shown to His ark.

1 Samyèl 6:4

4. Five golden emerods--Votive or thank offerings were commonly made by the heathen in prayer for, or gratitude after, deliverance from lingering or dangerous disorders, in the form of metallic (generally silver) models or images of the diseased parts of the body. This is common still in Roman Catholic countries, as well as in the temples of the Hindus and other modern heathen.

five golden mice--This animal is supposed by some to be the jerboa or jumping mouse of Syria and Egypt [Bochart]; by others, to be the short-tailed field mouse, which often swarms in prodigious numbers and commits great ravages in the cultivated fields of Palestine.

1 Samyèl 6:5

5. give glory unto the God of Israel--By these propitiatory presents, the Philistines would acknowledge His power and make reparation for the injury done to His ark.

lighten his hand ... from off your gods--Elohim for god.

1 Samyèl 6:6

6. Wherefore then do ye harden your hearts, as the Egyptians and Pharaoh hardened their hearts?--The memory of the appalling judgments that had been inflicted on Egypt was not yet obliterated. Whether preserved in written records, or in floating tradition, they were still fresh in the minds of men, and being extensively spread, were doubtless the means of diffusing the knowledge and fear of the true God.

1 Samyèl 6:7

7. make a new cart--Their object in making a new one for the purpose seems to have been not only for cleanliness and neatness, but from an impression that there would have been an impropriety in using one that had been applied to meaner or more common services. It appears to have been a covered wagon (see on 2Sa 6:3).

two milch kine--Such untrained heifers, wanton and vagrant, would pursue no certain and regular path, like those accustomed to the yoke, and therefore were most unlikely of their own spontaneous motion to prosecute the direct road to the land of Israel.

bring their calves home from them--The strong natural affection of the dams might be supposed to stimulate their return homewards, rather than direct their steps in a foreign country.

1 Samyèl 6:8

8. take the ark of the Lord, and lay it upon the cart--This mode of carrying the sacred symbol was forbidden; but the ignorance of the Philistines made the indignity excusable (see on 2Sa 6:6).

put the jewels ... in a coffer by the side thereof--The way of securing treasure in the East is still in a chest, chained to the house wall or some solid part of the furniture.

1 Samyèl 6:9-12

9-12. Beth-shemesh--that is, "house of the sun," now Ain Shems [Robinson], a city of priests in Judah, in the southeast border of Dan, lying in a beautiful and extensive valley. Josephus says they were set a-going near a place where the road divided into two--the one leading back to Ekron, where were their calves, and the other to Beth-shemesh. Their frequent lowings attested their ardent longing for their young, and at the same time the supernatural influence that controlled their movements in a contrary direction.

1 Samyèl 6:14

14. and they clave--that is, the Beth-shemites, in an irrepressible outburst of joy.

offered the kine--Though contrary to the requirements of the law (Le 1:3; 22:19), these animals might properly be offered, as consecrated by God Himself; and though not beside the tabernacle, there were many instances of sacrifices offered by prophets and holy men on extraordinary occasions in other places.

1 Samyèl 6:17-18

17-18. And these are the golden emerods ... and the mice--There were five representative images of the emerods, corresponding to the five principal cities of the Philistines. But the number of the golden mice must have been greater, for they were sent from the walled towns as well as the country villages.

1 Samyèl 6:19

19. he smote the men of Beth-shemesh, because they had looked into the ark--In the ecstasy of delight at seeing the return of the ark, the Beth-shemesh reapers pried into it beneath the wagon cover; and instead of covering it up again, as a sacred utensil, they let it remain exposed to common inspection, wishing it to be seen, in order that all might enjoy the triumph of seeing the votive offerings presented to it, and gratify curiosity with the sight of the sacred shrine. This was the offense of those Israelites (Levites, as well as common people), who had treated the ark with less reverence than the Philistines themselves.

he smote of the people fifty thousand and threescore and ten men--Beth-shemesh being only a village, this translation must be erroneous, and should be, "he smote fifty out of a thousand," being only fourteen hundred in all who indulged this curiosity. God, instead of decimating, according to an ancient usage, slew only a twentieth part; that is, according to Josephus, seventy out of fourteen hundred (see Nu 4:18-22).

1 Samyèl 6:21

21. Kirjath-jearim--"the city of woods," also called Kirjath-baal (Jos 15:60; 18:14; 1Ch 13:6, 7). This was the nearest town to Beth-shemesh; and being a place of strength, it was a more fitting place for the residence of the ark. Beth-shemesh being in a low plain, and Kirjath-jearim on a hill, explains the message, "Come ye down, and fetch it up to you."

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.